Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Lamantasyon an

Pwen enteresan ki nan liv Lamantasyon an

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Lamantasyon an

PWOFÈT Jeremi te wè akonplisman mesaj jijman li te fè 40 an ap pwoklame a. Ki jan pwofèt la santi l lè l wè vil li renmen anpil la ap detwi ? Men sa Septant lan di nan entwodiksyon li fè pou liv Lamantasyon an : “ Jeremi te chita li t ap kriye e li t ap lamante avèk lamantasyon sa a sou Jerizalèm. ” Jeremi te konpoze liv Lamantasyon an nan ane 607 anvan epòk nou an. Nan epòk sa a, souvni 18 mwa yo te asyeje Jerizalèm e yo te boule l la te toujou fre nan lespri l. Liv sa a eksprime yon fason vivan kokenn angwas pwofèt la te genyen (Jeremi 52:3-5, 12-14). Pa gen okenn lòt vil nan listwa yo lamante sou li avèk pawòl ki si touchan e ki si tris.

Liv Lamantasyon an se yon koleksyon senk powèm lirik. Kat premye powèm yo se lamantasyon oswa pawòl ki eksprime lapenn ; senkyèm nan se yon demann, oswa yon priyè. Kat premye chante yo se akwostich, sètadi yon seri vèsè youn dèyè lòt ki kòmanse ak yon lèt diferan nan alfabè ebre a ki gen 22 lèt, e yo ranje yo nan menm lòd lèt yo parèt nan alfabè a. Menm lè senkyèm chante a gen 22 vèsè ki koresponn ak kantite lèt ki gen nan alfabè ebre a, yo pa ranje nan lòd alfabetik. — Lamantasyon 5:1, nòt anba paj.

“ JE M FINI AFÒS MWEN KRIYE ”

(Lamantasyon 1:1-2:22)

“ O gade jan vil la chita poukont li, li menm ki te tèlman gen moun ! Gade jan li vin tankou yon vèv, li menm ki te chaje ak moun nan mitan nasyon yo ! Gade jan li vin nan travay fòse, li menm ki te yon prensès pami distri administratif yo ! ” Se konsa lamantasyon pwofèt Jeremi konsènan Jerizalèm nan kòmanse. Pou pwofèt la bay rezon kalamite sa a, li di : “ Jewova li menm fè l gen chagren akoz pil transgresyon l yo. ” — Lamantasyon 1:1, 5.

Tankou yon fi ki pèdi mari l ak pitit li, Jerizalèm ap mande : “ Èske gen yon doulè ki tankou doulè m nan ? ” Konsènan ènmi l yo, li priye Bondye, li di : “ Se pou tout mechanste yo fè vin devan w, e se pou w aji ak yo avèk severite, menm jan w te aji avè m avèk severite akoz tout transgresyon m yo. Paske soupi mwen yo anpil, e kè m malad. ” — Lamantasyon 1:12, 22.

Men sa Jeremi, ki te nan yon pwofon detrès, di : “ Nan gwo kòlè [Jewova], li koupe tout kòn Izrayèl. Li retire men dwat li devan ènmi an, e nan Jakòb li kontinye boule tankou yon boukan dife ki devore toutotou. ” Pou pwofèt la dekri gwo lapenn li genyen an, li fè lamantasyon sa a : “ Je m fini afòs mwen kriye. Trip mwen ajite. Fwa mwen gaye atè a. ” Menm moun k ap pase yo sezi, yo di : “ Èske se vil la sa, vil yo konn di : ‘ Li bèl nan dènye degre, se gwo lajwa tout tè a ’ ? ” — Lamantasyon 2:3, 11, 15.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:15 — Nan ki sans Jewova te “ pilonnen près diven pitit fi vyèj Jida a ” ? Babilonyen yo te tèlman fè anpil san koule lè yo t ap detwi vil la, vil yo te dekri kòm yon vyèj, se te tankou lè y ap kraze grap rezen nan yon près diven. Jewova te predi sa e li te kite sa rive, konsa nou ka di li te ‘ pilonnen près diven an ’.

