Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun aje yo se yon benediksyon pou jèn yo

Moun aje yo se yon benediksyon pou jèn yo

Moun aje yo se yon benediksyon pou jèn yo

“ Menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m, jiskaske m pale ak jenerasyon an konsènan bra w, ak tout moun ki gen pou vini yo konsènan pisans ou. ” — SÒM 71:18.

1, 2. Ki sa sèvitè Jewova ki aje yo ta dwe byen konprann, e ki sa nou pral egzamine kounye a ?

YON ansyen ann Afrik de Lwès t ap vizite yon frè wen ki aje, e li te mande l ki jan l ye. Frè a reponn : “ M ka kouri, m ka sote, m ka ponpe, e m ka menm ponpe sou yon pye ”, e tank li t ap di sa, se tank li t ap eseye kouri, sote, ponpe toutbon. Apre sa, li ajoute : “ Men, mwen pa ka vole. ” E ansyen an te konprann li. Li te vle di li byen kontan fè sa l ka fè, men l pa eseye fè sa l pa ka fè. Ansyen ki te vizite frè sa a gen plis pase 80 an kounye a, e lè l ap sonje fason frè sa a te konsantre l sou aspè ki amizan nan sitiyasyon l lan e lè l sonje fidelite frè sa a, sa kite yon bon souvni lakay li.

2 Lè yon moun aje demontre kalite Bondye mande yo nan lavi l, sa ka gen yon enfliyans ki dirab sou lòt moun. Natirèlman, se pa sèlman paske yon moun gen anpil laj ki fè otomatikman li gen sajès e li imite kalite Kris yo (Eklezyas 4:13). Men sa Labib di : “ Cheve gri se yon kouwòn bote lè yo twouve yo nan chemen jistis. ” ​(Pwovèb 16:31). Si w se yon moun aje, èske w byen konprann jis nan ki pwen pawòl ou ak aksyon w ka gen yon bon efè sou lòt moun ? Annou egzamine kèk egzanp biblik ki montre nan ki degre moun ki aje yo te montre yo se yon veritab benediksyon pou moun ki pi jèn yo.

Yon lafwa ki gen gwo efè

3. Ki jan fidelite Noye gen efè sou tout moun ki vivan jodi a ?

3 Lafwa Noye ak fidelite l te pote gwo byenfè, byenfè moun jwenn jis jodi a. Noye te prèske gen 600 an lè l te konstwi lach la, lè l te rasanble bèt yo e lè l te preche vwazen l yo (Jenèz 7:6 ; 2 Pyè 2:5). Lefètke Noye te gen lakrentif pou Bondye, li menm ak tout fanmi l te chape anba gwo delij dlo a e li vin tounen zansèt tout moun k ap viv sou tè a jodi a. Se vre, nan epòk Noye a, an jeneral moun yo te konn viv pi lontan pase jodi a. Aktout sa, menm lè Noye te fin granmoun, li te rete fidèl, e li te resevwa gwo benediksyon. Kòman l te fè sa ?

4. Ki jan sèvitè Bondye yo k ap viv jodi a ka tire pwofi nan fidelite Noye te demontre ?

4 Noye te prèske gen 800 an lè Nimwòd te kòmanse konstwi tou Babèl la, sa ki montre Nimwòd te meprize kòmandman Jewova te bay pou lòm “ ranpli tè a ”. (Jenèz 9:1 ; 11:1-9.) Sepandan, Noye pa t patisipe nan rebelyon Nimwòd la. Donk, gen anpil chans pou lang li te konn pale a pa t chanje lè Jewova te konfonn lang moun ki te rebele yo. Vrèman, li ta bon pou sèvitè Bondye yo, kèlkeswa laj yo, imite lafwa Noye ak fidelite l, de kalite li te demontre, non pa nan vyeyès li sèlman, men pandan tout lavi l ki te long anpil. — Ebre 11:7.

