Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kite Pawòl Bondye a gide pa nou

Annou kite Pawòl Bondye a gide pa nou

Annou kite Pawòl Bondye a gide pa nou

“ Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen, e yon limyè pou wout mwen. ” — SÒM 119:105.

1, 2. Poukisa pifò moun pa rive jwenn bonjan lapè ak vrè kè kontan ?

ÈSKE w ka sonje yon lè kote w te oblije mande yon moun ki wout pou w fè pou w al yon kote ? Petèt ou pa t twò lwen kote w te bezwen ale a, men ou pa t fin konnen ki dènye kote pou w fè. Oswa petèt ou te pèdi nèt e ou te bezwen chanje wout. Nan chak ka sa yo, èske l pa t saj pou w te suiv direksyon yon moun ki byen konn zòn nan te ba w ? Yon moun konsa te ka ede w jwenn kote w prale a.

2 Depi plizyè milye ane, lèzòm an jeneral ap chèche dirije lavi yo poukont yo, san yo pa chèche direksyon nan men Bondye. Sepandan, lefètke lèzòm enpafè pran endepandans yo parapò ak Bondye, yo pèdi wout yo nèt. Yo tou senpleman pa ka jwenn wout ki mennen nan bonjan lapè ak nan vrè kè kontan an. Kòman yo fè pa ka rive jwenn wout k ap mennen nan bonjan lapè ak nan vrè kè kontan an ? Gen plis pase 2 500 an depi pwofèt Jeremi te di : “ Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” ​(Jeremi 10:23). Donk, kèlkeswa moun k ap chèche dirije pa l poukont li, san l pa aksepte èd moun ki kalifye pou sa, asireman, se desepsyon moun sa a ap jwenn. Vrèman, lèzòm bezwen direksyon.

3. Pou ki rezon se Jewova ki gen plis kapasite pou l bay lèzòm direksyon, e ki pwomès li fè ?

3 Se Jewova Dye ki gen plis kapasite pou l bay direksyon sa a. Pou ki rezon ? Se paske li konprann fason lèzòm fèt pi byen pase kèlkeswa moun nan. Epi, li byen konnen kòman lèzòm te fè pran move chemen ki fè yo pèdi a. Se li menm tou ki konnen sa lèzòm bezwen pou yo retounen nan bon chemen an. Mete sou sa, piske se Jewova ki Kreyatè a, li toujou konnen sa k pi bon pou nou (Izayi 48:17). Se poutèt sa, nou ka gen yon konfyans total nan pwomès li fè nou ki nan Sòm 32:8, ki di : “ M ap fè w vin gen klèvwayans e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou. ” Pa gen dout nan sa, Jewova ban nou pi bon direksyon ki te ka genyen an. Men, ki jan l gide nou ?

4, 5. Ki jan deklarasyon Bondye yo ka dirije nou ?

4 Gen yon salmis ki te di Jewova nan yon priyè : “ Pawòl ou se yon lanp pou pye mwen, e yon limyè pou wout mwen. ” ​(Sòm 119:105). Nou jwenn deklarasyon Bondye yo ak rapèl li yo nan Bib la, e yo ka ede nou venk obstak nou rankontre sou wout lavi a. Vrèmanvre, lè nou li Labib e nou kite l gide nou, pèsonèlman nou ka viv sa nou jwenn nan Izayi 30:21, ki di : “ Zòrèy ou ap tande yon pawòl pa dèyè w k ap di : ‘ Men chemen an. Mache ladan l. ’ ”

5 Sepandan, n ap remake Sòm 119:105 mete aksan sou de wòl Pawòl Bondye a jwe ki lye youn ak lòt. Premyèman, li jwe wòl yon lanp pou pye nou. Konsa, lè n ap fè fas ak pwoblèm ki gen chak jou nan lavi a, nou dwe kite prensip ki nan Bib la gide pa nou yon fason pou nou pran desizyon ki saj e pou nou evite pyèj ki gen nan monn sa a. Dezyèmman, rapèl Bondye bay yo klere wout nou, yo ede nou fè chwa ki ann amoni avèk esperans nou genyen pou nou viv pou toutan nan Paradi Bondye pwomèt la. Lè wout ki devan nou an byen klere, sa ap pèmèt nou wè ki rezilta konduit nou genyen pral pote, sètadi si l ap pote bon rezilta oswa si l ap pote move rezilta (Women 14:21 ; 1 Timote 6:9 ; Revelasyon 22:12). Annou wè, yon fason detaye, kòman deklarasyon Bondye yo nou jwenn nan Bib la kapab tankou yon lanp pou pye nou e tankou yon limyè pou wout nou.

