Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w “ rich anvè Bondye ” ?

Èske w “ rich anvè Bondye ” ?

Èske w “ rich anvè Bondye ” ?

“ Se konsa sa ye pou yon moun k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye. ” — LIK 12:21.

1, 2. a) Pou ki bagay anpil moun dispoze fè gwo sakrifis ? b) Ki sa ki kapab difisil pou kretyen yo, e ki danje ki devan yo ?

DEPI lontan, nan anpil sosyete, moun yo travay di paske yo detèmine pou yo vin rich. Pa egzanp, nan 19yèm syèk la, anpil moun ki te tande te gen lò ann Ostrali, ann Afrik disid, o Kanada e Ozetazini te sot byen lwen pou y al kote sa yo. Yo te dispoze kite lakay yo ak fanmi yo pou y al chèche richès nan peyi yo pa t konnen, kote pafwa lavi a te difisil. Vrèmanvre, anpil moun dispoze pran gwo risk e yo dispoze fè gwo sakrifis pou yo ka vin rich, paske se sa yo vle nan kè yo.

2 Byenke jodi a pifò moun pa deplase konsa ankò pou y al chèche lò, men yo oblije travay di pou yo viv. Se pa yon bagay ki fasil ditou pou yon moun viv nan sistèm de choz sa a. Sa kapab mande pou li fè anpil efò e sa kapab ba l anpil enkyetid. Li fasil pou yon moun vin tèlman ap enkyete l pou manje, pou rad ak kay, li neglije bagay ki pi enpòtan yo oswa li menm bliye yo (Women 14:17). Jezi te bay yon egzanp oswa yon parabòl ki byen dekri tandans sa a lèzòm genyen. Egzanp sa a, n ap jwenn li nan Lik 12:16-21.

3. Fè yon rezime sou egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Lik 12:16-21 an.

3 Jezi te bay egzanp sa a nan menm okazyon kote li t ap pale konsènan nesesite pou yon moun evite konvwatiz. Nou te egzamine konsèy sa a an detay nan atik anvan an. Apre Jezi te fin bay avètisman kont konvwatiz la, li te pale konsènan yon mesye ki rich, men ki pa t satisfè ak depo li te genyen ki te chaje ak bon bagay. Mesye a te kraze depo li te genyen yo pou l te ka bati lòt depo ki pi gwo, yon fason pou l sere plis bon bagay toujou. Pandan mesye a t ap di tèt li li pare pou l pran lèz kò l e pou l viv yon bèl vi, Bondye di l li pral mouri e yon lòt moun ap posede tout bagay li te sere yo. Apre sa, pou Jezi fini, li di : “ Se konsa sa ye pou yon moun k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye. ” ​(Lik 12:21). Ki leson nou kapab tire nan parabòl sa a ? E ki jan nou ka aplike leson sa a nan lavi nou ?

Yon mesye ki gen yon pwoblèm

4. Dapre parabòl Jezi te bay la, ki kalite moun nou kapab di mesye a te ye ?

4 Egzanp Jezi te bay la, se yon egzanp nou konnen byen. Pou Jezi te entwodui istwa a, n ap remake li te annik di : “ Jaden yon mesye rich te genyen te pwodui anpil. ” Jezi pa t di mesye a te fè richès li yon fason malonèt oswa yon fason ilegal. Kidonk, li pa t dekri mesye a kòm yon move moun. Anfèt, dapre pawòl Jezi yo, li rezonab pou nou panse mesye yo dekri nan parabòl la te yon moun ki te konn travay di. Nou vin konprann se yon mesye ki te planifye avni l e ki te sere sa l te genyen, petèt paske li te sousye l de byennèt fanmi l. Donk, sou plan pwofàn, se te yon mesye ki te konn travay di e ki te pran responsablite l oserye.

5. Ki pwoblèm mesye nan parabòl Jezi a te rankontre ?

5 Sa ki pi enpòtan, sèke nan parabòl Jezi te bay la, li te di mesye a te rich, sa vle di, se te yon moun ki te deja posede anpil bagay materyèl. Sepandan, jan Jezi te di sa, mesye a te gen yon pwoblèm. Jaden li te pwodui plis pase sa li t ap atann, plis pase sa li te bezwen oswa sa li te kapab sere nan depo l. Ki sa pou l te fè ?

