Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske n ap “ kontinye mache selon lespri ” ?

Èske n ap “ kontinye mache selon lespri ” ?

Èske n ap “ kontinye mache selon lespri ” ?

“ Se pou nou kontinye mache selon lespri konsa nou pap akonpli okenn dezi chanèl. ” — GALAT 5:16.

1. Ki jan yon moun kapab sispann enkyete l kòmkwa li peche kont lespri ?

GEN yon fason pou yon moun sispann enkyete l kòmkwa li peche kont lespri sen Jewova. Se lè moun nan fè sa apot Pòl te di a. Men sa l te di : “ Se pou nou kontinye mache selon lespri konsa nou pap akonpli okenn dezi chanèl. ” ​(Galat 5:16). Si nou kite lespri Bondye gide nou, dezi chanèl ki pa kòrèk yo pap venk nou. — Women 8:2-10.

2, 3. Si nou kontinye mache selon lespri, ki enfliyans sa ap gen sou nou ?

2 Si nou “ kontinye mache selon lespri ”, fòs aktif Bondye a ap pouse nou obeyi Jewova. N ap manifeste kalite Bondye yo nan ministè nou, nan kongregasyon an, lakay nou ak lòt kote ankò. Fwi lespri a ap parèt klè nan fason nou boule ak mari nou oswa madanm nou, ak pitit nou, ak kwayan parèy nou e ak lòt moun.

3 Lè nou viv ann amoni ak “ lespri selon pwennvi Bondye ”, sa ede nou pou nou pa pratike peche (1 Pyè 4:1-6). Si nou kite lespri dirije nou, se sèten nou pap komèt yon peche ki pa gen padon pou li. Men, lè nou kontinye mache selon lespri, ki lòt bon fason ankò sa ap enfliyanse nou ?

Ann rete pwòch Bondye ansanm ak Kris

4, 5. Lè nou mache selon lespri, ki jan sa fè nou konsidere Jezi ?

4 Piske n ap mache selon lespri sen, nou anmezi pou nou toujou gen yon relasyon sere avèk Bondye e avèk Pitit li a. Lè Pòl t ap ekri lòt kwayan menm jan avèk li yo, ki te nan vil Korent, konsènan don espirityèl, men sa l te di yo : “ M ap fè nou [moun ki te konn adore zidòl yo] konnen pa gen pèsonn k ap pale pa mwayen lespri Bondye, k ap di : ‘ Jezi modi ! ’, e pa gen pèsonn ki ka di : ‘ Jezi se Seyè ! ’ sof pa mwayen lespri sen. ” ​(1 Korentyen 12:1-3). Kèlkeswa sa ki ta pouse yon moun di yon move bagay sou Jezi, se nan Satan Ledyab sa soti. Men, antanke kretyen, antanke moun k ap mache selon lespri sen, nou gen konviksyon Jewova te leve Jezi nan lanmò e li mete l nan yon pozisyon ki pi wo pase tout lòt kreyati (Filipyen 2:5-11). Nou gen lafwa nan sakrifis ranson Kris la e nou aksepte Jezi kòm Seyè Bondye etabli pou dirije nou.

5 Nan premye syèk la, gen kèk moun ki te pretann yo se kretyen ki te nye Jezi te vin nan lachè (2 Jan 7-11). Lefètke kèk moun te adopte pwennvi sa a ki pa kòrèk, sa te lakòz yo rejte vrè ansèyman ki te konsène Jezi, Mesi a (Mak 1:9-11 ; Jan 1:1, 14). Si n ap mache selon lespri sen, sa ap anpeche nou tonbe nan yon apostazi konsa. Se sèlman lè nou rete vijilan espirityèlman, n ap kapab kontinye jwenn bonte Jewova moun pa merite a e n ap kapab ‘ kontinye mache nan laverite ’. (3 Jan 3, 4.) Kidonk, annou detèmine pou nou rejte tout kalite apostazi yon fason pou nou ka toujou gen yon relasyon solid ak Papa nou ki nan syèl la.

