Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo pwospere espirityèlman pandan cheve yo gri

Yo pwospere espirityèlman pandan cheve yo gri

Yo pwospere espirityèlman pandan cheve yo gri

“ Moun ki plante nan mezon Jewova [...] ap kontinye pwospere toujou pandan cheve yo gri. ” — SÒM 92:13, 14.

1, 2. a) Ki jan byen souvan yo dekri vyeyès ? b) Ki sa Ekriti yo pwomèt anrapò ak efè peche Adan an ?

VYEYÈS. Ki sa k vin nan tèt ou lè w tande mo sa a ? Èske l fè w panse ak moun po yo fè pli ? Ak moun ki tande di ? Ak moun ki gen bra yo ak janm yo ki febli ? Oswa, èske l raple w yon lòt aspè nan “ jou dezagreyab ” yo dekri an detay, yon fason ki frapan, nan Eklezyas 12:1-7 ? Si se bagay konsa l raple w, li enpòtan pou nou sonje deskripsyon nou jwenn nan Eklezyas chapit 12 la pa pale de kondisyon moun k ap pran laj jan Jewova Dye, Kreyatè nou an, te prevwa sa okòmansman, men li dekri l kòm konsekans peche Adan an gen sou kò lòm. — Women 5:12.

2 Pran laj poukont pa l pa yon malediksyon, paske fòk ane yo pase pou moun ka kontinye viv. Anfèt, tout sa ki vivan dwe grandi e yo dwe atenn matirite, se yon bagay ki nòmal. Talè konsa, ravaj sis mil an peche ak enpèfeksyon fè, ravaj nou konstate ki fèt toutotou nou, pral disparèt. Lè sa a, tout moun ki obeyisan pral pwofite lavi a jan Jewova te prevwa sa, sètadi san soufrans ki mache ak vyeyès ak lanmò (Jenèz 1:28 ; Revelasyon 21:4, 5). Lè sa a,“ pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’ ” ​(Izayi 33:24). Moun aje yo pral rejwenn “ vigè jenès ” yo e chè yo pral ‘ vin pi fre pase lè yo te jèn ’. (Jòb 33:25.) Sepandan, pou kounye a, tout moun dwe lite ak efè peche nou eritye nan Adan an. Men, sèvitè Jewova yo jwenn benediksyon yon fason ki espesyal ofiramezi laj ap antre sou yo.

3. Ki jan kretyen yo kapab “ kontinye pwospere toujou pandan cheve yo gri ” ?

3 Pawòl Bondye a ban nou asirans “ moun ki plante nan mezon Jewova [...] ap kontinye pwospere toujou pandan cheve yo gri ”. (Sòm 92:13, 14.) Nan yon langaj senbolik, salmis la bay verite fondamantal sa a kote l fè konnen sèvitè fidèl Bondye yo kapab kontinye pwogrese e yo kapab kontinye pwospere espirityèlman, menmsi fizikman y ap bese. Gen anpil egzanp biblik ak egzanp nan epòk n ap viv la ki pwouve sa.

“ Li pa t janm pa nan tanp lan ”

4. Ki jan pwofetès Àn, ki te aje, te demontre atachman l pou Bondye, e ki rekonpans li te jwenn ?

4 Annou egzamine egzanp pwofetès Àn. Aktout li te gen 84 an, “ li pa t janm pa nan tanp lan, li te toujou ap bay Bondye yon sèvis sakre, lajounen kou lannuit, avèk jèn ak siplikasyon ”. Lefètke papa Àn pa t yon Levit, e li te soti nan “ tribi Achè ”, Àn pa t ka abite nan tanp lan. Imajine tout efò Àn te bezwen fè pou l te kapab nan tanp lan chak jou soti nan moman y ap fè sèvis nan maten pou rive nan moman y ap fè sèvis nan aswè ! Sepandan, poutèt atachman Àn te gen pou Bondye, li te jwenn yon rekonpans espesyal. Li te gen privilèj pou l la lè Jozèf ak Mari te mennen Jezi nan tanp lan, etan l te bebe, pou yo prezante l devan Jewova ann amoni ak sa Lalwa te egzije. Lè Àn te wè Jezi, “ li te kòmanse di Bondye mèsi e li te kòmanse pale de tibebe a devan tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm ”. — Lik 2:22-24, 36-38 ; Nonb 18:6, 7.

