Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo devwale rasin mal la

Yo devwale rasin mal la

Yo devwale rasin mal la

NAN premye syèk la, anpil Juif t ap tann moman kote Mesi yo te pwomèt la t apral rive (Jan 6:14). Lè Jezi vin parèt antanke Mesi, li pote rekonfò e li ede moun pi byen konprann Pawòl Bondye a. Li geri malad, li bay moun grangou manje, li metrize fòs ki gen nan lanati e li menm resisite mò (Matye 8:26 ; 14:14-21 ; 15:30, 31 ; Mak 5:38-43). Anplis, li pale pawòl Jewova e li ofri moun yo posiblite pou yo gen lavi etènèl (Jan 3:34). Nan sa Jezi te di e nan sa l te fè, li te demontre li se Mesi yo te pwomèt la, sila ki t apral libere limanite anba peche e anba tout move konsekans peche a antrene.

Nòmalman, se chèf relijye juif yo an premye ki te dwe akeyi Jezi, ki te dwe koute l, e ki te dwe aksepte suiv direksyon l ak kè kontan. Epoutan, se pa sa yo te fè. Olye de sa, yo te rayi l, yo te pèsekite l e yo te fè konplo pou yo touye l. — Mak 14:1 ; 15:1-3, 10-15.

Avèk rezon, Jezi te kondane move moun sa yo (Matye 23:33-35). Sepandan, li te rekonèt te gen yon lòt moun tou ki te responsab mechanste ki te nan kè yo a. Li te di yo : “ Nou menm, nou soti nan papa nou Dyab la, e nou vle akonpli volonte papa nou. Li menm, se yon asasen li te ye depi lè li te kòmanse, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske laverite pa nan li. Lè l ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti. ” ​(Jan 8:44). Malgre Jezi te rekonèt lèzòm kapab aji avèk mechanste, li te lonje dwèt sou rasin mechanste a, anpalan de Satan Ledyab.

Lè Jezi te di Satan “ pa t kenbe fèm nan laverite ”, Jezi te fè konnen te gen yon lè kreyati espirityèl sa a te yon sèvitè fidèl Bondye, men annapre, li te kite chemen ki dwat la. Men, poukisa Satan te rebele kont Jewova ? Ebyen, se paske li te bay tèt li twòp enpòtans jiskaske li te rive konvwate adorasyon ki rezève sèlman pou Bondye a *. — Matye 4:8, 9.

Rebelyon Satan an te parèt klè nan jaden Edenn nan, lè l te twonpe Èv e l te pouse l manje fwi Bondye te defann li manje a. Satan te vin fè tèt li tounen “ papa manti ” lè l te bay premye manti a e lè li te fè medizans sou Jewova. Yon lòt bò, lè l te sedui Adan ak Èv pou l fè yo dezobeyi Bondye, li te lakòz peche vin domine sou yo, sa ki finalman t apral rale lanmò ni sou yo ni sou desandan yo. Konsa, Satan vin fè tèt li tounen “ yon asasen ”, e vrèmanvre, li vin tounen asasen ki pi terib ki egziste. — Jenèz 3:1-6 ; Women 5:12.

Enfliyans mechan Satan genyen an te menm rive nan syèl la, kote Satan te enfliyanse kèk lòt zanj pou yo fè kò avè l nan rebelyon an (2 Pyè 2:4). Menm jan ak Satan, espri mechan sa yo te vin enterese nan lèzòm yon fason ki pa kòrèk. Sepandan, nan ka pa yo a, men ki fason yo te enterese nan lèzòm : yo te vin gen yon dezi seksyèl ki pa natirèl ki te vin bay move konsekans.

