Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”

Nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”

Nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”

“ Mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. ” — SÒM 139:14.

1. Poukisa anpil moun k ap reflechi kwè se Bondye ki kreye bèl bagay ki gen sou tè a ?

LANATI chaje ak anpil bèl bagay ki gen nan kreyasyon an. Ki jan yo fè egziste ? Gen moun ki kwè yo ka jwenn repons lan san yo pa bezwen fè referans ak yon Kreyatè entèlijan. Tandiske, gen lòt ki kwè, si kareman nou mete de kote egzistans yon Kreyatè, sa ap limite kapasite nou pou nou konprann lanati. Yo kwè kreyati ki sou tè a twò konplike, yo twò varye, e nou te ka di, yo twò estrawòdinè pou yo ta parèt paraza. Pou anpil moun, san wete kèk syantifik, gen prèv ki montre linivè gen yon Kreyatè ki saj, ki pisan e ki donan *.

2. Ki sa ki te pouse David louwe Jewova ?

Wa David nan Izrayèl tan lontan an se youn nan moun ki te kwè avèk fòs gen yon Kreyatè ki merite louwanj pou bèl bagay li kreye yo. Byenke David te viv lontan anvan epòk nou an kote lasyans vin devlope, li te rann li kont li antoure ak bèl bagay ki gen nan travay kreyasyon Bondye a. David te bezwen sèlman egzamine pwòp kò li pou l te emèveye anpil devan kapasite Bondye genyen pou l kreye. Men sa l te ekri : “ M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. Travay ou yo estrawòdinè, e nanm mwen konn sa trè byen. ” — Sòm 139:14.

3, 4. Poukisa li enpòtan pou nou fè meditasyon ki pwofon sou travay Jewova yo ?

3 David te vin gen konviksyon fèm sa a grasa meditasyon pwofon li te fè. Jodi a, ni kou yo fè nan lekòl, ni medya yo chaje ak teyori konsènan orijin lòm ki la pou detwi lafwa nou. Pou nou gen lafwa menm jan ak David, nou menm tou nou dwe fè meditasyon ki pwofon. Nou pa ka pran risk kite moun panse pou nou, sitou sou kesyon esansyèl sa yo ki gen rapò ak egzistans yon Kreyatè.

4 Anplis de sa, lè nou egzamine travay Jewova yo, sa ogmante rekonesans nou pou li e sa ban nou asirans nan pwomès li fè pou lavni. Konsa, sa motive nou pou nou chèche konnen Jewova pi byen e pou nou sèvi l. Kounye a, annou egzamine ki jan lasyans nan epòk nou an apiye konklizyon David te fè a lè l te di nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”.

Devlopman kò nou se yon mèvèy

5, 6. a) Ki jan lavi nou tout te kòmanse ? b) Ki wòl ren nou yo ranpli ?

5 “ Se ou menm menm ki te pwodui ren m. Ou te kenbe m alabri nan vant manman m. ” ​(Sòm 139:13). Nou tout te kòmanse egzistans nou anndan vant manman nou antanke yon sèl selil ki pi piti pase pwen ki nan fen fraz sa a. Ti selil piti sa a te konplike anpil, se te yon ti laboratwa chimik. Li vin devlope rapidman. Nan fen dezyèm mwa ou te nan vant lan, ògàn prensipal ou yo te prèske fin fòme. Pami yo gen ren w. Menm moman w fèt la, ren w te gentan pare pou yo filtre san w pou yo retire yon seri sibstans ki pa bon pou kò a e pou yo elimine dlo ki anplis nan kò a, men pou yo kenbe sibstans ki bon yo. Si de ren w yo an sante, yo filtre dlo ki nan san w chak 45 minit. Yon adilt gen anviwon senk lit san.

6 Yon lòt bagay ren w fè se kontwole kantite sèl mineral ki gen nan san w, kantite asid li genyen ansanm ak presyon l. Ren w yo akonpli anpil lòt fonksyon ki trèzenpòtan, tankou chanje vitamin D fè l tounen yon lòt sibstans ki nesesè pou zo yo devlope kòrèkteman e pou yo pwodui yon òmòn yo rele eritwopoyetin ki akselere fòmasyon globil wouj nan zo w. Se pa etonan si yo rele ren yo “ gran espesyalis nan fonksyònman chimik kò a * ” !

7, 8. a) Dekri yon tibebe ki fèk ap devlope nan vant. b) Nan ki sans yon tibebe k ap devlope “ tise anndan pati ki pi pwofon anba tè a ” ?

