Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Nou pa pale menm lang, men nou ini grasa lanmou ”

“ Nou pa pale menm lang, men nou ini grasa lanmou ”

“ Nou pa pale menm lang, men nou ini grasa lanmou ”

Delivrans. Liberasyon. Depi plizyè syèk, lèzòm pa janm sispann chèche jwenn soulajman anba difikilte ak tètchaje. Ki jan nou ka fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a ? Èske n ap janm jwenn yon delivrans ? Si n ap jwenn li, ki jan sa pral fèt ?

SE SOU pwen sa yo yo te pale nan seri kongrè distri twa jou Temwen Jewova yo te òganize, ki te kòmanse an me 2006 e ki te gen tèm : “ Delivrans lan toupre ! ”

Gen plizyè milye delege ki te soti nan plizyè peyi pou vin asiste nèf nan seri kongrè sa yo. Yo te fèt pandan mwa jiyè ak out 2006 nan vil Prag ki se kapital Repiblik tchèk, nan vil Bratislava ki se kapital Slovaki, nan Kòzòv ak nan Poznàn, an Polòy *, e nan senk vil ann Almay : Dòtmound, Frankfòt, Anbou, Lepsig ak Minik. Asistans total tout asanble sa yo te depase 313 000 moun.

Ki anbyans ki te gen nan kongrè yo ? Ki kòmantè moun ki t ap obsève yo te fè ? E ki jan kongresis yo te santi yo apre yo fin asiste kongrè yo ?

Preparasyon ki te fèt

Ni vizitè yo ni Temwen nan zòn kote kongrè yo t ap fèt yo te vrèman ap tann moman sa a avèk enpasyans, paske yo te konnen kongrè sa yo se t ap evènman espirityèl inoubliyab. Sa te mande anpil travay pou yo prepare lojman apwopriye pou delege yo. Pa egzanp, pou kongrè ki te fèt Kòzòv la, Temwen polonè yo te ofri kay yo pou resevwa prèske 13 000 envite ki te soti ann Ewòp de Lès. Te gen delegasyon ki te vin nan kongrè a ki te soti Ameni, Belaris, Estoni, Etazini, Ikrèn, Jòji, Kazakstan, Kigistan, Larisi, Letoni, Lityani, Mòldavi, Ouzbekistan, Tajikistan ak Tikmenistan.

Gen anpil delege ki te oblije kòmanse fè preparasyon pou vwayaj yo plizyè mwa alavans. Tatiana se yon pyonye k ap viv Kamchaka, yon preskil nan peyi Larisi ki nan direksyon nòdès peyi Japon. Depi ennan alavans, li te kòmanse fè ekonomi pou vwayaj la. Li te gen pou l fè 10 500 kilomèt ap vwayaje. Toudabò, li te pase 5 èdtan nan avyon. Ansuit, li te fè prèske twa jou ap vwayaje nan tren, e finalman, li te pase 30 èdtan nan bis anvan l rive Kòzòv.

Plizyè milye frè ak sè te travay kòm volontè nan preparasyon ki t ap fèt anvan kongrè yo, yon fason pou estad yo ak alantou estad yo te ka vin yon kote ki apwopriye pou yo adore Bondye (Detewonòm 23:14). Pou n site yon egzanp, Temwen nan Lepsig yo te fè yon bèl travay netwayaj nan estad la, e yo te pwomèt pou yo fè sa ankò apre kongrè a. Sa te pouse responsab estad yo anile yon pati nan kontra lokasyon an ki te mande pou yo peye yon bon kantite kòb pou netwayaj lokal la.

Envitasyon ki te fèt

Nan lemonnantye, kongregasyon yo te fè gwo kanpay envitasyon pou kongrè “ Delivrans lan toupre ! ” a. Frè ak sè ki te gen pou yo asiste kongrè entènasyonal ki t ap fèt yo te patisipe nan kanpay sa a avèk anpil antouzyas. Yo te kontinye fè envitasyon jis byen ta nan jou swa lavèy kongrè a. Èske zèl yo te demontre a te bay bon rezilta ?

