Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye venk mal la avèk byen ”

“ Kontinye venk mal la avèk byen ”

“ Kontinye venk mal la avèk byen ”

“ Pa kite mal la venk ou, men kontinye venk mal la avèk byen. ” — WOMEN 12:21.

1. Poukisa nou kapab gen asirans nou ka venk mal la ?

ÈSKE l posib pou nou rete djanm fas ak moun ki opoze ak vrè adorasyon an yon fason ki fewòs ? Èske l posib pou nou ranpòte laviktwa sou fòs k ap eseye rale nou pou fè nou tounen nan monn sa a ki lwen Bondye ? Repons de kesyon sa yo se wi. Poukisa nou di sa ? Se akoz sa apot Pòl te di nan lèt li te ekri Women yo : “ Pa kite mal la venk ou, men kontinye venk mal la avèk byen. ” ​(Women 12:21). Si nou fè Jewova konfyans e si nou detèmine pou nou pa kite monn nan venk nou, mal li gen ladan l pap ka ranpòte laviktwa sou nou. Mete sou sa, ekspresyon “ kontinye venk mal la ” montre nou ka venk li si nou kontinye nan konba espirityèl n ap mennen kont li a. Monn mechan sa a ansanm ak Satan Ledyab, chèf li a, ap venk sèlman moun ki sispann montre yo vijilan e ki sispann konbat. — 1 Jan 5:19.

2. Poukisa nou pral egzamine kèk evènman ki te rive nan lavi Neyemya ?

2 Anviwon 500 an anvan epòk Pòl la, gen yon sèvitè Bondye ki t ap viv Jerizalèm, ki te demontre ki jan pawòl Pòl te di konsènan konba nou dwe mennen kont mal la se verite. Sèvitè Bondye sa a se te Neyemya. Neyemya pa t annik reziste kont moun ki pa t gen respè pou Bondye yo, men li te venk mal la avèk byen. Ki difikilte li te jwenn ? Ki sa k te pèmèt li reyisi ? Ki jan nou ka imite egzanp li ? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, annou egzamine kèk evènman ki te rive nan lavi Neyemya *.

3. Nan ki anviwònman Neyemya t ap viv, e ki kokenn travay li te reyalize ?

3 Neyemya t ap travay nan lakou wa Atakzèksès nan peyi Pès. Byenke Neyemya t ap viv pami moun ki pa t kwayan, li pa t “ konfòme [l] selon sistèm de choz ” epòk la (Women 12:2). Lè te vin gen yon bezwen nan peyi Jida, li te sakrifye vi konfòtab li t ap mennen an, li te fè yon vwayaj difisil pou l al Jerizalèm e li te kòmanse yon kokenn travay pou l te rekonstwi miray vil la (Women 12:1). Byenke Neyemya te gouvènè Jerizalèm, li te konn travay chak jou ansanm ak Izrayelit menm jan avèk li yo, “ depi anvan l jou pou jiskaske etwal parèt ”. Kòm rezilta, nan de mwa sèlman, travay la te fini nèt (Neyemya 4:21 ; 6:15). Se te vrèman yon kokenn travay yo te reyalize, paske toutpandan travay konstriksyon an t ap fèt, Izrayelit yo te rankontre plizyè fòm opozisyon. Kiyès ènmi Neyemya yo te ye, e ki objektif yo te genyen ?

4. Ki objektif opozan Neyemya yo te genyen ?

4 Pi gwo opozan yo se te Sànbalat, Tobya ak Gechèm, yon seri mesye ki te gen pouvwa e ki t ap viv toupre Jida. Kòm yo te ènmi pèp Bondye a, “ sa te parèt mal anpil nan je yo pou [Neyemya] vin chèche yon bon bagay pou pitit Izrayèl yo ”. (Neyemya 2:10, 19.) Se pou sa, ènmi Neyemya yo t ap chèche kanpe pwojè konstriksyon li t ap fè a ak tout fòs, e yo te menm fè plan avèk mechanste pou yo bloke travay la. Èske Neyemya t ap ‘ kite mal la venk li ’ ?

“ Li vin an kòlè e li vin fache anpil ”

5, 6. a) Ki jan ènmi Neyemya yo te reyaji lè yo te wè travay konstriksyon an ap fèt ? b) Poukisa Neyemya pa t kite opozan yo entimide l ?

