Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”

“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”

“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”

“ Pa rann pèsonn mal pou mal. Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. ” — WOMEN 12:17.

1. Ki konpòtman nou konn remake lakay anpil moun ?

AN JENERAL, premye reyaksyon yon timoun, lè yon frè l oswa yon sè l pouse l, se pouse l tou. Malerezman, se pa timoun sèlman ki gen konpòtman tak pou tak sa a. Gen anpil granmoun ki aji menm jan an tou. Lè yon moun fè yo yon bagay ki mal, yo vle fè l menm bagay la. An reyalite, pifò granmoun pap bay moun yon pousad literalman, men anpil ladan yo ap chèche yon fason kanmenm pou yo remèt sa yo te fè yo a. Petèt, yo gaye tripotay sou do moun ki te ofanse yo a oubyen yo chèche yon fason pou yo anpeche l reyisi nan sa l ap fè. Kèlkeswa fason yo reyaji a, se toujou nan menm entansyon an : fè moun nan menm sa l te fè yo a, sètadi tire revanj.

2. a) Poukisa vrè kretyen yo reziste kont tandans pou yo tire revanj lan ? b) Ki kesyon nou pral reponn e ki chapit nan Bib la nou pral egzamine ?

2 Byenke tandans pou yon moun tire revanj pou sa yon lòt moun fè l se yon bagay ki anrasinen fon nan moun, vrè kretyen yo reziste kont tandans sa a. Depreferans, yo fè tout efò yo pou yo suiv egzòtasyon apot Pòl te bay sou kesyon sa a. Li te di : “ Pa rann pèsonn mal pou mal. ” ​(Women 12:17). Ki sa k ap motive nou pou nou viv ann akò ak prensip elve sa a ? Kiyès an patikilye nou pa ta dwe rann mal pou mal ? Ki byenfè n ap rekòlte si nou metrize nou pou n pa tire revanj ? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, annou egzamine kontèks pawòl Pòl te di yo e annou gade kòman Women chapit 12 montre lè nou metrize nou pou nou pa tire revanj, lè sa a nou aji yon fason ki jis, ki demontre lanmou e ki modès. Nou pral egzamine twa aspè sa yo youn apre lòt.

‘ Se sa k fè, mwen sipliye nou ’

3, 4. a) De ki sa Pòl te pale apati Women chapit 12, e ki sa ekspresyon “ se sa k fè ” li te itilize a vle di ? b) Ki efè konpasyon Bondye te dwe genyen sou kretyen women yo ?

3 Apati chapit 12 liv Women an, Pòl egzamine kat bagay ki afekte lavi yon kretyen. Li pale de relasyon nou avèk Jewova, avèk kretyen menm jan avèk nou, avèk moun ki pa kwayan e avèk otorite nan gouvènman yo. Anplis, Pòl bay yon rezon fondamantal ki fè nou dwe konbat move tandans, tankou tandans nou genyen pou nou tire revanj. Li di : “ Se sa k fè, frè, mwen sipliye nou, pa mwayen konpasyon Bondye. ” ​(Women 12:1). Remake li itilize ekspresyon “ se sa k fè ” ki vle di “ poutèt sa k te di anvan an ”. Annefè, Pòl te vle di : ‘ Poutèt sa m sot esplike nou an, mwen sipliye nou pou nou fè sa mwen pral di nou la a. ’ Ki sa Pòl te esplike kretyen sa yo ki t ap viv nan vil Wòm ?

4 Nan 11 premye chapit lèt sa a Pòl te ekri a, li te pale de bèl opòtinite ni Juif yo ni Janti yo te genyen pou yo dirije ak Kris nan Wayòm Bondye a, yon esperans Izrayèl selon lachè a te rejte (Women 11:13-36). Se sèlman “ pa mwayen konpasyon Bondye ” gwo privilèj sa a te vin posib. Ki jan kretyen yo ta dwe reyaji devan gwo aksyon sa a Bondye fè anvè yo grasa bonte l moun pa merite a. Kè yo ta dwe ranpli ak anpil rekonesans, opwen pou l pouse yo fè sa Pòl di apre a : “ Prezante kò nou kòm yon sakrifis vivan, ki sen, ki agreyab pou Bondye, kòm yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou n rezone. ” ​(Women 12:1). Men, ki jan kretyen sa yo te ka vrèman prezante tèt yo bay Bondye kòm “ yon sakrifis ” ?

