“ Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an ” ap ede nou
“ Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an ” ap ede nou
SA GEN anviwon 2 000 an, yon ekriven biblik ki te rele Pòl te dekri Jewova antanke “ Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an ”. (Women 15:5.) Etandone Labib ban nou asirans tan k ap pase pa fè Jewova chanje, nou ka gen konfyans Bondye ap toujou rekonfòte moun k ap sèvi l (Jak 1:17). Anfèt, Labib fè konnen moun ki bezwen rekonfò, Jewova ba yo l divès fason. Men kèk nan fason li ba yo l : Bondye fòtifye moun ki priye l pou mande l èd. Anplis, li pouse vrè kretyen yo pou yo rekonfòte kwayan parèy yo. E Jewova mete anpil istwa rekonfòtan nan Pawòl li a, Labib, ki vrèman fòtifye moun ki nan lapenn akoz yon pitit yo genyen ki mouri. Annou egzamine twa fason sa yo youn apre lòt.
“ Jewova li menm te tande ”
Wa David te ekri konsènan Kreyatè nou an, Jewova : “ Nou menm pèp, mete konfyans nou nan li tout tan. Vide kè nou ba li. Bondye se yon refij pou nou. ” (Sòm 62:8). Poukisa David te gen konfyans nan Jewova konsa ? Men sa David te ekri pou l pale de tèt li : “ Aflije sa a te rele, e Jewova li menm te tande. E nan tout detrès li yo Li te sove l. ” (Sòm 34:6). Nan tout sitiyasyon ki bay strès David te twouve l, li te toujou priye Bondye pou mande l èd, e Jewova te toujou vin osekou l. Grasa eksperyans David te fè, li te konnen Bondye t ap ba l sipò e li t ap ede l andire.
Paran ki nan lapenn yo bezwen konnen Jewova ap soutni yo anba gwo soufrans yo genyen, menm jan li te fè sa pou David. Yo ka abòde Sila ki gran “ ki konn tande priyè ” a, avèk konviksyon l ap ede yo (Sòm 65:2). William nou te pale de li nan atik anvan an te fè deklarasyon sa a : “ Plizyè fwa, mwen te santi mwen pa t ap ka kontinye viv ankò san pitit gason m nan, e mwen te mande Jewova pou l soulaje m. Li te toujou ban m fòs ak kouraj pou m kontinye viv. ” Menm jan an tou, si w priye Jewova ak lafwa, Bondye nan syèl la, yon Bondye ki gran, ap soutni w. Anfèt, Jewova Dye fè moun k ap fè efò pou yo sèvi l yo pwomès sa a : “ Mwen menm, Jewova Bondye w la, m ap pran men dwat ou, Sila a ki di w : ‘ Ou pa bezwen pè. Mwen menm, m ap ede w. ’ ” — Izayi 41:13.
Sipò nou ka jwenn nan men vrè zanmi
Moun ki nan dèy pou yon pitit yo ki mouri konn bezwen rete poukont yo pou yo lamante e pou yo ka rive reflechi sou santiman k ap travèse yo. Sepandan, li pa t ap bon pou yo evite konpayi lòt moun pandan anpil tan. Selon Pwovèb 18:1, yon “ moun k ap izole tèt li ” kapab fè tèt li ditò. Kidonk, moun ki nan lapenn ta dwe fè atansyon pou yo pa izole tèt yo.
Zanmi moun ki nan lapenn yo ki gen lakrentif pou Bondye ka rann yo sèvis k ap itil yo. Pwovèb 17:17 di : “ Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” Lucy nou te pale de li nan atik anvan an te jwenn rekonfò nan men vrè konpayon li yo, apre li te fin pèdi pitit gason l lan. Konsènan zanmi li gen nan kongregasyon an, men sa l te deklare : “ Lefètke yo te vizite m, sa te ede m anpil, byenke pafwa yo pa t di anpil pawòl. Gen yon zanmi ki te konn vin wè m nan moman mwen poukont mwen. Li te konn panse petèt mwen te ka ap kriye lakay la. Souvan, lè l vini, li te konn kriye avè m. Gen yon lòt ki rele m chak jou pou l ankouraje m. Epitou, gen lòt ki envite nou vin manje lakay yo, e yo kontinye fè sa. ”
Byenke gwo lapenn paran yo santi lè yo pèdi yon pitit pa efase fasil, lè yo priye Sòm 147:3.
