Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske rezirèksyon an se yon bagay ki reyèl pou ou ?

Èske rezirèksyon an se yon bagay ki reyèl pou ou ?

Èske rezirèksyon an se yon bagay ki reyèl pou ou ?

“ Pral gen yon rezirèksyon. ” — TRAVAY 24:15.

1. Ki sa k fè lanmò sanble sèten ?

“ NAN monn sa a, anyen pa sèten, sof lanmò ak taks. ” Sa se pawòl yon prezidan ameriken, Benjamin Franklin, te ekri nan ane 1789. Gen moun ki twouve pawòl sa yo byen tonbe. Sepandan, n ap remake anpil moun ki pa onèt fè fwod nan kesyon peye taks. Kesyon lanmò a sanble pi sèten lontan. Pèsonn pa ka kouri pou li nètale. Lanmò pousuiv tout moun. Cheyòl la, anpalan de tonm ki la pou moun ale lè yo mouri, gen yon swaf ki pa ka satisfè ki pouse l anglouti moun pa nou yo (Pwovèb 27:20). Men, annou egzamine yon panse ki kapab rekonfòte nou.

2, 3. a) Nan ki sans lanmò pa yon bagay ki sèten jan anpil moun imajine sa ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ?

2 Pawòl Jewova a ofri yon esperans ki sèten, se esperans rezirèksyon an, kote moun ki mouri yo pral leve pou yo viv ankò. Se pa yon rèv, epi pa gen okenn fòs nan linivè ki ka anpeche Jewova fè esperans sa a tounen yon reyalite. Sepandan, pou kèk moun, lanmò pa yon bagay ki sèten jan anpil moun k ap viv jodi a konprann sa. Sa k fè sa ? Paske gen yon “ gwo foul ” moun pèsonn pa ka konte ki pral chape nan “ gwo tribilasyon ” ki gen pou vini talè konsa a (Revelasyon 7:9, 10, 14). Y ap kontinye viv apre sa, avèk esperans pou yo viv pou toutan. Konsa, nan ka pa yo, lanmò se pa yon bagay ki sèten. Anplis de sa, “ lanmò ap aneyanti ”. — 1 Korentyen 15:26.

3 Menm jan ak apot Pòl, nou bezwen gen konviksyon rezirèksyon an se yon reyalite. Men sa l te di : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Travay 24:15). Annou egzamine twa kesyon ki gen rapò ak rezirèksyon. Premyèman, ki sa k fè esperans sa a vrèman sèten ? Dezyèmman, ki jan ou menm pèsonèlman ou kapab jwenn rekonfò nan esperans rezirèksyon an ? Twazyèmman, ki efè esperans sa a ka genyen sou fason w ap viv depi kounye a ?

Rezirèksyon an ap fèt san mank

4. Nan ki sans rezirèksyon an okipe yon plas santral nan akonplisman objektif Jewova ?

4 Gen yon kantite rezon ki fè nou konnen rezirèksyon an ap fèt san mank. Rezon prensipal la, sèke li okipe yon plas santral nan akonplisman objektif Jewova. Pa bliye Satan te lage lèzòm nan peche, sa ki lakòz lanmò, yon konsekans moun pa ka evite. Se poutèt sa, anpalan de Satan, Jezi te di : “ Se yon asasen li te ye depi lè li te kòmanse. ” ​(Jan 8:44). Men, selon pwomès Jewova te fè, “ madanm ” li an, oswa òganizasyon l lan ki tankou yon madanm pou li nan syèl la, t ap gen pou l pwodui yon “ semans ” ki t apral mètri “ sèpan orijinèl la ” nan tèt, sètadi ki t apral detwi Satan (Jenèz 3:1-6, 15 ; Revelasyon 12:9, 10 ; 20:10). Ofiramezi Jewova t ap revele objektif li, ki gen rapò ak Semans lan, anpalan de Mesi a, li te vin parèt klè Semans lan t ap fè plis pase detwi Satan. Men sa Pawòl Bondye a di : “ Se nan bi sa a ki fè Pitit Gason Bondye a te parèt aklè : pou l kraze travay Dyab la. ” ​(1 Jan 3:8). Premye travay pami travay Satan yo, Jewova gen objektif pou l kraze pa mwayen Jezi Kris, se lanmò ki vini akoz peche Adan nou eritye a. Pou sa fèt, sakrifis ranson Jezi a ak rezirèksyon an se de bagay ki esansyèl. — Travay 2:22-24 ; Women 6:23.