2:1 — Nan ki sans ‘ yo te pran bote Izrayèl la nan syèl la, yo jete l sou tè a ’ ? Etandone “ syèl la pi wo pase tè a ”, dèfwa yo reprezante bagay ki te wo ki vin rabese kòm bagay yo ‘ pran nan syèl la jete sou tè a ’. “ Bote Izrayèl la ”, sètadi glwa ak pisans li te genyen lè li te gen apwobasyon Jewova, yo te jete l atè lè destriksyon Jerizalèm ak dezolasyon Jida. — Izayi 55:9.

2:1, 6 — Ki sa “ machpye ” Jewova a ak “ tonèl ” li a ye ? Men sa Salmis la te di nan yon chante : “ Annou antre nan gwo tabènak li a ; annou pwostène devan machpye l. ” ​(Sòm 132:7). Kidonk, “ machpye ” Lamantasyon 2:1 pale de li a fè referans ak mezon adorasyon Jewova a, oswa tanp li an. Babilonyen yo ‘ te boule mezon Jewova a ’ kòmsi se te yon tonèl, oswa yon senp joupa nan yon jaden. — Jeremi 52:12, 13.

2:16, 17 — Èske vèsè 16 la pa ta dwe kòmanse ak lèt ebre ki rele ayin nan e vèsè 17 la ak lèt pe a yon fason pou yo suiv lòd lèt alfabè ebre a ? Lè ekriven ki enspire yo t ap konpoze powèm nan stil sa a, an jeneral yo te suiv lòd alfabetik la. Sepandan, yo pa t suiv stil sa a si l t ap fè sa yo ekri a pa natirèl. Yo te estime sans sa y ap ekri a gen plis enpòtans pase respekte yon konstriksyon literè ki la sèlman kòm èd memwa. Yo chanje de menm lèt sa yo plas tou nan 3yèm ak 4yèm chante Lamantasyon an. — Lamantasyon 3:46, 49 ; 4:16, 17.

2:17 — Ki “ pawòl ” sa a Jewova te akonpli anrapò ak Jerizalèm nan ? Aparamman, la a yo fè referans ak Levitik 26:17, ki di : “ Vrèmanvre mwen pral vire fas mwen kont nou, e san mank n ap sibi defèt devan ènmi nou yo ; e moun ki rayi nou yo pral toupizi nou, e vrèman n ap kouri san pa gen moun k ap pousuiv nou. ”

Leson pou nou jodi a :

1:1-9. Jerizalèm kriye anpil pandan nuit la, e dlo nan je l sou bò figi l. Pòt li yo rete an dezolasyon, e prèt li yo ap soupire. Vyèj li yo nan gwo lapenn, e li menm li gen gwo tristès. Poukisa ? Paske Jerizalèm peche nan dènye degre. Salte l te nan jip li. Fwi peche se pa lajwa ; se dlo nan je, soupi, lapenn, ak tristès.

1:18. Jewova toujou jis, li toujou dwat lè l ap pini pechè.

2:20. Yo te avèti Izrayelit yo si yo pa koute vwa Jewova, yo t ap jwenn malediksyon, sa ki gen ladan l pou yo ta manje ‘ chè pitit gason yo ak pitit fi yo ’. (Detewonòm 28:15, 45, 53.) Ala sa pa saj pou yon moun chwazi dezobeyi Bondye !

“ PA KACHE ZÒRÈY OU POU DEMANN MWEN FÈ POU W SOULAJE M ”

(Lamantasyon 3:1-5:22)

Nan chapit 3 liv Lamantasyon an, yo pale de nasyon Izrayèl la kòm “ gason vanyan an ”. Malgre li nan boulvès, l ap chante : “ Jewova bon pou moun ki met espwa l nan li, pou nanm k ap chèche l san rete. ” Nan priyè li fè bay vrè Dye a, li mande : “ Ou dwe tande vwa m. Pa kache zòrèy ou pou demann mwen fè pou w soulaje m, pou rèl mwen fè pou w ede m. ” Pou l mande Jewova prete atansyon ak kritik ènmi an, li di : “ W a aji avè yo anretou, O Jewova, selon aksyon men yo. ” — Lamantasyon 3:1, 25, 56, 64.

