Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova bay obeyisans nou anpil valè

Jewova bay obeyisans nou anpil valè

Jewova bay obeyisans nou anpil valè

“ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan. ” — PWOVÈB 27:11.

1. Ki etadespri ki gaye nan monn nan jodi a ?

GEN yon etadespri endepandans ak dezobeyisans ki gaye nan monn nan jodi a. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Efèz yo, li te esplike rezon ki fè bagay yo konsa. Men sa l di : “ Te gen yon lè se nan bagay sa yo nou t ap mache, selon sistèm de choz monn sa a, selon chèf otorite lè a, lespri k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo. ” ​(Efezyen 2:1, 2). Wi, nou ka di Satan Ledyab, “ chèf otorite lè a ”, enfekte lemonnantye ak etadespri dezobeyisans lan. Li te fè sa nan premye syèk la, e li kontinye fè sa plis toujou, depi yo fin pimpe l sot nan syèl la nan epòk Premye Gè mondyal la. — Revelasyon 12:9.

2, 3. Pou ki rezon nou dwe obeyi Jewova ?

2 Sepandan, antanke kretyen, nou konnen Jewova Dye merite pou nou obeyi l ak tout kè nou. Paske se li ki Kreyatè nou, se li ki ban nou sa n bezwen pou nou viv, se li ki Souvren nou ki renmen nou an e se li ki Sovè nou (Sòm 148:5, 6 ; Travay 4:24 ; Kolosyen 1:13 ; Revelasyon 4:11). Izrayelit nan epòk Moyiz la te konnen se Jewova ki te ba yo lavi e se li menm ki te sove yo. Se pou sa Moyiz te di yo : “ Nou dwe veye pou nou fè egzakteman jan Jewova Bondye nou an ban nou lòd pou nou fè. ” ​(Detewonòm 5:32). Wi, Jewova te merite pou yo obeyi l. Poutan, yo pa t tann anpil tan pou yo te dezobeyi Souvren yo a.

3 Nan ki pwen li enpòtan pou nou obeyi Kreyatè linivè a ? Yon lè, Bondye te fè pwofèt Samyèl di wa Sayil pawòl sa yo : “ Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis. ” ​(1 Samyèl 15:22, 23). Sa k fè sa ?

Rezon ki fè “ Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis ”

4. Nan ki sans nou ka bay Jewova yon bagay ?

4 Piske se Jewova ki Kreyatè a, tout bagay materyèl nou posede deja pou li. Si se konsa, èske gen yon bagay nou ka ba li ? Wi, nou ka ba li yon bagay ki gen anpil valè. Ki sa l ye ? Nou ka jwenn repons lan nan egzòtasyon sa a ki di : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” ​(Pwovèb 27:11). Yon bagay nou ka bay Bondye se obeyisans nou. Byenke nou tout pa nan menm sitiyasyon e nou pa t fè menm eksperyans, men lè nou obeyisan, nou chak nou ka reponn akizasyon malveyan Satan Ledyab te fè a, lè l te di lèzòm pap rete fidèl lè yo anba eprèv. Ala yon gwo privilèj nou genyen !

5. Ki jan lè yon moun dezobeyi Kreyatè a sa gen yon efè sou li ? Bay yon egzanp.

5 Bondye enterese nan desizyon n ap pran. Si nou dezobeyi l, sa gen yon efè sou li. Kòman ? Sa fè l mal pou l wè yon moun adopte yon konduit ki pa saj (Sòm 78:40, 41). Ann sipoze yon moun ki fè sik pa ta suiv yon rejim yo rekòmande l k ap bon pou sante l, epi li pran abitid manje sa k pa bon pou li. Ki jan doktè l ki gen sousi pou li t ap santi l ? Nou ka sèten Jewova gen lapenn lè moun dezobeyi l, paske l konnen konsekans sa genyen lè yo meprize kòmandman l bay pou moun suiv nan lavi a.

6. Ki sa k ap ede nou pou nou obeyi Bondye ?

6 Ki sa k ap ede nou pou nou obeyisan ? Li apwopriye pou nou chak nou mande Bondye pou l ban nou “ yon kè ki obeyisan ”, menm jan wa Salomon te fè sa. Li te mande pou l gen yon kè ki obeyisan yon fason pou l te ka “ distenge byen ak mal ” dekwa pou l te ka jije Izrayelit menm jan avè l yo (1 Wa 3:9). Nou bezwen “ yon kè ki obeyisan ” pou nou ka distenge byen ak mal nan yon monn ki anvayi ak etadespri dezobeyisans. Bondye ban nou Pawòl li a, piblikasyon ki fèt pou ede nou etidye Labib, reyinyon yo e ansyen nan kongregasyon an ki gen sousi pou nou. Tout sa pou ede nou gen “ yon kè ki obeyisan ”. Èske nou chèche byen tire pwofi nan dispozisyon sa yo ki plen lanmou ?