5. a) Ki jan yon moun kapab ofri tèt li bay Bondye kòm “ yon sakrifis ” ? b) Ki prensip ki dwe enfliyanse konpòtman yon kretyen ?

5 Pòl di ansuit : “ Sispann konfòme nou selon sistèm de choz sa a, men transfòme nou, lè nou renouvle entèlijans nou, dekwa pou nou menm pèsonèlman nou ka konstate ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè. ” ​(Women 12:2). Olye pou kretyen sa yo te kite lespri monn nan modle panse yo, yo te bezwen renouvle entèlijans yo pito, yon fason pou yo te panse menm jan ak Kris (1 Korentyen 2:16 ; Filipyen 2:5). Prensip sa a ta dwe enfliyanse konpòtman tout vrè kretyen chak jou, sa vle di nou menm k ap viv jodi a.

6. Lè nou baze nou sou rezònman Pòl te fè nan Women 12:1, 2 a, ki jan sa pouse nou rejte tandans nou genyen pou nou tire revanj ?

6 Ki jan rezònman apot Pòl fè nan Women 12:1, 2 a ede nou ? Li ede nou konprann menm jan ak kretyen sa yo nan Wòm ki te wen ak lespri, nou menm tou nou gen anpil rekonesans pou konpasyon Bondye kontinye demontre anvè nou divès fason, konpasyon li kontinye manifeste anvè nou chak jou nan lavi nou. Se sa k fè, lè nou gen yon kè ki chaje ak rekonesans, sa pouse nou sèvi Bondye ak tout fòs nou, ak tout resous nou posede e ak tout kapasite nou. Yon dezi konsa, ki soti nan fon kè nou, pouse nou tou pou nou fè tout sa nou kapab pou nou panse menm jan ak Kris, e non pa menm jan ak monn nan. E lefètke nou gen panse Kris, sa gen yon efè sou fason n ap boule ak lòt moun, ni moun ki kwayan menm jan avèk nou, ni moun ki pa kwayan (Galat 5:25). Pwen enpòtan an sèke, si nou panse menm jan ak Kris, n ap santi nou nan obligasyon pou nou konbat tandans nou genyen pou nou tire revanj. — 1 Pyè 2:21-23.

“ Se pou lanmou nou san ipokrizi ”

7. De ki kalite lanmou Pòl te pale nan Women chapit 12 ?

7 Nou pa chèche rann mal pou mal, paske lè nou aji konsa, nonsèlman nou aji yon fason ki jis, men tou, nou aji yon fason ki demontre lanmou. Remake ki jan apre sa apot Pòl te egzamine rezon ki pouse nou demontre lanmou. Nan liv Women an, Pòl te itilize mo “ lanmou ” an (an grèk, agapè) plizyè fwa lè li t ap pale de lanmou Bondye ak lanmou Kris (Women 5:5, 8 ; 8:35, 39). Sepandan, nan chapit 12 la, Pòl itilize mo agapè a yon lòt fason, li pale de lanmou nou montre pou moun parèy nou. Apre Pòl fin di don espirityèl yo diferan youn ak lòt e yo egziste pami kèk kwayan, li mansyone yon kalite tout kretyen ta dwe kiltive. Li di : “ Se pou lanmou nou san ipokrizi. ” ​(Women 12:4-9). Lanmou pou lòt moun se prensipal mak ki idantifye vrè kretyen yo (Mak 12:28-31). Pòl egzòte nou pou nou asire nou lanmou nou montre antanke kretyen an se yon lanmou ki sensè.