6. Ki kalite lespri Bondye pwodui nan moun k ap mache selon lespri yo ?

6 Pòl mete ni idolatri moun ki aposta yo fè, ni sèk yo fòme nan lis “ zèv lachè a ” menm jan ak fònikasyon ak konduit deregle. Men, li bay esplikasyon sa a : “ Moun ki pou Kris Jezi yo kloure lachè ansanm ak pasyon l yo ak dezi l yo sou poto a. Si n ap viv pa mwayen lespri, annou kontinye mache nan lòd tou pa mwayen lespri. ” ​(Galat 5:19-21, 24, 25). Ki kalite fòs aktif Bondye a pwodui nan moun k ap viv selon lespri e k ap mache selon lespri ? Men sa Pòl te ekri : “ Fwi lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz. ” ​(Galat 5:22, 23). Annou egzamine kalite sa yo ki gen nan fwi lespri a.

“ Se pou nou renmen youn lòt ”

7. Ki sa lanmou ye ? Site kèk karakteristik li genyen.

7 Lanmou se youn nan kalite fwi lespri a gen ladan l. Souvan, sa enplike pou nou gen yon afeksyon ki pwofon pou lòt moun, pou nou enterese nan yo san nou pa chèche enterè pa nou, e pou nou gen yon bon relasyon avèk yo. Ekriti yo di “ Bondye se lanmou ” paske li manifeste kalite sa a nan nivo ki pi elve a. Ni Bondye ni Pitit li a renmen limanite anpil anpil, e sa parèt nan sakrifis ranson Jezi Kris te bay la (1 Jan 4:8 ; Jan 3:16 ; 15:13 ; Women 5:8). Antanke disip Jezi, yo idantifye nou grasa lanmou nou genyen youn pou lòt (Jan 13:34, 35). Anfèt, men kòmandman yo ban nou : “ Se pou nou renmen youn lòt ”. (1 Jan 3:23.) Anplis, Pòl di nou lanmou pasyan, li bon, li pa jalou, li pa vante tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, ni li pa chèche pwòp enterè pa l. Lanmou pa irite, ni li pa teni kont de bagay mal yo fè l. Li rejwi avèk laverite, non pa nan enjistis. Li sipòte tout bagay, li kwè tout bagay, li espere tout bagay e li andire tout bagay. Anplis de tout sa, lanmou pa janm fayi. — 1 Korentyen 13:4-8.

8. Poukisa nou ta dwe montre nou gen lanmou pou moun k ap adore Jewova menm jan avèk nou ?

8 Si nou kite lespri Bondye pwodui lanmou nan nou, kalite sa a ap parèt nan relasyon nou avèk Bondye e nan relasyon nou avèk pwochen nou (Matye 22:37-39). Apot Jan te ekri pawòl sa yo : “ Moun ki pa gen lanmou rete nan lanmò. Tout moun ki rayi frè li se yon asasen, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi etènèl ki rete nan li. ” ​(1 Jan 3:14, 15). Ann Izrayèl, yon moun ki te touye yon lòt moun te ka jwenn sekirite nan yon vil refij si l pa t rayi moun li te touye a (Detewonòm 19:4, 11-13). Si nou kite lespri sen dirije nou, n ap montre nou gen lanmou pou Bondye, pou moun k ap adore Bondye menm jan avèk nou e pou lòt moun.

“ Lajwa Jewova a se fòtrès nou ”

9, 10. Ki sa lajwa ye ? Site kèk rezon nou genyen pou nou gen kè kontan.

9 Lajwa se yon gwo kè kontan yon moun genyen. Jewova se “ Bondye ki gen kè kontan an ”. (1 Timote 1:11 ; Sòm 104:31.) Pitit la pran plezi pou l fè volonte Papa l (Sòm 40:8 ; Ebre 10:7-9). E, “ lajwa Jewova a se fòtrès nou ”. — Neyemya 8:10.

10 Lè nou fè volonte Bondye menm nan moman difisil, lè nou nan lapenn oswa lè nou jwenn pèsekisyon, lajwa Bondye ban nou fè nou jwenn bonjan satisfaksyon. Se pa ti lajwa “ konesans Bondye bay la ” ban nou (Pwovèb 2:1-5) ! Nou gen yon relasyon avèk Bondye ki baze sou konesans egzak nou gen sou li, sou lafwa nou gen nan li e ki baze tou sou lafwa nou gen nan sakrifis ranson Jezi a, e relasyon sa a fè kè nou kontan (1 Jan 2:1, 2). Lefètke nou fè pati sèl vrè fanmi entènasyonal ki gen sou tè a, se yon lòt rezon ki fè nou gen lajwa (Sefànya 3:9 ; Agayi 2:7). Esperans nou genyen nan Wayòm nan ansanm ak gwo privilèj nou genyen pou nou pwoklame bon nouvèl la fè nou gen kè kontan (Matye 6:9, 10 ; 24:14). Nou gen kè kontan tou paske nou gen esperans lavi etènèl la (Jan 17:3). Piske nou gen yon bèl esperans konsa, “ se lajwa sèlman [nou] dwe genyen ”. — Detewonòm 16:15.