6. Ki kalite chwa anpil nan sèvitè Jewova yo dwe fè jodi a ?

6 Jodi a, anpil sèvitè Jewova rankontre sitiyasyon ki sanble anpil ak sitiyasyon mesye rich la. Vrè kretyen yo fè tout efò yo pou yo onèt, pou yo dilijan e pou yo fè travay yo byen (Kolosyen 3:22, 23). Kit y ap travay pou moun, kit yo gen pwòp biznis pa yo, souvan, sa y ap fè a, yo fè l byen e yo menm ekselan ladan l. Sepandan, gen yon desizyon pou yo pran lè yo ba yo pwomosyon nan travay yo oswa lè gen opòtinite ki prezante pou yo agrandi biznis yo. Èske y ap pran pwomosyon an ? Èske y ap agrandi biznis yo ? Konsa tou, gen anpil jèn temwen Jewova ki fò lekòl. E pou rezon sa a, yo konn ba yo bous pou y al fè gwo etid nan gwo lekòl. Èske yo ta dwe annik aksepte ?

7. Ki jan mesye nan parabòl Jezi a te rezoud pwoblèm li te genyen an ?

7 Annou retounen nan egzanp Jezi a. Ki sa mesye ki rich la te fè lè li pa t gen okenn kote pou li stoke rekòt la, tèlman jaden l te pwodui anpil ? Li te deside kraze depo l yo pou l konstwi lòt depo ki pi gwo pou l ka stoke tout kantite rekòt li te ranmase yo ansanm ak lòt bon bagay li te genyen. Plan sa a te tèlman ba l satisfaksyon e li te tèlman fè l santi l an sekirite, men ki refleksyon li te fè : “ M ap di nanm mwen : ‘ Nanm mwen, ou gen anpil bon bagay ki la pou anpil ane. Pa fatige w, manje, bwè, pran plezi w. ’ ” — Lik 12:18, 19.

Sa k fè mesye a te “ derezonab ” ?

8. Ki bagay enpòtan mesye nan parabòl Jezi a te bliye ?

Jan Jezi te montre sa, plan mesye rich la te fè l santi l an sekirite, men li pa t an sekirite vre. Byenke plan an te sanble yon plan ki pratik, gen yon bagay ki trèzenpòtan li pa t met ladan l : volonte Bondye. Mesye a t ap panse ak tèt li sèlman. Li te konprann li t ap kapab pran lèz kò l, manje, bwè epi pran plezi l. Li te panse lefètke li te “ gen anpil bon bagay ”, li t ap viv “ anpil ane ”. Men malerezman, bagay yo pa t pase konsa pou li. Selon sa Jezi te di anvan li te bay parabòl la : “ Menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” ​(Lik 12:15). Nan menm nuit la, yon sèl kou, mesye a te pèdi tout sa li te travay di pou l genyen paske Bondye te di l : “ Moun derezonab ! Aswè a menm y ap reklame nanm ou. Donk, bagay ou ranmase yo, pou kiyès y ap ye ? ” — Lik 12:20.

9. Poukisa yo di mesye nan parabòl la se yon moun ki derezonab ?

9 Kounye a, nou rive nan pwen ki pi enpòtan nan egzanp Jezi a. Bondye te di mesye a te derezonab. Dapre yon diksyonè biblik (Exegetical Dictionary of the New Testament), diferan fòm mo grèk lè yo tradui l yo mete derezonab pou li a “ toujou gen sans manke konpreyansyon ”. Diksyonè a fè konnen nan parabòl sa a, Bondye itilize mo sa a pou l montre jan “ plan mesye rich la te fè pou lavni yo pa t ap itil li anyen ”. Dapre diksyonè a, mo sa a pa fè referans ak yon “ moun ki manke entèlijans ”, men li fè referans pito ak “ yon moun ki refize rekonèt li depann de Bondye ”. Fason Jezi te dekri mesye a fè nou sonje sa l te di kretyen ki te fè pati kongregasyon Lawodise nan premye syèk la, ki te nan Azi Minè. Li te di : “ [Ou] di : ‘ Mwen rich, mwen ranmase richès e mwen pa bezwen anyen menm ’, men ou pa konnen ou nan yon eta mizerab, ou nan yon eta deplorab, ou pòv, ou avèg e ou toutouni. ” — Revelasyon 3:17.

10. Pou ki rezon nou kapab di lè nou posede “ anpil bon bagay ”, sa pa ban nou garanti n ap viv “ anpil ane ” ?

10 L ap bon pou nou medite sou pwen sa a. Èske petèt nou menm jan ak mesye nan parabòl la ? Èske nou travay di pou nou asire nou nou “ gen anpil bon bagay ”, men nou pa fè sa ki nesesè pou nou gen espwa pou nou viv “ anpil ane ” ​(Jan 3:16 ; 17:3) ? Nonsèlman Bib la di “ nan jou firè a bagay ki gen valè pap sèvi anyen ”, men tou, li di : “ Yon moun ki met konfyans li nan richès li genyen, li menm li gen pou l tonbe. ” ​(Pwovèb 11:4, 28). Se sa k fè Jezi te bay dènye avètisman sa a nan parabòl li a : “ Se konsa sa ye pou yon moun k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye. ” — Lik 12:21.