8. Ki jan nou ka demontre lanmou ki san ipokrizi a ?

8 Anplis de sa, Pòl di ki fason pou nou demontre lanmou san ipokrizi a. Li di : “ Deteste sa ki mal, kenbe fèm nan sa ki bon. ” ​(Women 12:9). “ Deteste ” ak “ kenbe fèm ” se de ekspresyon ki pisan. Mo “ deteste ” a ka bay sans “ rayi nan dènye degre ”. Se pa sèlman konsekans mal la nou dwe rayi, men tou nou dwe rayi mal la li menm (Sòm 97:10). Ekspresyon “ kenbe fèm ” nan se tradiksyon yon vèb grèk ki siyifi literalman “ kole ”. Kretyen ki gen vrè lanmou an tèlman kole di avèk bonte oswa li tèlman atache avè l, sa fè kalite sa a vin tounen yon aspè ki pa ka detache ak pèsonalite l.

9. Ki egzòtasyon Pòl bay plizyè fwa ?

9 Pòl pale plizyè fwa de yon lòt fason espesyal nou ka demontre lanmou. Li di : “ Kontinye beni moun k ap pèsekite nou, bay benediksyon e pinga nou bay malediksyon. ” “ Pa rann pèsonn mal pou mal. ” “ Pa vanje tèt nou, byenneme. ” “ Pa kite mal la venk ou, men kontinye venk mal la avèk byen. ” ​(Women 12:14, 17-19, 21). Pawòl Pòl yo montre nou byen klè fason nou ta dwe boule ak moun ki pa kwayan, e menm ak moun ki opoze ak nou.

“ Kontinye beni moun k ap pèsekite nou ”

10. Ki fason nou kapab beni moun k ap pèsekite nou ?

10 Ki fason nou aplike egzòtasyon Pòl bay la ki di : “ Kontinye beni moun k ap pèsekite nou ” ? (Women 12:14.) Jezi te di disip li yo pawòl sa yo : “ Kontinye renmen ènmi nou yo e priye pou moun k ap pèsekite nou yo. ” ​(Matye 5:44 ; Lik 6:27, 28). Pakonsekan, youn nan fason nou ka beni moun k ap pèsekite nou yo se lè nou priye pou yo, nou mande Jewova, si se inyorans ki fè yo opoze ak nou, pou l ouvri je yo pou yo wè laverite (2 Korentyen 4:4). Se vre, sa kapab parèt dwòl pou n ap mande Bondye pou l beni yon moun k ap pèsekite nou. Sepandan, plis fason nou panse sanble ak fason Kris panse, se plis n ap anmezi pou nou renmen ènmi nou (Lik 23:34). Lè nou demontre yon lanmou konsa, ki rezilta sa ka bay ?

11. a) Ki leson nou ka aprann nan egzanp Etyèn nan ? b) Lè nou konsidere sa k te rive nan lavi Pòl, ki chanjman kèk pèsekitè ka fè ?

11 Etyèn se youn nan moun ki te priye pou moun ki t ap pèsekite l, e priyè li te fè a te egzose. Yon ti tan apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, moun ki te opoze ak kongregasyon kretyen an te arete Etyèn, yo te trennen l deyò Jerizalèm e yo te touye l ak kout wòch. Anvan l mouri, li rele byen fò : “ Jewova, pa konte peche sa a pou yo. ” ​(Travay 7:58–8:1).Youn nan moun Etyèn te priye pou li jou sa a se Sol. Li te youn nan moun ki te la lè yo t ap touye Etyèn e ki te apwouve sa. Yon ti tan apre, Jezi ki te gentan resisite te parèt sou Sol. Ebyen, ansyen pèsekitè sa a te vin tounen yon disip Kris e li te vin tounen apot Pòl, se li menm ki ekri lèt Women an (Travay 26:12-18). Ann amoni ak priyè Etyèn te fè a, li parèt klè Jewova te padone Pòl pou peche li te fè antanke yon pèsekitè (1 Timote 1:12-16). Kidonk, li pa etonan pou Pòl bay kretyen yo egzòtasyon sa a : “ Kontinye beni moun k ap pèsekite nou. ” Selon eksperyans li te fè, li te konnen gen kèk pèsekitè ki ka vin sèvi Bondye yon lè. Nan epòk pa nou an, gen kèk pèsekitè tou ki vin kwayan grasa konduit pasifik sèvitè Jewova yo genyen.