Annou chèche lapè e annou pasyan

11, 12. a) Ki sa lapè ye ? b) Ki efè lapè Bondye bay la gen sou nou ?

11 Lapè se yon lòt kalite nan fwi lespri a, se trankilite yon moun genyen e se lefètke li pa gen enkyetid. Papa nou ki nan syèl la se Bondye lapè a, e Bib la ban nou asirans sa a : “ Jewova li menm ap bay pèp li a lapè kòm benediksyon. ” ​(Sòm 29:11 ; 1 Korentyen 14:33). Men sa Jezi te di disip li yo : “ Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè m nan. ” ​(Jan 14:27). Ki jan sa t apral ede disip li yo ?

12 Lapè Jezi te bay disip li yo te fè ni kè yo ni lespri yo kalm e sa te diminye krent yo te genyen. Se espesyalman lè yo te resevwa lespri sen li te pwomèt yo a, yo te vin gen lapè (Jan 14:26). Jodi a, nou jwenn “ lapè Bondye ” bay ki san parèy la, lapè ki fè kè nou ak lespri nou poze a, grasa enfliyans lespri e paske Bondye reponn priyè nou yo (Filipyen 4:6, 7). Anplis de sa, lespri Jewova ede nou pou nou kalm e pou nou anpè ni ak kwayan parèy nou yo ni ak lòt moun. — Women 12:18 ; 1 Tesalonisyen 5:13.

13, 14. Ki sa pasyans ye, e poukisa nou ta dwe montre nou pasyan ?

13 Pasyans makònen ak lapè. Nou demontre nou gen pasyans lè nou andire lè yon moun pwovoke nou oswa li fè nou yon move bagay toutpandan nou espere sitiyasyon an ap amelyore. Bondye pasyan (Women 9:22-24). Jezi demontre kalite sa a tou. Nou kapab benefisye pasyans Jezi tou, piske apot Pòl te ekri : “ Men pou ki rezon yo fè m mizèrikòd : se yon fason pou Kris Jezi ka montre tout pasyans li, pa mwayen mwen menm, pi gwo egzanp lan, pou l fè m vin yon echantiyon moun ki pral mete lafwa yo nan li pou yo gen lavi etènèl. ” — 1 Timote 1:16.

14 Pasyans se yon kalite ki ede nou andire lè lòt moun pale oswa yo aji avèk nou yon fason ki blese nou oubyen yo fè sa san yo pa reflechi. Pòl te ankouraje lòt kretyen menm jan avèk li yo pou yo “ pran pasyans ak tout moun ”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Piske nou tout enpafè e nou tout konn fè erè, asireman, nou bezwen pou lòt moun pasyan avèk nou lè nou fè yo yon bagay ki mal. Donk, nou menm tou, annou fè tout efò nou “ pou nou pran pasyans avèk jwa ”. — Kolosyen 1:9-12.

Annou montre nou gen byenveyans ansanm ak bonte

15. Ki sa byenveyans ye ? Site kèk egzanp.

15 N ap montre nou byenveyan lè nou montre nou enterese nan lòt moun, lè nou pale e lè nou aji avèk yo yon fason amikal e ki ankourajan. Ni Jewova ni Pitit li a aji byen anvè nou e anvè lòt moun (Women 2:4 ; 2 Korentyen 10:1). Yo atann pou kretyen yo byenveyan e pou yo aji byen anvè lòt moun paske se sèvitè Bondye yo ye (Mika 6:8 ; Kolosyen 3:12). Gen moun ki konn montre “ yon byenveyans ki estrawòdinè ”, menm lè yo pa gen relasyon pèsonèl avèk Bondye (Travay 27:3 ; 28:2). Kidonk, pa gen dout sou sa, si nou “ kontinye mache selon lespri ”, n ap kapab demontre byenveyans.

