Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w peche kont lespri sen ?

Èske w peche kont lespri sen ?

Èske w peche kont lespri sen ?

“ Gen yon peche ki fè moun jwenn lanmò. ” — 1 JAN 5:16.

1, 2. Ki jan nou fè konnen li posib pou yon moun peche kont lespri sen Bondye ?

“ MWEN toujou ap plede panse mwen peche kont lespri sen. ” Pawòl sa yo, se yon dam k ap viv ann Almay ki te ekri yo alòske l t ap sèvi Bondye. Men, èske yon kretyen ka peche vre kont lespri sen, fòs aktif Bondye a ?

2 Wi. Li posib pou yon kretyen peche kont lespri sen Jewova. Men sa Jezi Kris te di : “ Y ap padone lèzòm tout kalite peche ak blasfèm, men yo pap padone blasfèm kont lespri a. ” ​(Matye 12:31). Men yon avètisman yo ban nou : “ Si n ap pratike peche volontèman apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis pou peche yo, men, gen yon jijman tèrib k ap tann nou. ” ​(Ebre 10:26, 27). Apot Jan, bò kote pa l, te ekri pawòl sa yo : “ Gen yon peche ki fè moun jwenn lanmò. ” ​(1 Jan 5:16). Men, èske se moun ki fè peche grav la ki pou detèmine si l komèt ‘ yon peche ki ka fè l jwenn lanmò ’ ?

Repantans fè moun jwenn padon

3. Si nou santi nou tris anpil poutèt yon peche nou fè, ki sa sa montre ?

3 Se Jewova k ap pwononse jijman final la sou moun ki fè sa ki mal yo. Li toujou fè sa ki dwat, e nou tout gen kont pou nou rann li (Jenèz 18:25 ; Women 14:12). Se Jewova k ap detèmine si nou fè yon peche ki pa gen padon, e nan ka sa a, li ka retire lespri l sou nou (Sòm 51:11). Sepandan, si nou santi nou tris anpil poutèt yon peche nou fè, sandout nou repanti vrèman. Men, ki sa vrè repantans lan ye ?

4. a) Ki sa repantans vle di ? b) Ki sa nou jwenn nan Sòm 103:10-14 ki vrèman rekonfòtan pou nou ?

4 Repanti vle di nou chanje etadespri nou te genyen anrapò ak yon peche nou te fè oswa anrapò ak yon peche nou te gen entansyon fè. Nou repanti lè nou santi nou gen lapenn pou yon move konduit nou te genyen oswa nou regrèt fason nou te aji a e nou chanje. Si nou te fè yon peche grav, men nou te fè sa ki nesesè pou nou montre nou vrèman repanti, nou kapab jwenn rekonfò nan pawòl sa yo salmis la te ekri : “ Li [Jewova] pa aji avè nou selon peche nou fè, ni li pa fè nou jwenn sa nou merite pou erè nou yo. Paske menm jan syèl la pi wo pase tè a, se konsa bonte ki plen lanmou li genyen an pi plis pou moun ki gen lakrentif pou li yo. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote solèy la kouche a, se konsa li mete fot nou yo lwen nou. Menm jan yon papa fè pitit li mizèrikòd, Jewova fè moun ki krenn li mizèrikòd. Paske li konnen byen ak ki sa nou fèt, li pa bliye nou se pousyè. ” — Sòm 103:10-14.

5, 6. Bay ide prensipal nou jwenn nan 1 Jan 3:19-22, e bay esplikasyon sou sans pawòl sa yo genyen.

5 Nou jwenn rekonfò tou nan pawòl apot Jan ekri yo. Men sa l di : “ Se konsa n ap konnen nou soti nan laverite, e n ap asire kè nou devan li konsènan nenpòt ki bagay kè nou ta kondane nou pou li, paske Bondye pi gran pase kè nou e li konnen tout bagay. Byenneme, si kè nou pa kondane nou, nou lib pou nou pale ak Bondye. E kèlkeswa sa nou mande, n ap resevwa l nan men l, paske nou obsève kòmandman l yo e nou fè sa ki agreyab nan je l. ” — 1 Jan 3:19-22.