Enfliyans yo gen sou fanmi yo

5, 6. a) Ki sa Jewova te mande Abraram pou l fè lè l te gen 75 an ? b) Ki jan Abraram te reyaji fas ak sa Bondye te mande l fè a ?

5 Nou wè enfliyans moun aje yo ka genyen sou manm fanmi yo nan fason patriyach ki te vin apre Noye yo te viv. Abraram te gen 75 an anviwon lè Bondye te di l : “ Kite peyi w, fanmi w ak kay papa w, epi ale nan peyi mwen pral montre w la. E m ap fè w tounen yon gwo nasyon e m ap beni w. ” — Jenèz 12:1, 2.

6 Imajine yo ta mande w kite kay ou, zanmi w, peyi kote w fèt la ak sekirite w te gen nan mitan fanmi w pou w al nan yon peyi w pa menm konnen. Se egzakteman sa Jewova te mande Abraram. ‘ Se konsa li te ale, jan Jewova te di l la ’, e pou tout rès vi l, li te viv anba tant kòm yon etranje e li te toujou ap deplase nan peyi Kanaran (Jenèz 12:4 ; Ebre 11:8, 9). Byenke Jewova te di Abraram t ap gen pou l tounen “ yon gwo nasyon ”, Abraram te mouri lontan anvan desandans li te vin anpil. Se sèlman apre Abraram fin pase 25 an nan peyi Bondye te pwomèt li a, Sara, madanm li, te ba l yon sèl pitit gason, Izarak (Jenèz 21:2, 5). Sepandan, Abraram pa t bouke tann e li pa t retounen nan vil li te soti a. Ala yon bèl egzanp lafwa ak andirans li kite !

7. Ki efè andirans Abraram te genyen sou pitit li, Izarak, e ki rezilta sa pote pou limanite ?

7 Andirans Abraram te gen yon kokenn efè sou Izarak, pitit gason l lan, ki li menm te pase tout viv l nèt, sètadi 180 ane, kòm rezidan etranje nan peyi Kanaran. Andirans Izarak te baze sou lafwa li te genyen nan pwomès Bondye, yon lafwa paran l yo ki te aje te transmèt li e yon lafwa ki te vin ranfòse annapre grasa pawòl Jewova te di l pèsonèlman (Jenèz 26:2-5). Fidelite Izarak te jwe yon wòl enpòtan nan akonplisman pwomès Jewova ki te fè konnen yon “ semans ” t ap gen pou l soti nan fanmi Abraram, e tout limanite t ava beni pa mwayen semans sa a. Plizyè santèn ane apre, Jezi Kris, pati prensipal “ semans ” sa a, te ouvri chemen pou tout moun ki egzèse lafwa nan li ka rekonsilye ak Bondye e pou yo ka gen lavi etènèl. — Galat 3:16 ; Jan 3:16.

8. Ki jan Jakòb te demontre li te gen yon lafwa ki solid, e ki efè sa te genyen ?

8 Izarak, bò kote pa l, te ede Jakòb, pitit gason l, kiltive yon lafwa ki solid ki te soutni l pandan tout vi l jis nan vyeyès li. Jakòb te gen 97 an lè l te pase tout yon nuit ap batay ak yon zanj pou l te jwenn yon benediksyon (Jenèz 32:24-28). Anvan Jakòb te mouri a 147 an, li te rasanble kantite fòs li te bezwen pou l beni chak pitit gason l yo, ki te 12 antou (Jenèz 47:28). Pawòl pwofetik li te pwononse nou jwenn kounye a nan Jenèz 49:1-28 yo te reyalize vre e jis jodi a yo kontinye ap reyalize.

9. Ki enfliyans moun aje ki gen matirite nan domèn espirityèl yo ka genyen sou fanmi yo ?

9 Li klè, sèvitè fidèl Jewova yo ki aje kapab gen yon bon enfliyans sou manm fanmi yo. Lè moun aje yo bay jèn yo yon enstriksyon ki baze sou Ekriti yo, yo ba yo konsèy ki saj e yo ba yo egzanp nan domèn andirans, sa ka vrèman ede jèn yo pou yo gen yon lafwa ki solid pandan y ap grandi (Pwovèb 22:6). Moun aje yo pa ta dwe janm souzestime bonjan enfliyans yo ka genyen sou fanmi yo pou pouse yo fè sa ki byen.