Bondye e yo frekante zanmi yo genyen ki vrè kretyen, sa ba yo bonjan rekonfò nan moman tristès yo a. Anpil paran kretyen ki pèdi yon timoun rann yo kont Jewova avèk yo. Wi, Jewova “ geri moun kè yo ap fann, e li bande kote k ap fè yo mal ”. —Istwa nan Bib la ki bay rekonfò
Apa lapriyè ak frekantasyon ankourajan nou benefisye, nou gen Pawòl Bondye a kòm yon sous rekonfò pou moun ki gen moun mouri. Istwa nou jwenn nan Bib la revele Jezi vrèman gen dezi ak kapasite pou l elimine soufrans paran ki nan dèy yo lè li pral resisite mò yo. Istwa sa yo bay moun ki nan lapenn yo bonjan rekonfò. Annou egzamine de nan istwa sa yo.
Lik chapit 7 dekri sa k te pase lè Jezi te rankontre yon antèman nan vil Nayin. Moun yo t apral antere yon sèl pitit gason yon vèv te genyen. Vèsè 13 la di : “ Lè Seyè a remake l, li pran pitye pou li, e li di l konsa : ‘ Sispann kriye. ’ ”
Se pa fasil pou yon moun ta oze di yon manman nan antèman pitit li pou l sispann kriye. Poukisa Jezi te di sa li menm ? Paske li te konnen chagren manman an t apral sispann. Men sa istwa a di annapre : “ [Jezi] pwoche e li touche branka a e moun ki t ap pote branka yo kanpe, epi li di : ‘ Jenòm, mwen di w : Leve ! ’ E mò a leve chita, li kòmanse pale, e li bay manman l li. ” (Lik 7:14, 15). Lè sa a, petèt manman an te kriye ankò, men fwa sa a se akoz kè kontan li te vin genyen.
Nan yon lòt okazyon, te gen yon mesye ki te rele Jayiris ki te vin kot Jezi, li te mande l pou l ede l, paske tipitit fi l la ki gen 12 an te malad grav. Yon tikras tan apre, yo vin di l tifi a mouri. Nouvèl sa a te fann kè Jayiris, men Jezi di l : “ Ou pa bezwen pè, sèlman montre w gen lafwa. ” Lè Jezi rive lakay fanmi an, l al kot tifi ki mouri a. Li pran men l, li di : “ Jèn fi, mwen di w : Leve ! ” Ki sa k te pase ? “ Imedyatman, tifi a leve e li kòmanse mache. ” Ki reyaksyon paran yo te genyen ? “ Yo te santi yo pa t posede yo ankò, tèlman yo te kontan. ” Pandan Jayiris ak madanm li t ap anbrase pitit fi yo a, yo te santi yon gwo kè kontan. Se kòmsi yo te nan yon rèv. —Istwa detaye sa yo nou jwenn nan Bib la konsènan rezirèksyon timoun montre ki sa paran ki nan tristès jodi a ka espere. Jezi te di : “ Lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” (Jan 5:28, 29). Objektif Jewova se pou Pitit li a rebay moun ki mouri yo lavi. Gen plizyè milyon timoun ki mouri ki pral “ tande vwa l ” lè l ap di yo : “ Mwen di w : Leve ! ” Timoun sa yo ap ka mache ankò e y ap ka pale ankò. E menm jan ak Jayiris ak madanm li, paran timoun sa yo pral ‘ santi yo pa posede yo ankò, tèlman y ap kontan ’.
Si w pèdi yon pitit gason w oswa yon pitit fi w, li bon pou w konnen Jewova gen kapasite pou l chanje tristès ou a pou l fè l tounen kè kontan pa mwayen rezirèksyon. Pou w jwenn byenfè nan esperans estrawòdinè sa a, ou dwe obeyi egzòtasyon salmis la bay, ki di : “ Chèche Jewova ansanm ak fòs li. Chèche fas li toutan. Sonje travay estrawòdinè li reyalize, mirak li yo. ” (Sòm 105:4, 5). Wi, se pou w sèvi Jewova, vrè Dye a, e se pou w adore l jan l mande a.
Ki rezilta w ap jwenn depi kounye a si w “ chèche Jewova ” ? W ap resevwa fòs lè w priye Bondye, w ap santi w rekonfòte grasa sousi chaje lanmou vrè konpayon kretyen yo gen pou ou e w ap jwenn fòs nan etidye Pawòl Bondye a. Anplis de sa, talè konsa, Jewova pral reyalize ‘ bèl travay e li pral fè mirak ’ pou bonè etènèl ou e pou bonè etènèl pitit ou genyen ki mouri.