7 “ Zo mwen yo pa t kache nan je w lè mwen t ap fèt nan sekrè, lè mwen t ap tise anndan pati ki pi pwofon anba tè a. ” ​(Sòm 139:15). Premye selil la te divize, e nouvo selil ki vin fèt yo kontinye divize. Yon ti tan apre sa, selil yo te kòmanse fòme gwoup diferan, oubyen gwoup espesyal, pou yo tounen selil ki fòme nè yo, mis yo, po a, eksetera. Selil ki menm tip yo gwoupe ansanm pou fòme tisi yo, ki vin fòme ògàn yo. Pa egzanp, diran twazyèm semèn fòmasyon an, tout zo nan kò w te kòmanse pran fòm. Lè w te fèk gen sèt semèn e ou te mezire sèlman 2,5 santimèt, tout 206 zo ou t ap vin genyen lè w vin gran yo te deja pran premye fòm yo, byenke yo potko solid.

8 Pwosesis devlopman estrawòdinè sa a te kòmanse anndan vant manman w, yon kote moun pa ka wè, kòmsi se te byen fon anba tè. An reyalite, gen anpil bagay lòm pa konnen sou fason nou devlope. Pa egzanp, ki sa k fè yon seri jèn ou gen nan selil ou yo antre ann aktivite pou pèmèt yon seri selil ranpli fonksyon yo genyen nan chak pati nan kò a ? Petèt lasyans ka vin dekouvri bagay sa yo, men kòm David te fè remake annapre, Kreyatè nou an, Jewova, te toujou byen konprann sa k pase a.

9, 10. Ki jan fòmasyon diferan pati nan yon anbriyon “ enskri ” nan “ liv ” Bondye a ?

9 “ Je w te wè anbriyon mwen epi nan liv ou a tout pati l yo te enskri, kanta jou yo te fòme yo e lè potko gen youn nan yo. ” ​(Sòm 139:16). Premye selil ki te fòme w la te gen yon plan konplè pou fòmasyon tout kò w. Plan sa a te gide devlopman w diran nèf mwa ou te pase nan vant anvan w te fèt, e apre sa pandan plis pase ventan ki mennen w nan laj adilt. Diran tan sa a, kò w pase plizyè etap, e se enfòmasyon ki te nan premye selil la ki dirije tout etap sa yo.

10 David pa t gen okenn konesans sou selil ak jèn, piske li pa t menm gen yon mikwoskòp. Men, li te byen konprann fason kò l te devlope a montre te gen yon plan ki te prepare davans. Petèt, David te gen kèk konesans sou fason anbriyon devlope, donk li te ka rezone pou l di chak etap dwe fèt selon yon chema ak yon pwogram ki te deja etabli. Nan yon langaj powetik, li te dekri chema sa a kòmsi li te “ enskri ” nan “ liv ” Bondye a.

11. Ki sa k detèmine karakteristik fizik nou genyen yo ?

11 Jodi a, yo konnen se jèn ou ki detèmine karakteristik ou eritye nan paran w ak nan gran paran w, tankou wotè w, fòm figi w, koulè je w ak koulè cheve w, ansanm ak plizyè milye lòt karakteristik. Chak selil ou yo gen plizyè dizèn milye jèn, e chak jèn fè pati yon chèn long ki fòme sa yo rele ADN nan (asid dezoksiribonikleyik). Enstriksyon sou fason kò w fèt “ enskri ” nan fòmasyon chimik ADN ou. Chak fwa selil ou yo divize, pou fè nouvo selil oswa pou ranplase selil ki vyeyi yo, ADN ou bay enstriksyon sou sa, e sa fè w rete an vi e ou kenbe prensipal karakteristik ou yo. Sa se yon egzanp estrawòdinè sou pisans ak sajès Kreyatè nou an ki nan syèl la genyen.

Nou gen yon entèlijans ki san parèy

12. Ki sa patikilyèman ki distenge moun ak bèt ?

12 “ Se poutèt sa, se pa ti presye panse w yo presye pou mwen ! O Bondye, ala anpil gwo kantite yo ye a anpil ! Si m ta eseye konte yo, yo plis pase ata grenn sab. ” ​(Sòm 139:17, 18a). Bèt yo fèt yon fason estrawòdinè tou, e kèk ladan yo gen kèk sans ak kèk kapasite ki depase sa lèzòm genyen yo. Men, Bondye te bay lèzòm kapasite mantal ki depase lontan sa nenpòt bèt genyen. Gen yon liv syans ki fè konnen : “ Kèlkeswa jan nou menm lòm nou ta sanble nan anpil sans ak lòt espès ki egziste yo, nou san parèy pami tout fòm vi ki gen sou tè a anrapò ak kapasite nou genyen pou nou pale e pou nou panse. [...] Nou san parèy tou anrapò ak gwo dezi nou genyen pou nou chèche konnen kiyès nou ye : Ki jan pati nan kò nou konekte youn ak lòt ? Ki jan kò nou te fè vin devlope ? ” Sa yo se kèk nan kesyon David te poze tèt li tou.

