Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou kongregasyon an louwe Jewova

Se pou kongregasyon an louwe Jewova

Se pou kongregasyon an louwe Jewova

“ M ap pwoklame non w bay frè mwen yo. Nan mitan kongregasyon an, m ap louwe w. ” — EBRE 2:12.

1, 2. Poukisa kongregasyon an se yon kote moun jwenn anpil byenfè, e ki wòl prensipal li jwe ?

TOUTOLON listwa, anndan fanmi yo, toujou gen moun ki gen bon relasyon antre yo e ki santi yo an sekirite. Men, Labib fè nou konnen gen yon gwoupman jodi a kote yon pakèt moun sou tout tè a gen bon relasyon antre yo e kote yo jwenn sekirite yon fason eksepsyonèl. Gwoupman sa a se kongregasyon kretyen an. Ou kapab apresye sa Bondye ba ou pa mwayen kongregasyon an e ou ta dwe apresye sa, kit ou fè pati yon fanmi kote moun yo gen bon relasyon antre yo e youn renmen lòt, kit ou pa fè pati yon fanmi ki konsa. Natirèlman, si w deja fè pati youn nan kongregasyon Temwen Jewova yo, ou anmezi pou w pale de bèl anbyans fratènèl ou jwenn ladan l ansanm ak sekirite ou santi w genyen.

2 Kongregasyon an se pa yon senp gwoup zanmi. Se pa yon asosyasyon ki nan yon kominote e se pa yon asosyasyon kote kèk moun ki gen menm edikasyon ak menm koutim oswa menm enterè nan yon spò oswa nan yon lòt pastan reyini ansanm. Men, depreferans, kongregasyon an se yon dispozisyon ki la toudabò pou louwe Jewova Dye. Selon liv Sòm nan, se konsa sa te ye depi nan tan lontan. Men sa nou li nan Sòm 35:18 : “ M ap louwe w nan gran kongregasyon an. Nan mitan anpil moun m ap ba w louwanj. ” Nan menm sans lan, men ki ankourajman Sòm 107:31, 32 bay : “ O ! se pou yo di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li genyen e pou travay estrawòdinè li fè pou pitit gason lèzòm yo. E se pou yo egzalte l nan asanble pèp la. ”

3. Selon Pòl, ki wòl kongregasyon an jwe ?

3 Apot Pòl, te montre yon lòt wòl esansyèl kongregasyon an jwe lè l te pale de li kòm “ mezon Bondye a, kongregasyon Bondye vivan an, yon pilye e yon sipò pou laverite ”. (1 Timote 3:15.) De ki kongregasyon Pòl t ap pale la a ? Nan ki sans Labib itilize mo “ kongregasyon ” an ? E ki enpak sa ta dwe gen sou lavi nou e sou sa n ap atann nan lavi a ? Pou nou ka jwenn repons kesyon sa yo, annou egzamine toudabò divès fason yo itilize mo “ kongregasyon ” an nan Pawòl Bondye a.

4. An jeneral, nan ki sans yo itilize mo “ kongregasyon ” an nan Ekriti ebrayik yo ?

4 Mo ebre souvan lè yo tradui l yo mete “ kongregasyon ” pou li a soti nan yon lòt mo ki vle di “ asanble ”. (Detewonòm 4:10 ; 9:10.) Salmis la itilize mo sa a anrapò ak zanj yo ki nan syèl la. Yo ka itilize mo sa a tou pou pale de yon gwoup mechan (Sòm 26:5 ; 89:5-7). Sepandan, Ekriti ebrayik yo itilize l pi souvan anrapò ak Izrayelit yo. Bondye te anonse Jakòb t ap “ vin yon asanble ki gen anpil pèp ”, e se sa ki te rive (Jenèz 28:3 ; 35:11 ; 48:4). Yo te rele Izrayelit yo, sètadi yo te chwazi yo pou yo fòme “ kongregasyon Jewova a ”, “ kongregasyon vrè Dye a ”. — Nonb 20:4 ; Neyemya 13:1 ; Jozye 8:35 ; 1 Samyèl 17:47 ; Mika 2:5.