7. Poukisa Jewova mete plis aksan sou obeyisans pase sou sakrifis ?

7 Nan sans sa a, n ap sonje nan tan lontan Jewova te fè pèp li a konnen obeyisans pi enpòtan lontan pase sakrifis bèt (Pwovèb 21:3, 27 ; Ocheya 6:6 ; Matye 12:7). Men, poukisa obeyisans te pi enpòtan pase sakrifis, etandone se Bondye ki te bay pèp li a kòmandman pou yo fè sakrifis sa yo ? Bon, ki sa k te pouse yon moun ofri yon sakrifis ? Èske se pou l te fè Bondye plezi ? Oswa èske se senpleman pou l te suiv yon tradisyon ? Si yon moun k ap sèvi Bondye vle fè l plezi toutbon, l ap fè efò pou l obeyi kòmandman Bondye bay yo. Bondye pa bezwen sakrifis bèt yo, men obeyisans nou se yon bagay ki gen anpil valè nou ka ba li.

Yon egzanp ki sèvi avètisman

8. Poukisa Bondye te rejte Sayil kòm wa ?

8 Istwa Bib la rapòte sou wa Sayil montre kokenn enpòtans obeyisans genyen. Okòmansman, Sayil se te yon wa ki te enb e ki te modès, li te “ piti nan je pa l ”. Sepandan, apre yon sèten tan, ògèy ak fo rezònman te vin kòmanse dirije desizyon l t ap pran (1 Samyèl 10:21, 22 ; 15:17). Yon lè, Sayil te gen pou l fè fas ak Filisten yo nan yon batay. Samyèl te di wa a pou l ret tann li vini pou l ofri Jewova sakrifis e pou l ba l lòt enstriksyon. Sepandan, Samyèl pa t vini nan lè yo t ap tann li an. E konsa, pèp la te kòmanse ale. Lè Sayil wè sa, “ li ofri olokos la ”. Sa pa t fè Jewova plezi ditou. Lè Samyèl rive finalman, wa a chèche defann tèt li pou dezobeyi li te dezobeyi a, li di Samyèl, kòm li te anreta, li ‘ te santi l oblije ’ ofri olokos la pou l te ka jwenn favè Jewova. Pou wa Sayil, ofri sakrifis la te pi enpòtan pase obeyi enstriksyon li te resevwa pou l tann Samyèl vin ofri sakrifis sa a. Men sa Samyèl di l : “ Ou aji tankou moun sòt. Ou pa obsève kòmandman Jewova Bondye w la, sa l te kòmande w la. ” Piske Sayil te dezobeyi Jewova, li te pèdi pozisyon l antanke wa. — 1 Samyèl 10:8 ; 13:5-13.

9. Ki jan Sayil te demontre yon tandans pou l dezobeyi Bondye ?

9 Èske wa a te tire leson nan sa k te rive l la ? Non ! Yon ti tan apre, Jewova te bay Sayil lòd pou l detwi nasyon Amalèk la, yon nasyon ki te atake Izrayèl san Izrayèl pa t fè l anyen. Menm bèt domestik yo Sayil pa t dwe epaye. Li te obeyi, lè l te “ touye moun Amalèk, soti Avila rive jis nan Chou ”. Lè Samyèl vin rankontre avè l, se pa de kontan wa a te kontan pou viktwa li te ranpòte a, e li te di l : “ Se pou Jewova beni w. Mwen egzekite pawòl Jewova a. ” Poutan, kontrèman ak enstriksyon klè Sayil ak pèp li a te resevwa, yo pa t touye ni wa Agag ni “ pi bon pati nan ti betay yo ak gwo betay yo e [...] sa k gra yo e [...] belye yo e [...] tout sa k te bon yo ”. Wa Sayil t ap chèche jistifye dezobeyisans li a, men sa l te di : “ Pèp la te gen pitye pou pi bon pati nan ti betay yo ak gwo betay yo, pou yo fè sakrifis pou Jewova Bondye w la. ” — 1 Samyèl 15:1-15.

10. Ki leson Sayil pa t rive aprann ?

10 Lè Samyèl tande sa, li di Sayil : “ Èske menm plezi Jewova jwenn nan olokos ak sakrifis se menm plezi sa a tou li jwenn lè yon moun obeyi vwa Jewova ? Gade ! Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis, e koute gen plis valè pase grès belye. ” ​(1 Samyèl 15:22). Piske Jewova te fin deside bèt sa yo te dwe detwi, li pa t ap aksepte yo ofri l yo an sakrifis.