5, 6. Jodi a, ki jan anpil moun ki aje demontre yon etadespri ki sanble ak pa Àn nan ?

5 Anpil moun ki aje pami nou jodi a sanble ak Àn nan fason yo asiste reyinyon yo regilyèman, nan siplikasyon sensè yo fè pou avansman vrè adorasyon an, e nan fason yo swaf pou yo preche bon nouvèl la. Gen yon frè ki nan zòn 80 an yo, ki asiste reyinyon yo regilyèman avèk madanm li, ki te di : “ Nou pran abitid pou nou ale nan reyinyon yo. Pa gen okenn lòt kote nou ta renmen ye. Kote pèp Bondye a ye, se la nou vle ye. Se la nou santi nou alèz. ” Se vrèman yon egzanp ki ankourajan pou tout moun ! — Ebre 10:24, 25.

6 Jeanne, yon kretyèn ki vèv ki depase 80 an, toujou di pawòl sa yo : “ Mwen vle patisipe nan kèlkeswa aktivite espirityèl mwen gen posiblite pou m patisipe ladan l. ” Men sa l kontinye pou l di : “ Natirèlman, gen moman kote m tris, men poukisa pou tout moun ki bò kote m oblije tris lè m tris ? ” Je l t ap briye pandan li t ap esplike ki jan li te jwenn kè kontan etan l t ap vizite lòt peyi nan kad evènman espirityèl ki fòtifye lafwa moun. Pandan li t ap vwayaje sa pa gen twò lontan, li te di moun ki te avè l yo : “ Sa pa enterese m pou m vizite zòn touristik ankò. Se preche m vle al preche ! ” Byenke Jeanne pa t pale lang yo pale nan zòn kote l te ye a, li te rive fè moun yo enterese nan mesaj ki gen nan Bib la. Anplis, pandan plizyè ane, li te kowopere ak yon kongregasyon ki te bezwen èd, menmsi sa te mande pou l aprann yon nouvo lang e pou l te fè inèdtan sou wout chak fwa l t apral nan reyinyon e chak fwa l t ap retounen.

Yo kenbe lespri yo aktif

7. Ki jan Moyiz te eksprime dezi li genyen pou l ranfòse relasyon l avèk Bondye pandan l te aje ?

7 Se ofiramezi tan ap pase, yon moun vin gen eksperyans nan lavi a (Jòb 12:12). Sepandan, pwogrè nan domèn espirityèl pa vini avèk laj otomatikman. Se poutèt sa, olye pou sèvitè fidèl Bondye yo annik konte sou yon rezèv konesans yo te genyen depi lontan, yo fè efò pou yo “ ogmante konesans ” yo genyen ofiramezi tan ap pase (Pwovèb 9:9). Lè Jewova te nome Moyiz pou yon sèvis espesyal, li te gen 80 an (Egzòd 7:7). Sanble nan epòk Moyiz la, se te yon bagay ki te ra pou yon moun viv tout tan sa a, paske men sa li te ekri : “ Jou ane nou yo an yo menm se swasanndizan, e [...] grasa yon fòs espesyal yo rive katreventan. ” ​(Sòm 90:10). Epoutan, Moyiz pa t janm santi l te twò aje pou l aprann. Apre Moyiz fin pase plizyè dizèn ane ap sèvi Bondye, kote li te jwi anpil privilèj e kote l te gen gwo responsablite, men jan l te sipliye Jewova : “ Fè mwen konnen chemen w yo souple, pou mwen ka konnen w. ” ​(Egzòd 33:13). Se atò Moyiz te anvi ranfòse relasyon l avèk Jewova.

