Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa ki ka ede moun venk prejije ?

Ki sa ki ka ede moun venk prejije ?

Ki sa ki ka ede moun venk prejije ?

NAN peyi Espay, gen yon abit ki te kanpe yon match foutbòl. Pou ki rezon li te fè sa ? Se paske te tèlman gen espektatè ki t ap joure yon jwè kamewounè byen fò, sa te fè jwè a menase pou l kite teren an. Nan peyi Larisi, li kouran pou gen atak vyolan kont moun ki sot ann Afrik, ann Azi e ann Amerik Latin. Pandan ane 2004 la, kantite atak ki te fèt nan peyi Larisi akoz prejije rasyal te vin ogmante a 55 pousan, sa ki vin bay 394 ka an 2005. Nan yon sondaj yo te fè an Grann Bretay, anviwon 33 pousan Azyatik ak moun nwa yo te entèwoje panse se akoz diskriminasyon rasyal yo pèdi travay yo. Egzanp sa yo montre kesyon prejije a se yon tandans ki gen nan lemonnantye.

Prejije parèt sou divès fòm, youn pi grav pase lòt : soti nan remak ki ofanse moun oswa remak ki fèt san reflechi, rive nan desizyon tout yon nasyon ka pran pou l detwi yon gwoup etnik *. Ki koz ki alabaz prejije ? Ki jan nou ka fè pou nou pa gen prejije ? Èske li rezonab pou nou espere yon jou tout fanmi nan lemonnantye pral viv ansanm nan lapè ? Labib bay enfòmasyon ki enteresan sou kesyon sa yo.

Zak maspinay ak lahèn

Dapre sa Labib fè konnen, “ panchan kè lòm pa bon depi nan jenès li ”. (Jenèz 8:21.) Se sa k fè, gen moun ki pran plezi pou yo maspinen lòt moun. Anplis de sa, Labib di : “ Gade, gen dlo nan je moun y ap maspinen yo, men yo pa gen moun ki pou konsole yo, e moun k ap maspinen moun sa yo gen fòs bò kote yo. ” — Eklezyas 4:1.

Labib montre tou hèn yon moun oswa yon gwoup moun nan yon kominote genyen pou yon lòt gwoup moun, se yon bagay ki egziste depi byen lontan. Pa egzanp, nan 18yèm syèk anvan epòk nou an, gen yon Farawon nan peyi Ejip ki te envite Jakòb, ki te yon Ebre, ansanm ak fanmi l ki te anpil pou yo vin abite ann Ejip. Sepandan, kèk tan apre, gen yon lòt Farawon ki te santi gwo gwoup imigran sa yo reprezante yon menas pou li. Men sa istwa a rapòte li te fè : “ Li di pèp li a : ‘ Gade ! Pèp pitit Izrayèl yo pi plis pase nou e yo gen plis fòs pase nou. Ann ale ! Ann pran yo nan plan, dekwa pou yo pa vin anpil. ’ [...] Konsa, yo etabli chèf travo fòse sou yo pou maspinen yo lè y ap pote chay ki lou yo. ” ​(Egzòd 1:9-11). Ejipsyen yo te menm bay lòd pou yo touye tout tigason ki fèk fèt pami desandan Jakòb yo. — Egzòd 1:15, 16.

Ki koz ki alabaz pwoblèm sa a ?

Se raman relijyon nan monn nan montre yo opoze ak prejije ki genyen. Byenke gen kèk moun ki konn opoze avèk anpil kouraj ak zak maspinay k ap fèt yo, men byen souvan, relijyon yo an jeneral soutni moun k ap fè zak sa yo. Se sa ki te rive Ozetazini, kote yo te konn toupizi moun ki nwa yo, yon bagay lalwa te soutni, e te gen gwoup moun ki te konn maspinen yo oswa pann yo. Anplis, rive jis nan ane 1967, te gen lwa ki te entèdi maryaj ant nwa ak blan. Se menm sitiyasyon an ki te egziste ann Afrik Disid nan epòk apated la, yon epòk ki te gen diskriminasyon rasyal, kote yon ti minorite moun t ap pwoteje pozisyon enpòtan yo genyen grasa lwa ki te entèdi maryaj ant moun ki pa menm ras. Nan chak ka sa yo, nan gwoup etnik ki t ap ankouraje prejije yo, gen moun ki te atache anpil ak relijyon yo.

Men, Labib montre gen yon pi gwo rezon ki alabaz prejije. Li esplike poukisa gen gwoup etnik k ap maspinen lòt gwoup. Men sa l di : “ Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou. Si yon moun di : ‘ Mwen renmen Bondye ’, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. Paske yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè. ” ​(1 Jan 4:8, 20). Deklarasyon sa a fè nou wè ki koz ki alabaz prejije. Moun yo gen prejije, kit yo pretann yo kwayan kit yo pa kwayan, paske yo pa rive konn Bondye ni yo pa rive renmen l.

