Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou tann jou Jewova a avèk andirans

Annou tann jou Jewova a avèk andirans

Annou tann jou Jewova a avèk andirans

“ Sou lafwa nou, [...] mete andirans. ” — 2 PYÈ 1:5, 6.

1, 2. Ki sa andirans ye, e poukisa kretyen yo bezwen gen andirans ?

GRAN jou Jewova a pre anpil (Yowèl 1:15 ; Sefànya 1:14). Antanke kretyen, nou detèmine pou nou rete entèg devan Bondye, e se avèk enpasyans n ap tann moman kote Jewova pral jistifye souvrènte l. Antretan, moun yo rayi nou, yo kritike nou, yo pèsekite nou e yo konn touye kèk nan nou poutèt lafwa nou (Matye 5:10-12 ; 10:22 ; Revelasyon 2:10). Se sa k fè nou bezwen gen andirans, sètadi kapasite pou nou reziste lè n nan sitiyasyon difisil. Apot Pyè ban nou egzòtasyon sa a : “ Sou lafwa nou, [...] mete andirans. ” ​(2 Pyè 1:5, 6). Nou bezwen andirans, paske Jezi te di : “ Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove. ” — Matye 24:13.

2 Mete sou sa, nou ka gen yon maladi, nou ka gen yon moun pa nou ki mouri e nou ka ap fè fas ak lòt eprèv ankò. Se pa ti kontan Satan t ap kontan si nou ta pèdi lafwa (Lik 22:31, 32) ! Men, grasa èd Jewova, nou ka andire tout kalite eprèv (1 Pyè 5:6-11). Kounye a, ann konsidere kèk egzanp reyèl ki montre nou ka tann jou Jewova a avèk andirans, san lafwa nou pa febli.

Maladi pa fè yo sispann sèvi Jewova

3, 4. Bay yon egzanp ki montre nou kapab sèvi Jewova fidèlman menm lè nou gen yon maladi.

3 Jodi a, Bondye pa geri nou pa mwayen mirak, men li ban nou fòs pou nou andire maladi (Sòm 41:1-3). Men sa yon sè ki rele Sharon di, sa gen 15 an : “ Depi lè m toupiti, mwen toujou sou yon chèz woulant. Depi lè m fèt, mwen gen yon paralizi serebral ki fè m pa t pwofite anfans mwen. ” Sharon te vin gen espwa ofiramezi li t ap aprann konnen Jewova ansanm ak pwomès li fè ki montre moun pral gen yon sante ki pafè. Byenke pale ak mache se pa bagay ki fasil pou li, li jwenn lajwa nan ministè a. Apre sa, li te di : “ Petèt sante m ap kontinye deteryore, men konfyans mwen gen nan Bondye e relasyon m gen avè l se sa ki pi enpòtan nan lavi m. Se pa ti kontan mwen kontan dèske mwen fè pati pèp Jewova a e dèske mwen toujou jwenn sipò Jewova ! ”

4 Apot Pòl te egzòte kretyen Tesalonik yo pou yo “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ”. (1 Tesalonisyen 5:14.) Yon moun ka fè depresyon si l santi lavi l se yon gwo echèk. Men sa Sharon te ekri an 1993 : “ Lefètke m te santi m pa vo anyen ditou, mwen [...] te tonbe nan yon gwo depresyon ki te dire twazan. [...] Ansyen yo te ban m konsèy ak ankourajman. [...] Avèk tandrès, Jewova te fè m konnen sa m te bezwen konnen konsènan depresyon grav pa mwayen Toudegad. Vrèman, Jewova pran swen pèp li e li konprann santiman nou genyen. ” ​(1 Pyè 5:6, 7). Jiska prezan Sharon ap sèvi Jewova fidèlman toutpandan l ap tann gran jou Jewova a.