13. a) Sa k fè David te ka medite sou panse Bondye yo ? b) Ki jan nou ka suiv egzanp David ?

13 Sa k pi enpòtan an, kontrèman ak bèt yo, nou san parèy nan kapasite nou genyen pou nou medite sou panse Bondye yo *. Kado espesyal sa a se youn nan aspè ki montre nou fèt “ pòtre ak Bondye ”. (Jenèz 1:27.) David te byen sèvi ak kado sa a. Li te medite sou prèv ki demontre egzistans Bondye e li te wè bèl kalite Li yo reflete nan tout sa ki te antoure l sou tè a. David te genyen tou premye liv Ekriti Sakre yo, ki gen ladan l sa Bondye revele sou tèt li e sou travay li yo. Ekriti enspire sa yo te ede David konprann panse Bondye yo, pèsonalite li ak objektif li. Meditasyon David te fè sou Ekriti yo, sou kreyasyon an e sou fason Bondye boule ak li te pouse l louwe Kreyatè l la.

Sa lafwa enplike

14. Poukisa nou pa bezwen konnen tout bagay sou Bondye pou nou gen lafwa nan li ?

14 Plis David te egzamine kreyasyon an ak Ekriti yo, se plis li te reyalize li pap janm fin konprann tout konesans ak tout kapasite Bondye genyen (Sòm 139:6). Se menm bagay la pou nou. Nou pap janm rive konprann tout bagay konsènan tout sa Bondye kreye (Eklezyas 3:11 ; 8:17). Men, Bondye fè ase konesans “ parèt klè ” ni nan Ekriti yo ni nan lanati pou pèmèt moun nan divès epòk k ap chèche laverite vin gen yon lafwa ki baze sou prèv. — Women 1:19, 20 ; Ebre 11:1, 3.

15. Bay yon egzanp ki montre rapò ki genyen ant lafwa ak relasyon nou ak Bondye.

15 Gen lafwa mande plis pase tou senpleman konnen lavi ak linivè dwe gen yon Èt entèlijan ki sous yo. Sa mande pou nou kwè nan Jewova Dye antanke yon pèsòn, sa vle di yon Moun ki vle pou nou chèche konnen l e pou nou gen bon relasyon avè l (Jak 4:8). Nou ka reflechi sou konfyans yon pitit genyen nan papa l ki gen lanmou pou li. Si yon moun ki mal pou kwè bezwen konnen si papa w ap vrèman ede w nan yon sitiyasyon difisil, petèt ou gendwa pa ka konvenk li papa w merite pou w fè l konfyans. Sepandan, si pandan w ap viv ak papa w ou jwenn prèv ki montre w li se yon bon papa, ou ka gen konfyans li pap abandone w. Se menm jan an tou, lè nou vin konnen Jewova grasa etid nou fè nan Ekriti yo, lè nou egzamine kreyasyon an e lè nou gen prèv li reponn priyè nou, sa pouse nou mete konfyans nou nan li. Sa fè nou vle aprann pi plis bagay sou li toujou e sa fè nou vle louwe l pou toutan, piske nou renmen l san okenn enterè e nou gen yon atachman pou li. Sa se objektif ki pi onorab pou yon moun chèche atenn. — Efezyen 5:1, 2.

Annou chèche direksyon nan men Kreyatè nou an

16. Ki sa nou ka aprann nan relasyon sere David te gen ak Jewova ?

16 “ Sonde m, o Bondye, e konnen kè m. Egzamine m, e konnen panse k ap enkyete m yo, gade si pa gen chemen doulè nan mwen, e kondui m nan chemen tan endefini an. ” ​(Sòm 139:23, 24). David te sèten Jewova te konnen l fen e byen. Kreyatè l la te gen kapasite pou l wè tout sa l panse, tout sa l di oswa tout sa l fè (Sòm 139:1-12 ; Ebre 4:13). Konesans entim sa a David te gen sou Jewova te fè l santi l byen, menm jan yon timoun piti santi l byen nan bra paran li ki renmen l. David te cheri relasyon sere li te gen ak Jewova e li te fè efò pou li kenbe relasyon sa a lè l te reflechi an pwofondè sou travay Li yo e lè li te priye l. Anfèt, anpil nan sòm David yo, san wete Sòm 139 la, yo tout an reyalite se priyè ki te konn fèt sou fòm chan. Menm jan tou, meditasyon ak priyè ka ede nou pwoche bò kote Jewova.