Se pou nou obeyisan nan tout bagay

11, 12. a) Ki jan Jewova konsidere efò n ap fè pou nou fè l plezi nan adorasyon n ap ba li a ? b) Ki jan yon moun ka twonpe tèt li, si l panse l ap fè volonte Bondye, alòske an reyalite li dezobeyi l ?

11 Se pa ti kontan Jewova kontan lè l wè sèvitè fidèl li yo rete djanm malgre pèsekisyon, lè l wè y ap pwoklame Wayòm nan menm lè moun yo endiferan, e lè l wè y ap asiste reyinyon yo malgre yo anba anpil presyon pou yo chèche mwayen pou yo viv. Lè nou obeyisan nan aspè enpòtan sa yo nan vi espirityèl nou, sa fè kè l kontan. Efò nou fè pou nou adore Jewova se bagay ki gen anpil valè nan je l lè se lanmou ki pouse nou fè yo. Dèfwa, moun pa remake tout efò n ap fè, men Bondye wè sakrifis nou fè ak tout kè nou, e li sonje yo. — Matye 6:4.

12 Sepandan, si nou vle fè Bondye plezi totalman, nou bezwen obeyisan nan tout aspè nan lavi nou. Nou pa ta dwe janm twonpe tèt nou pou nou ta panse nou ka pran libète ak kòmandman Bondye yo depi nou pratike adorasyon n ap ba li a nan kèk lòt aspè nan lavi nou. Pa egzanp, yon moun ka twonpe tèt li si l panse depi l angaje l nan kèk aktivite nan vrè adorasyon an, li ka komèt imoralite oswa antre nan fè lòt move aksyon san pwoblèm. Si yon moun ta panse konsa, se t ap yon gwo erè ! — Galat 6:7, 8.

13. Ki jan obeyisans nou pou Jewova ka pase anba eprèv lè nou lakay nou ?

13 Nan sans sa a, nou ka mande tèt nou : ‘ Èske m obeyi Jewova nan aktivite m ap mennen chak jou, menm nan bagay ki parèt prive ? ’ Men sa Jezi te di : “ Moun ki fidèl nan sa ki toupiti fidèl tou nan sa ki anpil, e moun ki enjis nan sa ki toupiti enjis tou nan sa ki anpil. ” ​(Lik 16:10). Èske n ap ‘ mache nan entegrite kè nou ’, menm ‘ anndan lakay nou ’, kote lòt moun pa wè nou (Sòm 101:2) ? An reyalite, fidelite nou ka pase anba eprèv menm anndan lakay nou. Nan anpil peyi kote yo jwenn òdinatè nan prèske tout kay, li trè fasil pou w annik fè kèk klik pou imaj devègonde parèt sou ekran an. Sa gen kèk ane, yon moun pa t ap janm wè imaj sa yo, si l pa t ale kote yo prezante distraksyon imoral. Èske, avèk obeyisans, n ap koute pawòl sa yo Jezi te di yo : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l ” ? Wi, èske n ap refize menm voye je gade imaj ki imoral (Matye 5:28 ; Jòb 31:1, 9, 10 ; Sòm 119:37 ; Pwovèb 6:24, 25 ; Efezyen 5:3-5) ? E pwogram televizyon ki gen vyolans ladan yo a ? Èske nou dakò ak Bondye nou an ki ‘ vrèman rayi kèlkeswa moun ki renmen vyolans ’ ? (Sòm 11:5.) E kesyon bwè anpil alkòl lè nou lakay nou an ? Labib kondane kesyon bwè depase limit lan. Depreferans, li egzòte kretyen yo pou yo pa plede bwè “ anpil diven ”. — Tit 2:3 ; Lik 21:34, 35 ; 1 Timote 3:3, nòt anba paj.

14. Site kèk domèn kote nou kapab demontre obeyisans nou pou Bondye nan kesyon ki gen rapò ak lajan ?

14 Yon lòt domèn kote nou bezwen vijilan se nan kesyon lajan. Pa egzanp, èske nou t ap rantre kò nou nan pwojè pou nou rich vit, ki prèske fè nou lage kò nou nan magouy ? Èske nou gen tantasyon pou nou chèche mwayen ilegal pou nou evite peye taks ? Oswa èske nou veye pito pou nou obeyi kòmandman ki di pou nou “ bay tout moun sa nou dwe ba yo : sa ki egzije enpo, ba li enpo ” ? — Women 13:7.