Konesans sou Bondye fè moun ki diferan gen amoni antre yo

Ki jan lè moun konnen Bondye e yo renmen l, sa ka fè yo gen amoni antre yo, menm lè yo diferan ? Ki konesans Pawòl Bondye a gen ladan l ki anpeche moun toupizi moun ki parèt diferan avèk yo ? Labib fè konnen Jewova se Papa tout moun. Li di : “ Pou nou menm, gen reyèlman yon sèl Bondye, Papa a. Se nan li tout bagay soti. ” ​(1 Korentyen 8:6). Ansuit, li di : “ Li fè tout nasyon moun soti nan yon sèl moun. ” ​(Travay 17:26). Kidonk, an reyalite tout moun se frè.

Chak gwoup etnik kapab santi yo fyè dèske Bondye ba yo lavi, men yo tout gen yon bagay pou yo regrèt konsènan zansèt yo a. Pòl, yon ekriven biblik, te ekri : “ Akoz yon sèl òm peche antre nan monn nan. ” Pakonsekan, “ tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye ”. (Women 3:23 ; 5:12.) Jewova se yon Bondye ki renmen varyete. Se sa k fè, pa gen de nan kreyati l yo ki egzakteman menm jan. Poutan, li pa bay okenn gwoup etnik yon rezon pou l santi l siperyè yon lòt. Santiman ki gaye kòmkwa yon gwoup etnik siperyè parapò ak yon lòt, se yon bagay ki kontrè ak sa Ekriti yo anseye. Donk, li klè, konesans Bondye bay la fè moun ki diferan gen amoni antre yo.

Bondye gen sousi pou tout nasyon

Gen kèk moun ki mande tèt yo si se pa t ankouraje Bondye t ap ankouraje prejije lè l te favorize Izrayelit yo e lè l te mande yo pou yo rete separe ak lòt nasyon yo (Egzòd 34:12). Te gen yon lè, Bondye te chwazi nasyon Izrayèl la kòm pwopriyete espesyal li akoz lafwa san parèy Abraram, zansèt Izrayelit yo, te genyen. Se Bondye ki t ap dirije nasyon Izrayèl tan lontan an, li te chwazi moun ki pou dirije l e li te ba l yon seri lwa. Nan epòk Izrayèl te aksepte dispozisyon sa yo, lòt pèp yo te ka wè rezilta li te jwenn lè se Bondye ki t ap dirije l kontrèman ak rezilta lòt pèp yo te jwenn lefètke se lèzòm ki t ap dirije yo. Anplis, depi epòk sa a, Jewova te anseye pèp Izrayèl la konsènan nesesite pou gen yon sakrifis ki fèt pou limanite ka retounen vin gen bon relasyon ak Bondye. Konsa, fason Jewova te boule ak pèp Izrayèl la pwofitab pou tout nasyon. Sa konfòm ak sa li te di Abraram nan : “ Pa mwayen semans ou, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo paske w te koute vwa mwen. ” — Jenèz 22:18.

Anplis, Juif yo te gen privilèj pou yo resevwa deklarasyon sakre Bondye yo e pou yo tounen nasyon Mesi a t ap fèt ladan l lan. Anfèt, se te yon fason tou pou tout nasyon ka tire pwofi. Juif yo te resevwa Ekriti ebrayik yo ki gen yon deskripsyon rekonfòtan ladan yo ki pale konsènan epòk kote tout gwoup etnik ap gen pou yo resevwa gwo benediksyon. Men sa l di : “ Anpil nasyon prale san mank e y ap di : ‘ Vini, annou monte nan mòn Jewova a, nan mezon Bondye Jakòb la, e l ap enstwi nou konsènan wout li yo. ’ [...] Yo pap leve epe nasyon kont nasyon, e yo pap aprann lagè ankò. Asireman, yo chak pral chita anba pye rezen pa yo e anba pye fig pa yo, e pap gen pèsonn k ap fè yo tranble. ” — Mika 4:2-4.

Byenke se Juif yo Jezi Kris te preche, men li te anonse tou : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. ” ​(Matye 24:14). Pa gen okenn nasyon ki pa t ap tande bon nouvèl la. Konsa, Jewova bay yon egzanp pafè nan fason li aji san patipri ak tout gwoup etnik. “ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li aksepte l. ” — Travay 10:34, 35.

Lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an montre tou li gen sousi pou tout nasyon. Remake kòman Lalwa te mande Izrayelit yo pou se pa sèlman tolere yo tolere moun ki pa Izrayelit ki te rete nan peyi a, lè l te di : “ Rezidan etranje a ki rete lakay nou antanke yon etranje ta dwe vin pou nou kòm yon moun ki fèt nan peyi nou, e ou dwe renmen l menm jan w renmen tèt ou, paske nou te tounen rezidan etranje nan peyi Ejip. ” ​(Levitik 19:34). Gen anpil nan lwa Bondye te bay Izrayelit yo ki te aprann yo pou yo demontre bonte anvè moun ki vin rete nan peyi a. Konsa, lè Bowaz, yon zansèt Jezi, te wè yon fi etranje ki te nan bezwen ap grapiye, li te aji ann amoni ak sa li te aprann nan lwa Bondye te bay la, lè l te veye aske ouvriye l yo ki t ap rekòlte te kite anpil danre pou fi a te ranmase. — Rit 2:1, 10, 16.