5. Ki mo grèk yo itilize jeneralman pou tradui mo “ kongregasyon ” an, e nan ki sans yo kapab itilize mo sa a ?

5 Mo grèk ki koresponn ak mo ebre a se ékklêsia. Gen de mo grèk ki konpoze mo sa a, youn siyifi “ apa ” e lòt la siyifi “ rele ”. Yo kapab itilize l pou yon gwoup moun ki rasanble nan yon objektif pwofàn, tankou “ asanble ” Demetriyis te fè leve kont Pòl nan vil Efèz la (Travay 19:32, 39, 41). Sepandan, Labib itilize mo sa a jeneralman pou l pale de kongregasyon kretyen an. Nan kèk Bib, yo mete “ legliz ” pou yo tradui l. Men, gen yon diksyonè biblik ki fè konnen nan Nouvo Testaman an, mo sa a “ pa janm [...] vle di kay kote kretyen yo rasanble pou yo fè adorasyon an piblik ”. (The Imperial Bible-Dictionary.) Toutfwa, se enteresan pou nou note nan Ekriti grèk kretyen yo, yo itilize mo “ kongregasyon ” an omwen kat fason.

Kongregasyon wen Bondye genyen an

6. Ki sa ni David ni Jezi te konn fè nan kongregasyon an ?

6 Apot Pòl te aplike pawòl David te di nan Sòm 22:22 a sou Jezi. Men sa l te ekri : “ ‘ M ap pwoklame non w bay frè mwen yo. Nan mitan kongregasyon an, m ap louwe w ak chan. ’ Pakonsekan, [Jezi] te oblije vin tankou ‘ frè ’ l yo nan tout domèn, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl nan bagay ki konsène Bondye. ” ​(Ebre 2:12, 17). David te konn louwe Jewova nan mitan kongregasyon Izrayèl tan lontan an (Sòm 40:9). Men, de ki sa Pòl t ap pale lè l te di Jezi te konn louwe Bondye “ nan mitan kongregasyon an ” ? Ki kongregasyon sa a ?

7. Nan ki premye sans Ekriti grèk kretyen yo itilize mo “ kongregasyon ” an ?

7 Pawòl nou li nan Ebre 2:12, 17 yo gen anpil enpòtans. Pawòl sa yo endike Jezi te fè pati yon kongregasyon kote li t ap pwoklame non Bondye bay frè l yo. Kiyès frè sa yo ? Se moun ki fòme “ semans Abraram ” nan. Yo se frè Kris, yo wenn ak lespri, e yo se “ patisipan nan apèl selès la ”. (Ebre 2:16–3:1 ; Matye 25:40.) Anfèt, nan Ekriti grèk kretyen yo, premye sans mo “ kongregasyon ” an se gwoup disip Kris ki wen ak lespri yo. Kantite a se 144 000, e se yo ki fòme “ kongregasyon premye pitit yo ki enskri nan syèl la ”. — Ebre 12:23.

8. Ki pawòl Jezi te di ki te anonse nesans kongregasyon kretyen an ?

8 Jezi te endike “ kongregasyon ” sa a t ap gen pou l pran nesans alavni. Anviwon ennan anvan l mouri, li te di apot Pyè : “ Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a m ap bati kongregasyon m nan, e pòt adès pap gen pouvwa sou li. ” ​(Matye 16:18). Ni apot Pyè ni apot Pòl te byen konprann se Jezi li menm ki mas wòch yo te anonse a. Pyè te di moun yo mete antanke “ wòch vivan ” nan kay espirityèl ki bati sou mas wòch la, ki se Kris, moun sa yo se “ yon pèp ki la pou [yo] tounen yon pwopriyete espesyal, yon fason pou [yo] ka fè konnen bèl kalite ” Sila ki te rele yo a genyen. — 1 Pyè 2:4-9 ; Sòm 118:22 ; Izayi 8:14 ; 1 Korentyen 10:1-4.

