Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Y ap simaye bon nouvèl la ann Ayiti, yon peyi ki chaje ak koulè

Y ap simaye bon nouvèl la ann Ayiti, yon peyi ki chaje ak koulè

Y ap simaye bon nouvèl la ann Ayiti, yon peyi ki chaje ak koulè

AYITI ak Repiblik dominikèn pataje yon zile twopikal ki rele Ispanyola. Se zile sa a ki gen mòn ki pi wo nan Karayib la. Gen plizyè nan mòn sa yo ki depase 2 400 m. Pafwa, nan mwa “ fredi ” yo, ti letan ki nan zòn ki wo anpil yo konn jele e yo konn fè ti kouch glas.

Nan zòn sid peyi d Ayiti, mòn yo ak vale yo kouvri ak forè twopikal ki bèl anpil. Men, nan kèk lòt zòn nan peyi a gen mòn ki gen yon bon pati ladan yo ki sèch akoz debwazman, e souvan yo plen ak dan wòch. Men kit w ap vwayaje nan nò peyi a kit w ap vwayaje nan sid, w ap twouve Ayiti bèl anpil. Si w ap pase nan kèk wout nan mòn yo, wout yo ki pa laj e ki gen anpil koub, detanzantan ou gen pou w debouche sou yon pakèt bèl panorama ki ka fè w rete bouch ouvè tèlman yo bèl, gen kote se sou yon bèl peyizaj w ap debouche tandiske gen lòt kote se sou yon bèl lanmè. Toupatou, w ap ka admire yon pakèt varyete flè ki gen bèl koulè ki vivan.

Nan 8,3 milyon moun k ap viv nan peyi sa a ki chaje ak koulè, laplipa ladan yo se peyizan, ki gen orijin yo ann Afrik. Menmsi pifò nan yo pa gen anpil bagay nan domèn materyèl, yo se moun ki janti e ki ospitalye. Depi anviwon 60 an, Temwen Jewova yo kontan pote bon nouvèl Wayòm Bondye a ba yo e Temwen yo resevwa yon bèl akèy. — Matye 24:14.

Predikasyon nan yon vil pwovens

Gen yon eksperyans yon sè misyonè te fè nan premye vizit li nan yon vil pwovens ki tou montre ki jan predikasyon an ye ann Ayiti. Men sa l ekri :

“ Yon jou nan mwa mas 2003, nou t al preche yon kote ki rele Kazal, yon ti vil ki a anviwon 30 minit de Kabarè, vil kote kay nou ye a, e Kabarè li menm twouve li a 30 kilomèt nan direksyon nò lè w kite Pòtoprens, kapital peyi a. Dènye fwa Temwen yo te preche Kazal se an 1999. Se sa k fè, lè nou te kòmanse vwayaj la a 7 è nan maten, nou te vrèman kontan e anmenmtan nou pa t wè lè pou nou rive. Nou te vennde moun, sa vle di prèske tout kongregasyon an, e nou te chita kwense nan de machin kat pa kat. Tout moun t ap pale, kè yo te kontan yo t ap ri, pandan nou t ap desann pant nan wout la ki an tè pou n al debouche sou yon vale ki chaje ak gwo pyebwa. Gen yon rivyè ki pase nan mitan vale a e Kazal twouve l sou toule de bò rivyè a.

“ Istwa vil sa a, yon vil ki kalm, te kòmanse depi nan ane 1800 yo, lè kèk sòlda polonè te vin ann Ayiti pou ede ansyen esklav yo pran endepandans yo, e yo te abite nan vale sa a ki fètil ansanm ak madanm yo ki te ayisyèn. Se sa k fè vin gen yon bèl melanj nan koulè moun yo. Se yon bagay ki fantastik pou nou wè moun nan pwovens sa a ! Genyen ki blan, gen lòt ki gen po klè oswa ki nwa. Gen moun ki gen je vèt, je tamaren ak yon kantite lòt karakteristik ankò.