Lanmou pouse nou demontre obeyisans

15. Pou ki rezon nou obeyi kòmandman Jewova yo ?

15 Lè nou obeyi prensip Bondye bay yo, nou jwenn benediksyon. Pa egzanp, lè nou pa sèvi ak tabak, lè nou mennen yon vi ki pwòp nan domèn moral e lè nou respekte karaktè sakre san an genyen, sa ka ede nou evite yon seri maladi. Anplis, lè nou viv ann amoni ak verite ki nan Bib la, nan lòt aspè nan lavi nou, nou ka jwenn byenfè nan domèn ekonomik, nan relasyon nou ak lòt moun oswa nan fanmi nou (Izayi 48:17). Nou kapab vrèman konsidere tout byenfè sa yo kòm benediksyon ki montre lwa Bondye bay yo pwofitab. Men, rezon prensipal ki fè nou obeyi Jewova se paske nou renmen l. Nou pa sèvi Jewova paske nou wè tèt nou (Jòb 1:9-11 ; 2:4, 5). Bondye ban nou libète pou nou chwazi obeyi moun nou vle obeyi. Nou chwazi obeyi Jewova, paske nou vle fè l plezi e paske n ap chèche fè sa ki byen. — Women 6:16, 17 ; 1 Jan 5:3.

16, 17. a) Ki jan lanmou sensè Jezi gen pou Bondye te pouse l obeyi l ? b) Ki jan nou ka imite Jezi ?

16 Jezi te obeyi Jewova paske li renmen L ak tout kè l. Konsa, li kite yon egzanp pafè pou nou (Jan 8:28, 29). Pandan Jezi te sou tè a, “ li te aprann obeyisans nan bagay li te sibi yo ”. (Ebre 5:8, 9.) Ki jan ? Jezi “ te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiska lamò, wi, lanmò sou yon poto soufrans ”. (Filipyen 2:7, 8.) Byenke Jezi te deja obeyisan nan syèl la, obeyisans li te jwenn plis eprèv lè l te sou tè a. Nou kapab gen asirans Jezi byen kalifye nan tout domèn pou l ranpli wòl Gran Prèt pou frè espirityèl li yo e pou lòt moun nan limanite ki gen lafwa nan Bondye. — Ebre 4:15 ; 1 Jan 2:1, 2.

17 E nou menm ? Nou ka imite Jezi lè nou mete volonte Bondye nan premye plas nan lavi nou (1 Pyè 2:21). Nou menm pèsonèlman, nou ka jwenn satisfaksyon lè lanmou nou pou Jewova pouse nou fè sa l mande nou fè, menm lè pafwa nou jwenn presyon oswa tantasyon pou nou aji yon lòt jan (Women 7:18-20). Sa mande pou nou dispoze obeyi enstriksyon moun ki pran latèt nan vrè adorasyon an ban nou, byenke yo enpafè (Ebre 13:17). Lè nou obeyi kòmandman Jewova yo nan vi prive nou, sa gen anpil valè nan je l.

18, 19. Ki sa n ap jwenn lè nou obeyi Bondye ak tout kè nou ?

18 Jodi a, obeyi Jewova ka mande pou nou andire pèsekisyon yon fason pou nou kenbe entegrite nou (Travay 5:29). Menm jan an tou, pou nou obeyi kòmandman Jewova bay pou nou preche e pou nou anseye a, sa mande pou nou andire jis sistèm de choz sa a fini (Matye 24:13, 14 ; 28:19, 20). Nou bezwen andirans pou nou kontinye reyini ansanm ak frè nou yo, malgre tout presyon monn nan ap fè sou nou. Bondye nou an ki renmen nou byen konnen efò n ap fè pou nou obeyisan nan domèn sa yo. Sepandan, pou nou obeyi Bondye totalman, nou bezwen lite kont chè nou ki enpafè e nou bezwen vire do bay sa ki mal, toutpandan n ap kiltive apresyasyon pou sa ki bon. — Women 12:9.

19 Lè nou sèvi Jewova paske nou renmen l e nou fè sa ak yon kè ki plen rekonesans, “ li tounen [pou nou] sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6.) Sakrifis ki apwopriye yo nesesè e yo bon, men se obeyisans total nou demontre grasa lanmou nou pou Jewova ki plis fè l plezi. — Pwovèb 3:1, 2.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou ka di nou gen yon bagay nou ka bay Jewova ?

• Ki erè Sayil te komèt ?

• Ki jan w ka montre ou gen konviksyon obeyisans pi bon pase sakrifis ?

• Ki sa k pouse w obeyi Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Ki jan yon doktè ki gen sousi pou pasyan l t ap santi l si pasyan an ta meprize rekòmandasyon li fè l ?

[Foto nan paj 18]

Sa k fè wa Sayil te pèdi favè Jewova ?

[Foto nan paj 20]

Èske w ap obeyi kòmandman Bondye bay yo, menm nan sa w ap fè anndan kay ou ?