Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ O Seyè ! Poukisa w te ret an silans ? ”

“ O Seyè ! Poukisa w te ret an silans ? ”

“ O Seyè ! Poukisa w te ret an silans ? ”

SE PAP Benwa 16 ki te di pawòl sa yo nan moman l t ap vizite ansyen kan konsantrasyon Ochwits nan peyi Polòy jou ki te 28 me 2006 la. Pandan l te nan zòn kote Nazi yo te touye plizyè santèn milye Juif ak lòt moun ankò, li te ajoute pawòl sa yo : “ Se pa ni de ni twa kesyon moun pa soulve nan zòn sa a ! Menm kesyon yo retounen san rete : Kot Bondye te ye nan moman sa yo ? Poukisa l te ret an silans ? Kòman l te fè tolere masak san fen sa a ? Kòman l te fè kite se mal la ki triyonfe ? [...] Nou dwe kontinye rele Bondye avèk imilite, men tou avèk ensistans : ‘ Reveye w ! Pa bliye limanite w fin kreye a ! ’ ”

Pawòl pap la te pwovoke gwo deba. Gen moun ki te rann yo kont li te pase plizyè bagay sou silans tankou pale l pa t pale de prejije kont pèp juif la, prejije ki te mennen nan krim Ochwits la. Gen lòt moun tou ki entèprete pawòl li yo kòm yon tantativ li fè pou l minimize padon pap Jan Pòl 2 te mande pou peche legliz te komèt yo. Gen yon jounalis katolik ki rele Filippo Gentiloni ki fè remak sa a : “ Nou ka konprann poukisa anpil moun ki t ap bay opinyon yo fas ak kesyon difisil sa a ki konsène kot Bondye te ye a, yon kesyon ki san repons, te prefere mande repons yon kesyon ki pi fasil : Kot Pi 12 te ye ? ” Moun sa yo ki t ap bay opinyon yo a te vle pale de silans pap Pi 12 nan moman Olokos la, anpalan de moman kote Nazi yo te touye plizyè milyon Juif.

Olokos la ansanm ak tout lòt zak jenosid ki te fèt atravè listwa pwouve “ lòm domine sou lòm pou fè l ditò ”. (Eklezyas 8:9.) Anplis de sa, Kreyatè lòm nan pa ret an silans devan tout trajedi sa yo. Nan Bib la, li revele rezon ki fè li pèmèt mechanste egziste. Bondye ban nou asirans tou li pa bliye limanite. Anfèt, moman kote Bondye pèmèt lòm dirije tèt li poukont li an pral fini talè konsa (Jeremi 10:23). Èske w ta renmen aprann plis bagay sou objektif Bondye gen pou nou ? Temwen Jewova yo ap kontan ede w jwenn repons Bib la bay sou kesyon sa yo ki te boulvèse pap Benwa 16.

[Liy kredi pou foto nan paj 12]

Oświęcim Museum