Enfliyans yo genyen sou adoratè menm jan avèk yo

10. Ki lòd Jozèf te bay “ konsènan zosman l yo ”, e ki efè sa te genyen ?

10 Moun aje yo ka gen yon bon enfliyans sou kwayan menm jan avèk yo tou. Nan vyeyès Jozèf, youn nan pitit gason Jakòb yo, li te fè yon aksyon ki te demontre li gen lafwa. Aksyon sa a te senp, men li te gen yon kokenn efè sou plizyè milyon vrè adoratè ki te viv apre l. Li te gen 110 an lè “ li te bay lòd konsènan zosman l yo ”, kote l te mande pou Izrayelit yo ale avèk zosman l lè finalman yo ta kite Ejip (Ebre 11:22 ; Jenèz 50:25). Lòd sa a se te yon lòt rezon pou Izrayelit yo ki t ap pase yon pakèt ane nan esklavaj apre lanmò Jozèf te espere yo t ap delivre. Wi, li te ba yo asirans yo t ap delivre kanmenm.

11. Ki enfliyans Moyiz, yon moun aje, dwe te genyen sou Jozye ?

11 Pami moun ki te jwenn ankourajman nan lafwa Jozèf te genyen an, nou jwenn Moyiz. Lè Moyiz te gen 80 an, li te jwenn privilèj pou l transpòte zosman Jozèf yo sot nan peyi Ejip (Egzòd 13:19). Se anviwon nan peryòd sa a li te rankontre Jozye, ki te pi jèn pase l lontan. Pandan 40 an ki te pase apre rankont sa a, Jozye te sèvitè pèsonèl Moyiz (Nonb 11:28). Li te akonpaye Moyiz sou mòn Sinayi e li te la pou l te rankontre Moyiz lè Moyiz t ap desann mòn nan ak de wòch plat ki sèvi temwayaj yo (Egzòd 24:12-18 ; 32:15-17). Moyiz, yon moun aje, te vrèman yon sous konsèy ki plen matirite e yon sous sajès pou Jozye.

12. Ki jan Jozye te gen yon bon enfliyans sou nasyon Izrayèl la pandan tout vi li ?

12 Jozye, bò kote pa l, te ankouraje nasyon Izrayèl la toutotan li t ap viv. Men sa Jij 2:7 di nou : “ Pèp la te kontinye sèvi Jewova pandan tout jou Jozye te la yo e pandan tout jou ansyen yo te la, ansyen ki te pwolonje jou yo apre Jozye e ki te wè tout gwo aksyon Jewova te fè pou Izrayèl. ” Sepandan, lè Jozye ak ansyen yo te vin mouri, te vin gen yon peryòd ki te dire 300 an kote pèp la t ap bwete ant vrè adorasyon an ak fo adorasyon an, e sa te mennen nan jou pwofèt Samyèl.

Samyèl te “ fè lajistis triyonfe ”

13. Ki sa Samyèl te fè pou l “ fè lajistis triyonfe ” ?

13 Labib pa di nou ki laj Samyèl te genyen lè l te mouri, men evènman yo rapòte nan premye liv Samyèl la te fèt sou yon peryòd 102 an, e Samyèl te temwen pifò evènman sa yo. Selon sa nou li nan Ebre 11:32, 33, jij ak pwofèt ki te jis yo te “ fè lajistis triyonfe ”. Vrèman, Samyèl te pouse kèk moun ki t ap viv nan menm epòk avè l, pou yo te evite fè sa ki mal oswa pou yo te sispann fè sa ki mal (1 Samyèl 7:2-4). Ki jan li te fè sa ? Li te fidèl ak Jewova pandan tout vi l (1 Samyèl 12:2-5). Li pa t pè bay menm wa ki t ap dirije a konsèy avèk fèmte (1 Samyèl 15:16-29). Anplis, menm lè Samyèl te ‘ vyeyi e cheve l te gri ’, li te bay bonjan egzanp nan kesyon priye pou lòt moun. Li te deklare : “ Li enpansab [...] pou m ta peche kont Jewova pou m ta sispann priye ” pou lòt Izrayelit yo. — 1 Samyèl 12:2, 23.