“ Yon lanp pou pye mwen ”

6. Nan ki sikonstans deklarasyon Bondye yo se yon lanp pou pye nou ?

6 Se chak jou nou gen desizyon pou nou pran. Gen nan desizyon sa yo ki pa sanble gen gwo enpòtans. Men, pafwa nou anfas sitiyasyon ki kapab tounen eprèv pou nou nan domèn moralite, onètete oswa netralite. Pou nou reyisi fè fas ak eprèv sa yo, nou bezwen pou ‘ kapasite klèvwayans nou, vin egzèse pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ’. (Ebre 5:14.) Konsa, lè nou gen yon konesans egzak sou Pawòl Bondye a e lè nou vin gen bonjan konpreyansyon sou prensip ki ladan l yo, se fòme nou fòme konsyans nou pou nou ka pran desizyon ki fè Jewova plezi. — Pwovèb 3:21.

7. Dekri yon sitiyasyon kote yon kretyen ta ka anvi frekante kòlèg travay li ki pa kwayan.

7 Ann konsidere yon egzanp. Èske w se yon moun k ap fè efò sensè pou w fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11) ? Si wi, ou merite felisitasyon. Men, ann imajine kèk kòlèg travay ou ta ofri w yon kat pou w ale nan yon evènman spòtif avèk yo. Yo renmen lè w ansanm avèk yo nan travay la e yo ta renmen frekante w an deyò kad travay la. Petèt ou ka gen enpresyon yo pa pi move moun pase sa. Petèt yo ka menm gen kèk bon prensip. Ki sa w ap fè nan ka sa a ? Èske ka gen danje si w aksepte envitasyon sa a ? Ki jan Pawòl Bondye a ka ede w pran yon bon desizyon nan sitiyasyon sa a ?

8. Ki prensip biblik k ap ede nou rezone anrapò ak moun n ap frekante ?

8 Annou konsidere kèk prensip biblik. Premye prensip ki ka vin nan tèt nou se prensip nou jwenn nan 1 Korentyen 15:33 a, ki di : “ Move frekantasyon kòwonp abitid ki pwofitab. ” Èske sa vle di nou dwe evite moun ki pa kwayan yo totalman pou nou suiv prensip sa a ? Repons Labib bay la se non. Epi, apot Pòl te montre li te gen konsiderasyon ak lanmou pou “ tout kalite moun ”, san wete moun ki pa t kwayan (1 Korentyen 9:22). Pou yon moun vrè kretyen, li dwe enterese ak lòt moun, e moun ki pa gen menm kwayans avèk yo ladan l tou (Women 10:13-15). Alaverite, kòman nou ka suiv konsèy ki di pou nou “ fè sa ki byen anvè tout moun ” nan, si nou evite moun ki ta ka bezwen èd nou ? — Galat 6:10.

9. Ki konsèy Labib bay ki ka ede nou gen ekilib nan relasyon nou ak kòlèg travay nou ?

9 Sepandan, gen yon diferans klè ant lè nou janti ak yon kòlèg travay ak lè nou konsidere l kòm yon bon zanmi. Gen yon lòt prensip biblik ki touche kesyon sa a. Apot Pòl te bay kretyen yo avètisman sa a : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk enkwayan. ” ​(2 Korentyen 6:14). Ki sa “ pa mete tèt nou anba jouk miwomiba ” vle di ? Gen kèk tradiksyon Labib ki tradui pawòl sa yo konsa : “ Pa fè ekip ak ”, “ pa chèche travay ansanm kòmsi nou te egal ”, oswa “ sispann chèche gen relasyon ki pa apwopriye ”. Ki lè relasyon ak yon kòlèg travay vin pa apwopriye ? Nan ki moman li depase limit pou l vin yon jouk miwomiba ? Labib, Pawòl Bondye a, ka dirije pa nou nan kesyon sa a.

10. a) Ki jan Jezi te chwazi konpayon l yo ? b) Ki kesyon yon moun ka poze tèt li k ap ede l pran bon desizyon konsènan moun l ap frekante ?