“ Moun nou te jwenn nan premye pòt nou te frape a pa t enterese. Pandan nou t ap vire pou n ale, gen yon mesye ki vin rankontre nou sou wout la. Li te vle konnen si nou kwè gen yon diferans ant Jezi ak Bondye. Kòm nou te mande l pran bib li, li te pran l. E konvèsasyon nou te gen ansanm avè l sou Ekriti yo te konvenk li Jezi se Pitit Bondye e Jewova se ‘ sèl vrè Dye a ’. (Jan 17:3.) Anpil moun te envite nou chita pou nou pale avèk yo. Gen nan yo ki te mande nou : ‘ Ki lè n ap tounen vin etidye Labib avèk nou ? ’

“ A midi, nou te chwazi yon bon ti kote ki gen lonbray pou nou fè yon poz pou nou manje. Te gen de sè ki te prepare yon gwo chodyè pwason. Se pa ti gou manje a te gou ! Etandone nou te rete la yon tikras plis tan ap manje, ap pale, nou te tou pwofite preche moun k ap pase yo. Apre sa, nou te travèse rivyè a pou nou te ka pale ak moun ki rete nan lòt bò vil la. Nou te kontan pale ak moun janti sa yo ki te chita anba pyebwa toupre kay yo, kay ki modès. Se pa ti bon sa te bon pou nou tande timoun k ap jwe, fi k ap lave nan rivyè a ak granmoun fi k ap pile kafe !

“ Li te gentan katrè lè, avèk kè kontan, gwoup nou an te retounen pran machin yo pou nou tounen Kabarè. Mari m avèk mwen te vrèman apresye premye vizit nou te fè nan Kazal la, yon kote ki gen moun ki akeyan e ki amikal. ”

Depi lè premye misyonè Temwen Jewova yo te rive ann Ayiti an 1945, kantite pwoklamatè yo pa sispann ogmante nan peyi a, se sa k fè kounye a gen anviwon 14 000 moun k ap patisipe nan travay predikasyon an e yo kondui plis pase 22 000 etid biblik. Yo te rive motive 59 372 moun anviwon pou yo asiste Memoryal ki te fèt an mas 2005 lan e yo pwoklame bon nouvèl Wayòm nan bay tout moun. Annou konsidere divès fason aktivite Temwen Jewova yo rive touche moun yo.

Bon nouvèl la parèt nan travay atis yo

Pifò Ayisyen renmen koulè. Nou ka wè sa nan fason yo abiye, nan fason yo pentire kay yo, ak nan varyete flè ki nan jaden yo e nan travay atis yo. Atis yo penn tablo yo nan yon stil vivan, yon stil lokal yo rele L’ Art Haïtien, e yo ekspoze yo toupatou nan lari Pòtoprens. Moun soti toupatou nan lemonn pou vin achte yo.

Se pa sèl nan tablo moun ka wè koulè vivan sa yo. Nan tout lari Pòtoprens, gen yon seri machin transpò piblik yo rele kamyonèt oswa taptap, e gen bis tou, ki byen pentire e ki gen desen sou yo ki soti nan imajinasyon atis yo. Byen souvan nan desen sa yo konn gen foto ki baze sou Labib.

Pandan w ap mache nan lari a, sanzatann ou ka wè yon foto ou abitye wè ki pase devan je w, tankou yon foto Adan ak Èv nan jaden Edenn nan. Anfèt, ou kapab wè yon foto konsa nan do yon bis k ap pase devan w. Souvan yo konn ekri vèsè biblik oswa panse ki gen non Jewova ladan yo sou machin sa yo, e moun yo konn mete yo tou nan non kèk biznis.

Yo preche bon nouvèl la nan lekòl

Jèn Temwen ki ann Ayiti yo gen yon bèl opòtinite pou yo ede kamarad yo konnen sa Bib la anseye. Men eksperyans yon jèn sè ki gen 17 an rapòte :

“ Yon jou, gen yon kamarad mwen ki te vin kote m, li mande m sa ‘ fònikasyon ’ vle di. Kòm mwen te panse se chèche li t ap chèche flète avèk mwen, mwen pa t reponn li. Men lè l te poze yon lòt elèv, yon gason, menm kesyon an, tout klas la vin enterese nan sijè a. Se sa k fè, nan semèn ki vin apre a, apre m te fin fè kèk rechèch sou sijè a, mwen te fè yon ekspoze devan klas la, e mwen te esplike pou ki rezon Temwen Jewova yo fè efò pou yo pwòp nan domèn moral, nan domèn espirityèl ak nan domèn fizik.