5. Ki sa ki pwouve kretyen yo ka andire anba gwo strès ?

5 Gen kèk kretyen ki anba gwo strès akoz move eksperyans yo te fè nan lavi yo. Harley te patisipe nan gwo konba vyolan ki te gen nan Dezyèm Gè mondyal la e li te konn ap fè move rèv sou sa. Li te konn pran rele pandan l nan dòmi : “ Atansyon ! Veye kò w ! ” Lè l reveye, li te konn mouye an tranp tèlman l swe. Sepandan, li te kontinye viv ann amoni ak prensip Bondye yo, e avèk letan li te vin fè move rèv sa yo mwens.

6. Ki jan yon kretyen te rive fè fas ak pwoblèm mantal li genyen an ?

6 Gen yon kretyen ki te gen yon pwoblèm mantal ki te lakòz tanto li santi l gen kè kontan tanto li anba gwo depresyon. Akoz pwoblèm sa a, li te difisil pou li anpil pou l preche kay an kay. Sepandan, li te kontinye preche, paske li te konprann ministè a siyifi lavi ni pou li ni pou moun ki byen reyaji yo (1 Timote 4:16). Pafwa, li pa t menm santi l te ka sonnen sonèt kay yo. Sepandan, men sa l di : “ Apre yon ti moman, mwen rive metrize m, m ale nan pwochen pòt la, epi m eseye ankò. Lefètke m te kontinye patisipe nan ministè a, espirityèlman, mwen te kontinye rete an sante. ” Li te difisil tou pou frè sa a asiste reyinyon yo, men li te gen konviksyon li enpòtan anpil pou l pami frè ak sè yo. Se sa k fè, li te konn fè efò ki nesesè pou l te la nan reyinyon yo. — Ebre 10:24, 25.

7. Ki jan kèk moun demontre andirans, byenke yo pè pale an piblik oswa yo pè asiste reyinyon yo ?

7 Gen kretyen ki gen kèk sitiyasyon oswa kèk bagay yo pè yon fason egzajere. Pa egzanp, yo kapab pè pale an piblik oubyen yo kapab menm pè asiste yon reyinyon. Imajine jan sa dwe difisil pou yo fè kòmantè nan reyinyon yo oswa pou yo prezante yon ekspoze nan Lekòl ministè teyokratik ! Poutan, yo kontinye andire malgre pwoblèm sa yo, e nou vrèman apresye prezans yo ak patisipasyon yo.

8. Ki sa ki ka vrèman ede yon moun k ap andire yon pwoblèm sikolojik ?

8 Yon bagay ki ka ede yon moun sipòte yon pwoblèm sikolojik, se lè l pran plis repo e li dòmi plis. Li ka bon tou pou l chèche wè doktè. Sepandan, yon bagay ki vrèman kapab ede l, se lè l priye Bondye. Men sa Sòm 55:22 di : “ Lage fado w yo sou Jewova li menm, e bò kote pa l, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la kilbite. ” Kidonk, kèlkeswa jan sa ye, se pou w ‘ mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w ’. — Pwovèb 3:5, 6.

Lè nou gen moun pa nou ki mouri

9-11. a) Ki sa k ka ede nou andire tristès nou santi lè yon moun pa nou mouri ? b) Ki jan egzanp Àn nan ka ede nou ?

9 Lè lanmò pase men pran yon moun nan fanmi nou, sa ka fè nou tris anpil. Abraram te kriye lè Sara, madanm li li te renmen anpil la, te mouri (Jenèz 23:2). Byenke Jezi te yon òm pafè, “ dlo te koule nan je ” l, lè Laza, zanmi l, te mouri (Jan 11:35). Donk, se yon bagay ki natirèl pou yon moun santi l tris lè yon moun pa l mouri. Sepandan, kretyen yo konnen pral gen yon rezirèksyon (Travay 24:15). Se poutèt sa, yo “ pa nan lapenn menm jan ak lòt moun yo ki pa gen esperans. ” — 1 Tesalonisyen 4:13.

10 Ki jan nou ka andire tristès nou santi lè nou gen yon moun pa nou ki mouri ? Annou pran yon egzanp ki ka ede nou konprann sa. Dabitid, nou pa rete tris pou lontan lè yon zanmi nou vwayaje, paske nou konnen lè l tounen, n ap wè l ankò. Si nou gen yon pwennvi konsa lè yon kretyen fidèl mouri, sa ka ede nou gen mwens tristès paske nou gen asirans l ap resisite. — Eklezyas 7:1.