11. Poukisa sa ensanse pou yon moun mete espwa l nan byen materyèl e pou l chèche jwenn sekirite ladan yo ?

11 Lè Jezi te di “ se konsa sa ye ”, li te vle fè konprann sa k te pase mesye rich la nan egzanp lan, se sa k ap pase moun ki bati lavi yo sou byen materyèl sèlman, ki met espwa yo nan bagay sa yo e k ap chèche jwenn sekirite ladan yo. Pwoblèm nan se pa plis lefètke moun nan ap “ anpile trezò pou tèt li ”, men se lefètke li pa “ rich anvè Bondye ”. Disip Jak te bay yon avètisman ki sanble ak pa Jezi a. Men sa l te di : “ Kounye la a, nou menm ki di : ‘ Jodi a oswa demen n ap deplase al nan tèl vil, epi n ap pase yon ane la, n ap fè biznis, n ap fè benefis ’, alòske nou pa konnen sa lavi nou ap ye demen. ” Ki sa moun sa yo ta dwe fè ? Men sa Jak di apre sa : “ Olye de sa, se pou nou di : ‘ Si Jewova vle, n ap viv e n ap fè sa oswa n ap fè sa. ’ ” ​(Jak 4:13-15). Kèlkeswa kantite richès yon moun genyen oswa kantite bagay li posede, yo pap itil li anyen si li pa rich anvè Bondye. Men, sa sa vle di pou yon moun rich anvè Bondye ?

Fason pou yon moun rich anvè Bondye

12. Ki sa pou nou fè si nou vle vin rich anvè Bondye ?

12 Nan pawòl Jezi te di yo, li te fè diferans ant yon moun ki rich anvè Bondye ak yon moun k ap anpile trezò pou tèt li oswa k ap chèche byen materyèl. Konsa, Jezi te fè konprann se pa anpile byen materyèl oswa jwi bagay nou posede ki ta dwe prensipal objektif nou nan lavi a. Olye de sa, nou ta dwe sèvi ak resous nou yon fason k ap amelyore relasyon nou ak Jewova, sètadi k ap ranfòse relasyon nou avèk li. Si nou aji konsa, se sèten sa ap fè nou rich anvè Bondye. Poukisa nou di sa ? Se paske sa ap fè l posib pou Bondye vide anpil benediksyon sou nou. Men sa Bib la di : “ Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l. ” — Pwovèb 10:22.

13. Ki jan benediksyon Jewova bay “ fè moun rich ” ?

13 Lè Jewova beni pèp li, li toujou ba li sa k pi bon (Jak 1:17). Pa egzanp, peyi Jewova te bay Izrayelit yo pou yo abite a, se te “ yon peyi kote lèt ak siwo myèl t ap koule ”. Byenke gen moun ki te dekri peyi Ejip menm jan an tou, peyi Jewova te bay Izrayelit yo te diferan nan omwen yon aspè enpòtan. Moyiz te di Izrayelit yo se te ‘ yon peyi Jewova Bondye yo a t ap pran swen ’ l. Pakonsekan, yo t apral pwospere paske Jewova t apral pran swen yo. Toutotan yo te rete fidèl anvè Jewova, yo te jwenn anpil benediksyon nan men l e yo te viv pi byen. E tout moun te ka wè yo te viv pi byen pase lòt nasyon ki te ozalantou yo. Wi, se benediksyon Jewova bay ki “ fè yon moun rich ” ! — Nonb 16:13 ; Detewonòm 4:5-8 ; 11:8-15.

14. Ki sa moun ki rich anvè Bondye yo genyen ?

14 Gen lòt fason yo tradui ekspresyon “ rich anvè Bondye a ”. Pa egzanp yo di “ rich devan Bondye ” ​(Bib la) oswa “ rich pou Bondye ”. (Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.) Jeneralman, moun ki rich nan domèn materyèl sousye yo de fason lòt moun wè yo. Souvan sa parèt nan fason yo viv. Yo chèche enpresyone moun avèk sa Labib rele : “ Egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv. ” ​(1 Jan 2:16). Yon lòt bò, moun ki rich anvè Bondye yo gen apwobasyon l ak favè l. Bondye manifeste bonte moun pa merite a anvè yo e yo gen yon relasyon pèsonèl sere avè l. Richès materyèl ka fè yon moun santi l byen e li ka fè l santi l an sekirite. Men, moun ki rich anvè Bondye yo santi yo pi byen e yo pi an sekirite lontan grasa relasyon sere yo gen avèk Jewova (Izayi 40:11). Kesyon nou kapab poze kounye a se : ki sa nou bezwen fè pou nou rich nan je Bondye ?