Gen yon Temwen polonè ki rele Bogdan ki te rankontre yon mesye aje ki te vle asiste kongrè a, men ki te fè konnen ti pansyon li t ap touche a pa t ap pèmèt li peye vwayaj pou mennen l Kòzòv, yon vwayaj 120 kilomèt. Te vin gen yon plas vid nan bis kongregasyon l lan te lwe a. Men sa Bogdan rakonte : “ Nou te di mesye a li t ap ka ale avèk nou san l pa peye, si l vin kote n ap reyini pou nou pati a a 5 è 30 nan maten. ” Mesye a te aksepte e li te asiste kongrè a. Annapre, li te ekri frè yo pou l di yo : “ Apre m fin asiste kongrè sa a, mwen pran detèminasyon pou m vin yon pi bon moun. ”

Nan vil Prag, gen yon mesye ki te loje nan youn nan otèl kote delege ki te soti an Grann Bretay yo te desann. Nan aswè, li te di kongresis yo li menm tou li te asiste kongrè ki te fèt nan jounen an. Ki sa ki te pouse l asiste kongrè sa a ? Mesye a di apre li te fin resevwa envitasyon nan men dis pwoklamatè diferan nan vil la, li te santi l oblije la. Li te enpresyone anpil e li te anvi aprann plis bagay. — 1 Timote 2:3, 4.

Yon pwogram espirityèl ki edifyan

Nan pwogram nan, yo te pale sou fason pou nou fè fas ak divès kalite pwoblèm. Yo te bay konsèy ki soti dirèkteman nan Bib la, ki montre fason pou nou rezoud pwoblèm sa yo oswa fason pou nou andire yo.

Moun vyeyès ap ba yo pwoblèm, moun ki gen pwoblèm sante, moun ki gen moun pa yo ki mouri, oswa ki gen lòt pwoblèm pèsonèl te jwenn ankourajman ki soti nan Bib la pou ede yo gen yon vizyon pi klè sou lavi a (Sòm 72:12-14). Moun marye yo ak paran yo te tande konsèy Bib la bay sou fason pou yo gen kè kontan nan maryaj yo e sou fason pou yo byen reyisi edikasyon pitit yo (Eklezyas 4:12 ; Efezyen 5:22, 25 ; Kolosyen 3:21). Gen jèn kretyen k ap fè fas ak move enfliyans kamarad lekòl yo men ki jwenn konsèy saj ki sot nan Pawòl Bondye a ni lakay yo ni nan kongregasyon an. Jèn kretyen sa yo, yo menm tou, te resevwa konsèy pratik sou fason pou yo fè fas ak presyon kamarad yo ap fè sou yo e sou fason pou yo “ kouri pou dezi ki gen lakay jèn yo ”. — 2 Timote 2:22.

Yo fòme yon vrè fanmi entènasyonal

Temwen Jewova yo toujou resevwa bonjan konsèy biblik nan rasanbleman yo òganize yo (2 Timote 3:16). Sepandan, sa k te fè kongrè sa yo diferan ak lòt yo, se paske yo te entènasyonal. Tout kongrè entènasyonal sa yo te gen menm pwogram espirityèl ki te prezante nan plizyè lang. Chak jou, te gen manm Kolèj santral la ki te bay diskou, e te gen rapò yo te bay sou lòt peyi ki te fè moun yo bay pwogram nan yon atansyon espesyal. Yo te entèprete diskou ak rapò sa yo nan lang diferan gwoup moun ki te la yo, yon fason pou yo te ka tire pwofi nan pwogram nan.

Delege yo te enpasyan pou yo rankontre frè ak sè ki sot nan lòt peyi. Gen youn nan delege yo ki te di : “ Menmsi lang nou te pale yo te diferan, sa pa t vrèman bay pwoblèm. Okontrè, sa te ajoute nan jwa ki te gen nan moman an. Moun ki te vini yo te soti nan divès kilti, men yo tout te gen menm lafwa ki ini yo. ” Moun ki te asiste kongrè ki te fèt Minik yo te eksprime yo nan sans sa a : “ Nou pa pale menm lang, men nou ini grasa lanmou. ” Kèlkeswa kote yo te soti e kèlkeswa lang yo te pale, moun ki te nan asistans lan te santi yo te nan mitan vrè zanmi yo, sètadi frè ak sè yo nan sans espirityèl. — Zekarya 8:23.