11 Si nou gen yon konfyans total nan “ Bondye konsolasyon an ”, sa ap ede nou andire lè nou gen moun pa nou ki mouri (2 Korentyen 1:3, 4). Yon bagay ki ka ede nou tou, se lè nou reflechi sou sa yon vèv nan premye syèk la ki te rele Àn te fè. Li te vin vèv apre setan maryaj sèlman. Poutan menm a 84 an, li te toujou ap bay Jewova yon sèvis sakre nan tanp lan (Lik 2:36-38). Sandout, lefètke li te rete atache ak Jewova, sa te ede l lè l te santi l tris e lè l te santi l poukont li. Lè nou patisipe nan aktivite kretyen yo, san wete predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, sa ka ede nou andire tristès nou genyen lè yon moun pa nou mouri.

Lè n ap fè fas ak divès kalite eprèv

12. Ki eprèv kèk kretyen ap andire anndan fanmi yo ?

12 Gen kèk kretyen k ap andire eprèv yo rankontre anndan fanmi yo. Pa egzanp, si youn nan konjwen yo komèt adiltè, sa ka gen yon efè ki vrèman terib sou fanmi an. Chòk konjwen inosan an kapab pran ak lapenn li kapab santi ka fè l pèdi somèy e sa ka fè l ap kriye toutan. Menm lè l ap fè travay ki fasil li ka tèlman santi l strese, li fè yo mal e aksidan kapab rive pandan l ap fè travay la. Konjwen ki inosan an gendwa vin pa ka manje, l ap megri e li ka vin gen pwoblèm afektif. Li ka difisil pou li pou l patisipe nan aktivite kretyen yo. E sa ka gen gwo efè sou timoun yo tou.

13, 14. a) Ki jan priyè Salomon te fè nan inogirasyon tanp lan ankouraje w ? b) Poukisa nou dwe priye pou nou jwenn lespri sen ?

13 Jewova ban nou èd nou bezwen lè n ap fè fas ak kalite eprèv sa yo (Sòm 94:19). Bondye koute priyè moun k ap sèvi l yo. Nou ka wè sa nan priyè wa Salomon te fè nan inogirasyon tanp Jewova a. Men priyè Salomon te fè : “ Kèlkeswa priyè, kèlkeswa demann nenpòt moun ta fè oswa tout pèp ou a, Izrayèl, ta fè pou yo jwenn favè, paske yo chak ap konnen soufrans yo gen nan pwòp kè yo, e vrèman yo ouvri pla men yo nan direksyon kay sa a, lè sa a, ou menm, pandan w nan syèl la, kote fiks ou abite a, se pou w tande, e ou dwe padone, ou dwe aji e ou dwe bay chak moun selon fason l aji, paske w konnen kè l (paske se ou menm sèl ki konnen kè tout pitit lòm yo), pou yo krenn ou pandan tout jou yo vivan sou tè ou te bay zansèt nou yo. ” — 1 Wa 8:38-40.

14 Li vrèman enpòtan pou nou kontinye priye pou nou jwenn lespri sen (Matye 7:7-11). Pami kalite ki gen nan fwi lespri a, gen lajwa ak lapè (Galat 5:22, 23). Se pa ti soulajman nou jwenn lè Papa nou ki nan syèl la reponn priyè nou ! Lè sa a, lajwa ranplase tristès nou e lapè ranplase gwo angwas nou genyen.

15. Ki vèsè nan Bib la ki ka ede nou diminye enkyetid nou genyen ?

15 Nou dwe atann n ap santi nou yon jan enkyè lè nou anba gwo strès. Sepandan, nou ka gen mwens enkyetid si nou toujou sonje pawòl sa yo Jezi te di : “ Sispann enkyete nou pou nanm nou konsènan ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè, ni pou kò nou konsènan ki sa n ap mete. [...] Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. ” ​(Matye 6:25, 33, 34). Apot Pyè egzòte nou pou nou ‘ lage tout tètchaje nou sou Bondye, paske li gen sousi pou nou. ’ ​(1 Pyè 5:6, 7). Li bon pou nou fè efò pou nou rezoud pwoblèm nou genyen. Sepandan, apre nou fin fè sa nou kapab, li esansyèl pou nou priye olye pou nou kite enkyetid anvayi nou. Men sa yon salmis te di nan yon chante : “ Woule tout aktivite w sou Jewova, konte sou li, e li menm l ap aji. ” — Sòm 37:5.