9. Ki lè kongregasyon Bondye a te pran nesans ?

9 Ki lè “ pèp [sa a] ki la pou l tounen yon pwopriyete espesyal ” la te vin tounen kongregasyon kretyen an ? Sa te fèt nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Nan moman sa a, Bondye te voye lespri sen sou disip yo ki te rasanble nan Jerizalèm. Pita nan menm jou sa a, apot Pyè te fè yon diskou enpresyonan devan yon foul moun, pami yo te gen Juif ak pwozelit. Lè l te pale de lanmò Jezi, gen anpil moun ki te santi kè yo touche ki te repanti e ki te batize. Selon sa Bib la rapòte, gen twa mil moun ki te fè sa, e tousuit apre sa, yo te vin fè pati nouvo kongregasyon Bondye a ki pa t sispann grandi (Travay 2:1-4, 14, 37-47). Rezon ki fè li te kontinye grandi, se paske de jou an jou te gen plis Juif ak pwozelit ki te vin konprann se pa t nasyon Izrayèl selon lachè a ki te kongregasyon Bondye a ankò. Men, se kretyen wen ki te fòme “ Izrayèl Bondye a ” ki te vin vrè kongregasyon Bondye a. — Galat 6:16 ; Travay 20:28.

10. Ki relasyon ki genyen ant Jezi ak kongregasyon Bondye a ?

10 Souvan, Labib fè yon distenksyon ant Jezi ak kretyen wen yo. Pa egzanp, li itilize ekspresyon sa a : “ Parapò ak Kris ak kongregasyon an. ” Kretyen ki wen ak lespri yo fòme yon kongregasyon ki gen Jezi kòm Chèf. Apot Pòl te fè konnen Bondye “ fè [Jezi] chèf sou tout bagay pou kongregasyon an, ki se kò li ”. (Efezyen 1:22, 23 ; 5:23, 32 ; Kolosyen 1:18, 24.) Jodi a, se sèlman yon ti rès wen nan kongregasyon sa a ki sou tè a toujou. Sepandan, nou kapab sèten Chèf yo a renmen yo, anpalan de Jezi Kris. Efezyen 5:25 dekri santiman li genyen pou yo, lè l di : “ Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li pou li. ” Kris renmen yo paske yo rete okipe totalman nan ofri Bondye “ yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi lèv [yo] ki fè yon deklarasyon piblik pou non li ”, menm jan l te fè sa lè l te sou tè a. — Ebre 13:15.

Lòt fason yo itilize mo “ kongregasyon ” an

11. Nan ki dezyèm sans Ekriti grèk kretyen yo itilize mo “ kongregasyon ” an ?

11 Pafwa, Labib itilize mo “ kongregasyon ” an tou nan yon sans ki pi limite oswa ki pi presi, lè sa a li pa gen rapò ak tout gwoup 144 000 wen yo ki fòme “ kongregasyon Bondye a ”. Pa egzanp, Pòl te ekri yon gwoup kretyen, li te di yo : “ Veye pou nou pa vin lakòz ni Juif, ni Grèk, ni kongregasyon Bondye a trebiche. ” ​(1 Korentyen 10:32). Li klè, si yon kretyen nan kongregasyon Korent tan lontan an te fè yon move aksyon, sa te ka fè kèk moun trebiche. Men, èske li posib pou aksyon sa a ta fè tout kretyen yo trebiche, tankou kretyen grèk yo, kretyen juif yo, oswa kretyen wen ki te la nan epòk sa a e menm jis jodi a ? Non, sa pa posib. Donk, sanble nan vèsè sa a ekspresyon “ kongregasyon Bondye a ” gen rapò ak kretyen ki t ap viv nan yon epòk byen presi. Pakonsekan, yon moun ka pale konsènan direksyon Bondye bay kongregasyon an, konsènan èd li ba li oswa konsènan benediksyon li ba li, e nan sans sa a li vle pale konsènan tout kretyen ki gen nan yon epòk byen presi, kèlkeswa kote yo ye. Oubyen tou nou ka pale de lajwa ak lapè ki gen toupatou jodi a nan kongregasyon Bondye a, e nan sans sa a nou vle pale de lajwa ak lapè ki gen nan mitan fanmi nou fòme antanke kretyen an.