5. Sa k fè rezirèksyon an pral glorifye non Jewova ?

5 Jewova detèmine pou l glorifye non li ki sakre. Satan sal non Bondye e li simaye manti sou li. Se konsa, li te di Adan ak Èv yo “ pap mouri pyès ” si yo manje nan fwi Bondye te entèdi yo manje a (Jenèz 2:16, 17 ; 3:4). Depi lè a, Satan simaye manti menm jan an, tankou fo ansèyman ki fè kwè yon moun gen yon nanm ki kontinye viv apre kò a fin mouri. Sepandan, pa mwayen rezirèksyon an, Jewova pral montre byen klè, tout ansèyman sa yo se manti. Li pral pwouve pou toutan, se li menm sèl ki ka prezève lavi e ki ka rebay li.

6, 7. Ki jan Jewova santi l anrapò ak resisite moun ki mouri yo, e ki jan nou fè konnen se konsa l santi l ?

6 Jewova gen yon gwo anvi pou l fè rezirèksyon an. Bib la esplike santiman Jewova byen klè sou aspè sa a. Pa egzanp, annou reflechi sou pawòl enspire sa yo yon nonm fidèl ki te rele Jòb te di : “ Si yon gason vanyan mouri, èske l ka reviv ? Pandan tout jou m ap pase ap fè kòve, m ap ret tann, jiskaske liberasyon m rive. W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou. W ap gen yon gwo anvi pou travay men w fè. ” ​(Jòb 14:14, 15). Ki sa pawòl sa yo vle di ?

7 Jòb te konnen apre l fin mouri, pandan yon tan, li t ap gen pou l ret ap tann pandan li t ap dòmi nan lanmò. Li te konsidere tan sa a tankou yon “ kòve ”, oswa yon moman kote li t ap oblije ret tann pou yo libere l. Pou li menm, liberasyon sa a t ap gen pou l fèt san mank. Jòb te konprann li t ap gen pou l delivre. Poukisa ? Paske li te konnen santiman Jewova genyen. Jewova t ap gen yon gwo anvi pou l wè sèvitè fidèl li a ankò. Sètènman, Bondye ap tann pou l rebay tout moun ki jis yo lavi. Epitou, Jewova pral bay lòt moun ankò opòtinite pou yo viv pou toutan nan Paradi sou tè a (Lik 23:43 ; Jan 5:28, 29). Piske se volonte Bondye pou l reyalize objektif sa a, kiyès ki ka bloke L ?

8. Kòman Jewova te ‘ bay yon garanti ’ pou esperans nou genyen pou lavni an ?

8 Rezirèksyon Jezi se yon garanti pou esperans nou genyen pou lavni. Yon lè, Pòl te bay yon diskou nan vil Atèn, kote l te di : “ [Bondye] fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon nonm li chwazi, pou l jije latè ki abite avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti dèske li resisite l nan lanmò. ” ​(Travay 17:31). Nan moun ki t ap koute Pòl yo, te genyen ki t ap pase l nan rizib lè l t ap pale yo de rezirèksyon an. Men, gen kèk nan moun yo ki te vin kwayan. Petèt, lefètke li te montre esperans sa a gen yon garanti, sa te atire atansyon yo. Lè Jewova te resisite Jezi, Li te fè pi gwo mirak ki te ka genyen an. Li te leve Pitit li a sot nan lanmò pou l vin nan lavi antanke yon espri ki pisan (1 Pyè 3:18). Jezi ki resisite te menm vin gen plis pouvwa pase sa l te genyen anvan l te vin viv kòm òm sou tè a. Piske Jezi imòtèl e se li menm ki vini tousuit apre Jewova nan kesyon pisans lan, kounye a, li nan pozisyon pou l resevwa asiyasyon estrawòdinè nan men Papa l. Jezi se mwayen Jewova itilize pou l fè tout lòt rezirèksyon, kit se rezirèksyon moun ki pral viv nan syèl la, kit se rezirèksyon moun ki pral viv sou tè a. Jezi li menm te di : “ Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. ” ​(Jan 5:25 ; 11:25). Lefètke Jewova te resisite Pitit li a, li bay garanti li pral reyalize rezirèksyon sa yo an favè tout moun ki fidèl.