Jeremi fè konnen santiman l anrapò ak konsekans terib 18 mwa yo te asyeje Jerizalèm nan. Li di : “ Pinisyon pou fot pitit fi pèp mwen an tou vin pi gwo pase pinisyon pou peche Sodòm, li menm yo te ranvèse nan yon moman, e ki pa t gen okenn men ki te vin ede l. Jeremi kontinye pou l di : “ Moun yo te touye ak epe yo te pi bon pase moun grangou te touye yo, paske yo menm yo depafini, yo pèse toupatou akoz manke pwodui ki sot nan jaden. ” — Lamantasyon 4:6, 9.

Senkyèm powèm nan prezante moun ki abite Jerizalèm yo k ap pale. Yo di : “ Sonje sa ki rive nou, O Jewova. Gade epi wè lawont nou. ” Pandan y ap rakonte afliksyon yo, yo mande : “ O Jewova, w ap chita pou tan endefini. Twòn ou la jenerasyon apre jenerasyon. Fè nou tounen vin jwenn ou, O Jewova, e vrèmanvre n ap tounen byen vit. Ban nou jou ki tounèf menm jan ak lontan. ” — Lamantasyon 5:1, 19, 21.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:16 — Ki sa ekspresyon “ li fè dan m kase avèk gravye ” a vle di ? Men sa yon ouvraj referans fè konnen : “ Pandan Juif yo te sou wout pou y al ann egzil, yo te oblije yo kuit pen yo nan twou yo te fouye nan tè, donk pen yo te mele ak gravye. ” Lè yon moun manje yon pen konsa li posib pou l kase dan l.

4:3, 10 — Poukisa Jeremi konpare “ pitit fi pèp [li] a ” ak “ otrich ki nan dezè ” ? Jòb 39:16 fè konnen otrich “ aji di ak pitit li, kòmsi yo pa pou li ”. Pa egzanp, lè ze yo fin kale, femèl la pati ak lòt femèl pandan mal la pran responsablite pran swen ti otrich yo. Men, sa k pase lè gen yon danje ki prezante ? Ni mal la ni femèl la sove kite nich la, yo abandone pitit yo. Pandan moman Babilonyen yo te asyeje Jerizalèm, grangou a te vin tèlman rèd, sa te fè manman yo, nòmalman ki ta dwe montre yo gen konpasyon pou pwòp pitit yo, te vin mechan ak yo pito, menm jan ak otrich ki nan dezè. Sitiyasyon sa a diferan anpil ak fason manman chakal pran swen pitit li.

5:7 — Èske Jewova rann moun responsab fot gran paran yo te fè ? Non, Jewova pa pini moun pou peche gran paran yo te fè. Labib di : “ Nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou. ” ​(Women 14:12). Sepandan, konsekans fot yo ka rete e jenerasyon ki vin apre yo ka sibi konsekans lan. Pa egzanp, lefètke Izrayèl tan lontan an te vin ap pratike idolatri, sa te fè l difisil menm pou Izrayelit fidèl ki te vin annapre yo pou yo rete atache ak prensip jistis yo. — Egzòd 20:5.

Leson pou nou jodi a :

3:8, 43, 44. Pandan kalamite yo te tonbe sou Jerizalèm, Jewova te refize tande rèl moun yo ki t ap viv nan vil la te fè pou mande l èd. Poukisa Jewova te refize tande yo ? Paske pèp la te dezobeyisan, e li pa t repanti. Si nou vle pou Jewova reponn priyè nou yo, nou dwe obeyi l. — Pwovèb 28:9.