Nou kapab rich nan je Bondye

15. Ki sa nou bezwen fè pou nou rich anvè Bondye ?

15 Nan egzanp Jezi te bay la, mesye a te fè plan e li te travay di sèlman pou l vin rich, men yo te di li derezonab. Si nou vle rich anvè Bondye, nou bezwen travay di nan tout aktivite ki vrèman enpòtan e ki gen valè nan je Bondye, e nou bezwen patisipe afon ladan yo. Pami aktivite sa yo, gen aktivite Jezi te mansyone a lè l te di : “ Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. ” ​(Matye 28:19). Lè nou itilize tan nou, enèji nou ak talan nou pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan e pou nou fè disip olye nou sèvi ak yo yon fason egoyis pou nou amelyore sitiyasyon nou nan lavi a, nou sanble ak yon moun ki fè yon envestisman. Moun ki aji konsa yo rekòlte anpil byenfè nan domèn espirityèl, jan eksperyans nou pral site la yo montre sa. — Pwovèb 19:17.

16, 17. Ki eksperyans nou kapab site ki montre fason pou nou viv k ap fè nou rich nan je Bondye ?

16 Ann konsidere egzanp yon kretyen k ap viv nan yon peyi ann Azi. Antanke teknisyen ann enfòmatik, li te gen yon djòb ki byen peye. Sepandan, lefètke travay li te pran prèske tout tan l, li te vin santi l pòv sou plan espirityèl. Finalman, olye li te chèche pwomosyon nan travay la, li te kite travay la. Li te kòmanse fè krèm e li te vann yo nan lari, yon fason pou l te ka gen plis tan pou l reponn ak bezwen l sou plan espirityèl e pou l te kapab andose responsablite li genyen. Ansyen kòlèg travay li yo te konn bat plezi sou li. Men, ki jan sa te pase pou li ? Men sa l di : “ An reyalite, sou plan ekonomik, bagay yo te mache pi byen pou mwen pase lè m t ap travay kòm teknisyen ann enfòmatik. Kè m pi kontan paske mwen pa gen strès ak enkyetid mwen te genyen nan travay mwen te ye anvan an. E sa ki pi enpòtan, kounye a mwen santi m pi pwòch Jewova. ” Chanjman frè sa a fè yo te pèmèt li vin yon sèvitè aplentan, e kounye a, l ap sèvi nan filyal Temwen Jewova ki nan peyi l la. Benediksyon Jewova fè moun rich toutbonvre.

17 Ann pran yon lòt egzanp. Gen yon fi ki te grandi nan yon fanmi ki bay edikasyon anpil valè. Li t al nan inivèsite an Frans, o Meksik, an Suis e li te gen yon bèl karyè devan l. Men sa l te di : “ Mwen te reyisi lavi m. Mwen te jwenn respè ak anpil avantaj, men anndan m, te gen yon gwo vid. Mwen pa t santi m satisfè ditou. ” Apre sa, li vin aprann konnen Jewova. Men sa l di : “ Ofiramezi mwen t ap pwogrese espirityèlman, dezi pou m fè Jewova plezi e pou m montre rekonesans mwen pou sa l fè pou mwen te ede m wè yon fason klè chemen pou m pran an se sèvi l aplentan. ” Li te kite travay li e li pa t pran tan pou l batize. Depi 20 an, l ap sèvi aplentan e li gen kè kontan. Men sa li di : “ Gen moun ki panse mwen gaspiye talan m, men, yo rekonèt m ap viv ak kè kontan e yo apresye prensip mwen kite gide lavi m yo. Chak jou mwen priye Jewova pou l ede m rete enb, yon fason pou m ka toujou gen apwobasyon l. ”

18.Menm jan ak Pòl, ki jan nou kapab rich anvè Bondye ?

18 Sol, mesye yo te vin konnen kòm apot Pòl la, te gen yon bèl karyè devan l. Men sa l te vin ekri : “ Mwen konsidere tout bagay tankou yon pèt poutèt kokenn enpòtans konesans sou Jezi Kris, Seyè m nan, genyen an. ” ​(Filipyen 3:7, 8). Pou apot Pòl, richès li te vin genyen pa mwayen Kris te gen plis valè pase sa monn nan te ka ofri l. Menm jan ak li, si nou abandone dezi egoyis nou genyen e nou chèche viv avèk atachman pou Bondye, n ap vin rich nan je l. Pawòl Bondye a ban nou asirans sa a : “ Rezilta imilite ak lakrentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi. ” — Pwovèb 22:4.

Èske w ka esplike ?

• Ki pwoblèm mesye nan egzanp Jezi a te genyen ?

• Poukisa yo di mesye nan parabòl la se yon moun ki derezonab ?

• Sa sa vle di pou yon moun rich anvè Bondye ?

• Ki jan nou kapab vin rich anvè Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Poukisa yo di mesye rich la derezonab ?

[Foto nan paj 29]

Ki jan pwomosyon yo ofri nou nan travay nou kapab yon vrè eprèv pou nou ?

[Foto nan paj 30, 31]

“ Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich. ”