8. Ki jan Dànyèl te kenbe lespri l aktif alòske li te depase 90 an, e ki rezilta sa te bay ?

8 Pwofèt Dànyèl, sandout, ki te depase 90 an, te kontinye ap etidye ekriti sakre yo epi li te kontinye ap medite sou yo. Sa l te rive konprann pa mwayen etid li te fè nan “ liv yo ”, petèt liv tankou Levitik, Izayi, Jeremi, Ocheya ak Amòs, te pouse l chèche Jewova nan priyè l te fè ak tout kè l (Dànyèl 9:1, 2). Jewova te reponn priyè sa a lè l te bay Dànyèl enfòmasyon enspire konsènan vini Mesi a te gen pou l vini an e konsènan avni adorasyon ki sen an. — Dànyèl 9:20-27.

9, 10. Ki sa kèk moun fè pou yo kenbe lespri yo aktif ?

9 Menm jan ak Moyiz avèk Dànyèl, nou ka fè bonjan efò pou nou kenbe lespri nou aktif, lè nou rete konsantre sou kesyon espirityèl toutotan nou kapab. Gen anpil moun ki fè sa. Worth se yon ansyen ki depase 80 an. Li fè efò pou l rete ajou ak manje espirityèl “ esklav fidèl ki prevwayan ” an bay (Matye 24:45). Men sa l di : “ Mwen renmen laverite ak tout kè m, e mwen kontan anpil pou m wè ki jan limyè laverite a ap vin klere chak jou pi plis. ” ​(Pwovèb 4:18). Menm jan an tou, Fred, ki gen plis pase 60 an nan sèvis aplentan, twouve se yon bagay ki vrèman ankourajan pou l kòmanse konvèsasyon sou Labib ak frè ak sè espirityèl li yo. Men sa l di : “ Mwen dwe fè Labib toujou ret vivan nan lespri m. Si w ka fè Labib vin vivan pou ou, sa vle di si w ka konprann sans li, e si w ka rantre sa w ap aprann yo nan ‘ modèl pawòl ki pwofitab yo ’, lè sa a, enfòmasyon ou genyen yo, se pap annik enfòmasyon ki gaye adwat agoch san w pa fè lyen ant youn ak lòt. Ou vin kapab wè ki jan chak enfòmasyon met ansanm pou fòme yon bèl imaj. ” — 2 Timote 1:13.

10 Se pa fòseman paske yon moun antre nan laj ki fè li pa ka aprann bagay ki nouvo e ki difisil. Gen moun ki depase 60, 70 e menm 80 ane ki rive aprann li oswa ki aprann pale lòt lang. Gen Temwen Jewova ki fè sa nan objektif pou yo pataje bon nouvèl la ak moun ki pa gen menm nasyonalite avèk yo (Mak 13:10). Harry ak madanm li te fon nan swasantèn yo lè yo te deside bay èd yo nan yon tèritwa ki gen moun ki pale pòtigè. Men sa Harry di : “ Mwen admèt sa, kèlkeswa sa yon moun vle fè nan lavi a, li vin pi difisil tank l ap pran laj. ” Sepandan, grasa efò yo te fè ak pèsistans yo te genyen, yo te vin kapab kondui etid biblik an pòtigè. Kounye a, sa fè plizyè ane depi Harry ap bay diskou an pòtigè nan kongrè distri.

11. Poukisa nou bezwen konsidere sa kèk moun aje ki fidèl te rive akonpli ?

11 Natirèlman, se pa tout moun ki gen sante ak posiblite pou yo leve defi konsa. Nan ka sa a, poukisa nou bezwen konsidere sa kèk moun aje te rive akonpli ? Sètènman se pa pou nou envite tout moun fè efò pou yo rive fè egzakteman menm bagay avèk yo. Depreferans, sa ale ak sa apot Pòl te ekri kretyen ebre yo pou yo fè anrapò ak ansyen nan kongregasyon yo ki te fidèl, lè l te di yo : “ Pandan n ap obsève sa konduit yo bay, imite lafwa yo. ” ​(Ebre 13:7). Lè nou medite sou egzanp moun sa yo ki gen zèl, nou ka santi nou ankouraje pou nou imite lafwa solid ki motive moun aje sa yo nan sèvis y ap bay Bondye. Harry, ki gen 87 an kounye a, esplike sa ki motive l. Men sa l di : “ Mwen ta renmen sèvi ak rès ane mwen rete yo avèk sajès e mwen ta renmen rann tèt mwen itil otan m kapab nan sèvis Jewova. ” Fred, nou te mansyone pi wo a, jwenn anpil satisfaksyon nan sèvis l ap akonpli nan Betèl. Men sa l di : “ Ou bezwen jwenn meyè fason w ka sèvi Jewova e w bezwen kontinye sèvi l fason sa a. ”

Yo gen atachman pou Bondye menm lè sitiyasyon yo chanje

12, 13. Ki jan Bazilayi te demontre li gen atachman pou Bondye malgre sitiyasyon l te chanje ?