16, 17. a) Poukisa nou pa ka pa gen enkyetid ditou ? b) Ki sa n ap jwenn si nou aplike Filipyen 4:6, 7 ?

16 Men sa Pòl te ekri : “ Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay, fè Bondye konnen demann nou yo pa mwayen lapriyè e pa mwayen siplikasyon ansanm avèk aksyondegras. E lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou pa mwayen Kris Jezi. ” ​(Filipyen 4:6, 7). Nòmalman, desandan Adan yo, ki enpafè, pa ka pa gen enkyetid ditou (Women 5:12). Pa egzanp, madanm Ezayi te genyen ki te Itit yo te fè Izarak ak Rebeka, papa ak manman Ezayi, santi yo gen “ anpil lapenn nan lespri yo ”. (Jenèz 26:34, 35.) Sandout, maladi kèk kretyen tankou Timote ak Twofim te genyen te fè yo santi yo angwase (1 Timote 5:23 ; 2 Timote 4:20). Pòl te enkyete l pou konpayon kretyen l yo (2 Korentyen 11:28). Men, Sila “ ki konn tande priyè ” a toujou la pou l ede moun ki renmen l yo. — Sòm 65:2.

17 Pandan n ap tann jou Jewova a, nou jwenn soutyen ak rekonfò nan men “ Bondye lapè a ”. (Filipyen 4:9.) Jewova “ gen mizèrikòd ak konpasyon ”, li ‘ bon e li dispoze padone ’ e “ li pa bliye nou se pousyè ”. (Egzòd 34:6 ; Sòm 86:5 ; 103:13, 14.) Se poutèt sa nou ta dwe “ fè Bondye konnen demann nou yo ” paske sa ap fè nou gen “ lapè Bondye ”, sètadi yon trankilite lòm pa kapab konprann.

18. Ki jan nou kapab “ wè ” Bondye jan Jòb 42:5 montre sa ?

18 Lè Bondye reponn priyè nou yo, nou konnen li avèk nou. Men sa Jòb te di apre li te fin andire eprèv li yo : “ Se tande m te konn tande pale de ou [Jewova], men kounye a mwen wè w ak pwòp je m. ” ​(Jòb 42:5). Konpreyansyon nou, lafwa nou ak rekonesans nou kapab ede nou reflechi sou fason Bondye boule avèk nou e yo kapab fè nou “ wè ” l yon fason nou pa t janm wè l anvan. Èske relasyon sere sere sa a nou genyen ak Jewova pa fè kè nou ak lespri nou anpè ?

19. Ki sa k ap rive si nou ‘ lage tout tètchaje nou sou Jewova ’ ?

19 Si nou ‘ lage tout tètchaje nou sou Jewova ’, n ap kapab andire eprèv yo avèk yon kalm k ap pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou. Nan fon kè nou, nou pap santi nou malalèz, nou pap pè ni nou pap panike ankò. Lespri nou pap an boulvès poutèt nou nan konfizyon oswa nou enkyè.

20, 21. a) Ki asirans ka Etyèn nan ban nou konsènan jan nou ka santi nou kalm lè nou devan pèsekisyon ? b) Site yon egzanp nan epòk pa nou an ki montre jan nou ka santi nou kalm lè nou devan eprèv.

