Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezon ki fè tout soufrans pral fini talè konsa

Rezon ki fè tout soufrans pral fini talè konsa

Rezon ki fè tout soufrans pral fini talè konsa

“ Wòch la, travay li bon nèt. ” — DETEWONÒM 32:4.

1, 2. a) Poukisa w cheri espwa ou genyen pou w viv pou toutan an ? b) Ki sa k anpeche anpil moun kwè nan Bondye ki bay pwomès estrawòdinè pou lavni ?

ÈSKE w renmen imajine kòman lavi a pral ye nan Paradi a ? Petèt ou wè tèt ou k ap eksplore tè a, bèl planèt nou an, e k ap aprann sou varyete bagay ki vivan yo, varyete ki prèske san fen. Oubyen petèt w ap reflechi sou satisfaksyon w pral jwenn lè w ap travay ak lòt moun pou nou pran swen tè a e pou nou fè l tounen yon paradi. Oubyen ankò ou kapab ap panse ak talan ou ta ka devlope nan domèn atistik, achitekti, mizik, oswa nan lòt bagay ou pa gen tan pou w fè jodi a akoz ou gen anpil aktivite e ou toujou ap kouri pasipala. Nan kèlkeswa sitiyasyon ou twouve w, sandout ou cheri espwa w genyen pou w viv sa Labib rele “ lavi toutbon an ”, sètadi lavi Jewova te prevwa pou nou viv la, kote nou gen tout letènite devan nou. — 1 Timote 6:19.

2 Èske se pa yon plezi, èske se pa yon gran privilèj pou nou pataje esperans nou an ki baze sou Bib la ak lòt moun ? Sepandan, anpil moun rejte esperans sa a. Yo rejte l kòmsi se yon bagay ki nan imajinasyon moun sèlman, kòmsi se yon rèv moun ki pa mal pou kwè aksepte. Yo kapab menm twouve li difisil pou yo kwè nan Bondye ki pwomèt lavi etènèl nan Paradi a. Poukisa ? Pou kèk ladan yo, yon bagay ki reprezante yon obstak, se egzistans mal la. Yo kwè si Bondye egziste, si l toupisan e si l gen lanmou, mechanste ak soufrans ki nan monn nan pa gen esplikasyon. Yo fè rezònman kòmkwa pa gen yon Bondye ki ta ka egziste pou l ta tolere mechanste, e si l egziste, swa l pa toupisan, swa l pa gen sousi pou nou. Pou kèk ladan yo, rezònman sa a parèt konvenkan. Satan vrèman demontre li gen ladrès nan avegle entèlijans lèzòm. — 2 Korentyen 4:4.

3. Ki kesyon difisil nou ka ede moun yo reponn, e sa k fè se nou ki pi byen plase pou sa ?

3 Antanke Temwen Jewova, se nou ki pi byen plase pou nou ede moun Satan ansanm ak sajès monn sa a ap twonpe (1 Korentyen 1:20 ; 3:19). Nou konprann rezon ki fè anpil moun pa kwè nan pwomès ki nan Bib la. Yo tou senpleman pa konnen kiyès Jewova ye. Yo ka pa konnen non li ak siyifikasyon non sa a, e li posib pou yo pa konnen anpil bagay sou kalite Jewova yo e sou repitasyon l antanke moun ki kenbe pwomès li. Oubyen li posib pou yo pa konn anyen ditou sou bagay sa yo. Nou menm nou beni lefètke nou gen konesans sou pwen sa yo. Detanzantan, li bon pou nou chèche ki fason nou kapab ede moun ki ‘ nan fènwa mantalman yo ’ pou yo jwenn repons youn nan kesyon ki pi difisil yo konn poze (Efezyen 4:18). Men kesyon an : “ Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans ? ” Toudabò, nou pral konsidere fason nou kapab chèche reponn kesyon sa a yon fason ki pou satisfè moun yo. Ansuit, nou pral pale sou fason kalite Jewova yo parèt klè nan fason li trete pwoblèm mechanste a.

Bon fason pou nou reponn kesyon an

4, 5. Ki sa ki ka nesesè pou nou fè anvan nou kòmanse reponn yon moun ki mande nou poukisa Bondye pèmèt soufrans ? Esplike.