5 Avèk kouraj Neyemya te bay pèp li a egzòtasyon sa a : “ Vini, annou rekonstwi miray Jerizalèm nan. ” E yo te reponn : “ Nou dwe fè konstriksyon an. ” Men sa Neyemya te di : “ Yo bay men yo fòs pou yo fè yon bon travay. ” Men opozan yo “ pran pase nou nan rizib e yo gade nou avèk mepri epi yo di : ‘ Ki bagay sa a n ap fè la a ? Èske se kont wa a n ap rebele ? ’ ” Neyemya pa t kite mokri ak fo akizasyon fè l pè. Men sa l te di opozan yo : “ Bondye nan syèl la se Li menm k ap fè nou reyisi, e nou menm, sèvitè l yo, n ap leve, e nou dwe fè konstriksyon an. ” ​(Neyemya 2:17-20). Neyemya te detèmine pou l avanse ak “ bon travay ” li t ap fè a.

6 Sànbalat, youn nan opozan yo, te “ vin an kòlè e li vin fache anpil ”, sa fè pawòl li t ap lanse yo te vin pi di toujou. Li te pran pase yo nan rizib, li te di : “ Ki sa Juif fèb sa yo ap fè la a ? [...] Èske y ap fè wòch yo pran anba pil debri ki plen pousyè yo vin vivan? ” Tobya te met ansanm avè l pou l di : “ Si yon rena ta monte sou li, asireman li t ap kraze miray an wòch yo a. ” ​(Neyemya 4:1-3). Ki jan Neyemya te reyaji ?

7. Ki fason Neyemya te reyaji devan akizasyon opozan l yo ?

7 Neyemya te tou senpleman pa okipe pawòl yo t ap di pou yo pase yo nan rizib. Li te suiv kòmandman Bondye te bay, e li pa t chèche tire revanj (Levitik 19:18). Okontrè, li te kite sitiyasyon an nan men Jewova e li te fè priyè sa a : “ Koute, o Bondye nou an, paske nou vin tounen yon bagay moun meprize, e fè wont yo a retounen sou pwòp tèt yo. ” ​(Neyemya 4:4). Neyemya te gen konfyans nan asirans Jewova bay, kote l di : “ Vanjans se pou mwen e pinisyon se pou mwen. ” ​(Detewonòm 32:35). Anplis, Neyemya ak pèp li a te “ kontinye konstwi miray la ”. Yo pa t kite anyen distrè yo. Anfèt, “ tout miray la te vin kole ansanm e l te rive nan mwatye wotè l, e pèp la te kontinye mete kè yo nan travay la ”. (Neyemya 4:6.) Ènmi vrè adorasyon an pa t reyisi kanpe travay konstriksyon an. Ki jan nou ka imite Neyemya ?

8. a) Ki jan nou ka imite Neyemya lè opozan yo mete fo akizasyon sou do nou ? b) Rakonte yon eksperyans ou te viv oubyen ou te tande ki montre se yon bagay ki saj lè yon moun pa tire revanj.

8 Jodi a, gen moun ki opoze ak nou nan lekòl nou, nan travay nou oswa menm lakay nou. Opozan sa yo ka ap fawouche nou e yo ka ap akize nou. Sepandan, n ap kapab sipòte fo akizasyon sa yo pi fasil lè nou aplike prensip biblik sa a : “ Gen [...] yon tan pou w fè silans. ” ​(Eklezyas 3:1, 7). Kidonk, menm jan ak Neyemya, nou metrize nou pou nou pa tire revanj, lè nou pa reponn yo ak mo ki blesan (Women 12:17). Nou chèche Bondye nan lapriyè, e nou mete konfyans nou nan li, li menm ki ban nou asirans sa a : “ Se mwen k ap peye anretou. ” ​(Women 12:19 ; 1 Pyè 2:19, 20). Nan sans sa a, nou pap kite opozan nou yo detounen nou nan travay espirityèl nou gen pou nou akonpli jodi a : travay predikasyon bon nouvèl Wayòm Bondye a ak travay fè disip la (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Chak fwa n ap patisipe nan travay predikasyon an, e nou pa kite opozisyon dekouraje nou, nou montre nou gen menm etadespri fidèl Neyemya te genyen an.

