Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou fòtifye kongregasyon an

Se pou nou fòtifye kongregasyon an

Se pou nou fòtifye kongregasyon an

“ Kongregasyon an [...] te antre nan yon peryòd lapè, e li t ap vin pi fò. ” — TRAVAY 9:31.

1. Ki kesyon nou ka poze anrapò ak “ kongregasyon Bondye a ” ?

NAN jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te aksepte yon gwoup disip Kris kòm yon nouvo nasyon. Nasyon sa a se te “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Anplis, kretyen sa yo, ki te wen ak lespri, te fòme sa Labib rele “ kongregasyon Bondye a ”. (1 Korentyen 11:22.) Men, pou kongregasyon sa a te fòme, ki sa sa te mande ? Ki jan “ kongregasyon Bondye a ” t ap òganize ? Ki jan li t ap gen pou l fonksyone sou tè a, kèlkeswa kote manm li yo ap viv ? E ki efè sa genyen sou vi nou e sou byennèt nou ?

2, 3. Ki sa Jezi te di pou l montre bagay yo t ap fèt yon fason òganize nan kongregasyon an ?

Jan nou te wè sa nan atik anvan an, Jezi te predi egzistans kongregasyon sa a ki fòme ak disip ki wen ak lespri. Men sa l te di apot Pyè : “ Se sou mas wòch sa a [anpalan de Jezi Kris] m ap bati kongregasyon m nan, e pòt adès pap gen pouvwa sou li. ” ​(Matye 16:18). Anplis de sa, pandan Jezi te ak apot yo toujou, li te ba yo enstriksyon sou fason kongregasyon sa a ki t apral fèt la t ap fonksyone e sou dispozisyon yo t ap pran ladan l.

3 Ni nan pawòl Jezi ni nan aksyon l, li te fè konnen gen moun ki t ap pran latèt nan kongregasyon an. Yo t ap fè sa lè yo sèvi lòt moun nan kongregasyon yo ye a. Men sa Kris te di : “ Nou konnen moun ki sanble ap dirije nasyon yo domine sou yo an mèt e moun yo genyen ki gran yo egzèse otorite sou yo. Se pa konsa sa fèt pami nou. Men, nenpòt moun ki vle vin gran pami nou dwe sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe esklav nou tout. ” ​(Mak 10:42-44). Donk, li klè “ kongregasyon Bondye a ” pa t ap fòme ak kèk moun ki epapiye pasipala, sa ki te ka fè l tankou yon gwoupman ki pa òganize. Okontrè, bagay yo t ap fèt yon fason òganize nan kongregasyon an e moun yo t ap kowopere youn ak lòt.

4, 5. Ki jan nou fè konnen li t ap nesesè pou yo anseye kongregasyon an nan domèn espirityèl ?

4 Jezi, ki Chèf “ kongregasyon Bondye a ”, te fè konnen apot li yo ak lòt moun li te anseye yo t ap gen yon seri responsablite byen defini anvè lòt moun nan kongregasyon an. Ki sa yo t ap gen pou yo fè konsa ? Youn nan travay enpòtan yo t ap gen pou yo fè, se anseye moun yo nan kongregasyon an nan domèn espirityèl. Nou sonje lè Jezi te fin resisite, etan l te avèk kèk nan apot li yo, li te mande Pyè : “ Simon, pitit gason Jan, èske w renmen m ? ” Pyè reponn li : “ Wi, Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou. ” Jezi di l : “ Nouri ti mouton m yo. [...] Pran swen ti mouton m yo. [...] Nouri ti mouton m yo. ” ​(Jan 21:15-17). Se pa yon ti travay piti li te konfye l !

5 Pawòl Jezi yo fè nou konprann moun ki rasanble nan kongregasyon an sanble ak mouton ki nan yon twoupo. Mouton sa yo se gason, fi ak timoun ki kretyen ki bezwen pou yo nouri yo nan domèn espirityèl e pou yo byen pran swen yo. Anplis de sa, piske Jezi bay disip li yo kòmandman pou yo anseye lòt moun e pou yo fè yo vin disip li, li t ap nesesè pou tout moun ki vin yon mouton Jezi jwenn fòmasyon sou fason pou yo akonpli misyon sa a Bondye bay la. — Matye 28:19, 20.