9. Kòman istwa rezirèksyon ki rapòte nan Bib la pwouve rezirèksyon an se yon reyalite ?

9 Gen rezirèksyon ki te fèt devan moun ki te wè sa ak je yo, e Bib la rapòte rezirèksyon sa yo. Nan Bib la, yo rakonte uit rezirèksyon an detay, kote moun yo te retounen viv ankò antanke imen sou tè a. Mirak sa yo pa t fèt an sekrè, men yo te fèt piblikman, souvan devan moun ki te wè yo ak je yo. Jezi te resisite Laza, ki te mouri depi kat jou, devan yon foul moun, e sandout, te gen fanmi, zanmi ak vwazen Laza pami yo. Prèv sa a ki te montre se Bondye ki te voye Jezi a te tèlman klè, ènmi relijye Jezi yo pa t janm nye sa te rive. Okontrè, nonsèlman yo te konplote pou yo touye Jezi, men tou yo te konplote pou yo touye Laza (Jan 11:17-44, 53 ; 12:9-11). Vrèmanvre, nou kapab gen konfyans rezirèksyon an se yon esperans ki sèten. Bondye mete istwa rezirèksyon ki te fèt yo a dispozisyon nou, yon fason pou nou jwenn rekonfò e pou nou fòtifye lafwa nou.

Nou jwenn rekonfò nan esperans rezirèksyon an

10. Ki sa k ap ede nou jwenn rekonfò nan istwa rezirèksyon ki rapòte nan Bib la ?

10 Èske w swaf jwenn rekonfò fas ak lanmò ? Nou kapab jwenn yon rekonfò sèten nan istwa rezirèksyon ki rapòte nan Bib la. Lè w li istwa sa yo, lè w medite sou yo, e lè w imajine sèn yo, sa ka fè esperans rezirèksyon an vin pi reyèl pou ou (Women 15:4). Se pa senp istwa yo ye. Anfèt, gen moun menm jan avèk nou ki te viv yo. Moun sa yo te viv nan yon epòk e nan yon kote ki reyèl. Annou fè yon ti rete sou youn nan istwa sa yo : premye rezirèksyon ki rapòte nan Bib la.

11, 12. a) Ki evènman trajik ki te rive vèv Safat la, e ki premye reyaksyon l te genyen ? b) Dekri ki sa Jewova te bay pwofèt Eliya pouvwa pou l fè pou vèv la.

11 Imajine sèn nan. Depi kèk semèn, pwofèt Eliya lakay vèv Safat la. Li rete nan yon chanm ki anlè tèt kay dam nan. Tout zòn nan ap travèse yon peryòd difisil akoz yon sechrès ak yon grangou k ap frape l. Anpil moun ap mouri. Jewova deja sèvi ak Eliya pou l fè yon mirak ki dire yon bon ti tan, pou l rekonpanse lafwa vèv sa a ki enb. Li menm ak pitit li a te prèske mouri grangou, yo te rete yon dènye repa, e lè sa a, Bondye te bay Eliya pouvwa pou l fè yon mirak, sa ki te pèmèt farin ak luil vèv la te genyen an dire lontan. Sepandan, kounye a, vin gen yon evènman trajik ki frape vèv la. Bridsoukou, pitit li a vin tonbe malad, e yon ti tan apre, li mouri. Se pa ti akable sa te akable vèv la ! Deja sa te difisil pou l viv san yon mari ki te ka yon fòs ak yon sipò pou li, epi pou l wè kounye a, li pèdi sèl pitit li te genyen an ! Nan soufrans li, li menm pran blame ni Eliya ni Jewova, Bondye Eliya a. Ki sa pwofèt la pral fè ?