17. a) Poukisa David te vle Jewova egzamine kè l ? b) Ki jan fason nou itilize libète nou genyen pou nou deside ap afekte lavi nou ?

17 Etandone nou fèt pòtre ak Bondye, nou kreye ak libète pou nou deside. Nou ka chwazi pou nou fè sa ki byen oswa pou nou fè sa ki mal. Libète sa a makònen ak responsablite moral. David pa t vle yo mete l nan menm lo ak mechan yo (Sòm 139:19-22). Li te gen dezi pou l evite fè fot ki ka lakòz soufrans. Konsa, apre David te fin medite sou konesans pafè Jewova genyen, li te mande l avèk imilite pou l egzamine moun li ye pa anndan an e pou l gide l nan chemen ki mennen nan lavi a. Tout moun bezwen aplike prensip moral jis Bondye yo. Pakonsekan, nou menm tou, nou bezwen fè bon chwa. Jewova mande nou tout pou nou obeyi l. Lè nou fè sa, sa fè nou jwenn favè l ak anpil byenfè (Jan 12:50 ; 1 Timote 4:8). Lè nou mache avèk Jewova jou apre jou, sa fè kè nou toujou kalm, menm lè nou rankontre pwoblèm grav. — Filipyen 4:6, 7.

Annou obeyi Kreyatè estrawòdinè nou an

18. Ki konklizyon David te tire etan li t ap egzamine kreyasyon an ?

18 Lè David te timoun, souvan li konn ret deyò ap pran swen mouton. Pandan mouton yo bese tèt yo ap manje zèb, David bò kote pa l te leve je l nan syèl la. Lè l lannuit, David te konn reflechi sou grandè linivè e sou tout siyifikasyon sa gen pou li. David te ekri pawòl sa yo : “ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye, e lespas ap anonse travay li fè ak men l. Yon jou apre yon lòt jou fè langaj jayi e yon nuit apre yon lòt nuit devwale konesans. ” ​(Sòm 19:1, 2). David te konprann li te bezwen chèche Sila ki te fè tout bagay estrawòdinè sa yo e li te bezwen obeyi l. Nou menm tou nou bezwen fè sa.

19. Kit nou jèn kit nou granmoun, ki leson nou ka aprann nan ‘ fason estrawòdinè ’ nou fèt la ?

19 David se yon egzanp ki byen kadre ak konsèy pitit li Salomon t apral bay pou jèn yo annapre. Men sa Salomon te di : “ Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn. [...] Krenn vrè Dye a epi kenbe kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. ” ​(Eklezyas 12:1, 13). Lè David te timoun, li te deja konprann li fèt “ yon fason ki estrawòdinè ”. Pandan tout vi l, li te jwenn anpil byenfè lefètke li te aji ann amoni ak konpreyansyon sa a. Kit nou jèn kit nou granmoun, si nou louwe Gran Kreyatè nou an e nou sèvi l, vi nou ap agreyab ni kounye a ni alavni. Men pwomès Labib fè konsènan moun ki rete pwòch Jewova e ki mache nan chemen l yo ki jis : “ Y ap kontinye pwospere toujou pandan cheve yo gri, y ap toujou gra e y ap toujou fre, pou anonse Jewova dwat. ” ​(Sòm 92:14, 15). Anplis, n ap gen espwa pou nou jwi travay estrawòdinè Kreyatè nou an pou toutan.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Gade Réveillez-vous ! 22 jen 2004. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 6 Gade atik “ Les reins : des filtres essentiels à la vie ” a, ki nan Réveillez-vous ! 8 out 1997.

^ § 13 Nan Sòm 139:18b, sanble David te vle di si l ta pase tout yon jounen ap konte panse Jewova yo jiskaske dòmi pran l lannuit, lè l leve nan maten, li t ap toujou gen plis pou l konte.

Èske nou ka esplike ?

• Ki jan fason yon anbriyon devlope montre nou fèt “ yon fason ki estrawòdinè ” ?

• Poukisa nou dwe medite sou panse Jewova yo ?

• Ki rapò ki genyen ant lafwa ak relasyon nou avèk Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Devlopman yon tibebe nan vant suiv yon chema ki te prepare davans.

ADN

[Liy kredi nan paj 13]

Tibebe nan vant : Lennart Nilsson

[Foto nan paj 14]

Nou mete konfyans nou nan Jewova, menm jan yon timoun mete konfyans li nan papa l ki renmen l.

[Foto nan paj 15]

Meditasyon David te fè sou travay Jewova fè ak men l te pouse l louwe l.