4 Lè yon moun mande nou poukisa Bondye pèmèt soufrans, ki jan nou reponn ? Nou ka gen tandans kòmanse esplike l tousuit evènman ki te pase nan jaden Edenn nan, apre sa, nou ba l yon esplikasyon ki detaye. Pafwa, sa ka mache. Men, nou bezwen fè atansyon. Li ka nesesè pou nou prepare teren an (Pwovèb 25:11 ; Kolosyen 4:6). Annou egzamine twa pwen ki ka itil nou pou nou ede yon moun anvan nou reponn kesyon an an detay.

5 Premyèman, si moun nan vrèman toumante poutèt mal la ki gaye nan monn nan, sandout se paske sa touche li menm oswa moun pa l. Se sa k fè, anvan nou kòmanse reponn, li kapab saj pou nou montre nou vrèman mete nou nan plas li. Apot Pòl te bay kretyen yo konsèy sa a : “ Kriye ak moun k ap kriye. ” ​(Women 12:15). Lè nou mete nou nan plas moun nan, oswa nou montre nou gen “ senpati ” pou li, sa kapab touche l (1 Pyè 3:8). Si li santi nou gen sousi pou li, petèt l ap pi dispoze koute sa n ap di l la.

6, 7. Poukisa nou ka felisite yon moun ki sensè ki poze yon kesyon sou yon sijè biblik k ap trakase l ?

6 Dezyèmman, nou ka felisite yon moun sensè konsa poutèt li poze kesyon sa a. Gen moun ki panse lefètke jan de kesyon sa yo trakase yo, sa montre yo pa gen lafwa oswa yo pa gen respè pou Bondye. Petèt se ka menm yon moun ki alatèt nan legliz yo ki te di yo sa. Men, se pa fòseman manke yo manke lafwa oswa yo manke respè pou Bondye ki fè yo poze jan de kesyon sa yo. Anfèt, menm moun Labib prezante kòm moun ki t ap sèvi Bondye fidèlman te poze jan de kesyon sa yo tou. Pa egzanp, salmis David te mande : “ O, Jewova, poukisa w kontinye rete lwen ? Poukisa w rete kache nan moman detrès yo ? ” ​(Sòm 10:1). Menm jan an tou, pwofèt Abakouk te mande : “ O Jewova, pandan konbyen tan mwen dwe rele w osekou san w pa tande ? Pandan konbyen tan pou mwen rele w pou w ede m kont vyolans san w pa pote delivrans ? Poukisa w fè m wè mechanste e w kontinye ap gade malè ? Poukisa gen piyay ak vyolans devan m, e poukisa gen hinghang, e poukisa chirepit fin pran pye konsa ? ” — Abakouk 1:2, 3.

7 Mesye sa yo se te moun fidèl ki te gen gwo respè pou Bondye. Èske Bondye te reprimande yo poutèt yo te poze kesyon sa yo ki t ap trakase yo ? Okontrè, Jewova te twouve sa kòrèk pou l fè yo mete kesyon sensè yo te poze yo nan Pawòl li a. Jodi a, yon moun ki toujou ap mande rezon ki fè mechanste gaye toupatou kapab vrèman grangou espirityèlman, kidonk li kapab swaf jwenn repons ki twouve yo sèlman nan Bib la. Sonje Jezi te pale an byen de moun ki grangou nan domèn espirityèl, sa vle di ki “ konsyan yo pòv espirityèlman ”. (Matye 5:3.) Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou ede moun sa yo jwenn kè kontan Jezi te pwomèt y ap jwenn nan !