6 Nou konnen “ nou soti nan laverite ” paske nou montre nou gen lanmou fratènèl e nou pa pratike peche (Sòm 119:11). Si nou santi kè nou kondane nou pou yon rezon kèlkonk, li bon pou nou sonje “ Bondye pi gran pase kè nou e li konnen tout bagay ”. Jewova montre li gen konpasyon pou nou paske li konnen nou gen “ afeksyon fratènèl san ipokrizi ”, li konnen tout lite n ap lite pou nou pa komèt peche e li konnen tout efò n ap fè pou nou fè volonte l (1 Pyè 1:22). Kè nou “ pap kondane nou ” si nou mete konfyans nou nan Jewova, si nou montre nou gen lanmou fratènèl e nou pa pratike peche volontèman. N ap “ lib pou nou pale ak Bondye ” nan lapriyè, e l ap reponn nou paske nou obsève kòmandman l yo.

Yo te peche kont lespri

7. Ki sa k detèmine si yon moun ap jwenn padon pou yon peche li te fè oswa si li pap jwenn padon ?

7 Ki peche moun ka fè ki pa gen padon ? Pou nou reponn kesyon sa a, annou egzamine kèk egzanp Bib la bay. Sa kapab rekonfòte nou si nou toujou dekouraje anpil pou yon fot grav nou te fè, alòske nou repanti. N ap rive konprann sa ki detèmine si yon moun ap jwenn padon pou yon peche li fè oswa si li pap jwenn padon, se mobil li, kondisyon kè l ak degre detèminasyon li te genyen pou l fè peche a, se pa kalite peche li te fè a.

8. Ki jan kèk chèf relijye nan premye syèk la te peche kont lespri sen ?

8 Nan premye syèk la, chèf relijye juif ki te opoze ak Jezi avèk mechanste yo te peche kont lespri sen. Yo te wè lespri Bondye ap travay nan Jezi piske li t ap fè mirak ki bay Jewova glwa. Men, mesye sa yo ki te ènmi Kris te fè konnen pouvwa sa a se nan men Satan Ledyab li jwenn li. Selon sa Jezi te di, moun ki t ap blasfeme konsa kont lespri sen Bondye te komèt yon peche ki pap jwenn padon “ ni nan sistèm de choz sa a ni nan sa k gen pou vini an ”. — Matye 12:22-32.

9. Ki sa blasfèm ye, e ki sa Jezi te di sou sa ?

9 Blasfèm se manti yon moun bay sou yon lòt moun pou sal repitasyon l, se pawòl li di ki rabese l oswa ki ensilte l. Piske se Jewova ki Sous lespri sen, lè yon moun di yon pawòl kont lespri l se kòmsi se kont li menm moun sa a pale. Moun ki di pawòl konsa e ki pa repanti pap jwenn padon. Pawòl Jezi te di anrapò ak jan de peche sa a montre li t ap pale de moun ki opoze ak lespri sen Bondye ak tout volonte yo. Lespri Jewova t ap travay nan Jezi, poutan opozan l yo te di se Dyab la ki ba l pouvwa li te genyen an. Lefètke yo te fè blasfèm sa a, yo te peche kont lespri. Se sa k fè, Jezi te deklare : “ Kèlkeswa moun ki blasfeme kont lespri sen, li pap janm jwenn padon, men li koupab pou yon peche ki etènèl. ” — Mak 3:20-29.

10. Poukisa Jezi te rele Jida “ pitit destriksyon an ” ?

10 Annou konsidere ka Jida Iskaryòt la. Jida t ap aji yon fason ki pa onèt. Li te konn vòlè lajan nan kès yo te ba l kenbe a (Jan 12:5, 6). Annapre, li t al kote dirijan juif yo pou l livre Jezi ba yo. Li te trayi l pou 30 pyès ann ajan. Se vre, Jida te santi li koupab apre l te fin trayi Jezi, men li pa t janm repanti pou peche sa a li te fè ak pwòp volonte l. Pakonsekan, Jida pa merite pou l resisite. Se sa k fè Jezi te rele l “ pitit destriksyon an ”. — Jan 17:12 ; Matye 26:14-16.

Yo pa t peche kont lespri

11-13. Ki jan wa David te peche nan sitiyasyon ki te egziste anrapò ak li menm ak Batcheba a, e ki rekonfò nou jwenn nan fason Bondye te regle sitiyasyon an ?

11 Pafwa, gen kèk kretyen ki konfese peche grav yo fè e ki resevwa èd espirityèl nan men ansyen ki nan kongregasyon an. Poutan, yo kontinye santi lespri yo toumante poutèt yo te peche kont lwa Bondye (Jak 5:14). Si nou menm nou santi nou konsa tou, sandout, n ap tire pwofi lè nou egzamine sa Ekriti yo di sou kèk moun ki te jwenn padon pou peche yo te fè.