12 Li ka difisil pou yon moun rive aksepte chanjman k ap fèt lakay li nan domèn fizik e pou l rive viv avèk yo. Sepandan, li kapab demontre atachman pou Bondye malgre chanjman sa yo. Bazilayi, yon Gileyadit se yon bèl egzanp nan domèn sa a. A 80 an, li te demontre yon ospitalite estrawòdinè pou David ak lame l la, li te ba yo manje ak kote pou yo dòmi nan moman rebelyon Absalòm nan. Lè David ak mesye l yo t ap retounen Jerizalèm, Bazilayi te akonpaye yo rive bò rivyè Jouden an. David te ofri Bazilayi posiblite pou l vin fè pati lakou wayal li a. Ki jan Bazilayi te reponn ? “ Mwen gen katreven ane jodi a. [...] Èske sèvitè w la ka apresye gou sa m ta manje oswa sa m ta bwè, oswa èske mwen ka koute vwa gason ak fi k ap chante ankò ? [...] Men Kimam, sèvitè w la. Kite l travèse avèk wa a, seyè m nan, e w a fè tout sa w wè ki bon pou li. ” — 2 Samyèl 17:27-29 ; 19:31-40.

13 Byenke sitiyasyon Bazilayi te chanje, li te fè tout sa l te kapab pou l soutni wa Jewova etabli a. Menmsi li te rekonèt kapasite l te genyen pou l pran gou manje e pou l tande pa t menm jan yo te ye anvan, sa pa t fè l egri poutèt sa. Depreferans, Bazilayi te montre ki kalite moun li te ye nan kè l lefètke l te rekòmande san egoyis pou Kimam te resevwa byenfè yo te ofri l yo. Gen anpil moun aje jodi a, ki gen yon etadespri ki menm jan ak Bazilayi, yo pa egoyis e yo donan. Yo fè tout sa yo kapab pou yo soutni vrè adorasyon an, paske yo konnen “ se nan sakrifis konsa Bondye pran plezi ”. Ala yon benediksyon sa ye pou nou gen moun fidèl sa yo nan mitan nou ! — Ebre 13:16.

14. Ki jan lefètke David te aje, sa bay pawòl ki nan Sòm 37:23-25 yo plis sans ?

14 Byenke sitiyasyon David te chanje plizyè fwa ofiramezi ane yo t ap pase, li te toujou gen konviksyon sousi Jewova gen pou sèvitè fidèl li yo pa janm chanje. Lè David te rive nan fen vi l, li te konpoze chan nou jwenn nan Sòm 37 jodi a. Imajine David, hap li nan men l, k ap medite e k ap chante pawòl sa yo : “ Jewova prepare pa yon gason vanyan, e Li pran plezi nan chemen l. Menmsi l ta tonbe, li pap vide atè, paske Jewova ap soutni men l. Mwen te yon jèn gason, apre sa mwen vin vyeyi. Epoutan mwen pa wè okenn moun jis ki abandone konplètman, ni m pa wè desandan li ap chèche pen. ” ​(Sòm 37:23-25). Jewova te twouve l apwopriye pou l fè referans ak laj David nan sòm enspire sa a. Sa vrèman fè pawòl touchan sa yo gen fòs !