8. Ki ansèyman ki bay konfizyon ki konn fè moun yo kwè se Bondye ki lakòz soufrans, e kòman nou ka ede moun sa yo ?

8 Twazyèmman, nou ka bezwen ede moun nan wè Bondye pa responsab mechanste ki gaye toupatou nan monn nan. Yo anseye anpil moun se Bondye k ap dirije monn sa a, e yo fè konnen Bondye te gentan predestine tout bagay ki rive nan lavi yo lontan alavans, e li gen rezon moun pa konnen ki fè li lage kalamite sou lèzòm. Ansèyman sa yo pa ann amoni ak laverite. Yo dezonore Bondye e yo fè l pase pou moun ki lakòz mechanste ak soufrans ki nan monn nan. Donk, nou ka bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou korije rezònman konsa (2 Timote 3:16). Se pa Jewova ki chèf sistèm kòwonpi ki la kounye a, se Satan Ledyab (1 Jan 5:19). Jewova pa mete yon desten pou kreyati entèlijan l yo. Li ba yo chak libète ak posiblite pou yo chwazi ant sa ki bon ak sa ki pa bon, ant sa ki byen ak sa ki mal (Detewonòm 30:19). Epitou, mechanste pa janm soti nan Jewova, li rayi mechanste e li gen sousi pou moun inosan k ap soufri. — Jòb 34:10 ; Pwovèb 6:16-19 ; 1 Pyè 5:7.

9. Site kèk piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” mete a dispozisyon nou pou nou ede moun yo konprann rezon ki fè Jewova Dye pèmèt soufrans.

9 Yonfwa nou fin prepare teren an konsa, nou ka santi moun n ap pale avè l la vin pare pou l aprann rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans egziste toujou. “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” mete a dispozisyon nou yon kantite piblikasyon pou ede nou (Matye 24:45-47). Pa egzanp, nou te resevwa yon feyè ki gen tit Tout soufrans pral fini talè konsa ! nan kongrè distri “ Obeyisans ki onore Bondye ” a, ki te fèt an 2005/2006. Sa w panse si w ta chèche byen konnen sa ki ladan l ? Menm jan an tou, liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, ki pibliye kounye a an 157 lang, gen yon chapit ki trete kesyon enpòtan sa a. Sèvi ak piblikasyon sa yo otan sa posib. Piblikasyon sa yo esplike evènman Labib dekri yo byen klè, evènman ki te mennen nan kesyon souvrènte inivèsèl ki te soulve nan jaden Edenn nan, e yo esplike poukisa Jewova te trete kesyon sa a jan l te fè a. Pa bliye tou, pandan w ap pale avèk moun nan sou sijè sa a, se konesans ki pi enpòtan ki te ka egziste a w ap pèmèt li jwenn. Konesans sa a se konesans sou Jewova e sou kalite estrawòdinè l yo.

Mete aksan sou kalite Jewova yo

10. Poukisa anpil moun santi li difisil pou yo konprann rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans, e ki sa, si yo konnen l, ki ka ede yo ?

10 Pandan w ap ede moun yo konprann rezon ki fè Jewova pèmèt lèzòm dirije tèt yo poukont yo anba enfliyans Satan, chèche atire atansyon yo sou kalite estrawòdinè Jewova yo. Anpil moun konnen Jewova pisan paske yo abitye tande moun rele l Bondye toupisan. Sepandan, yo ka twouve li difisil pou yo konprann poukisa li pa itilize tout pisans li genyen an pou l mete yon fen nan enjistis ak soufrans tousuit. Petèt, yo manke konprann lòt kalite Jewova genyen tankou sentete, jistis, sajès ak lanmou. Jewova demontre kalite sa yo yon fason ki pafè e ki ekilibre. Se poutèt sa Labib di : “ Travay li bon nèt. ” ​(Detewonòm 32:4). Kòman w kapab mete aksan sou kalite sa yo pandan w ap reponn kesyon moun poze souvan sou sijè sa a ? Annou egzamine kèk egzanp.

11, 12. a) Poukisa li pa t posib pou Jewova padone Adan ak Èv lè yo te peche a ? b) Poukisa Jewova pap tolere peche nètale ?

11 Èske Jewova te ka annik padone Adan ak Èv ? Li pa t ap janm posib pou Bondye padone yo nan ka sa a. Antanke imen pafè, Adan ak Èv te chwazi pou yo rejte souvrènte Jewova, byenke yo te konnen konsekans aksyon sa a t ap pote, e yo te chwazi aksepte direksyon Satan pito. Nou pa etone wè rebèl sa yo pa t montre okenn siy repantans. Sepandan, lè moun yo mande poukisa Jewova pa t padone fot yo te fè a, yo kapab vle mande poukisa Jewova pa t annik bese nivo prensip li yo epi tolere peche ak rebelyon ki te vin egziste a. Repons kesyon sa a makònen ak yon kalite Jewova genyen ki esansyèl e ki vrèman natirèl lakay li : sentete li. — Egzòd 28:36 ; 39:30.