14, 15. Ki jan moun ki aje yo ka imite Samyèl nan priyè yo ?

14 Tout sa mete aksan sou yon fason esansyèl moun aje yo ka gen yon bon enfliyans sou lòt sèvitè Jewova yo. Malgre limit moun ki aje yo vin genyen akoz sante yo oswa akoz lòt sitiyasyon y ap viv, yo kapab priye pou lòt moun. Ou menm ki aje, èske w rann ou kont jis nan ki pwen priyè w yo bon pou kongregasyon an ? Grasa lafwa w genyen nan san Kris ki te vèse, ou jwi apwobasyon Jewova, e pa mwayen andirans ou, ou vin gen yon kalite lafwa ki “ pase anba eprèv ”. (Jak 1:3 ; 1 Pyè 1:7.) Pa janm bliye sa : “ Lè siplikasyon yon moun ki jis ap aji, sa gen anpil fòs. ” — Jak 5:16.

15 Priyè w fè pou soutni travay Wayòm Jewova a vrèman enpòtan. Gen kèk nan frè nou yo ki nan prizon lefètke yo net antanke kretyen. Gen lòt ki viktim anba dezas natirèl, lagè, ak konfli sivil. Anmenmtan tou, nan kongregasyon kote w ye a, genyen k ap fè fas ak tantasyon oswa ak opozisyon (Matye 10:35, 36). Sila yo ki pran latèt nan travay predikasyon an e sila yo ki siveyan nan kongregasyon yo bezwen tou pou w priye pou yo regilyèman (Efezyen 6:18, 19 ; Kolosyen 4:2, 3). Vrèman, se yon bon bagay ou fè lè w site non kwayan menm jan avèk ou yo nan priyè w, menm jan Epafras te fè sa. — Kolosyen 4:12.

Yo anseye jenerasyon k ap vini an

16, 17. Ki sa yo te predi nan Sòm 71:18, e kòman sa reyalize ?

16 Moun ki fè pati “ lòt mouton ” yo, sètadi ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, jwenn yon bonjan fòmasyon lefètke yo asosye yo ak moun fidèl ki fè pati “ ti twoupo ” a, sètadi moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl la (Lik 12:32 ; Jan 10:16). Se sa yo te predi nan Sòm 71:18, kote nou li : “ Menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m, jiskaske m pale ak jenerasyon an konsènan bra w, ak tout moun ki gen pou vini yo konsènan pisans ou. ” Avèk zèl, moun ki wenn ak lespri yo fòme konpayon yo ki fè pati lòt mouton yo pou yo andose pi gwo responsablite, anvan yo kite konpayon sa yo pou y al glorifye ak Jezi Kris.

17 An prensip, sa Sòm 71:18 di konsènan “ moun ki gen pou vini yo ” ta ka aplike sou lòt mouton yo, ki resevwa enstriksyon nan men sila Bondye wenn yo. Jewova konfye moun aje yo privilèj pou yo rann temwayaj pou li bay moun ki fèk ap pran pozisyon pou vrè adorasyon an (Yowèl 1:2, 3). Lòt mouton yo santi yo beni pou sa yo aprann nan men moun ki wen yo e yo santi yo pouse pou yo pataje sa yo aprann nan Ekriti yo ak lòt moun toujou ki vle sèvi Jewova. — Revelasyon 7:9, 10.

18, 19. a) Ki enfòmasyon ki presye anpil sèvitè Jewova ki aje ka pataje ak lòt moun ? b) Ki asirans kretyen ki aje yo ka genyen ?