‘ N ap touye nou kanmenm ’

9. Ki fòm opozisyon ènmi Neyemya yo te deklannche, e ki jan Neyemya te reyaji ?

9 Nan epòk Neyemya a, lè moun ki te opoze ak vrè adorasyon an te tande “ travay reparasyon miray Jerizalèm yo t ap avanse ”, yo te pran epe yo pou yo “ konbat kont Jerizalèm ”. Pou Juif yo, sitiyasyon an te parèt sanzespwa. Te gen Samariten yo nan nò, Amonit yo nan lès, Arab yo nan sid ak Achdodit yo nan lwès.Yo te sènen Jerizalèm. Se kòmsi moun ki t ap konstwi yo te pran nan yon pèlen. Donk, ki sa yo te dwe fè ? Men sa Neyemya te di : “ Nou te priye Bondye nou an. ” Ènmi yo te fè menas sa a : “ N ap touye yo kanmenm, e n ap kanpe travay la. ” Neyemya te reyaji, li te bay moun ki t ap konstwi yo responsablite pou yo defann vil la “ avèk epe yo, lans yo ak banza yo ”. An reyalite, yon moun k ap gade ta ka di ti ponyen Juif sa a pa t ap gen chans ditou pou yo venk gwo fòs ènmi sa yo. Men, Neyemya te ba yo egzòtasyon sa a : “ Pinga [...] nou pè. Fikse lespri nou sou Jewova, Li menm ki gran e ki bay lakrentif. ” — Neyemya 4:7-9, 11, 13, 14.

10. a) Ki sa k te lakòz yon chanjman bridsoukou pami ènmi Neyemya yo ? b) Ki dispozisyon Neyemya te pran ?

10 Bridsoukou, sitiyasyon an te vin chanje, ènmi yo te kanpe atak la. Poukisa ? Men sa Neyemya rakonte : “ Vrè Dye a te fè konsèy yo a echwe. ” Men, Neyemya te santi ènmi yo te toujou rete yon menas pou yo. Poutèt sa, avèk sajès, li te chanje metòd travay moun ki t ap konstwi yo te itilize. Apati moman sa a, “ chak [moun] te aktif nan travay yo ak yon men, tandiske lòt men an te kenbe zam nan ”. Neyemya te mete yon moun tou ki pou “ sonnen kòn nan ” si ènmi yo ta atake, yon fason pou l avèti moun ki t ap konstwi yo. Sa ki pi enpòtan an, sèke Neyemya te bay pèp la asirans, li te di l : “ Bondye nou an li menm pral konbat pou nou. ” ​(Neyemya 4:15-20). Kòm moun ki t ap konstwi yo te jwenn ankourajman e yo te prepare pou yo te fè fas ak atak yo, yo te kontinye travay. Ki diferan leson nou ka tire nan istwa sa a ?

11. Ki sa k pèmèt vrè kretyen yo andire mal la nan peyi kote travay Wayòm nan anba entèdiksyon, e ki jan yo venk mal la avèk byen ?

11 Pafwa, vrè kretyen yo fè fas ak opozisyon vyolan. Anfèt, nan kèk peyi, moun ki opoze ak vrè adorasyon an avèk vyolans yo se yon seri ènmi ki pisan anpil. Selon pwennvi lèzòm, pa gen okenn chans pou kwayan menm jan avèk nou yo ki nan peyi sa yo. Sepandan, Temwen sa yo gen konfyans ‘ Bondye ap konbat pou yo ’. Vrèmanvre, moun ki jwenn pèsekisyon akoz kwayans yo, souvan yo wè Jewova reponn priyè yo e li ‘ fè konsèy ènmi pisan sa yo echwe ’. Menm nan peyi kote travay Wayòm nan anba entèdiksyon, kretyen yo jwenn mwayen kanmenm pou yo kontinye preche bon nouvèl la. Menm jan moun ki t ap konstwi miray Jerizalèm yo te chanje metòd travay yo, se konsa, avèk pridans, Temwen Jewova yo fè chanjman nan metòd yo itilize pou yo preche, lè y ap fè fas ak atak. Natirèlman, yo pa sèvi ak zam fizik pou yo fè sa (2 Korentyen 10:4). Menm lè yo menase yo pou yo fè vyolans fizik sou yo, sa pa fè yo kanpe aktivite predikasyon yo a (1 Pyè 4:16). Depreferans, frè ak sè ki gen kouraj sa yo “ kontinye venk mal la avèk byen ”.

“ Vini, e annou rankontre ”

12, 13. a) Ki estrateji opozan Neyemya yo te itilize ? b) Poukisa Neyemya te rejte envitasyon opozan yo te fè l pou l vin rankontre yo a ?

12 Apre ènmi Neyemya yo te fin konprann atak dirèk yo te fè yo te echwe, yo te pase nan lòt fòm opozisyon ki pi sounwa. Efektivman, yo te eseye twa metòd. Ki metòd sa yo ?