Jezi anseye nou pou nou gen bonte

Jezi te anseye konesans sou Bondye plis pase nenpòt lòt moun. Li te montre disip li yo fason pou yo demontre bonte pou moun ki pa menm jan avèk yo. Yon jou, li te antre nan yon konvèsasyon ak yon Samaritèn. Kòm Samariten yo se te yon gwoup etnik anpil Juif te meprize, sa te fè fi a sezi. Pandan konvèsasyon sa a, avèk bonte Jezi te ede fi a konprann fason li ka jwenn lavi etènèl. — Jan 4:7-14.

Jezi te montre nou tou fason pou nou trete moun ki nan lòt gwoup etnik yo lè l te bay egzanp bon Samariten an. Mesye sa a te wè yon Juif vòlè te atake ki te blese grav. Fasilman, Samariten an te ka di tèt li : ‘ Poukisa pou m ta ede yon Juif ? Dayè Juif yo meprize pèp mwen an. ’ Men, Jezi te montre Samariten an te gen yon lòt pwennvi konsènan moun ki etranje yo. Menmsi lòt moun ki t ap vwayaje sou wout la te pase bò kote mesye ki te blese a san yo pa t fè anyen pou li, Samariten an li menm te “ gen pitye pou li ” e li te ba l yon èd total. Nan fen parabòl la, Jezi te di tout moun ki ta renmen gen favè Bondye ta dwe fè menm bagay la tou. — Lik 10:30-37.

Apot Pòl te di moun ki ta renmen fè Bondye plezi ta dwe chanje pèsonalite yo e yo ta dwe imite fason Bondye trete moun. Men sa l te ekri : “ Retire ansyen pèsonalite a sou nou ansanm ak zèv li yo, e abiye nou avèk nouvo pèsonalite a, pèsonalite ki ap renouvle grasa konesans egzak la, selon imaj Moun ki kreye l la, kote pa gen ni Grèk ni Juif, ni moun ki sikonsi ni moun ki pa sikonsi, ni etranje, ni Sit [...]. Men, apa de tout bagay sa yo, se pou nou abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn pafè pou inyon. ” — Kolosyen 3:9-14.

Èske konesans sou Bondye ka chanje moun ?

Èske lefètke yon moun konnen Jewova Dye, sa vrèman chanje fason moun sa a boule ak moun ki nan lòt gwoup etnik ? Ann konsidere eksperyans yon moun ki sot ann Azi pou l vin viv nan peyi Kanada. Li te dekouraje akoz prejije li te jwenn nan peyi sa a. Li te vin rankontre ak Temwen Jewova yo epi yo te kòmanse etidye Labib avèk li. Yon ti tan apre, li te ekri yo yon lèt pou l eksprime apresyasyon l. Men sa l te di ladan l : ‘ Nou se yon pakèt blan ki janti e ki gen bonte. Lè m te rann mwen kont nou te vrèman diferan ak lòt blan yo, mwen te mande tèt mwen sa k fè sa. Mwen te reflechi anpil e mwen te vin rann mwen kont nou se Temwen Bondye. Asireman, Bib la gen yon bagay enpòtan ladan l. Nan reyinyon nou yo, mwen te wè anpil moun blan, moun nwa, moun klè ak moun jón, e kè yo tout te menm koulè, kè yo te transparan, paske yo se frè ak sè. Kounye a, mwen konnen kiyès ki fè moun sa yo janti konsa. Se Bondye yo a. ’

Pawòl Bondye a predi pral gen yon epòk kote “ tè a pral plen ak konesans Jewova ”. (Izayi 11:9.) Jodi a menm, ann amoni ak yon pwofesi nan Bib la, gen yon gwo foul ki gen plizyè milyon moun “ ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ” ki ini nan vrè adorasyon an (Revelasyon 7:9). Y ap tann pou yo wè moman kote lanmou pral ranplase lahèn nan mitan tout moun ki abite sou tè a k ap fòme yon sosyete. Sosyete sa a pral akonpli objektif Jewova talè konsa, objektif li te fè Abraram konnen, lè l te di : “ Tout fanmi sou tè a ap beni. ” — Travay 3:25.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Mo “ etnik ” la dekri karakteristik ki distenge yon popilasyon parapò ak lòt, tankou ras, nasyonalite, relijyon, lang, oswa kilti.

[Foto nan paj 4, 5]

Lwa Bondye te bay Izrayelit yo te anseye yo pou yo renmen rezidan etranje yo.

[Foto nan paj 5]

Ki sa nou ka aprann nan parabòl bon Samariten an ?

[Foto nan paj 6]

Bondye pa bay okenn gwoup etnik yon rezon pou l santi l siperyè yon lòt.