“ Se pou nou anpè ak tout moun ”

12. Ki rapò lojik ki genyen nan egzòtasyon nou jwenn nan Women 12:9, 17 la ?

12 Men egzòtasyon Pòl te bay annapre sou fason pou nou boule ni ak moun ki kwayan menm jan avèk nou ni ak moun ki pa kwayan : “ Pa rann pèsonn mal pou mal. ” Pawòl sa yo gen yon rapò lojik ak sa l te di anvan an, sètadi “ deteste sa ki mal ”. Anfèt, ki jan yon moun ka di li deteste sa ki mal toutbonvre, oswa li deteste mechanste, si l ta ap rann lòt moun mal pou mal ? Si li ta aji konsa, li t ap aji yon fason ki kontrè ak lanmou “ san ipokrizi ” nou dwe genyen an. Se sa k fè Pòl di : “ Chèche fè sa ki byen nan je tout moun. ” ​(Women 12:9, 17). Ki jan nou ka aplike pawòl sa yo ?

13. Nan ki sans konduit nou ekspoze devan “ je tout moun ” ?

13 Yon ti tan anvan, nan yon lèt Pòl te ekri Korentyen yo sou pèsekisyon apot yo te rankontre, li te di yo : “ Nou vin tounen yon sèn teyat devan ni monn nan, ni zanj yo, ni lèzòm.[...] Lè yo ensilte nou, nou beni yo, lè yo pèsekite nou, nou sipòte, lè yo pale nou mal, nou sipliye pou yo. ” ​(1 Korentyen 4:9-13). Menm jan an tou jodi a, moun nan monn nan ap obsève vrè kretyen yo. Lè moun ki nan antouraj nou ap obsève bèl bagay n ap fè, menm lè yo trete nou yon fason enjis, yo ka vin santi yo pouse pou yo reyaji yon fason ki pi favorab devan mesaj Kris ban nou preche a. — 1 Pyè 2:12.

14. Jis nan ki degre nou ta dwe chèche fè lapè ?

14 Men, jis nan ki degre nou ta dwe favorize lapè ? Nou ta dwe fè tout sa ki posib. Pòl te di frè kretyen li yo : “ Si posib, pou otan sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. ” ​(Women 12:18). Ekspresyon “ si posib ” la ak ekspresyon “ pou otan sa depann de nou ” an fè nou konprann fè lapè ak lòt moun se yon bagay ki ka pa toujou posib. Pa egzanp, nou pap dezobeyi yon kòmandman Bondye bay jis pou nou rete anpè ak lòt moun (Matye 10:34-36 ; Ebre 12:14). Anmenmtan, n ap fè tout sa nou kapab yon fason rezonab pou nou fè lapè “ ak tout moun ”, san nou pa fè konpwomi ak prensip jis yo.

“ Pa vanje tèt nou ”

15. Ki rezon nou jwenn nan Women 12:19 pou nou pa vanje tèt nou ?

15 Pòl bay yon lòt rezon konvenkan ki fè nou pa dwe vanje tèt nou. Lè nou pa fè sa nou montre nou modès. Li di : “ Pa vanje tèt nou, byenneme, men bay kòlè a espas, paske men sa ki ekri : ‘ Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap peye anretou, se sa Jewova di. ’ ” ​(Women 12:19). Yon kretyen k ap chèche tire revanj se yon kretyen ki pran yon dwa ki pa pou li. Li pran yon plas ki pou Bondye (Matye 7:1). Anplis, lè l bay tèt li jistis poukont li, li montre li manke lafwa nan asirans Jewova bay, kote l di : “ Se mwen k ap peye anretou. ” Depreferans, vrè kretyen yo kwè Jewova pral “ fè yon fason pou moun li chwazi yo jwenn jistis ”. (Lik 18:7, 8 ; 2 Tesalonisyen 1:6-8.) Avèk modesti, yo kite Bondye vanje mal yo sibi yo. — Jeremi 30:23, 24 ; Women 1:18.

16, 17. a) Sa sa vle di “ anpile chabon ki byen limen ” sou tèt yon moun ? b) Èske pèsonèlman ou te wè yon ka kote bonte te adousi kè yon moun ki pa kwayan ? Si w te wè yon ka konsa, site l.