Yo eksprime rekonesans yo

Pandan asanble ki te fèt nan peyi Polòy yo, kondisyon tan an te mete etadespri delege yo ak andirans yo aleprèv. Nonsèlman lapli te tonbe pandan prèske tout asanble a, men te fè frèt anpil tou, li te fè anviwon 14°C. Gen yon frè ki soti Ozetazini ki te di : “ Se premye fwa mwen te asiste yon asanble anba yon move tan konsa kote l te fè frèt anpil anpil, e anplis, mwen pa t prèske konprann anyen nan pwogram nan. Men, anbyans entènasyonal estrawòdinè ki te egziste a, bèl etadespri ki te genyen ak ospitalite san parèy nou te benefisye te fè nou bliye tou sa. Kongrè sa a te inoubliyab ! ”

Yon bagay ki te inoubliyab pou kongresis ki pale polonè yo, se lè yo te anonse liv Étude perspicace des Écritures la parèt an polonè, e se te vrèman yon bèl rekonpans poutèt yo te rete malgre te gen fredi ak lapli. Tout moun ki te nan kongrè “ Delivrans lan toupre ! ” a te kontan anpil tou lè liv Vivez en gardant à l’esprit le jour de Jéhovah a te parèt.

Gen lòt rezon ankò ki fè anpil nan moun ki te la yo ap sonje kongrè sa a. Kristina, yon sè tchèk, te volontè pou l te akonpaye yon gwoup delege ki sot aletranje nan bis yo te ye a. Men sa l sonje : “ Pandan nou t ap di tout moun orevwa, gen yon sè ki te rale m sou kote, li ban m yon akolad, epi li di : ‘ Mwen santi nou te vrèman byen pran swen m ! Nou te pote manje pou nou nan plas nou e nou te menm pote dlo pou nou bwè. Mèsi anpil pou lanmou nou, yon lanmou ki te pouse nou fè sakrifis pou nou. ’ ” Lè l te di sa, li t ap pale de dispozisyon yo te pran pou yo bay delege ki sot aletranje yo manje pandan poz la. Gen yon frè ki di : “ Se te yon travay nou pa t gen okenn eksperyans ladan l. Sa te mande pou nou distribye manje bay prèske 6 500 moun chak jou. Sa te vrèman touchan pou n wè ki jan te gen anpil moun, san wete timoun, ki te volontè pou yo bay èd yo. ”

Gen yon sè ki te vwayaje sot Ikrèn pou l al nan kongrè ki t ap fèt Kòzòv la ki te di : “ Lanmou, atansyon ak jenewozite kwayan menm jan avèk nou yo te demontre vrèman touche nou. Nou pa ka jwenn mo pou nou eksprime rekonesans nou. ” Annika, yon tifi uit an ki soti Finlann, te ekri filyal Temwen Jewova ki an Polòy la, li te di : “ Kongrè yo te pi estrawòdinè lontan pase sa m te ka imajine. Se yon bagay ki bèl anpil pou yon moun fè pati òganizasyon Jewova a, paske sa fè l gen zanmi toupatou sou tè a. ” — Sòm 133:1.

Kòmantè moun ki t ap obsève yo te fè

Anvan kongrè yo, yo te pwograme pou fè kèk nan delege yo vizite zòn nan. Nan yon pwovens ki rele Bavyè, vizitè yo te fè yon ti kanpe nan Sal Wayòm yo, kote Temwen nan zòn nan te akeyi yo. Yon gid ki pa Temwen ki te akonpaye gwoup la te enpresyone anpil pou jès sa a ki demontre lanmou yo genyen youn pou lòt antanke frè. Gen yon delege ki di : “ Pandan nou te nan bis pou n tounen nan otèl nou te loje a, gid la te di nou diferan anpil parapò ak lòt gwoup li konn abitye akonpaye. Nou te byen abiye, e tout moun te kowopere ak moun ki t ap dirije gwoup la. Pa t gen okenn moun ki t ap di vye pawòl, ni pa t gen dezòd. Li te etone wè jan moun ki pa t menm konn youn lòt anvan te ka vin bon zanmi rapid konsa. ”