“ Elèv yo te poze m yon pakèt kesyon e yo te aksepte repons mwen te ba yo ki baze sou Bib la. Menm sansè a, ki te yon jan ezite okòmansman, te poze plizyè kesyon, e li te fè aranjman pou mwen te pale nan plizyè lòt klas. Mwen te montre yo liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques * la e anpil nan yo te montre yo enterese. Nan demen, mwen te kite 45 liv nan men kamarad mwen yo. Anpil nan yo te fin li liv la byen rapid, e kounye a gen nan yo k ap etidye avèk Temwen ki abite bò lakay yo. Gen yon elèv ki abite toupre lakay mwen ki asiste tout reyinyon yo kounye a. ”

Yo itilize lang kreyòl la

Kreyòl ayisyen se yon lang ki plen koulè e ki enteresan menm jan ak moun k ap viv nan peyi a. Se yon lang ki fè yon konbinezon mo fransè avèk gramè kèk lang yo pale nan zòn lwès kontinan afriken an. Se lang manman Ayisyen yo, lang ki touche kè yo. Se plis an kreyòl Temwen Jewova yo preche, e gen dispozisyon yo pran pou gen plis piblikasyon an kreyòl ayisyen.

An 1987, yo te tradui bwochi Viv alèz sou tè a pou toutan ! an kreyòl ayisyen, apre sa yo te tradui liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la ak bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? Piblikasyon sa yo te vrèman ede nouvo etidyan Labib yo ki te vle gen yon konesans fondamantal sou Pawòl Bondye a. Anplis, apati 1ye septanm 2002, yo te kòmanse pibliye Toudegad an kreyòl ayisyen. Jiska prezan yo toujou sèvi ak piblikasyon an fransè, sepandan gen anpil moun ki pito li piblikasyon yo nan lang pa yo a.

Yo pote bon nouvèl la bay moun ki nan prizon yo

Sa pa fè twò lontan, Temwen Jewova yo kòmanse pote bon nouvèl la bay gason ak fi ki nan prizon yo. Temwen k ap fè sa yo byen kontan pote yon mesaj konsolasyon pou moun ki nan sitiyasyon tris sa a. Men sa yon frè rakonte :

“ Nan premye vizit nou te fè nan yon prizon, yo te mennen prizonye yo nan yon gwo sal pou yo te ka rankontre nou. Nou t ap mande tèt nou kòman yo t apral reyaji. Lè nou te esplike yo nou te la pou nou ede yo konprann Bib la, yo tout, yo te senkant antou, te byen resevwa nou. Nou te prezante bwochi Fè jefò pou w konn li ak ekri a ak bwochi Viv alèz sou tè a pou toutan ! an e nou te kòmanse etidye ak 26 nan yo. Gen dis pami yo ki pa t konn li, men yo te demontre enterè lè nou te montre yo fason pou yo itilize foto ki nan bwochi yo kòm èd pou yo konprann sa ki ekri a. ”

Lè Temwen yo te retounen, gen yon mesye ki te di : “ Mwen te li e mwen te reli bwochi a. Mwen te kontinye ap reflechi sou sa k di ladan l, e mwen t ap tann vizit nou. ” Gen yon mesye ki te konn vòlè ak zam nan men l yo te arete, ki te di li te vle chanje, e li te mande pou yo voye yon moun al etidye ak madanm li. Yon mesye nan prizon an ki papa de pitit te mande pou yo fè menm bagay la pou li tou, yon fason pou madanm li ka wè diferans ki genyen ant vrè kwayans ak fo kwayans. Yon pastè potestan ki te nan prizon paske li te vòlè yon gwo kantite lajan pou manm legliz li, te di kounye a li jwenn laverite e li te di apre li fin pase tan li te dwe pase nan prizon an, li pral ede manm legliz li a pou yo vin Temwen Jewova.