12 Eliya pa reprimande vèv la pou fo akizasyon l lan. Olye de sa, li di : “ Ban m pitit ou a. ” Eliya pote timoun nan ki mouri a nan chanm anlè a, apre sa, li priye plizyè fwa pou timoun nan vin vivan ankò. Finalman, Jewova aji ! Imajine jan lajwa t ap briye sou vizaj Eliya lè l te wè tigason an rekòmanse respire. Tigason an ouvri je l e lavi te pran briye nan je l. Eliya mennen l anba a bay manman l epi li di : “ Gade, pitit ou a vivan. ” Lajwa vèv la te genyen an te san parèy ! Vèv la di Eliya : “ Kounye a, vrèmanvre, mwen konnen toutbonvre ou se yon moun Bondye, e mwen konnen pawòl Jewova ki nan bouch ou se verite. ” ​(1 Wa 17:8-24). Lafwa li nan Jewova e nan reprezantan l lan te vin pi solid pase nenpòt lòt lè.

13. Poukisa istwa kote Eliya te resisite pitit yon vèv la rekonfòte nou jodi a ?

13 Lè w medite sou yon istwa konsa, se sèten sa pote gwo rekonfò pou ou. Sa klè, Jewova gen pisans pou l venk lanmò, ènmi nou an ! Imajine jou sa a kote plizyè milye moun pral santi jwa sa a vèv la te santi a lè mò yo pral resisite ! Anmenmtan tou, pral gen anpil lajwa nan syèl la lè Jewova ap pran plezi pou l fè Pitit li a resisite moun sou tout tè a (Jan 5:28, 29). Èske lanmò deja pase pran yon moun pa w ? Lè nou konnen Jewova gen pisans pou l bay mò yo lavi e l ap fè sa, se vrèman yon bagay ki fè nou rejwi !

Fason esperans ou an enfliyanse lavi w depi kounye a

14. Ki efè esperans ou gen nan rezirèksyon an ka genyen sou lavi w ?

14 Ki efè esperans ou gen nan rezirèksyon an ka genyen sou fason w ap viv depi kounye a ? Ou kapab jwenn fòs nan esperans sa a lè w fas ak difikilte, pwoblèm, pèsekisyon oswa danje. Satan vle pou w tèlman pè lanmò, pou w abandone entegrite w pou w chèche sekirite ki baze sou pwomès ki pa kanpe sou anyen. Sonje Satan te di Jewova : “ Tout sa yon moun posede, l ap bay li pou nanm li. ” ​(Jòb 2:4) Lè Satan te fè deklarasyon sa a, se nou tout li te akize, san wete ou menm. Èske se vre w ap sispann sèvi Bondye si w fas ak danje ? Lè w reflechi sou esperans rezirèksyon an, ou ka ranfòse detèminasyon w genyen pou w kontinye fè volonte Papa w ki nan syèl la.

15. Kòman pawòl Jezi nou jwenn nan Matye 10:28 yo ka pote rekonfò pou nou lè nou fas ak danje ?

15 Men sa Jezi te di : “ Se pa pou nou krenn moun ki touye kò a, men ki pa ka touye nanm nan. Men pito se pou nou krenn sila a ki ka detwi ni nanm nan ni kò a nan jeyèn nan. ” ​(Matye 10:28). Nou pa bezwen pè ni Satan, ni moun k ap sèvi l yo. Se vre, kèk moun ka gen pouvwa pou yo fè moun ditò, e menm pou yo touye moun. Sepandan, kèlkeswa sa k pi mal yo ka fè a, se bagay ki la pou yon ti tan sèlman. Jewova kapab e l ap repare kèlkeswa mal yo fè sèvitè fidèl li yo, menmsi sa ta nesesè pou l resisite yo. Se Jewova sèl ki merite pou nou krenn li, pou nou ba l tout onè e pou nou gen yon gwo respè pou li. Se li menm sèl ki gen pouvwa pou l retire ni lavi, ni tout espwa lavi yon moun ka genyen, lè l detwi ni kò a, ni nanm nan nan Jeyèn. Erezman, Jewova pa vle pou sa rive w (2 Pyè 3:9). Antanke sèvitè Bondye, piske nou gen esperans rezirèksyon an, nou ka toujou gen asirans nou an sekirite. Toutotan nou rete fidèl, nou ka gen esperans lavi etènèl, e ni Satan ni moun ki anba otorite l yo pa ka fè anyen pou yo anpeche sa. — Sòm 118:6 ; Ebre 13:6.