3:20. Jewova, “ Trèwo sou tout tè a ”, tèlman elve, li aksepte bese dekwa “ pou l gade syèl la ak tè a ”. (Sòm 83:18 ; 113:6.) Konsa, Jeremi te byen konnen Toupisan an dispoze panche sou pèp li a, sètadi li dispoze desann tèt li nan nivo yo yon fason pou l ankouraje yo. Ala kontan nou ka kontan paske nonsèlman vrè Dye a toupisan, e li gen yon sajès enfini, men tou li enb !

3:21-26, 28-33. Ki sa nou ka fè pou nou rive andire soufrans ki di anpil ? Jeremi di nou sa pou nou fè. Nou pa ta dwe bliye Jewova chaje ak aksyon ki gen bonte ak lanmou e li gen anpil mizèrikòd. Nou ta dwe sonje tou, lefètke nou vivan se deja yon rezon pou nou pa pèdi espwa, e nou dwe pasyan e nou dwe tann delivrans Jewova a ap bay la an silans, san nou pa plenyen. Anplis de sa, nou ta dwe “ mete bouch [nou] nan pousyè ”, sa ki vle di, aksepte eprèv yo avèk imilite, sonje si Jewova kite yon bagay rive sèke li gen bon rezon pou sa.

3:27. Pou yon jèn, jwenn eprèv pou lafwa l ka vle di andire sitiyasyon difisil, reziste devan mokri. Men, li ‘ bon pou yon gason vanyan pote yon jouk pandan jenès li ’. Poukisa ? Paske lè yon moun aprann pote yon jouk soufrans pandan l jèn, sa prepare l pou l fè fas ak pwoblèm li pral rankontre pi devan nan lavi l.

3:39-42. Li pa saj pou nou ‘ tonbe nan plenyen ’ lè n ap soufri akoz peche nou. Olye pou n ap plenyen paske n ap rekòlte konsekans move aksyon nou, “ annou byen egzamine wout nou e annou eksplore yo, e annou tounen vin jwenn Jewova ”. Li saj pou nou repanti e pou nou korije fason nou aji.

Mete konfyans nou nan Jewova

Liv Lamantasyon an montre nou kòman Jewova te konsidere Jerizalèm ak peyi Jida apre Babilonyen yo te fin boule vil la e yo te kite peyi a nan dezolasyon. Nan liv sa a yo rapòte peche moun yo te fè, sa montre aklè selon pwennvi Jewova se fot pèp la ki fè l nan kalamite. Chante enspire ki nan liv sa a gen pawòl ki eksprime espwa nan Jewova e ki eksprime dezi pou yon moun retounen pratike sa ki jis. Menm lè se pa t santiman sa a pifò moun ki t ap viv nan tan Jeremi an te genyen, pawòl sa yo te eksprime santiman Jeremi ak santiman rès moun ki te repanti yo.

Evalyasyon Jewova te fè sou sitiyasyon Jerizalèm nan, jan sa parèt nan liv Lamantasyon an, anseye nou de leson ki trèzenpòtan. Premyèman, destriksyon Jerizalèm ak dezolasyon Jida a pouse nou obeyi Jewova, e yo sèvi nou kòm avètisman pou nou pa inyore volonte Bondye (1 Korentyen 10:11). Dezyèm leson an soti nan egzanp Jeremi (Women 15:4). Menm nan yon sitiyasyon ki parèt sanzespwa, pwofèt la, ki te nan gwo lapenn, te toujou vire kot Jewova pou l jwenn delivrans. Ala sa esansyèl pou nou mete tout konfyans nou nan Jewova ak nan Pawòl li e pou nou fè l tounen asirans nou ! — Ebre 4:12.

[Foto nan paj 9]

Pwofèt Jeremi te wè akonplisman mesaj jijman li t ap pwoklame a.

[Foto nan paj 10]

Lafwa Temwen koreyen sa yo te pase anba eprèv akoz pozisyon yo nan kesyon netralite a.