6. Ki dispozisyon yo te pran nan “ kongregasyon Bondye a ” ki te fèk pran nesans ?

6 Yonfwa “ kongregasyon Bondye a ” te fin pran nesans, moun ki te ladan l yo te konn reyini regilyèman pou yo resevwa ansèyman e pou youn bay lòt ankourajman, jan liv Travay la rapòte sa. Men sa nou li ladan l : “ Yo te pèsevere nan ansèyman apot yo, e nan pataje youn ak lòt, nan manje ansanm e nan lapriyè. ” ​(Travay 2:42, 46, 47). Istwa ki nan liv sa a prezante nou yon lòt pwen enpòtan. Li montre yo te deziyen kèk mesye ki te kalifye pou yo te ede nan akonpli kèk travay. Yo pa t chwazi yo paske yo te gen gwo edikasyon oubyen paske yo te gen konpetans nan domèn teknik. Mesye sa yo se te moun “ ki ranpli ak lespri e ki ranpli ak sajès ”. Etyèn te youn ladan yo. E istwa a fè konnen li te “ yon nonm ki te gen anpil lafwa e ki te ranpli ak lespri sen ”. Grasa dispozisyon yo te etabli pou fonksyònman kongregasyon an, “ pawòl Bondye a te kontinye ap pwogrese, epi kantite disip yo te kontinye ap miltipliye nan Jerizalèm ”. — Travay 6:1-7.

Gason Bondye itilize yo

7, 8. a) Nan ki fonksyon apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm yo te sèvi pami premye kretyen yo ? b) Ki rezilta enstriksyon yo te voye bay kongregasyon yo te pote ?

7 Nòmalman, se apot yo ki te pran latèt nan kongregasyon an, men se pa t yo menm sèl. Rive yon lè, Pòl ak konpayon l yo te retounen Antyòch nan peyi Siri. Travay 14:27 rapòte : “ Lè yo te rive e yo te rasanble kongregasyon an, yo te kòmanse rakonte tout bagay Bondye te fè pa mwayen yo. ” Pandan yo te toujou nan kongregasyon nan zòn nan, te gen yon kesyon ki vin soulve anrapò ak kwayan janti yo. Gen kèk moun ki te panse yo ta dwe sikonsi kwayan sa yo. Pou rezoud pwoblèm nan, yo te voye Pòl ak Banabas Jerizalèm “ kote apot yo ak ansyen yo ” ki t ap sèvi antanke kolèj santral. — Travay 15:1-3.

8 Jak, yon ansyen, ki te frè Jezi bò kot manman, men ki pa t yon apot, te prezide reyinyon an kote “ apot yo ak ansyen yo te reyini pou yo egzamine afè sa a ”. (Travay 15:6.) Apre yo te fin byen egzamine kesyon an e grasa èd lespri sen, yo te jwenn yon solisyon ki ann amoni ak Ekriti yo. Yo te ekri l nan yon lèt yo te voye bay kongregasyon yo (Travay 15:22-32). Moun ki te resevwa enstriksyon sa a te aksepte l e yo te mete l ann aplikasyon. Ki rezilta sa te bay ? Sa te fòtifye frè ak sè yo e sa te ankouraje yo. Men sa Labib fè konnen : “ Konsa, vrèman, kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa e yo te kontinye ogmante an kantite de jou an jou. ” — Travay 16:5.

9. Ki responsablite Labib montre frè ki kalifye yo genyen ?

9 Men, ki jan kongregasyon yo te konn fonksyone an jeneral ? Annou konsidere kongregasyon ki te nan zile Krèt yo, pa egzanp. Menmsi anpil moun ki t ap viv nan zòn sa a te gen move repitasyon, gen moun ki te chanje e ki te vin kretyen toutbonvre (Tit 1:10-12 ; 2:2, 3). Moun sa yo t ap viv nan plizyè vil, e vil sa yo te lwen anpil parapò ak Jerizalèm kote kolèj santral la te ye a. Toutfwa, sa pa t yon gwo pwoblèm, piske yo te nome “ ansyen ” nan chak kongregasyon nan Krèt, tou kòm yo te fè sa lòt kote. Frè sa yo te ranpli kondisyon ki nan Bib la. Yo te nome yo ansyen, oswa siveyan, pou yo ka “ egzòte grasa ansèyman ki pwofitab la e pou [yo] ka reprann moun k ap kontredi yo ”. (Tit 1:5-9 ; 1 Timote 3:1-7.) Gen lòt gason ki djanm nan domèn espirityèl ki te ranpli kondisyon pou yo ede kongregasyon yo. Mesye sa yo te sèvi antanke asistan ministeryèl oswa dyak. — 1 Timote 3:8-10, 12, 13.