Mal la ranpli tè a

Men sa Labib di nou : “ Lè lèzòm te kòmanse vin anpil [...] e yo te vin fè pitit fi, lè sa a, pitit vrè Dye a genyen yo te vin remake pitit fi lèzòm yo, yo wè yo te bèl. E yo te pran yo pou madanm yo, sa vle di, yo te pran tout sa yo te chwazi yo. ” ​(Jenèz 6:1, 2). Kiyès sa yo ki te “ pitit vrè Dye a ” ? Se te kreyati espirityèl yo te ye, yo pa t moun tankou nou (Jòb 1:6 ; 2:1). Kòman nou fè konn sa ? Premyèman, sa te fè anviwon 1 500 an depi lèzòm t ap marye epoutan, yo pa t twouve l nesesè pou yo pale de maryaj sa yo. Donk, lefètke yo te atire atansyon sou inyon “ pitit vrè Dye ” yo ki te pran fòm kò moun e ki te pran “ pitit fi lèzòm yo ” pou madanm, li evidan, istwa a vle pale de yon bagay ki pa t janm fèt anvan sa, yon bagay ki pa nòmal.

Timoun ki te vin fèt nan inyon sa yo montre aklè inyon sa yo pa t nòmal. Yo te rele yo “ Nefilim ”, e se te yon ras melanje yo te ye. Yo te grandi jiskaske yo vin jeyan, epitou yo te konn itilize fòs yo pou yo britalize moun. Anfèt, mo “ Nefilim ” nan vle di “ moun k ap vide moun atè ”. Yo te dekri yo kòm “ moun ki te gen fòs nan tan lontan yo, mesye selèb yo ”. — Jenèz 6:4, nòt anba paj.

Nefilim yo ak papa yo te fè mechanste a rive nan yon nivo ki pa t janm egziste anvan sa. Selon Jenèz 6:11, ‘ latè te fin pèvèti nan je vrè Dye a e li te vin ranpli ak vyolans ’. Vrèmanvre, lèzòm te vin adopte konduit vyolan, konduit deprave mesye sa yo ki pa t gen lontan depi yo te sou tè a.

Kòman Nefilim yo avèk papa yo te fè egzèse yon enfliyans ki pisan konsa sou lèzòm ? Yo te fè sa, lè yo te jwe sou tandans ak dezi lèzòm genyen pou yo fè peche. Ki rezilta sa te bay ? “ Tout chè te pèvèti chemen yo sou tè a. ” Finalman, Jewova te detwi monn sa a nan yon gwo delij, kote l te epaye sèlman Noye, ki te jis, ansanm ak fanmi l (Jenèz 6:5, 12-22). Sepandan, zanj ki te pran fòm kò moun yo te retounen nan syèl la, men, yo pa t gen favè Bondye ankò. Antanke demon ki rabese, yo kontinye opoze ak Bondye e yo kontinye opoze ak tout zanj li yo ki fidèl e ki jis. Sanble depi lè sa a, Bondye entèdi espri mechan sa yo pou yo pran fòm kò moun ankò (Jid 6). Men, yo toujou gen yon gwo enfliyans sou lèzòm.

Yo devwale mechan an aklè

Nan 1 Jan 5:19, yo fè nou konnen nan ki degre enfliyans mechan Satan genyen an rive. Men sa l di : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” Dyab la ap dirije limanite nan yon tanpèt malè ki pa sispann agrave. Anfèt, li pi deside kounye a pase tout lè pou l fè moun mal. Sa k fè sa ? Paske apre Wayòm Bondye a te fin etabli an 1914, yo te mete Satan deyò nan syèl la ak tout demon yo. Men sa Bib la te predi konsènan evènman sa a : “ Malè pou latè [...] paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout. ” ​(Revelasyon 12:7-12). Donk, kòman Satan egzèse enfliyans li sou limanite jodi a ?

Satan fè sa prensipalman lè li ankouraje yon etadespri ki dirije fason moun yo panse ak fason yo aji. Se nan sans sa a Efezyen 2:2 rele Dyab la “ chèf otorite lè a, lespri [oswa, etadespri ki fò anpil] k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo ”. Olye pou “ lè ” demonyak sa a ankouraje moun gen lakrentif pou Bondye e olye pou l ankouraje yo fè sa ki byen, li pouse moun yo rebele kont Bondye e kont prensip li yo. Konsa, Satan ak demon l yo ankouraje lèzòm nan mechanste y ap fè yo e yo fè lèzòm fè mechanste sa yo yon fason ki pi fewòs.