15. Ki jan apot Jan kite yon bèl egzanp moun ki fidèl malgre sitiyasyon l te chanje e malgre li te vyeyi ?

15 Apot Jan se yon lòt bèl egzanp moun ki fidèl malgre sitiyasyon l te chanje e malgre l te aje. Apre Jan te fè prèske 70 an ap sèvi Bondye, li te vin egzile nan zile Patmòs ‘ poutèt li t ap pale de Bondye e li t ap rann temwayaj konsènan Jezi ’. (Revelasyon 1:9.) Sepandan, travay li potko fini. Anfèt, tout sa Jan te ekri nan Bib la, se nan fen lavi l li te ekri yo. Pandan li te Patmòs, li te resevwa vizyon nou jwenn nan liv Revelasyon an, yon vizyon ki enpresyonan li te ekri avèk swen (Revelasyon 1:1, 2). Selon sa yo panse an jeneral, egzil li te pran fen pandan rèy yon anperè women ki te rele Nèva. Apre sa, nan zòn ane 98 nan epòk nou an, Jan te ekri Evanjil li a ansanm ak twa lèt ki pot non l yo. Petèt nan epòk sa a, li te gen 90 an oswa 100 an.

Yon andirans ki pap janm blaze

16. Ki jan moun ki pèdi nan kapasite yo genyen pou yo kominike demontre atachman yo pou Jewova ?

16 Moun aje yo konn nan sitiyasyon ki limite yo divès fason e nan divès degre. Pa egzanp, gen kèk moun ki pèdi nan kapasite yo genyen pou yo kominike. Sepandan, bèl souvni lanmou Bondye ak bonte li moun pa merite se bagay yo toujou cheri. Se vre yo limite nan sa yo kapab di avèk bouch yo, men nan kè yo y ap di Jewova : “ Ala renmen mwen renmen lwa w ! Tout lajounen li nan lespri m. ” ​(Sòm 119:97). Jewova, bò kote pa l, konn moun “ k ap panse a non l ”, e li remake nan ki pwen moun sa yo diferan parapò ak pifò moun nan limanite ki pa gen enterese nan chemen l yo (Malaki 3:16 ; Sòm 10:4). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan pou nou konnen Jewova pran plezi nan sa n ap medite nan kè nou ! — 1 Kwonik 28:9 ; Sòm 19:14.

17. Ki sa moun k ap sèvi Jewova depi lontan yo akonpli ki vrèman san parèy ?

17 Nou pa dwe bliye moun k ap sèvi Jewova fidèlman depi plizyè dizèn ane akonpli yon bagay ki vrèman san parèy, yon bagay yo pa ka rive genyen okenn lòt fason, sètadi repitasyon yo genyen pou andirans yo ki pap janm blaze. Men sa Jezi te di : “ Grasa andirans nou, n ap rive genyen nanm nou. ” ​(Lik 21:19). Li esansyèl pou yon moun andire pou l jwenn lavi etènèl. Nou menm ki “ fè volonte Bondye ” e ki pwouve fidelite nou pandan tout vi nou, nou kapab tann pou nou jwenn “ akonplisman pwomès la ”. — Ebre 10:36.

18. a) Ki sa Jewova kontan wè nan moun ki aje yo ? b) Ki sa nou pral konsidere nan atik ki vin apre a ?

18 Jewova bay sèvis ou ba l ak tout nanm ou an anpil valè, kèlkeswa sa w ka fè a anpil oswa l pa anpil. Kèlkeswa sa k ka rive ‘ moun ou ye pa deyò a ’ pandan w ap vyeyi, ‘ moun ou ye pa anndan an ’ kapab kontinye renouvle chak jou (2 Korentyen 4:16). Pa gen dout nan sa, Jewova apresye sa w te akonpli anvan yo, men tou li klè li apresye sa w ap fè kounye a pou non li (Ebre 6:10). Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kokenn efè yon fidelite konsa ka genyen.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki bèl egzanp Àn kite pou kretyen aje k ap viv jodi a ?

• Poukisa laj pa limite yon moun nèt nan sa l ka akonpli ?

• Ki jan moun ki aje yo kapab kontinye demontre atachman yo pou Bondye ?

• Ki jan Jewova konsidere sèvis moun ki aje yo ba li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Dànyèl, ki te aje, te disène kantite tan Jida t ap gen pou l pase ann egzil, grasa “ liv yo ”.

[Foto nan paj 27]

Gen anpil moun aje ki sèvi egzanp dèske yo asiste reyinyon yo regilyèman, yo preche avèk zèl e yo swaf aprann.