12. Nan ki twazyèm sans yo itilize mo “ kongregasyon ” an nan Bib la ?

12 Labib itilize mo “ kongregasyon ” an nan yon twazyèm sans. Li gen rapò ak tout kretyen ki gen nan yon zòn jeyografik. Pa egzanp, men sa nou li nan Bib la : “ Kongregasyon an nan tout Jide, nan Galile e nan Samari te antre nan yon peryòd lapè. ” ​(Travay 9:31). Nan gwo zòn sa a, pa t gen yon sèl gwoup kretyen, men sa pa t anpeche yo te pale de tout gwoup kretyen ki te gen nan Jide, nan Galile ak nan Samari yo kòm etan “ kongregasyon an ”. Lè nou teni kont de kantite moun ki te batize nan Pannkòt ane 33 epòk nou an e tousuit apre sa, li posib menm pou te gen plizyè gwoup moun ki te konn reyini regilyèman nan Jerizalèm (Travay 2:41, 46, 47 ; 4:4 ; 6:1, 7). Ewòd Agripa 1ye te dirije Jide jiska lanmò li nan ane 44 epòk nou an. E selon 1 Tesalonisyen 2:14, tout anvan ane 50 epòk nou an, te gen plizyè kongregasyon nan Jide. Konsa, lè nou li Ewòd te “ maltrete kèk moun nan kongregasyon an ”, nou ka konprann te gen plis pase yon kongregasyon ki te konn reyini nan Jerizalèm. — Travay 12:1.

13. Ki katriyèm fason moun plis konnen Bib la itilize mo “ kongregasyon ” an ?

13 Katriyèm fason yo itilize mo “ kongregasyon ” an pi limite toujou, e se li nou pi konnen. Li fè referans ak kretyen ki fòme yon kongregasyon, tankou sa ki te konn reyini nan mezon prive. Pòl te pale de “ kongregasyon ki nan Galasi yo ”. Nan gwo koloni women sa a, te gen plis pase yon kongregasyon. An de fwa, Pòl te itilize ekspresyon ‘ kongregasyon yo ’ pou l pale konsènan plizyè kongregasyon nan Galasi. Sa te fè referans ak moun ki nan kongregasyon Antyòch, Dèbe, Lis ak Ikonyòm. Yo te nome ansyen ki kalifye, oswa siveyan, nan kongregasyon sa yo (1 Korentyen 16:1 ; Galat 1:2 ; Travay 14:19-23). Selon Ekriti yo, tout kongregasyon sa yo se te “ kongregasyon Bondye ”. — 1 Korentyen 11:16 ; 2 Tesalonisyen 1:4.

14. Ki konklizyon nou ka tire nan fason yo itilize mo “ kongregasyon ” an nan kèk vèsè ?

14 Nan kèk ka, sanble gwoup moun ki te konn reyini yo pa t anpil, se sa k fè yo te kapab reyini nan mezon prive. Epoutan, mo “ kongregasyon ” an te aplike ak gwoup sa yo tou. Nou konnen te gen kongregasyon konsa lakay Akila ak Priska, lakay Nimfa e lakay Filemon (Women 16:3-5 ; Kolosyen 4:15 ; Filemon 2). Sa ta dwe yon sous ankourajman pou yon seri kongregasyon jodi a ki pa gen anpil moun e petèt k ap reyini nan mezon prive. Nan premye syèk la, Jewova te rekonèt kongregasyon ki pa t gen anpil moun yo, e se sèten li fè menm bagay la tou jodi a, li sèvi ak lespri li pou l ba yo benediksyon.

Kongregasyon yo louwe Jewova

15. Ki jan aksyon lespri sen te parèt klè nan kèk kongregasyon nan premye syèk la ?

15 Jan nou sot wè sa, nan akonplisman Sòm 22:22 a Jezi te louwe Bondye nan mitan kongregasyon an (Ebre 2:12). Disip li yo te gen kòm devwa pou yo te fè menm bagay la tou. Nan premye syèk la, lè vrè kretyen yo te wenn pa mwayen lespri sen pou yo vin pitit Bondye e pou yo vin frè Kris, lespri te manifeste yon lòt fason espesyal sou anpil ladan yo. Yo te resevwa don lespri pou yo fè mirak. Pa egzanp, don sa yo te manifeste nan pawòl sajès oswa pawòl konesans byen espesyal yo t ap di. Yo te manifeste tou nan pouvwa yo te genyen pou yo geri moun oswa pou yo pwofetize, oswa menm nan kapasite yo te genyen pou yo pale lang yo pa t menm konnen. — 1 Korentyen 12:4-11.