“ Prezève kè w ”

Yon fason “ lè ” sa a parèt se pa mwayen flewo pònografi a, ki pwovoke dezi seksyèl ki pa kòrèk e ki fè konpòtman ki pa nòmal yo vin parèt atiran (1 Tesalonisyen 4:3-5). Vyòl, zak sadik, gang k ap vyole moun, moun ki fè sèks ak bèt, abi seksyèl sou timoun se kèk nan bagay pònografi fè parèt amizan. Menm nan fòm ki mwens grav yo, pònografi a fasil fè moun vin esklav e li nui moun ki gade l oswa ki li l. Li kapab fè yo vin tounen moun ki pran abitid chèche yon plezi seksyèl nan gade kò moun ki toutouni oubyen nan gade moun k ap patisipe nan zak seksyèl *. Se yon bagay mal ki nui ni relasyon moun genyen ak lòt moun, ni relasyon moun genyen ak Bondye. Pònografi a reflete mantalite deprave demon yo k ap ankouraje l, e demon sa yo se rebèl ki te gen dezi seksyèl ki pa kòrèk depi anvan delij epòk Noye a.

Salomon, yon moun ki saj, te bay konsèy sa a, yon konsèy ki apwopriye : “ Plis pase tout lòt bagay yon moun dwe prezève, prezève kè w, paske se nan li sous lavi a chita. ” ​(Pwovèb 4:23). Anfèt, prezève kè w anba pyèj pònografi a ka vle di chanje chèn televizyon oswa etenn òdinatè a sizoka imaj ki eksitan ta parèt. E li enpòtan pou w aji vit e avèk detèminasyon ! Konsidere tèt ou kòm yon sòlda ki konnen y ap vize l nan kè e k ap chèche pwoteje kè l. Satan ap vize kè senbolik ou, sètadi kote motivasyon w yo ak dezi w yo chita, e l ap chèche kòwonp li.

Ou dwe pwoteje kè w tou kont lanmou pou zak vyolans, paske Dyab la konnen “ kèlkeswa moun ki renmen vyolans, [Jewova] rayi l vrèman ”. (Sòm 11:5.) Satan pa oblije fè w fè vyolans pou l fè w vin tounen yon ènmi Bondye. Li sèlman bezwen fè w kiltive lanmou pou vyolans. Se pa paraza vyolans, ki konn gen espiritis ladan l, gaye anpil nan radyo, televizyon, jounal ak Entènèt. Nefilim yo pa la ankò, men tanperaman yo ak konpòtman yo la pi rèd toujou. Èske sa w chwazi kòm detant demontre w ap reziste kont manèv Satan yo ? — 2 Korentyen 2:11.

Fason nou ka reziste kont enfliyans mechan Satan an

Li ka parèt trè difisil pou nou goumen kont fòs mal la. Labib fè nou konnen moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo fè Bondye plezi yo ap mennen yon doub konba. Nonsèlman y ap goumen kont pwòp enpèfeksyon lachè yo, men tou, yo ‘ gen yon lit y ap mennen, [...] kont fòs espirityèl mechan yo ’. Pou nou ka ranpòte laviktwa e pou nou gen favè Bondye, nou bezwen tire pwofi nan pakèt dispozisyon Bondye pran pou nou. — Efezyen 6:12 ; Women 7:21-25.

Dispozisyon sa yo gen ladan yo lespri sen Bondye, fòs ki pi pisan ki egziste nan linivè a. Men sa apot Pòl te ekri kretyen premye syèk yo : “ Se pa lespri monn nan nou resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye. ” ​(1 Korentyen 2:12). Moun lespri Bondye ap dirije vin gen lanmou pou sa Bondye renmen e yo vin gen lahèn pou sa Bondye rayi (Amòs 5:15). Ki jan yon moun ka resevwa lespri sen ? Li ka resevwa l prensipalman lè l priye, lè l etidye Labib (dayè Labib se lespri sen ki pwodui l) e lè l gen bonjan frekantasyon, sètadi lè l frekante moun ki vrèman renmen Bondye. — Lik 11:13 ; 2 Timote 3:16 ; Ebre 10:24, 25.