10. Selon Matye 18:15-17, ki jan yo dwe regle pwoblèm grav yo ?

10 Jezi te montre dispozisyon sa a t ap gen pou l egziste. Sonje sa ki di nan Matye 18:15-17, kote Jezi te montre te ka gen pwoblèm pafwa ant de moun ki fè pati pèp Bondye a. Youn ka peche kont lòt yon fason kèlkonk. Moun ki viktim nan t ap gen pou l al kote lòt moun nan pou l “ devwale fot li a ” an prive, sètadi ant yo de a sèlman. Si pwoblèm nan pa rezoud nan etap sa a, li ka mande èd youn oswa de frè ki konnen pwoblèm nan. Ki sa l ap fè si malgre sa pwoblèm nan pa rezoud ? Men repons Jezi te bay : “ Si l pa koute yo, pale kongregasyon an. Si l pa koute kongregasyon an tou, konsidere l tankou yon moun nasyon yo, tankou yon pèseptè. ” Lè Jezi te di pawòl sa yo, se Juif yo ki te fòme “ kongregasyon Bondye a ”, donk se yo menm an premye pawòl sa yo te konsène *. Sepandan, yonfwa kongregasyon kretyen an te fin etabli, enstriksyon Jezi te bay la t ap aplike ladan l. Sa se yon lòt prèv ki montre kongregasyon an t ap byen òganize e t ap gen dispozisyon ki anplas pou fòtifye chak kretyen e pou ba yo direksyon.

11. Ki wòl ansyen yo te jwe nan rezoud pwoblèm nan kongregasyon yo ?

11 Li te apwopriye pou se ansyen yo, oswa siveyan yo, ki reprezante kongregasyon an nan kesyon trete pwoblèm oswa rezoud pwoblèm, oubyen nan kesyon trete ka kote gen yon peche ki fèt. Sa ann amoni ak kondisyon yo mande pou ansyen yo ranpli, kondisyon nou jwenn nan Tit 1:9. Se vre ansyen yo nan kongregasyon an enpafè, menm jan Tit te enpafè tou. Men, apot Pòl te voye l nan kongregasyon yo pou l “ korije bagay ki te mal fèt yo ”. (Tit 1:4, 5.) Jodi a, gason yo rekòmande pou vin ansyen yo dwe se moun ki gen yon bon ti tan depi y ap demontre lafwa yo ak fidelite yo. Sa pral fè moun nan kongregasyon yo gen tout rezon pou yo gen konfyans nan dispozisyon sa a ki pèmèt yo jwenn enstriksyon ak direksyon.

12. Ki responsablite ansyen yo genyen anvè kongregasyon an ?

12 Pòl te di ansyen nan kongregasyon Efèz yo pawòl sa yo : “ Fè atansyon ak tèt nou e ak tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a, pou nou pran swen kongregasyon Bondye a, kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a. ” ​(Travay 20:28). Menm jan an tou, jodi a, yo nome ansyen nan kongregasyon yo pou yo “ pran swen kongregasyon Bondye a ”. Yo dwe fè sa avèk tandrès e yo pa dwe kòmande twoupo a tankou se yo ki mèt li (1 Pyè 5:2, 3). Ansyen yo ta dwe fè tout efò yo pou yo fòtifye “ tout twoupo a ” e pou yo ede l.

