Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Èske sèpan ki te pale ak Èv la te gen pye ?

Selon sa ki rapòte nan Jenèz 3:14, Jewova Dye te pale ak sèpan ki te twonpe Èv nan jaden Edenn nan. Bondye te di l : “ Paske w fè bagay sa a, ou modi pami tout bèt domestik e pami tout bèt sovaj ki nan bwa a. Se sou vant ou w ap rale e se pousyè w ap manje diran tout jou lavi w. ” Labib pa presize bèt Satan te itilize pou l twonpe Èv la te gen pye anvan e apre li vin pa genyen yo ankò. Byenke pawòl yo di nan Jenèz 3:14 la ta ka fè kèk moun panse sa, nou pa oblije tire konklizyon sèpan yo te gen pye anvan malediksyon sa a. Poukisa nou pa oblije tire konklizyon sa a ?

Toudabò, se paske se Satan an reyalite Jewova te kondane, li menm ki se espri ki te itilize bèt tou senp sa a nan yon move entansyon. Labib dekri Satan antanke “ papa manti ” e antanke “ sèpan orijinèl la ”. Sanble toule de ekspresyon sa yo fè referans ak lefètke Satan te itilize yon bèt moun ka wè, yon sèpan, kòm enstriman pou l te pale ak Èv pou l te ka pouse l dezobeyi kòmandman Bondye te bay la. — Jan 8:44 ; Revelasyon 20:2.

Se Bondye ki kreye sèpan, e sanble Adan te gentan bay sèpan non anvan Satan te sèvi ak yon sèpan pou l twonpe Èv. Se pa sèpan ki te pale ak Èv la ki te koupab, paske antanke bèt, li pa gen entèlijans. Sèpan an pa t konnen Satan t ap itilize l, e li pa t ka konprann kondanasyon Bondye te pwononse kont sila ki te dezobeyi yo.

Donk, poukisa Bondye te pale de imilyasyon sèpan an nan sans fizik ? Konpòtman yon sèpan nan anviwònman natirèl li, sètadi lefètke li rale sou vant e li file lang li kòmsi se niche l ap niche pousyè, se yon senbòl apwopriye pou dekri sitiyasyon rabesan Satan vin twouve l. Anvan sa, li te gen yon pozisyon elve antanke youn nan zanj Bondye yo, men kounye a yo vin mete l nan yon kondisyon ba Labib rele Tata. — 2 Pyè 2:4.

Mete sou sa, menm jan yon sèpan toutbon ka blese yon moun nan talon, Satan, nan eta rabesan li twouve l la, t ap gen pou l “ mètri [semans Bondye a] nan talon ”. (Jenèz 3:15.) Pati prensipal semans sa a se Jezi Kris, li menm ki te soufri pandan yon ti tan anba men ajan Satan yo. Men, finalman, Kris ansanm ak kretyen wen yo ki resisite e ki asosye avè l pral kraze tèt sèpan senbolik la pou toutan (Women 16:20). Kidonk, malediksyon Bondye te lanse kont sèpan vizib la byen dekri sitiyasyon rabesan Satan Ledyab, “ sèpan orijinèl la ” ki envizib, vin twouve l ansanm ak destriksyon final li pral sibi.