16. Site kèk sitiyasyon ki ta dwe pouse nou demontre byenveyans.

16 Nou kapab demontre byenveyans menmsi nou ta gen rezon pou nou mete nou an kòlè pou pawòl blesan yon moun di nou oswa pou aksyon l fè ki montre li manke konsiderasyon pou nou. Men sa Pòl di : “ Nou mèt an kòlè, men malgre sa, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou irite, ni pa kite jwen pou Dyab la. [...] se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou nou youn padone lòt san fòse menm jan Bondye padone nou san fòse grasa Kris. ” ​(Efezyen 4:26, 27, 32). Li apwopriye pou nou montre byenveyans espesyalman pou moun ki anba eprèv. Natirèlman, yon ansyen pap montre l byenveyan si l evite bay yon moun konsèy biblik sèlman paske li pa vle pou moun nan santi l blese, alòske sa parèt klè moun nan rive nan pwen pou l kite chemen ‘ bonte, jistis ak verite ’ a. — Efezyen 5:9.

17, 18. Ki sa bonte ye, e ki wòl kalite sa a ta dwe jwe nan lavi nou ?

17 Yon moun ki gen bonte se yon moun ki aji selon prensip ki dwat oswa ki gen yon wo nivo nan domèn moral. Se kalite yon moun genyen ki fè li se yon bon moun. Bondye bon nan yon degre ki san parèy (Sòm 25:8 ; Zekarya 9:17). Jezi aji selon prensip ki dwat e li gen yon wo nivo nan domèn moral. Epoutan, lè te gen yon moun ki te rele l “ Bon Anseyan ”, li pa t aksepte pou moun nan di li “ Bon ”. (Mak 10:17, 18). Li pa t aksepte sa paske li te rekonèt se Bondye ki pi gwo egzanp nan domèn bonte.

18 Lefètke nou eritye peche, sa diminye kapasite nou genyen pou nou manifeste bonte (Women 5:12). Sepandan, nou kapab manifeste kalite sa a si nou priye Bondye pou l ‘ anseye nou bonte ’. (Sòm 119:66.) Pòl te di kwayan menm jan avèk li yo ki te nan vil Wòm pawòl sa yo : “ Mwen menm tou, mwen gen konviksyon konsènan nou, frè m yo, nou menm tou nou ranpli ak bonte, paske nou ranpli ak tout konesans. ” ​(Women 15:14). Yon siveyan kretyen dwe yon moun “ ki renmen sa ki byen ”. (Tit 1:7, 8.) Si se lespri Bondye k ap gide nou, lòt moun ap konnen nou kòm moun ki bon, e Jewova li menm ap ‘ sonje nou pou sa nou fè ki bon ’. — Neyemya 5:19 ; 13:31.

“ Lafwa san ipokrizi ”

19. Selon Ebre 11:1, ki sa lafwa ye ?

19 Lafwa fè pati fwi lespri a tou. Lafwa “ se tann w ap tann avèk asirans bagay ou espere, se yon prèv vizib konsènan yon seri reyalite kwak ou pa wè yo ”. (Ebre 11:1.) Si nou gen lafwa, n ap gen konfyans Jewova ap reyalize tout bagay li pwomèt yo. Prèv konsènan reyalite nou pa wè yo tèlman konvenkan, yo di lafwa se prèv sa a. Pa egzanp, lefètke bagay ki te kreye yo egziste, sa konvenk nou gen yon Kreyatè. Se kalite lafwa sa a n ap demontre si nou kontinye mache selon lespri.

20. Ki sa “ peche ki jennen nou fasilman an ” ye, e ki jan nou kapab rejte ni peche sa a ni zèv lachè yo ?

20 Manke lafwa se “ peche ki jennen nou fasilman an ”. (Ebre 12:1.) Nou bezwen konte sou lespri Bondye pou nou ka rejte zèv lachè yo, pou nou ka rejte materyalis ak fo ansèyman ki kapab detwi lafwa nou (Kolosyen 2:8 ; 1 Timote 6:9, 10 ; 2 Timote 4:3-5). Lespri Bondye pwodui lafwa nan sèvitè Jewova yo k ap viv jodi a, menm kalite lafwa ak temwen ki t ap viv anvan Kris yo ansanm ak lòt moun Labib pale de yo (Ebre 11:2-40). Anplis, nou ka ranfòse lafwa lòt moun grasa “ fwa ki san ipokrizi ” nou genyen an. — 1 Timote 1:5 ; Ebre 13:7.