13 Premyèman, ènmi Neyemya yo te eseye twonpe l. Yo te di l : “ Vini, e annou rankontre ansanm sou randevou nan vilaj ki nan vale Ono yo. ” Ono se yon kote ki twouve l ant Jerizalèm ak Samari. Se sa k fè, ènmi Neyemya yo te pwopoze l pou l vin rankontre yo nan mwatye wout pou yo rezoud pwoblèm yo te genyen. Neyemya te ka panse konsa : ‘ Sa sanble rezonab. Li pi bon pou nou pale pase pou nou batay. ’ Men, Neyemya pa t dakò. Li esplike pou ki rezon : “ Yo te fè plan pou yo fè m mechanste. ” Li te konprann sa k te dèyè plan yo a e li pa t kite yo twonpe l. An kat fwa, li te di opozan l yo pawòl sa yo : “ Mwen pa kapab desann. Poukisa pou travay la ta kanpe pandan m kite l pou m desann vin jwenn nou ? ” Entansyon ènmi yo te genyen pou yo fè Neyemya fè konpwomi an pa t mache. Neyemya te kenbe je l fikse sou travay konstriksyon an. — Neyemya 6:1-4.

14. Ki jan Neyemya te reyaji fas ak moun ki te lage fo akizasyon sou do l yo ?

14 Dezyèmman, ènmi Neyemya yo te gaye manti sou li, yo te akize l kòmkwa ‘ li fè plan pou l rebele ’ kont wa Atakzèksès. Yon lòt fwa ankò, yo te di Neyemya : “ Annou fè yon ti pale ansanm. ” Neyemya te refize, piske li konprann entansyon ènmi l yo. Men sa Neyemya esplike : “ Yo tout t ap eseye fè nou pè, yo t ap di : ‘ Men yo ap san fòs nan travay la, konsa li pap fèt. ’ ” Sepandan, fwa sa a, Neyemya te rejte akizasyon ènmi l yo, li te di : “ Bagay sa yo w ap di la pa t rive, men se nan kè w ou envante yo. ” Anplis de sa, Neyemya te mande Jewova èd, li te fè priyè sa a : “ Fòtifye men m. ” Li te gen konfyans, avèk èd Jewova, li t ap kapab devye plan malveyan sa a pou l avanse ak pwojè konstriksyon an. — Neyemya 6:5-9.

15. Ki konsèy yon fo pwofèt te bay Neyemya, e sa k fè l pa t aksepte konsèy sa a ?

15 Twazyèmman, ènmi Neyemya yo te sèvi ak yon trèt, yon Izrayelit ki te rele Chemaya, pou yo te eseye fè Neyemya vyole Lwa Bondye a. Men sa Chemaya te di Neyemya : “ Annou rankontre sou randevou nan kay vrè Dye a, anndan tanp lan, e annou fèmen pòt tanp lan, paske y ap vini pou yo touye w. ” Chemaya te di Neyemya yo t ap asasinen l, men li t ap ka sove lavi l si l al kache nan tanp lan. Sepandan, Neyemya pa t yon prèt. Li t ap komèt yon peche si l t al kache nan kay Bondye a. Èske li t ap dakò vyole Lwa Bondye a pou l eseye sove lavi l ? Neyemya reponn, li di : “ Kiyès tankou m ki ka rantre nan tanp lan pou l ret vivan ? Mwen pap rantre. ” Sa k fè Neyemya pa t pran nan pyèj yo te tann pou li a ? Paske li te konnen, menmsi Chemaya se yon Izrayelit parèy li, “ se pa t Bondye ki te voye l ”. Epitou, yon vrè pwofèt pa t ap janm ba l konsèy pou l vyole Lwa Bondye a. Yon lòt fwa ankò, Neyemya pa t kite opozan malveyan yo venk li. Yon ti tan apre, li te ka di : “ Finalman, miray la fini sou vennsenkyèm jou Eloul, nan senkannde jou. ” — Neyemya 6:10-15 ; Nonb 1:51 ; 18:7.

16. a) Ki jan nou ta dwe trete ak fo zanmi, ak moun ki lage fo akizasyon sou do nou oswa ak fo frè ? b) Ki jan nou demontre nou refize fè konpwomi ak kwayans nou lakay nou, nan lekòl nou oswa nan travay nou ?