12 Wa David te fè yon peche grav avèk Batcheba, madanm Ouriya. Pandan David te sou do kay li, je l al tonbe sou bèl fi sa a ki t ap benyen. Li voye chèche l mennen ba li nan palè a, epi li antre nan relasyon seksyèl avè l. Yon ti tan apre sa, yo te fè l konnen fi a ansent, lè sa a, li fè yon plan pou l fè Ouriya al dòmi ak madanm li yon fason pou l kache adiltè a. Kòm plan sa a te echwe, li chèche yon mwayen pou l fè Ouriya mouri nan lagè. Apre sa, Batcheba te vin madanm li e li te fè yon pitit pou li ki te vin mouri. — 2 Samyèl 11:1-27.

13 Jewova te regle sitiyasyon ki te egziste anrapò ak David e ak Batcheba a. Bondye te padone David. Petèt, li te pran an konsiderasyon repantans David te demontre e li te pran an konsiderasyon tou alyans li te fè avè l la pou yon wayòm (2 Samyèl 7:11-16 ; 12:7-14). Li klè Batcheba te montre li repanti, piske li te gen privilèj pou l vin manman wa Salomon e pou l vin zansèt Jezi (Matye 1:1, 6, 16). Si nou fè yon peche, li bon pou nou sonje Jewova wè repantans nou.

14. Ki jan ka wa Manase a montre nan ki pwen Bondye kapab padone ?

14 Ka Manase, wa peyi Jida, se yon lòt egzanp ki montre nan ki pwen Jewova kapab padone. Li te fè sa k mal nan je Jewova. Manase te konstwi otèl pou Baal, li te adore “ tout lame syèl la ” e li te menm konstwi otèl pou fo dye nan de lakou nan tanp lan. Li te pase pitit li nan dife, li te ankouraje moun pratike espiritis e li te pouse anpil moun ki abite Jida ak Jerizalèm “ pou yo fè pi mal pase nasyon Jewova te elimine devan pitit Izrayèl yo ”. Li pa t koute avètisman pwofèt Bondye yo te bay. Finalman, wa Asiri a te mennen Manase an kaptivite. Pandan l nan kaptivite a, li vin repanti e li te kontinye priye Bondye avèk imilite. Bondye te padone l e li te fè l vin wa ankò nan Jerizalèm, kote li te fè vrè adorasyon an avanse. — 2 Kwonik 33:2-17.

15. Ki sa k te rive nan lavi apot Pyè ki montre Jewova padone “ lajman ” ?

15 Plizyè syèk annapre, apot Pyè te fè yon peche grav lè l te renye Jezi (Mak 14:30, 66-72). Sepandan, Jewova te padone Pyè “ lajman ”. (Izayi 55:7.) Poukisa ? Paske Pyè te repanti sensèman (Lik 22:62). Yon prèv klè ki montre Bondye te padone Pyè, sèke 50 jou apre, nan jou Pannkòt la, Pyè te gen privilèj pou l bay temwayaj konsènan Jezi avèk kran (Travay 2:14-36). Èske gen yon rezon pou nou panse Bondye pap padone lajman kretyen ki repanti toutbonvre jodi a ? Yon salmis te di nan yon chante : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe ? Paske gen vrè padon an lakay ou. ” — Sòm 130:3, 4.

Sa k ap ede nou diminye enkyetid nou genyen

16. A ki kondisyon Bondye ap padone nou ?

16 Egzanp nou sot site la yo ap ede nou diminye enkyetid nou genyen kòmkwa nou te peche kont lespri sen. Yo montre Jewova padone moun ki peche ki repanti. Li enpòtan anpil pou yon moun ki peche priye l avèk senserite. Si nou peche, nou ka mande Jewova padon sou baz sakrifis ranson Jezi a, mizèrikòd Li, enpèfeksyon nou eritye a e lefètke nou t ap sèvi l fidèlman anvan sa. Etandone nou konnen Jewova gen bonte moun pa merite a lakay li, nou kapab chèche padon nan men l, e nou mèt gen konfyans l ap padone nou. — Efezyen 1:7.