12 Labib mete aksan sou sentete Jewova plizyè santèn fwa. Sepandan, li tris pou nou wè se yon tikras moun nan sistèm kòwonpi sa a ki konprann kalite sa a. Jewova pwòp, li sen e li separe ak tout kalite peche (Izayi 6:3 ; 59:2). Jewova pran dispozisyon pou l kouvri peche e pou l efase l, men sa pa vle di l ap tolere l pou toutan. Si Jewova te vle tolere peche nètale, nou pa t ap gen esperans pou lavni (Pwovèb 14:12). Nan tan Jewova fikse pou sa, li pral fè tout kreyasyon an retounen vin sen ankò. Se yon bagay ki sèten, paske sa se volonte Sila ki sen an.

13, 14. Poukisa Jewova te deside pou l pa detwi rebèl yo ann Edenn ?

13 Èske Jewova te ka annik detwi rebèl yo ann Edenn epi pou l rekòmanse a zewo ? Sètènman Jewova gen pisans pou l te fè sa, e talè konsa, li pral itilize pisans sa a pou l detwi tout mechan. Kèk moun ka ap poze tèt yo kesyon sa yo : ‘ Poukisa li pa t fè sa lè se te twa moun sèlman ki te peche nan linivè ? Èske sa pa t ap anpeche peche gaye konsa ? Èske sa pa t ap anpeche tout kalamite nou wè nan monn nan ? ’ Poukisa Jewova pa t chwazi aji konsa ? Detewonòm 32:4 di : “ Tout chemen l se jistis. ” Aji avèk jistis se yon bagay ki gen yon enpòtans kapital pou Jewova. Anfèt, “ Jewova renmen jistis ”. (Sòm 37:28.) Se paske Jewova renmen jistis ki fè li pa t annik detwi rebèl yo ann Edenn. Sa k fè nou ka di se jistis Jewova gen lakay li ki te pouse l aji konsa ?

14 Rebelyon Satan an te vin soulve yon kesyon ki konsène dwa Jewova genyen pou l egzèse souvrènte l. Jistis Jewova te oblije l bay kesyon Satan an yon repons ki jis. Si l te egzekite rebèl yo tousuit, menmsi yo te merite sa, sa pa t ap bay repons ki jis la. Sa t apral bay yon lòt prèv se Jewova ki gen pisans ki pi elve a, men se pa t pisans li kesyon sa a te mete an dout. Anplis de sa, Jewova te fè Adan ak Èv konnen objektif li. Yo te dwe fè pitit, ranpli tè a, domine sou li epi fè tout kreyati sou tè a soumèt yo (Jenèz 1:28). Si Jewova te annik detwi Adan ak Èv, objektif li te fè konnen li gen pou lèzòm nan se t ap pale met la. Jistis Jewova pa t ap janm pèmèt bagay yo pase konsa, piske objektif li toujou reyalize. — Izayi 55:10, 11.

15, 16. Ki jan nou ta ka ede moun yo lè yo pwopoze kèk lòt “ solisyon ” pou pwoblèm ki te soulve ann Edenn nan ?

15 Èske gen yon moun nan linivè ki te ka regle pwoblèm nan avèk plis sajès pase Jewova ? Gen moun ki ka pwopoze “ solisyon ” pa yo pou pwoblèm rebelyon ki te gen ann Edenn nan. Sepandan, lè yo fè sa, èske se pa kòmsi y ap montre yo ta ka imajine pi bon fason pou yo rezoud pwoblèm sa a ? Petèt, se pa move entansyon yo genyen lè yo fè sa, men yo pa konnen kiyès Jewova ye e yo pa konnen sajès estrawòdinè li posede a. Lè apot Pòl t ap ekri kretyen Wòm yo, li te pale yon fason pwofon de sajès Bondye. Li te pale tou de “ sekrè sakre ” ki anrapò ak objektif Jewova genyen pou l itilize Wayòm mesyanik lan pou l bay moun ki fidèl yo delivrans e pou l sangtifye non Li ki sen. Ki jan Pòl te konsidere sajès Bondye, Bondye ki te mete objektif sa a anplas ? Nan fen lèt apot la, li te di pawòl sa yo : “ Pou Bondye, li menm sèl ki saj, laglwa pou li, pa mwayen Jezi Kris pou toutan. Amèn. ” — Women 11:25 ; 16:25-27.