Annou montre nou gen dousè ak metriz

21, 22. Ki sa dousè ye, e poukisa nou dwe montre nou genyen l ?

21 Dousè se jantiyès ak tandrès yon moun demontre nan tanperaman l ak nan konpòtman l. Dousè se youn nan kalite Bondye yo. Nou konnen sa paske Jezi, ki reflete pèsonalite Jewova yon fason ki pafè, te yon moun ki gen tanperaman dou (Matye 11:28-30 ; Jan 1:18 ; 5:19). Kidonk, ki sa Bondye mande nou fè antanke sèvitè l ?

22 Antanke kretyen, Bondye atann pou nou ‘ montre [nou] se moun ki dou avèk tout kalite moun ’. (Tit 3:2.) Nou manifeste dousè nan ministè nou. Moun ki gen kalifikasyon espirityèl yo jwenn konsèy pou yo redrese yon kretyen ki fè yon fo pa “ nan yon espri dousè ”. (Galat 6:1.) Nou tout kapab travay pou gen inite ak lapè pami nou lè nou aji ‘ avèk imilite e avèk dousè ’. (Efezyen 4:1-3.) N ap demontre nou gen dousè si nou toujou mache selon lespri e si nou demontre nou gen metriz.

23, 24. Ki sa metriz ye, e ki jan l ede nou ?

23 Lè nou gen metriz, sa ede nou pou nou kontwole panse nou, pawòl nou ak aksyon nou. Jewova ‘ te kontinye metrize l ’ nan fason li te trete ak babilonyen yo ki te devaste Jerizalèm (Izayi 42:14). Pitit li a te montre li gen metriz pandan moman soufrans li yo, e konsa li “ kite yon modèl pou nou ”. Apot Pyè te egzòte kretyen menm jan avèk li yo pou yo ‘ mete metriz sou konesans yo ’. — 1 Pyè 2:21-23 ; 2 Pyè 1:5-8.

24 Ansyen yo bezwen montre yo se moun ki gen metriz (Tit 1:7, 8). An reyalite, tout moun ki kite lespri sen dirije yo kapab montre yo gen metriz pou yo evite imoralite, pawòl sal oswa tout lòt bagay ki ka fè yo pèdi favè Jewova. Si nou kite lespri Bondye pwodui metriz nan nou, lòt moun ap wè sa, paske pawòl nou ak konduit nou ap demontre nou se moun ki gen atachman pou Bondye.

Annou kontinye mache selon lespri

25, 26. Si n ap mache selon lespri, ki enfliyans sa ap genyen sou relasyon nou gen ak lòt moun e sou espwa nou gen pou lavni ?

25 Si n ap mache selon lespri, n ap preche bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl (Travay 18:24-26). N ap vin moun ki agreyab pou lòt moun frekante, e moun ki gen atachman pou Bondye yo espesyalman ap renmen pou yo bò kote nou. Anplis, antanke moun lespri sen ap gide, n ap vin tounen yon sous ankourajman nan domèn espirityèl pou lòt adoratè Jewova menm jan avèk nou (Filipyen 2:1-4). Èske se pa konsa tout kretyen ta renmen ye ?

26 Nan monn sa a, ki anba kontwòl Satan, li pa fasil pou yon moun mache selon lespri (1 Jan 5:19). Sepandan, gen plizyè milyon moun k ap fè sa jodi a. Si nou mete konfyans nou nan Jewova ak tout kè nou, n ap viv ak kè kontan depi kounye a e n ap kapab kontinye mache pou toutan nan chemen dwat Sila ki bay lespri sen an trase a. — Sòm 128:1 ; Pwovèb 3:5, 6.

Ki repons nou ta bay ?

• Lefètke n ap “ mache selon lespri ”, ki enfliyans sa gen sou relasyon nou ak Bondye ansanm ak Pitit li a ?

• Ki kalite ki gen nan fwi lespri a ?

• Site kèk fason nou ka demontre fwi lespri Bondye a.

• Lefètke n ap mache selon lespri, ki enfliyans sa gen sou lavi nou kounye a e sou espwa nou gen pou lavni ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Lespri sen Jewova pouse nou renmen kwayan menm jan avèk nou yo.

[IFoto nan paj 16]

Annou montre nou byenveyan nan pawòl nou ak nan aksyon nou.