18 Sèvitè Jewova ki aje yo, kit se sa ki wen yo, kit se sa ki fè pati lòt mouton yo, sèvi kòm pon ant nou menm ak gwo evènman istorik ki te rive yo. Gen kèk ladan yo ki te la epòk yo te fèk ap prezante fim “ Fotodram kreyasyon ” an. Genyen ki te konnen frè ki te alatèt yo pèsonèlman, frè ki te pase nan prizon an 1918 yo. Gen lòt ki te patisipe nan emisyon ki te konn fèt sou estasyon radyo ki te pou Sosyete Toudegad la, estasyon ki te rele WBBR. Gen anpil nan yo ki ka rakonte sa k te pase lè yo te fè jijman nan pi gwo tribinal yo, anrapò ak libète pou Temwen Jewova yo pratike relijyon yo. Anplis, gen lòt ki te pran yon pozisyon fèm pou vrè adorasyon an toutpandan yo t ap viv anba rejim diktatè. Vrèman, moun aje yo ka rakonte nou ki jan sèvitè Jewova yo te vin konprann laverite tikras pa tikras. Labib ankouraje nou pou nou tire pwofi nan moun sa yo ki reprezante yon sous eksperyans nou ka konpare ak yon trezò. — Detewonòm 32:7.

19 Yo ankouraje kretyen ki aje yo pou yo se bon egzanp pou kretyen ki pi jèn yo (Tit 2:2-4). Petèt ou pa wè ki efè andirans ou, priyè w yo ak konsèy ou yo genyen sou lòt moun kounye a. Noye, Abraram, Jozèf, Moyiz ak lòt moun ankò pa t ka konnen tout efè fidelite yo t ap genyen sou jenerasyon ki vin apre yo. Epoutan, eritaj yo kite a, anpalan de lafwa yo ak entegrite yo, gen yon kokenn efè. Egzanp ou ka gen menm efè a sou moun ki pi jèn yo jodi a.

20. Ki benediksyon k ap tann moun ki kontinye kenbe esperans yo fèm jiska lafen ?

20 Kit ou travèse “ gwo tribilasyon ” an vivan, kit se resisite ou resisite apre, vrèman, w ap jwenn anpil jwa pou w gen “ lavi toutbon an ”. (Matye 24:21 ; 1 Timote 6:19.) Imajine peryòd Rèy mil an Kris la, kote Jewova pral anile tout efè vyeyès yo. Olye pou nou wè kò nou ki kontinye ap deteryore, chak jou n leve n ap wè kò nou ap amelyore ofiramezi, sètadi n ap vin gen plis enèji, n ap wè pi byen, n ap tande pi byen, e n ap vin pi bèl tou (Jòb 33:25 ; Izayi 35:5, 6). Moun ki jwenn benediksyon pou yo viv nan monn nouvo Bondye a ap toujou jèn an konparezon ak letènite yo gen devan yo (Izayi 65:22). Kidonk, nou swete pou nou tout kenbe esperans nou fèm jiska lafen e nou swete pou nou kontinye sèvi Jewova ak tout nanm nou. Nou ka gen yon asirans total Jewova pral reyalize tout sa l pwomèt e tout sa l pral fè yo pral depase kèlkeswa sa nou te ka espere. — Sòm 37:4 ; 145:16.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan fidelite Noye, yon moun aje, pote byenfè pou tout limanite ?

• Ki efè lafwa patriyach yo te gen sou desandan yo ?

• Ki jan Jozèf, Moyiz, Jozye ak Samyèl te fòtifye adoratè menm jan avèk yo, alòske yo te aje ?

• Ki eritaj moun aje yo ka kite pou nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Andirans Abraram te gen yon kokenn efè sou Izarak.

[Foto nan paj 30]

Konsèy saj Moyiz yo te ankouraje Jozye.

[Foto nan paj 31]

Priyè w fè pou lòt moun ka pote anpil byenfè.

[Foto nan paj 32]

Jèn yo tire pwofi lè yo koute moun aje ki fidèl yo.