Annou rete atache ak kongregasyon an

13. Ki sa ki ka rive pafwa nan yon kongregasyon, e sa k fè sa ?

13 Ni ansyen yo ni lòt moun nan kongregasyon an enpafè. Se sa k fè detanzantan konn gen mezantant oswa pwoblèm antre nou, menm jan sa te konn rive nan premye syèk la, lè kèk nan apot Jezi yo te toujou vivan (Filipyen 4:2, 3). Yon siveyan oswa yon lòt moun nan kongregasyon an ka di yon bagay ki parèt di oswa ki ta parèt manke bonte oswa ki ta sanble pa fin verite. Oubyen nou gendwa panse gen yon sitiyasyon ki egziste ki pa konfòm ak Ekriti yo, men sanble aktout ansyen nan kongregasyon an okouran de sa, yo pa fè anyen pou korije sitiyasyon an. Natirèlman, li posib pou yo te deja trete kesyon an oubyen y ap trete l ann amoni ak Ekriti yo oswa sou baz kèk enfòmasyon nou pa konnen. Men, menmsi sa k ap pase a se yon bagay ki pa konfòm ak Ekriti yo vre, nou bezwen reflechi sou sitiyasyon sa a : Pandan yon tan, te gen yon sitiyasyon grav ki te egziste nan kongregasyon Korent, yon kongregasyon Jewova te gen sousi pou li. Men, nan moman apwopriye, Jewova te veye pou yo trete ka sa a yon fason ki kòrèk e ki fèm (1 Korentyen 5:1, 5, 9-11). Nou ta ka poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Si m te la nan kongregasyon Korent nan epòk sa a, ki jan mwen t ap reyaji pandan tan yo potko rezoud pwoblèm nan ? ’

14, 15. Poukisa gen moun ki te sispann suiv Jezi, e ki leson sa ban nou ?

14 Ann pran yon lòt sitiyasyon ki ka rive nan kongregasyon an. Annou sipoze yon moun twouve yon ansèyman biblik difisil pou l konprann e pou l aksepte. Petèt li deja fè rechèch nan Bib la e nan piblikasyon òganizasyon an mete a dispozisyon l, e petèt li deja chèche èd lòt konpayon kretyen ki gen matirite, e menm bò kote ansyen yo. Men aktout sa, li toujou twouve li difisil pou l konprann pwen an e pou l aksepte l. Ki sa pou l fè ? Ennan anvan lanmò Jezi, te gen yon sitiyasyon konsa ki te rive. Jezi te di se li menm ki “ pen lavi a ” e pou yon moun viv nètale, se pou l “ manje chè Pitit Gason lòm nan e [se pou l] bwè san l ”. Gen nan disip li yo ki te santi sa choke yo. Anpil nan disip yo “ te sispann mache avèk [Jezi] ” olye pou yo te mande l esplikasyon oubyen pou yo te ret tann avèk pasyans pou Jewova eklèsi bagay yo (Jan 6:35, 41-66). Fwa sa a tou, si nou te la, ki sa n t ap fè ?

15 Jodi a, gen moun ki sispann frekante kongregasyon yo, yo panse y ap ka sèvi Bondye poukont yo. Petèt yo gendwa di se yon bagay ki te ofanse yo ki fè yo pran desizyon sa a, oubyen yo ka panse gen yon pwoblèm ki pa rezoud, oubyen ankò yo pa dakò ak yon ansèyman. Èske yo reyaji yon fason ki rezonab ? Se vre chak kretyen dwe gen relasyon pèsonèl ak Bondye, men tou, fòk nou rekonèt li sèvi ak yon kongregasyon mondyal, menm jan li te fè sa nan epòk apot yo. Mete sou sa, Jewova te itilize kongregasyon yo nan premye syèk la e li te beni yo grasa dispozisyon li te pran pou gen ansyen ak asistan ministeryèl kalifye nan kongregasyon yo pou yo ka byen mache. Se menm bagay la li fè jodi a.