16 Menm jan ak Neyemya, nou menm tou nou ka fè fas ak opozan tankou fo zanmi, moun ki lage fo akizasyon sou do nou oswa fo frè. Genyen ki ka ankouraje nou fè konpwomi. Yo ka ap chèche konvenk nou pou fè n kwè si nou sèvi Jewova ak mwens zèl, n ap ka chèche atenn objektif ki genyen nan monn nan tou. Sepandan, piske se Wayòm Bondye a nou mete nan premye plas nan lavi nou, nou refize fè konpwomi sa yo (Matye 6:33 ; Lik 9:57-62). Opozan yo gaye manti sou do nou tou. Nan kèk peyi, yo akize nou kòmkwa nou se yon menas pou Leta, menm jan yo te akize Neyemya kòm yon moun k ap rebele kont wa a. Gen kèk ka akizasyon ki al devan tribinal e nou ranpòte laviktwa. Men, kèlkeswa jan yon sitiyasyon ta fini, nou priye Jewova avèk konfyans pou l dirije bagay yo ann amoni ak volonte l (Filipyen 1:7). Nou ka jwenn opozisyon tou nan men moun ki pretann y ap sèvi Jewova. Menm jan yon Juif parèy Neyemya t ap chèche konvenk li pou l vyole Lwa Bondye a pou l ka sove lavi l, konsa tou gen ansyen Temwen ki vin aposta ki ka ap chèche enfliyanse nou pou nou fè konpwomi yon fason oswa yon lòt. Sepandan, nou rejte aposta yo, paske nou konnen se pa lè nou vyole lwa Bondye n ap sove lavi nou, men pito se lè nou obsève yo (1 Jan 4:1). Pa gen dout nan sa, avèk èd Jewova, n ap ranpòte laviktwa sou tout fòm mechanste.

N ap preche bon nouvèl la malgre n ap fè fas ak mechanste

17, 18. a) Ki sa Satan ansanm ak ajan l yo ap chèche fè ? b) Ki sa nou detèmine pou nou fè, e poukisa ?

17 Pawòl Bondye a fè deklarasyon sa a anrapò ak frè Kris yo ki wen ak lespri : “ Yo venk [Satan] grasa [...] pawòl temwayaj yo te bay. ” ​(Revelasyon 12:11). Kidonk, gen yon relasyon dirèk ant venk Satan, rasin mal la, ak preche mesaj Wayòm nan. Se pa etonan si Satan lanse atak san rete kont ni rès kretyen wen yo ni “ gwo foul ” la, lè l fè yo jwenn opozisyon. — Revelasyon 7:9 ; 12:17.

18 Jan nou sot wè sa, opozisyon ka vini sou fòm atak moun fè ak bouch yo oswa menas pou yo fè vyolans sou nou oubyen lòt fòm atak ki pi sounwa. Kèlkeswa jan opozisyon an parèt, Satan toujou gen menm objektif la : mete yon fen nan travay predikasyon an. Sepandan, l ap echwe totalman, paske menm jan ak Neyemya, sèvitè Bondye yo detèmine pou yo “ kontinye venk mal la avèk byen ”.Y ap fè sa lè yo kontinye preche bon nouvèl la jiskaske Jewova deklare travay la fini. — Mak 13:10 ; Women 8:31 ; Filipyen 1:27, 28.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Pou w mete w nan kontèks sa k te pase yo, li Neyemya 1:1-4 ; 2:1-6, 9-20 ; 4:1-23 ; 6:1-15.

Èske nou sonje ?

• Ak ki opozisyon sèvitè Bondye tan lontan yo te konn fè fas e ak ki opozisyon kretyen jodi a ap fè fas ?

• Ki objektif prensipal ènmi Neyemya yo te genyen, e ki objektif ènmi Bondye yo genyen jodi a ?

• Ki jan nou kapab kontinye venk mal la avèk byen jodi a ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 29]

Sa nou aprann nan liv Neyemya a

Sèvitè Bondye yo ap fè fas ak

•mokri,

•menas,

•twonpri.

Gwoup moun ki itilize twonpri yo se

•fo zanmi,

•moun k ap fè fo akizasyon,

•fo frè.

Sèvitè Bondye yo venk mal la

•lè yo rete atache ak travay Bondye ba yo fè a.

[Foto nan paj 27]

Neyemya ak moun ki t ap travay avè l yo te rekonstwi miray Jerizalèm nan, malgre yo te jwenn opozisyon fewòs.

[Foto nan paj 31]

Vrè kretyen yo preche bon nouvèl la san yo pa pè.