10 Annou konsidere egzanp Jezi ki te renmen lèzòm depi lè kreyasyon lèzòm (Pwovèb 8:31). Lè l te sou tè a, li te pwòch anpil ak disip li yo (Jan 13:1). Li te menm “ gen lanmou ” pou yon mesye malgre li te nan move chemen nan domèn relijye (Mak 10:17-22). Men, Jezi te mete limit klè nan chwa moun li gen relasyon sere avèk yo. Li pa t gen relasyon etwat avèk moun ki pa t vle fè volonte Papa l ak tout kè yo. Yon lè, Jezi te di : “ Nou se zanmi m, si nou fè sa mwen òdone nou pou nou fè. ” ​(Jan 15:14). Se vre ou ka byen antann ou avèk yon kòlèg an patikilye. Men, mande tèt ou : ‘ Èske moun sa a dakò pou l fè sa Jezi òdone nou pou nou fè ? Èske li vle konnen Jewova, Li menm Jezi te ban nou enstriksyon pou nou adore ? Èske prensip moral mwen genyen antanke kretyen se yo menm li genyen tou ? ’ ​(Matye 4:10). W ap jwenn repons kesyon sa yo tank w ap pale ak kòlèg travay ou yo e tank w ap ensiste sou detèminasyon ou pran pou w aplike prensip ki nan Bib la.

11. Site kèk sitiyasyon kote se deklarasyon Bondye yo ki ta dwe dirije pa nou.

11 Gen yon pakèt lòt sikonstans kote deklarasyon Bondye yo kapab tankou yon lanp pou pye nou. Pa egzanp, yo ka ofri yon kretyen yon travay nan yon moman kote li te vrèman bezwen sa. Sepandan, se kapab yon travay ki pral pran tout tan l, e si li aksepte travay sa a, l ap oblije pèdi plizyè reyinyon e li ka rate anpil lòt aktivite ki lye ak vrè adorasyon an (Sòm 37:25). Yon lòt kretyen ka gen gwo tantasyon pou l gade fim oswa pyès teyat ki gen sèn ki vrèman pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la (Efezyen 4:17-19). Yon lòt kapab irite fasil lè l devan enpèfeksyon kwayan parèy li yo (Kolosyen 3:13). Nan tout sitiyasyon sa yo, nou ta dwe kite Pawòl Bondye a tounen yon lanp pou pye nou. Vrèmanvre, lè nou aplike prensip ki nan Bib la, n ap ka fè fas ak kèlkeswa difikilte ki gen nan lavi a, e n ap reyisi. Pawòl Bondye a “ itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati ”. — 2 Timote 3:16.

“ Yon limyè pou wout mwen ”

12. Ki jan deklarasyon Bondye yo se yon limyè pou wout nou ?

12 Sòm 119:105 montre nou deklarasyon Bondye yo kapab tankou yon limyè tou pou wout nou, yon limyè k ap klere chemen ki devan nou an. Nou pa nan fènwa anrapò ak sa demen sere pou nou, paske Labib esplike rezon ki fè monn nan nan kondisyon deplorab sa yo e li esplike tou ki sa ki pral rive finalman. Vrèmanvre, nou rann nou kont n ap viv nan “ dènye jou ” sistèm mechan sa a (2 Timote 3:1-5). Piske nou konnen ki sa k ap rive pi devan, sa ta dwe gen gwo enfliyans sou fason n ap viv kounye a. Apot Pyè te ekri pawòl sa yo : “ Piske tout bagay sa yo gen pou fonn konsa, ki jan de moun nou dwe ye nan aksyon ki montre nou gen yon konduit ki sen e nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann e pandan nou toujou kenbe prezans jou Jewova a nan lespri nou. ” — 2 Pyè 3:11, 12.

13. Ki efè ijans ki gen nan tan n ap viv la ta dwe genyen sou etadespri nou e sou fason n ap viv ?

13 Etadespri nou ak fason n ap viv ta dwe montre byen klè nou gen konviksyon “ monn nan ap pase e dezi li tou ”. (1 Jan 2:17.) Si nou suiv direksyon Bib la bay, sa ap ede nou pran desizyon ki saj anrapò ak objektif nou genyen pou lavni. Pa egzanp, Jezi te di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” ​(Matye 6:33). Anpil jèn demontre lafwa nan pawòl Jezi yo lè yo antre nan sèvis aplentan. Yo vrèman merite felisitasyon ! Gen lòt moun ki kite peyi yo pou y al nan peyi kote ki gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan, e pami moun sa yo gen fanmi ann antye ki fè sa.