16. Si yon moun ta anvi kite kongregasyon an, sou ki sa li ta dwe reflechi ?

16 Si yon kretyen ta panse lefètke li gen relasyon pèsonèl ak Bondye, sa sifi, se rejte li rejte dispozisyon Bondye met anplas la, sètadi li rejte ni kongregasyon mondyal la ni kongregasyon kote l ye a. Petèt moun sa a ka deside sèvi Bondye poukont li oubyen li ka deside asosye l avèk kèk lòt moun sèlman. Men, ki sa l fè ak dispozisyon ki gen nan kongregasyon an pou gen ansyen ak asistan ministeryèl la ? Li enteresan pou nou note, nan lèt Pòl te ekri kongregasyon Kolòs la, lèt li te di yo pou yo voye bay kongregasyon Lawodise pou yo li l tou, li te ankouraje yo pou yo “ anrasinen epi pou [yo] bati nan [Kris] ”. Se moun ki nan kongregasyon yo ki t ap jwenn byenfè nan dispozisyon sa a. Moun ki kite kongregasyon yo pa t ap la pou yo jwenn okenn byenfè. — Kolosyen 2:6, 7 ; 4:16.

Yon pilye e yon sipò pou laverite

17. Ki sa 1 Timote 3:15 aprann nou sou kongregasyon an ?

17 Nan premye lèt apot Pòl te ekri Timote, ki te yon ansyen nan kongregasyon an, li te esplike l ki kondisyon pou frè yo ranpli pou yo vin ansyen ak asistan ministeryèl nan yon kongregasyon. Tousuit apre sa, Pòl te pale de “ kongregasyon Bondye vivan an ” epi l te di li se “ yon pilye e yon sipò pou laverite ”. (1 Timote 3:15.) Sètènman, kongregasyon kretyen wen yo nan premye syèk la te pwouve li se yon pilye. E pa gen dout nan sa, kongregasyon ki te gen nan chak zòn se te prensipal dispozisyon ki te genyen pou chak kretyen te aprann laverite. Se la yo t ap ka tande y ap anseye laverite e y ap soutni l, e se la yo t ap jwenn fòs.

18. Poukisa reyinyon ki fèt nan kongregasyon yo trèzenpòtan ?

18 Menm jan an tou, kongregasyon mondyal kretyen yo fòme a se mezon Bondye, “ yon pilye e yon sipò pou laverite ”. Lè nou asiste reyinyon nan kongregasyon nou regilyèman e lè nou patisipe ladan yo regilyèman tou, sa se yon mwayen ki fòtifye nou, ki ranfòse relasyon nou ak Bondye, e sa prepare nou pou nou fè volonte l. Lè Pòl te ekri kongregasyon Korent, li te atire atansyon moun yo sou sa yo t ap di nan reyinyon yo. Li te di li ta renmen pou sa yo t ap di yo klè e pou moun k ap asiste yo konprann, yon fason pou sa “ bati ” yo (1 Korentyen 14:12, 17-19). Nou menm tou jodi a, nou kapab santi nou fòtifye si nou rekonèt Jewova Dye apwouve kongregasyon yo e li soutni yo.

19. Sa k fè w santi w rekonesan pou kongregasyon kote w ye a ?

19 Antanke kretyen, si nou vle jwenn fòs, se sèten nou dwe rete nan kongregasyon an. Depi lontan, li te toujou yon pwoteksyon pou kretyen yo kont fò ansèyman, e Bondye itilize l pou bon nouvèl Wayòm mesyanik li a ka preche sou tout tè a. Pa gen dout, Bondye itilize kongregasyon kretyen an pou l akonpli yon pakèt bagay. — Efezyen 3:9, 10.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Gen yon biblis ki rele Albert Barnes ki fè konnen enstriksyon Jezi te bay lè l te di “ pale kongregasyon an ” ta ka vle di pale ak “ moun ki otorize pou yo trete jan de ka sa yo, sètadi reprezantan legliz la oswa moun k ap aji nan non yo. Nan chak sinagòg juif, te gen yon gwoup ansyen, e se devan yo pou yo t al prezante jan de kesyon sa yo ”.

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou te dwe atann Bondye t ap sèvi ak kongregasyon yo sou tè a ?

• Byenke ansyen yo enpafè, ki sa yo fè pou kongregasyon an ?

• Ki jan kongregasyon kote w ye a fòtifye w ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm te sèvi antanke kolèj santral.

[Foto nan paj 16]

Ansyen yo ak asistan ministeryèl yo resevwa fòmasyon pou yo ka ranpli responsablite yo genyen anvè kongregasyon an.