Lè w tire pwofi nan dispozisyon sa yo Bondye pran, ou kòmanse abiye ak “ tout ekipman konba Bondye bay la ” e se sèl pwoteksyon ki sèten ou ka genyen kont “ manèv Dyab la ”. (Efezyen 6:11-18.) Li pi ijan jodi a pase nenpòt lòt lè pou nou itilize dispozisyon sa yo anplen. Sa k fè sa ?

Lè pou mal la pa la ankò a rive

Men sa yon salmis di : “ Lè mechan yo ap boujonnen tankou plant, e lè tout moun k ap pratike sa ki mal ap fleri, se pou yo ka aneyanti pou toutan. ” ​(Sòm 92:7). Wi, jan sa te pase nan epòk Noye a, lefètke mal la ap vale teren jodi a, se yon prèv ki montre jijman Bondye a pa lwen rive. Se pa yon jijman k ap fèt sèlman kont moun ki mechan yo, men tou, se pral yon jijman kont Satan ak demon l yo, yo menm yo pral lage nan yon abim kote yo pap aktif, annatandan destriksyon final yo (2 Timote 3:1-5 ; Revelasyon 20:1-3, 7-10). Kiyès ki pral egzekite jijman sa a ? Se pa lòt moun, se Jezi Kris, e konsènan li menm, men sa nou li : “ Se nan bi sa a ki fè Pitit Gason Bondye a te parèt aklè : pou l kraze travay Dyab la. ” — 1 Jan 3:8.

Èske w swaf pou mal la pa la ankò ? Nan ka sa a, ou ka jwenn rekonfò nan pwomès ki gen nan Bib la. Pa gen lòt liv ki devwale vrè sous mal la, anpalan de Satan, e pa gen okenn lòt liv ki montre ki jan li menm ansanm ak zèv mechan l yo pral detwi finalman. Nou ankouraje w chèche gen konesans egzak nan Bib la yon fason pou w pwoteje tèt ou kont enfliyans mechan Satan an depi kounye a e pou w kenbe espwa pou w viv nan yon monn ki debarase ak enfliyans mal la. — Sòm 37:9, 10.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Moun pa konnen ki non zanj ki vin tounen Satan an te genyen anvan sa. Mo “ Satan ” an vle di “ opozan ” e mo “ Dyab ” la vle di “ medizan ”. Sou kèk aspè, konduit Satan sanble ak konduit ansyen wa peyi Ti a (Ezekyèl 28:12-19). Okòmansman, toule de te byen derape, men apre sa, yo te vin viktim pwòp ògèy yo.

^ § 17 Gade seri atik “ La pornographie : inoffensive ou néfaste ? ” ki te parèt nan Réveillez-vous ! 22 jiyè 2003. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

[Kare/Foto nan paj 6]

Kèk lejann ki baze sou istwa reyèl

Nan lejann tan lontan yo ki gaye nan lemonnantye, nou jwenn istwa sou yon seri demi dye, sou jeyan e sou yon delij ki te lakòz gwo dezas. Pa egzanp, gen yon powèm babilonyen byen long sou Gilgamèch, ki pale de yon delij, de yon bato e ki pale de moun ki chape vivan. Yo te dekri Gilgamèch kòm yon pèsonaj ki imoral, ki vyolan, kòm yon demi dye, sa vle di mwatye dye, mwatye moun. Nan lejann aztèk la, yo pale de yon monn ansyen kote moun ki jeyan te abite, e yo pale de yon gwo delij. Yon lejann ki soti nan zòn Nòvèj dekri yon ras moun ki jeyan e li pale de yon mesye ki saj ki rele Bèjèlmi ki te konstwi yon gwo bato e ki te sove tèt li ak madanm li. Lè nou pran temwayaj ki soti nan tout lejann sa yo, nou mete yo ansanm, sa vin kore temwayaj Bib la ki fè konnen tout moun se desandan moun ki te chape nan yon delij ki te detwi yon monn mechan nan tan lontan.

[Foto]

Wòch plat ki gen powèm sou Gilgamèch la.

[Liy kredi]

The University Museum, University of Pennsylvania (neg. # 22065)

[Foto nan paj 5]

Moun yo jodi a gen menm tanperaman ak Nefilim yo.

[Foto nan paj 7]

Konesans egzak la fòtifye nou kont enfliyans mal la.