16. Nan ki sans fason nou konsidere rezirèksyon an enfliyanse priyorite nou ?

16 Si esperans rezirèksyon an reyèl pou nou, li kapab enfliyanse atitid nou fas ak lavi a. Nou vin konprann “ kit nou vivan, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye ”. (Women 14:7, 8.) Donk, etan n ap fikse priyorite nou yo, n ap aplike konsèy Pòl la kote l te di : “ Sispann konfòme nou selon sistèm de choz sa a, men transfòme nou, lè nou renouvle entèlijans nou, dekwa pou nou menm pèsonèlman nou ka konstate ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. ” ​(Women 12:2). Anpil moun plonje sou tout okazyon yo jwenn pou yo satisfè mwenn dezi yo, mwenn anbisyon yo, mwenn anvi yo genyen. Piske yo konsidere lavi a kout, yo sanble prèske fou nan chèche plezi, e si toutfwa yo ta gen yon fòm adorasyon, ou mèt sèten li pa ann amoni avèk ‘ volonte Bondye ki pafè ’.

17, 18. a) Ki jan Pawòl Jewova a montre lavi lòm kout, men, ki sa Bondye vle pou nou ? b) Poukisa nou santi nou pouse pou nou louwe Jewova chak jou ?

17 Se vre, lavi a kout. Li “ pase vit e nou vole n ale ”, nan zòn 70 an oswa 80 an yo (Sòm 90:10). Lèzòm vini e yo ale tankou zèb vèt, tankou yon lonbray k ap pase, tankou yon vapè (Sòm 103:15 ; 144:3, 4). Men, Bondye pa t gen nan objektif li pou nou te annik pase kèk dizèn ane ap grandi, ap ranmase kèk sajès ak kèk eksperyans, epi apre sa pou n ap bese, pou nou tonbe malad epi pou nou mouri. Jewova te kreye lèzòm avèk dezi pou yo viv pou toutan. Labib di nou : “ Li [...] mete tan endefini nan kè yo. ” ​(Eklezyas 3:11). Èske Bondye mechan, pou l ta mete yon dezi konsa nan nou, epi pou l ta fè li enposib pou dezi sa a reyalize ? Non, jamè, paske “ Bondye se lanmou ”. (1 Jan 4:8.) L ap sèvi ak rezirèksyon an pou l rann lavi etènèl posib pou moun ki mouri yo.

18 Grasa esperans rezirèksyon an, nou kapab gen yon avni ki sèten. Nou pa bezwen ap kouri chèche tout okazyon pou nou devlope tout kapasite nou depi kounye a. Nou pa oblije sèvi “ nèt ” ak monn sa a ki prèt pou l disparèt (1 Korentyen 7:29-31 ; 1 Jan 2:17). Kontrèman ak moun ki pa gen okenn esperans reyèl, nou gen yon privilèj san parèy lefètke nou konnen si nou rete fidèl devan Jewova Dye, n ap gen tout letènite devan nou pou nou louwe l e pou nou jwi lavi a. Kidonk, annou pwofite tout okazyon pou nou louwe Jewova chak jou, li menm ki fè esperans rezirèksyon an sèten pou nou.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou santi nou lefètke nou gen esperans rezirèksyon an ?

• Ki aspè ki fè esperans rezirèksyon an sèten ?

• Ki jan w ka jwenn rekonfò nan esperans rezirèksyon an ?

• Ki efè esperans ou gen nan rezirèksyon an ka genyen sou fason w ap viv ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Jòb te konnen Jewova gen yon gwo anvi pou l resisite moun ki jis yo.

[Foto nan paj 21]

“ Gade, pitit ou a vivan. ”