16 Pòl te byen konprann se Jewova “ sèl ki saj ”, sètadi nan kesyon sajès, Jewova pa gen parèy nan linivè. Kiyès pami lèzòm enpafè ki ta ka vini avèk yon pi bon fason pou l regle kèlkeswa pwoblèm nan, alewè pou l ta rezoud pwoblèm ki pi difisil pou Bondye te rezoud grasa sajès li ? Se poutèt sa, nou bezwen ede moun yo pou yo vin gen krent pou Bondye ki “ gen sajès nan kè l ” la, menm jan nou menm nou gen krent pou li (Jòb 9:4). Plis nou byen konprann sajès Jewova, se plis n ap gen konfyans fason li regle pwoblèm yo se pi bon fason an. — Pwovèb 3:5, 6.

Ann apresye kalite prensipal Jewova a

17. Ki jan yon konesans ki pi apwofondi sou lanmou Jewova kapab ede moun ki aflije poutèt Bondye pèmèt soufrans ?

17 “ Bondye se lanmou. ” ​(1 Jan 4:8). Se avèk mo sa yo ki frapan, Labib idantifye kalite prensipal Jewova genyen an, kalite ki pi atiran pami tout lòt kalite li genyen e ki pi rekonfòtan pou moun ki santi yo aflije akoz mechanste ki gaye toupatou. Jewova montre lanmou li nan tout detay nan fason li aji pou l kontrekare efè ki terib e ki destriktè peche a genyen sou kreyasyon l lan. Lanmou te pouse Jewova bay desandan Adan ak Èv yo, ki pechè, yon esperans (Jenèz 3:15). Bondye te pèmèt yo pwoche bò kote l nan lapriyè e li te ba yo posiblite pou yo vin gen bon relasyon avè l. Lanmou te pouse Bondye bay yon ranson ki t apral ouvri chemen pou padone peche konplètman e pou restore lavi etènèl, lavi pafè (Jan 3:16). E lanmou pouse l pou l pasyan avèk lèzòm, pou l ba yo plis opòtinite posib pou yo rejte Satan e pou yo chwazi Jewova antanke Souvren yo. — 2 Pyè 3:9.

18. Ki sa nou kontan konprann, e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Yon lè, te gen yon pastè ki t ap pale devan yon piblik ki te rasanble pou komemore yon atak teworis fewòs. Li te di pawòl sa yo : “ Nou pa konnen rezon ki fè Bondye pèmèt mechanste ak soufrans toujou. ” Ala tris sa tris ! E nou menm, èske nou pa kontan konprann sijè sa a (Detewonòm 29:29) ? E kòm Jewova saj, li jis e li gen lanmou, nou konnen li pral mete yon fen nan tout soufrans talè konsa. Anfèt, li pwomèt pou l fè sa (Revelasyon 21:3, 4). Men, ki espwa ki genyen pou tout moun ki mouri pandan syèk ki pase yo ? Èske fason Jewova trete kesyon ki te soulve ann Edenn nan kite yo san espwa ? Non. Lanmou pouse Jewova pou l ba yo yon espwa grasa rezirèksyon. Se de sa nou pral pale nan atik ki vin apre a.

Ki jan nou ta reponn ?

• Ki sa nou ka di yon moun ki mande nou poukisa Bondye pèmèt soufrans ?

• Ki jan sentete Jewova ak jistis li te parèt byen klè nan fason li te trete ak rebèl yo ann Edenn ?

• Poukisa nou ta dwe ede moun yo rive gen yon konesans ki pi apwofondi sou lanmou Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Chèche ede moun ki aflije akoz soufrans ki gen nan monn nan.

[Foto nan paj 15]

Avèk senserite, David ak Abakouk, ki te fidèl, te poze Bondye yon seri kesyon.