16 Lè nou fè vanjans sou yon ènmi, li pwobab pou kè l vin di, men lè nou trete l avèk bonte, sa ka adousi kè l. Sa k fè sa ? Remake ki pawòl Pòl di kretyen women yo. Li di yo : “ Si ènmi w grangou, ba l manje, si l swaf, ba l yon bagay pou l bwè. Paske lè w fè sa, w ap anpile chabon ki byen limen sou tèt li. ” ​(Women 12:20 ; Pwovèb 25:21, 22). Ki sa sa vle di ?

17 Ekspresyon “ anpile chabon ki byen limen sou tèt li ” a se yon imaj ki fè referans ak metòd yo te konn itilize nan tan biblik yo pou yo fonn yon seri metal. Yo te mete metal la nan yon founèz, epi yo mete chabon ni anba l ni anlè l. Chabon anlè yo ki byen limen ogmante chalè a yon fason pou metal la ka fonn e pou tout salte yo separe avè l. Menm jan an tou, lè nou fè aksyon ki demontre nou gen bonte anvè yon moun ki opoze ak nou, nou ka “ fonn ” li pou nou tire bèl kalite li gen nan li (2 Wa 6:14-23). An reyalite, gen yon pakèt moun nan kongregasyon kretyen an, premye bagay ki te atire yo nan vrè adorasyon an se aksyon ki demontre bonte sèvitè Jewova yo te fè anvè yo.

Rezon ki fè nou pa vanje tèt nou

18. Poukisa nou montre nou aji avèk jistis, lanmou ak modesti lè nou pa vanje tèt nou ?

18 Nan analiz tou kout nou sot fè nan Women chapit 12 la, nou aprann plizyè leson enpòtan ki fè nou “ pa rann pèsonn mal pou mal ”. Premyèman, lè nou metrize nou pou nou pa vanje tèt nou, nou aji yon fason ki jis. Etandone Jewova demontre konpasyon anvè nou, se yon bagay ki jis e ki rezonab pou nou ofri tèt nou ba li e pou nou obeyi kòmandman l yo ak tout kè nou. Sa gen ladan l tou kòmandman ki di pou nou renmen ènmi nou yo. Dezyèmman, lè nou evite rann mal pou mal, nou aji yon fason ki demontre lanmou. Lè nou pa chèche vanje tèt nou e lè nou favorize lapè, nou montre ak tout kè nou nou vle ede menm moun ki opoze ak nou yon fason fewòs pou yo vin adoratè Jewova. Twazyèmman, lè nou pa chèche rann mal pou mal, nou montre nou aji yon fason ki modès. Si nou ta vanje tèt nou, sa t ap demontre nou pran yon dwa ki pa pou nou, piske Jewova di : “ Vanjans se pou mwen. ” Pawòl Bondye a ban nou avètisman sa a tou : “ Èske yon moun pran dwa ki pa pou li ? Ebyen, wont ap tonbe sou li. Men se lakay moun ki modès nou jwenn sajès. ” ​(Pwovèb 11:2). Nou montre nou modès lè nou aji avèk sajès, nou kite Bondye vanje pou nou.

19. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Pòl rezime esplikasyon li t ap bay sou fason nou ta dwe trete lòt moun avèk egzòtasyon sa a li bay kretyen yo : “ Pa kite mal la venk ou, men kontinye venk mal la avèk byen. ” ​(Women 12:21). Ak ki fòs malveyan n ap fè fas jodi a ? Ki jan nou kapab venk yo ? Nou pral egzamine repons kesyon sa yo ak lòt kesyon ki gen rapò ak yo nan atik ki vin apre a.

Èske w ka esplike ?

• Ki egzòtasyon nou jwenn plizyè fwa nan Women chapit 12 ?

• Ki sa k ap motive nou pou nou pa vanje tèt nou ?

• Ki byenfè nou menm ak lòt moun ap rekòlte si nou pa “ rann mal pou mal ” ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 22]

Women chapit 12 pale de relasyon yon kretyen genyen avèk

•Jewova,

•kwayan menm jan avè l,

•moun ki pa kwayan.

[Foto nan paj 23]

Lèt Pòl te ekri Women yo gen konsèy pratik pou kretyen yo.

[Foto nan paj 25]

Ki leson nou ka aprann nan egzanp Etyèn ki te yon disip ?