16. Site youn nan objektif ki fè kretyen yo te resevwa don lespri pou yo fè mirak.

16 Anrapò ak don pale an lang nan, men sa apot Pòl te di : “ M ap chante louwanj avèk don lespri a, men m ap chante louwanj tou avèk entèlijans mwen. ” ​(1 Korentyen 14:15). Li te wè li enpòtan pou lòt moun te konprann pawòl li t ap di, e konsa yo t ap ka aprann. Pòl te gen objektif pou l louwe Jewova nan kongregasyon an. Li te bay lòt moun ki te gen don lespri yo egzòtasyon sa a : “ Se pou nou chèche gen plis nan [don sa yo] pou n bati kongregasyon an ”, sètadi kongregasyon kote yo t ap manifeste don yo genyen an (1 Korentyen 14:4, 5, 12, 23). Li klè Pòl te gen sousi pou kongregasyon yo, piske li te konnen kretyen yo te gen okazyon pou yo louwe Bondye nan chak kongregasyon.

17. De ki sa nou ka sèten konsènan chak kongregasyon jodi a ?

17 Jewova kontinye sèvi ak kongregasyon l lan e li kontinye ba l sipò. Li kontinye beni gwoup kretyen wen ki sou tè a jodi a. Nou ka wè sa nan kantite manje espirityèl pèp Bondye a resevwa ann abondans (Lik 12:42). Li beni fanmi nou fòme nan lemonnantye a e li beni kongregasyon yo, kote n ap louwe Kreyatè nou an pa mwayen aksyon nou e pa mwayen kòmantè edifyan nou fè. Se nan kongregasyon yo nou resevwa ansèyman ak fòmasyon k ap pèmèt nou louwe Bondye nan lòt okazyon.

18, 19. Nan tout kongregasyon, ki sa kretyen ki devwe yo renmen fè ?

18 Annou sonje egzòtasyon apot Pòl te bay kongregasyon Filip ki te nan Masedwàn, lè l te di : “ Men sa mwen kontinye ap mande nan priyè mwen, [...] se pou nou ranpli ak fwi jistis, ki vini pa mwayen Jezi Kris, pou glwa ak louwanj Bondye. ” Sa ta vle di pou yo pale ak lòt moun, sètadi moun ki pa nan kongregasyon an konsènan lafwa yo genyen nan Jezi e konsènan bèl esperans yo genyen an (Filipyen 1:9-11 ; 3:8-11). Se nan sans sa a Pòl te bay kretyen menm jan avèk li yo egzòtasyon sa a : “ Pa mwayen [Jezi], annou toujou ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi lèv nou ki fè yon deklarasyon piblik pou non li. ” — Ebre 13:15.

19 Èske w pran plezi pou w louwe Bondye “ nan mitan kongregasyon an ”, menm jan Jezi te fè sa ? Èske w pran plezi pou w sèvi ak bouch ou pou w louwe Jewova devan moun ki poko konnen l pou yo vin louwe l (Ebre 2:12 ; Women 15:9-11) ? Nan yon sèten degre, repons nou yo ka depann de fason nou konprann wòl kongregasyon nou ladan l lan ranpli nan objektif Bondye. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine fason Jewova dirije kongregasyon nou ladan l lan ak fason li itilize l, e nou pral egzamine tou enfliyans li ta dwe gen nan lavi nou jodi a.

Èske nou sonje ?

• Ki jan “ kongregasyon Bondye a ”, sa vle di kongregasyon kretyen wen yo fòme a, te fè vin egziste ?

• Ki twa lòt fason Bib la itilize mo “ kongregasyon ” an ?

• Anrapò ak kongregasyon an, ki sa ni David, ni Jezi, ni kretyen premye syèk yo te renmen fè, e ki efè sa ta dwe gen sou nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Jezi se fondasyon ki kongregasyon ?

[Foto nan paj 11]

Kretyen ki nan menm zòn yo te konn reyini antanke “ kongregasyon Bondye ”.

[Foto nan paj 12]

Menm jan ak kretyen nan Benen yo, nou kapab louwe Jewova pami foul ki rasanble yo.