Gen yon lòt prizonye ki pa t gen bwochi Bondye vle a, ki te prete bwochi yon prisonye ki nan menm selil ak li. Li kopye tout bwochi a nèt apre sa li aprann li pakè. Yon prizonye fi te kòmanse pataje sa l t ap aprann yo ak nèf lòt fi ki te nan menm selil avè l, e li te menm etidye avèk yo. Yon prizonye gason ki te fin etidye bwochi a, e ki te kòmanse ak liv Konesans lan, te kòmanse preche lòt prizonye yo. Nan yon ti tan sèlman li te gentan ap etidye avèk kat nan yo.

Mercony * te konn etidye Labib e li gen fanmi ki Temwen Jewova. Li te ankouraje lòt prizonye yo li piblikasyon biblik fanmi l te konn pote pou li. Men sa l di : “ Lè m te ofri prizonye yo piblikasyon sa yo, yo te rele m Temwen Jewova. Mwen te di yo mwen pa Temwen paske mwen konnen sa sa vle di lè yon moun Temwen Jewova. Kounye a mwen vle pran bagay yo oserye, mwen vle etidye e mwen vle batize. Si lè m te pi jèn mwen te suiv menm chemen ak frè m yo, kounye a mwen pa t ap nan prizon. ”

Men sa youn nan prizonye ki te resevwa piblikasyon nan men Mercony yo te di Temwen ki te vizite l la : “ Anvan w te vini lendi pase a, mwen te dekouraje anpil e mwen t apral touye tèt mwen. Men apre m te fin li peryodik yo, mwen te priye Bondye pou l padone m pou move bagay mwen te fè yo e pou l voye yon moun pou montre m bon chemen an. Se pa ti kontan mwen te kontan lè w te vini nan demen pou w ofri prizonye yo etid biblik ! Mwen ta renmen w aprann mwen kòman pou m sèvi Jewova. ”

Anpil moun jwenn bon nouvèl la grasa Réveillez-vous !

Réveillez-vous ! 8 novanm 2000 lan te pale sou pwofesyon enfimyè. Gen yon dam ki te chèche jwenn 2 000 nan peryodik sa a, e li te distribye yo bay enfimyè ki t ap asiste yon seminè nan Pòtoprens. Anpil polisye nan Pòtoprens te resevwa Réveillez-vous ! 8 jiyè 2002 a ki te gen atik ki pale sou lapolis e sou travay y ap akonpli. Polisye yo te apresye sa, e jis kounye a gen ladan yo ki kanpe Temwen yo sou wout pou yo mande lòt peryodik nan nimewo sa a.

Sa pa fè twò lontan, yon dam ki fonksyonè nan Òganizasyon mondyal lasante te mete sou pye yon pwogram pou enstwi moun sou pwoblèm sida a. Yo te envite l nan biwo filyal Temwen Jewova yo, e yo te montre l enfòmasyon Réveillez-vous ! bay konsènan sijè a. Li te enpresyone pou l wè gen atik ki bay konsèy ki baze sou Labib pou montre pi bon fason pou moun fè prevansyon kont sida e ki jan yo ka ede moun ki deja enfekte yo pou yo fè fas ak sitiyasyon yo a. Li te remake Réveillez-vous ! devan nan kesyon bay enfòmasyon sou sijè sa a.

Vrèmanvre, nan plizyè fason Temwen Jewova yo ap simaye bon nouvèl Wayòm nan ann Ayiti, menm jan yo fè sa nan 234 lòt peyi atravè lemonn. Gen anpil moun ki byen reyaji devan mesaj espwa sa a. Moun sa yo resevwa èd pou yo wè pi lwen pase difikilte ki gen kounye a nan lavi a, e pou yo gen monn nouvo a nan lespri yo, kote tout moun k ap adore Jewova, vrè Dye a, pral byen jwi lavi pafè a. — Revelasyon 21:4.

[Nòt anba paj]

^ § 20 Piblikasyon yo bay tit yo nan atik la, se Temwen Jewova ki pibliye yo.

^ § 29 Yo chanje non an.

[Liy kredi pou foto nan paj 8]

Fon an : ©Adalberto Rios Szalay/photodisc/age fotostock