14. Ki jan yon fanmi kretyen te etann ministè li ?

14 Ann pran egzanp yon fanmi kretyen ki gen kat moun ladan l ki t ap viv Ozetazini. Yo te kite peyi yo pou y al an Repiblik dominikèn e yo te ale nan yon kongregasyon ki nan yon vil ki gen 50 000 moun. Kongregasyon sa a gen anviwon 130 pwoklamatè Wayòm nan. Sepandan, te gen anviwon 1 300 moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris la ki te fèt 12 avril 2006. Jaden an tèlman “ blan pou fè rekòt ” nan zòn sa a, apre senk mwa sèlman, tout fanmi an, sètadi papa a, manman an, pitit gason yo a ak pitit fi yo a te deja ap kondui 30 etid biblik antou (Jan 4:35). Men sa papa a di : “ Kongregasyon an gen 30 frè ak sè ladan l ki kite peyi yo pou yo vin rete nan zòn nan pou yo ka bay èd yo. Gen anviwon 20 ladan yo ki sot Ozetazini, e lòt yo soti nan peyi tankou Bahamas, Kanada, Itali, Nouvèl Zelann ak Espay. Yo vini avèk bonjan dispozisyon pou yo patisipe nan ministè a, e sa fè frè nan zòn nan vin gen plis zèl. ”

15. Ki benediksyon ou jwenn lefètke w mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi w ?

15 Se pa tout moun ki ka deplase al nan yon lòt peyi kote gen plis bezwen pwoklamatè, e nou ka konprann sa. Men moun ki kapab yo, oswa moun ki ka fè kèk ajisteman yon fason pou yo ka rann tèt yo disponib, ap jwenn yon pakèt benediksyon nan fòm sèvis sa a. E kèlkeswa kote w ap sèvi a, chèche jwenn lajwa nan sèvis w ap bay Jewova ak tout fòs ou. Si w mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi w, Jewova pwomèt l ap ‘ vide yon benediksyon sou ou jiskaske pa gen nesesite ankò ’. — Malaki 3:10.

Benediksyon nou jwenn lè nou kite Jewova gide nou

16. Ki pwofi n ap tire si nou kite deklarasyon Bondye yo gide nou ?

16 Jan nou sot wè sa, deklarasyon Jewova yo gide nou de fason ki lye youn ak lòt. Yo sèvi kòm yon lanp pou pye nou, konsa yo ede nou ale nan bon direksyon an e yo gide nou lè nou gen desizyon pou nou pran. Ansuit, yo klere wout nou, konsa yo ede nou wè sa k devan nou byen klè. E sa ede nou suiv konsèy Pyè ban nou an ki di : “ Prepare lespri nou pou nou aji, rete nan bonsans nou nèt, mete espwa nou nan favè moun pa merite a, favè yo dwe pote pou nou nan moman revelasyon Jezi Kris la. ” — 1 Pyè 1:13.

17. Ki jan lè nou etidye Labib, sa ap ede nou suiv direksyon Bondye ban nou ?

17 Pa gen dout nan sa, Jewova ban nou direksyon pou nou suiv. Men, èske n ap suiv direksyon li bay la ? Pou w ka konprann direksyon Jewova bay la, se pou w pran rezolisyon pou w li yon pòsyon Labib chak jou. Medite sou sa w li a, chèche konprann volonte Jewova nan tout bagay, epi reflechi sou divès fason ou ka aplike sa w li a nan lavi w (1 Timote 4:15). Apre sa, sèvi ak ‘ kapasite w genyen pou w rezone ’ lè w ap pran desizyon pèsonèl. — Women 12:1.

18. Ki benediksyon nou jwenn lè nou kite Pawòl Bondye a gide nou ?

18 Si nou suiv prensip ki nan Pawòl Bondye a, y ap klere wout nou e y ap ban nou direksyon nou bezwen lè n ap pran desizyon ki gen rapò ak pi bon wout nou dwe suiv nan lavi nou. Nou kapab gen asirans deklarasyon Jewova yo ki ekri nan Bib la ka fè “ yon moun ki pa gen eksperyans vin saj ”. (Sòm 19:7.) Lè nou kite Bib la gide nou, n ap gen yon konsyans ki pwòp e n ap jwenn satisfaksyon piske n ap fè Jewova plezi (1 Timote 1:18, 19). Si nou kite deklarasyon Jewova yo gide pa nou chak jou, Jewova ap rekonpanse nou ak yon benediksyon ki san parèy : lavi etènèl. — Jan 17:3.

Èske nou sonje ?

• Poukisa li enpòtan pou nou kite Jewova Dye gide pa nou ?

• Nan ki sans deklarasyon Bondye yo kapab tankou yon lanp pou pye nou ?

• Ki jan deklarasyon Bondye yo kapab tankou yon limyè pou wout nou ?

• Ki jan lè nou etidye Labib, sa ap ede nou suiv direksyon Bondye ban nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Ki lè li pa saj pou w frekante yon moun ki pa kwayan ?

[Foto nan paj 20]

Moun ki te pwòch Jezi yo se te moun ki t ap fè volonte Jewova.

[Foto nan paj 21]

Èske fason n ap viv montre nou bay enterè Wayòm nan premye plas ?