17. Ki sa nou ta dwe fè si nou komèt yon peche e nou bezwen èd espirityèl ?

17 E si nou pa ka priye paske nou komèt yon peche ki fè nou malad espirityèlman ? Men sa disip Jak ekri anrapò ak sa : “ Se pou [yon moun konsa] rele ansyen nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye sou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè lafwa ap fè moun ki pa byen an refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon. ” — Jak 5:14, 15.

18. Poukisa menmsi yo ta eskominye yon moun nan kongregasyon an, sa pa vle di otomatikman pa gen padon pou peche l fè a ?

18 Menm si yo ta eskominye yon moun nan kongregasyon an paske li pa t repanti pou yon fot li te komèt, sa pa vle di otomatikman pa gen padon pou peche l te fè a. Men sa Pòl te ekri konsènan yon kretyen wen yo te eskominye nan kongregasyon Korent lan poutèt li te peche : “ Reprimann sa a pifò moun te bay la kont pou mesye sa a, se sa k fè, okontrè, kounye a, nou ta dwe padone l e nou ta dwe rekonfòte l, dekwa pou yon fason oswa yon lòt gwo gwo tristès mesye sa a genyen an pa anglouti l. ” ​(2 Korentyen 2:6-8 ; 1 Korentyen 5:1-5). Pou moun ki peche yo ka retabli espirityèlman, yo bezwen aksepte èd ansyen yo ap ba yo nan domèn espirityèl, èd ki baze sou Bib la, e yo bezwen bay prèv yo vrèman repanti. Yo dwe “ pwodui fwi ki mache ak repantans ”. — Lik 3:8.

19. Ki sa k ka ede nou rete “ solid nan lafwa ” ?

19 Ki sa k ta ka lakòz nou panse nou peche kont lespri sen ? Petèt se konsyans nou ki twò sansib oswa sante nou ki pa fin anfòm. Nan ka sa yo, si nou lapriyè e nou pran plis repo, sa ka ede nou. Nou ta dwe veye sitou pou nou pa kite Satan dekouraje nou, pou l pa fè nou sispann sèvi Bondye. Piske Jewova pa pran plezi nan lanmò mechan, nou mèt sèten sa pa fè l plezi lè l pèdi youn nan sèvitè l yo. Kidonk, si nou panse nou peche kont lespri sen, nou dwe kontinye nouri nou nan Pawòl Bondye a, san wete pòsyon rekonfòtan nou jwenn ladan l tankou Sòm yo. Nou bezwen kontinye asiste reyinyon kongregasyon an e nou bezwen kontinye patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan. Si nou fè sa, sa ap ede nou rete “ solid nan lafwa ” e sa ap libere nou anba enkyetid nou genyen kòmkwa nou te fè yon peche ki pa gen padon. — Tit 2:2.

20. Ki analiz yon moun ka fè k ap ede l wè si l peche kont lespri sen ?

20 Si yon moun ta panse li peche kont lespri sen, li ta ka poze tèt li kesyon sa yo : ‘ Èske m te blasfeme kont lespri sen ? Èske m te repanti toutbonvre pou peche m te fè a ? Èske m kwè Bondye konn padone moun toutbonvre ? Èske m se yon aposta ki rejte limyè espirityèl la ? ’ Sandout, moun sa a ap rann li kont li pa t blasfeme kont lespri sen Bondye, ni li pa yon aposta. Piske li repanti e li toujou gen lafwa nan padon Jewova bay, li pa peche kont lespri sen Jewova.

21. Ki kesyon atik ki vin apre a pral egzamine ?

21 Ala yon soulajman nou santi lè nou rann nou kont nou pa peche kont lespri sen ! Sepandan, anrapò ak lespri sen, gen kèk kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a. Pa egzanp, nou ta ka mande tèt nou : ‘ Èske m vrèman kite lespri sen Bondye dirije m ? Èske fwi lespri a parèt klè nan lavi m ? ’

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou ka di li posib pou yon moun peche kont lespri sen ?

• Ki sa repanti vle di ?

• Ki moun ki te peche kont lespri lè Jezi te sou tè a ?

• Ki jan nou ka venk enkyetid nou genyen kòmkwa nou fè yon peche ki pa gen padon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Moun ki te di se grasa pouvwa Satan Jezi te fè mirak yo te peche kont lespri sen Bondye.

[Foto nan paj 10]

Byenke Pyè te renye Jezi, li pa t komèt yon peche ki pa gen padon.