Gen yon frè ki te travay nan Sèvis près nan kongrè ki te fèt Prag la ki di : “ Nan dimanch maten, polisye ki te responsab tout lòt polisye ki te resevwa asiyasyon pou yo sipèvize asanble a te pase kote nou. Li te remake tout bagay t ap fèt nan lapè e li te di li pa gen anyen pou l fè. Li te di tou gen kèk moun ki abite nan zòn nan ki te vle konnen ki aktivite ki gen nan estad la. Lè li mansyone Temwen Jewova, souvan moun yo te desi, lè sa a li di yo : ‘ Si moun yo te menm gen mwatye nan bon konpòtman Temwen Jewova yo genyen, lapolis pa t ap menm bezwen egziste. ’ ”

Anpil moun deja delivre !

Labib, Pawòl Bondye a jwe wòl yon pon ant divès kilti, li rasanble kretyen yo nan lapè e nan linite (Women 14:19 ; Efezyen 4:22-24 ; Filipyen 4:7). Kongrè entènasyonal “ Delivrans lan toupre ! ” a, ki te fèt plizyè kote, demontre sa. Temwen Jewova yo deja delivre anba anpil flewo ki tonbe sou monn sa a. Prejije, agresyon ak diskriminasyon rasyal, pou n site sa yo sèlman kòm kèk nan flewo k ap ravaje sosyete a, prèske pa egziste nan mitan yo. Y ap tann moman kote lemonnantye pral delivre anba pwoblèm sa yo.

Moun ki te asiste kongrè sa yo te viv pèsonèlman inite ki egziste ant Temwen ki soti nan divès peyi e ki pa gen menm kilti. Inite sa a te vrèman evidan nan fen kongrè sa yo. Tout moun t ap bat bravo, yo t ap anbrase nouvo zanmi yo te fè e yo t ap fè kèk dènye foto (1 Korentyen 1:10 ; 1 Pyè 2:17). Delege yo te kontan e yo te gen konviksyon talè konsa n ap delivre anba tout pwoblèm e anba tout tètchaje. Yo te retounen lakay yo e nan kongregasyon yo avèk plis detèminasyon pou yo kenbe “ pawòl lavi ” Bondye bay la byen di. — Filipyen 2:15, 16.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Grasa koneksyon elektwonik ki te fèt, gen sis lòt kote an Polòy e youn an Slovaki ki te benefisye pati nan pwogram nan oratè vizitè yo te prezante yo.

[Kare nan paj 10]

Yo te pale vennsis lang tankou se yon sèl lang.

Nan toule nèf kongrè yo, yo te prezante pwogram nan nan lang moun yo pale nan zòn nan. Nan kongrè ki te fèt ann Almay yo, yo te fè diskou yo nan 18 lòt lang. Nan vil Dòtmound, yo te fè diskou yo ann arab, ann espayòl, an pèsan, an pòtigè e an ris. Nan vil Frankfòt, yo te fè yo ann anglè, an fransè e an sèbokwowat. Nan vil Anbou, yo te fè diskou yo an dànwa, an neyèlandè, an syedwa e an tamoul. Nan vil Lepsig, yo te fè yo an chinwa, an polonè e an tik. E finalman, nan vil Minik, yo te fè diskou yo an grèk, ann italyen e nan lang siy alman. Tout diskou ki te fèt nan vil Prag te fèt ann anglè, an ris e an tchèk. Nan vil Bratislava, pwogram nan te fèt ann anglè, ann ongwa, an slovak e nan lang siy slovak. Nan vil Kòzòv, lang yo te itilize yo se te polonè, ris, ikrenyen ak lang siy polonè. E nan Poznàn, asanble a te fèt an finwa e an polonè.

Vennsis lang antou ! Vrèmanvre, kongresis yo pa t pale menm lang, men yo te ini grasa lanmou yo genyen youn pou lòt.

[Foto nan paj 9]

Nan vil Frankfòt, delege kwowat yo te kontan resevwa Bib “ Traduction du monde nouveau ” a nan pwòp lang yo.