[Kare nan paj 5]
“ Vin ak madanm ki pèdi de pitit ” la
Kehinde ak madanm li, Bintu, se de Temwen Jewova nan peyi Nijerya ki te pèdi de nan pitit yo genyen nan yon aksidan machin. Depi lè a, yo nan lapenn poutèt yo pèdi pitit yo yon fason trajik. Men, konfyans yo genyen nan Jewova soutni yo e yo kontinye pataje mesaj espwa ki nan Bib la ak vwazen yo.
Gen lòt moun ki remake kalm ak kouraj Kehinde ak Bintu genyen. Yon jou, gen yon madanm ki rele Ukoli ki di yon zanmi Bintu : “ Vin ak madanm ki pèdi de pitit yon sèl kou a e ki toujou ap preche mesaj ki nan Bib la. Mwen ta renmen konnen sa k ba l fòs pou l andire. ” Lè Bintu rive lakay madam Ukoli, madanm nan di l : “ Mwen ta renmen konnen sa k fè w toujou ap preche konsènan yon Bondye ki touye pitit ou yo. Bondye pran yon sèl pitit fi mwen te genyen. Depi lè sa a, mwen pa annafè ak Bondye. ” Bintu itilize Bib la pou l esplike rezon ki fè moun mouri e poukisa nou ka sèten moun nou te renmen ki mouri yo pral resisite. — Travay 24:15 ; Women 5:12.
Apre sa, madam Ukoli di : “ Mwen te toujou panse se Bondye ki fè moun mouri. Men kounye a, mwen konnen laverite. ” Li te pran desizyon pou l etidye Labib ak Temwen Jewova yo pou l ka aprann plis bagay sou pwomès Bondye yo.
[Kare nan paj 6]
‘ Mwen ta bay èd mwen, men m pa konn sa pou m fè ’
Lè paran ansanm ak frè ak sè yon timoun ki mouri nan gwo chagren, zanmi yo ka pa konn ki sa pou yo fè pou yo ede yo. Yo ta renmen soutni fanmi an, men yo pè pou yo pa di yon bagay oswa pou yo pa fè yon bagay ki ta ka agrave sitiyasyon an. Men kèk sijesyon pou moun ki ta renmen bay èd yo, men ki pa konn ki sa pou yo fè.
❖ Pinga w pè al wè moun ki nan dèy yo paske w pa fin konn sa pou w di oswa sa pou w fè. Sèlman lefètke w la avèk yo, sa ka rekonfòte yo. Èske li difisil pou w jwenn sa pou w di ? Si w bay moun yo yon akolad epi w di yo sensèman sa fè w mal anpil, y ap wè ou gen sousi pou yo. Èske w pè pou w pa ta tonbe kriye pou sa pa ajoute sou tristès yo ? Labib di : “ Kriye ak moun k ap kriye. ” (Women 12:15). Lefètke w kriye, sa montre ou pataje lapenn yo genyen an, e sa ka rekonfòte yo.
❖ Pran inisyativ. Ou ka prepare yon ti manje tou senp pou fanmi an. Ou ka lave veso pou yo. Ou ka al fè komisyon pou yo. Pinga w di yo : “ Si nou bezwen yon bagay, fè m konnen. ” Menm lè w di pawòl sa yo avèk senserite, yo ka fè paran ki nan dèy yo konprann ou twò okipe pou w ede yo. Olye de sa, mande yo : “ Ki sa m ka fè pou nou kounye a ? ” Epi fè sa yo mande w la. Sepandan, evite antre kote ki prive nan kay la oswa evite antre nan vi prive yo.
❖ Pinga w di yo : “ Mwen konnen ki jan nou santi nou. ” Chak moun reyaji yon jan lè yo gen yon moun pa yo ki mouri. Menmsi ou te pèdi yon timoun tou, ou pa konnen egzakteman ki jan yo santi yo.
❖ Anpil tan gen pou pase anvan pou kay la retounen plizoumwen nan nòmal li. Kontinye bay èd ou otan w kapab. Okòmansman, ap gen anpil moun k ap vin wè fanmi ki nan dèy la, men yo bezwen plis pase sa. Chèche konnen ki sa y ap bezwen nan semèn ak nan mwa k ap vini yo *.
[Nòt anba paj]
^ § 29 Pou plis enfòmasyon sou fason pou nou ede moun ki nan dèy pou yon pitit yo genyen ki mouri, ale nan chapit “ Quelle aide peut-on apporter ? ” ki nan bwochi Quand la mort frappe un être aimé a, paj 20-4. Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.
[Foto nan paj 7]
Istwa nou jwenn nan Bib la montre Jezi gen pouvwa ak volonte pou l rebay timoun yo lavi.