20 Etyèn, ki te yon disip, te rete kalm lè li t ap fè fas ak yon gwo eprèv pou lafwa li. Yon ti tan anvan l te bay yon dènye temwayaj, tout moun ki te nan Sanedren an “ te wè figi l vin tankou figi yon zanj ”. (Travay 6:15.) Figi l te parèt kalm tankou figi yon zanj, yon mesaje Bondye. Apre Etyèn te fin montre yo yo te koupab nan lanmò Jezi, jij yo te “ santi sa blese yo jis nan kè yo e yo kòmanse manje dan yo sou li ”. Pandan Etyèn te “ ranpli ak lespri sen ”, li “ fikse syèl la e li apèsi glwa Bondye e Jezi ki kanpe sou bò dwat Bondye ”. Vizyon sa a te fòtifye l e li te ede l rete fidèl jiska lamò (Travay 7:52-60). Byenke nou pap resevwa vizyon lè nou anba pèsekisyon, Bondye ka fè nou kalm.

21 Annou wè ki jan kèk kretyen te santi yo anvan yo te pèdi lavi yo sou rejim nazi a nan Dezyèm Gè mondyal la. Men sa youn nan yo te di anrapò ak sa k te rive l nan tribinal kote yo te jije l la : “ Yo te kondane m amò. Apre m fin koute santans lan, mwen di pawòl sa yo : ‘ Montre w fidèl jiska lamò. ’ E mwen di kèk lòt pawòl Seyè nou an te di. Jijman an te fini la. Men sa pa enpòtan kounye a. Nou pa ka imajine jan mwen santi m anpè, e jan mwen santi m kalm. ” Gen yon jèn kretyen ki te devan lanmò. Yo t apral koupe tèt li. Men sa l te ekri paran l : “ Minui gentan pase. Jiska prezan mwen gen posiblite pou m chanje lide. Aa ! Èske mwen t ap ka gen kè kontan ankò nan monn sa a si m ta renye Seyè nou an ? Non, jamè ! Men kounye a, nou mèt gen asirans mwen kite monn sa a ak kè kontan e ak lapè. ” Pa gen okenn dout nan sa, Jewova soutni sèvitè fidèl li yo.

Ou kapab andire

22, 23. Ki asirans ou kapab genyen toutpandan w ap tann jou Jewova a avèk andirans ?

22 Petèt gen kèk nan eprèv nou sot site la yo nou ka pa rankontre. Sepandan, Jòb, yon moun ki te gen lakrentif pou Bondye, te gen rezon lè l te di : “ Lòm ki sot nan vant fi viv yon tikras tan, epi li chaje ak traka. ” ​(Jòb 14:1). Petèt ou se yon manman oswa yon papa e w ap fè anpil efò pou w bay pitit ou direksyon ki sot nan Bib la. Sandout, timoun ou yo ap fè fas ak eprèv yo jwenn nan lekòl yo. Men, èske w pa kontan lè w wè yo pran yon pozisyon fèm pou Jewova e pou prensip li yo ki jis ? Petèt ou rankontre difikilte ak tantasyon nan travay ou. Sepandan, ou rive andire tout sitiyasyon sa yo ak lòt ankò paske ‘ Jewova pote chay la pou ou chak jou ’. — Sòm 68:19.

23 Petèt ou konsidere tèt ou kòm yon moun tankou tout moun, men sonje sa, Jewova pap janm bliye travay ou fè ak lanmou w te demontre pou non li ki sen (Ebre 6:10). Grasa èd li, w ap ka andire lè lafwa w anba eprèv. Donk, toujou priye Jewova anrapò ak volonte l e pa janm bliye volonte l nan pwojè w ap fè. Lè sa a, ou mèt gen asirans w ap jwenn benediksyon Bondye e w ap jwenn sipò li toutpandan w ap tann jou Jewova a avèk andirans.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa kretyen yo bezwen gen andirans ?

• Ki sa k ka ede nou andire lè nou gen yon maladi e lè yon moun pa nou mouri ?

• Ki jan lapriyè ka ede nou andire eprèv yo ?

• Poukisa li posib pou nou tann jou Jewova a avèk andirans ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Lè nou konte sou Jewova, sa ede nou andire lè nou gen yon moun pa nou ki mouri.

[Foto nan paj 22]

Lè nou priye ak tout kè nou, sa ede nou andire lè lafwa nou anba eprèv.