Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Evite tout kalite konvwatiz ”

“ Evite tout kalite konvwatiz ”

“ Evite tout kalite konvwatiz ”

“ Menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” — LIK 12:15.

1, 2. a) Ki sa w remake ki enterese moun yo jodi a, e ki sa w remake y ap pousuiv ? b) Ki jan atitid yo genyen kapab enfliyanse nou ?

PIFÒ moun konsidere lajan, byen materyèl, prestij, djòb ki byen peye ak fanmi kòm kèk nan bagay ki pèmèt yo mezire nan ki pwen yo reyisi nan lavi yo oswa kòm bagay k ap asire avni yo. Sa klè, kit se nan peyi rich, kit se nan peyi pòv, sa ki enterese anpil moun se posede byen materyèl epi reyisi nan lavi yo, e se bagay sa yo y ap pousuiv. Anplis de sa, si yo ta gen yon ti enterè pou bagay espirityèl, enterè sa a ap diminye rapidman.

2 Se egzakteman sa Labib te predi. Men sa l di : “ Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, [...] y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, y ap gen yon fòm atachman pou Bondye, men y ap renye fòs li. ” ​(2 Timote 3:1-5). Vrè kretyen k ap viv jou apre jou nan mitan kalite moun sa yo toujou anba presyon pou yo vin gen menm mantalite ak yo e pou yo viv menm jan avèk yo. Ki sa ki ka ede nou pou nou pa “ imite modèl ” monn sa a ? — Women 12:2, Bib Kreyòl La : Nouvo Testaman.

3. Ki konsèy Jezi te bay nou pral egzamine kounye a ?

3 Antanke “ Ajan prensipal fwa nou, Li menm k ap pèfeksyone fwa nou ”, Jezi ban nou bonjan konsèy nan sans sa a (Ebre 12:2). Yon lè, pandan Jezi t ap pale ak yon foul nan objektif pou l te ba yo plis konpreyansyon sou kèk sijè espirityèl, yon mesye te entèwonp konvèsasyon an e li te mande l : “ Anseyan, di frè m nan pou l separe eritaj la avèk mwen. ” Nan repons Jezi te bay la, li te bay ni mesye a ni lòt moun ki t ap koute l yo kèk bonjan konsèy. Li te ba yo yon avètisman fèm pou yo evite konvwatiz e li te kore avètisman sa a ak yon egzanp ki te dwe fè yo reflechi. L ap bon pou nou egzamine pawòl Jezi te di nan okazyon sa a e pou nou chèche wè ki jan nou ka tire pwofi lè nou aplike yo nan lavi nou. — Lik 12:13-21.

Yon demann ki pa t apwopriye

4. Ki sa k fè li pa t apwopriye pou mesye a entèwonp Jezi ?

4 Anvan mesye a te entèwonp Jezi, Jezi t ap pale ak disip li yo ansanm ak kèk lòt moun, e li t ap di yo pou yo fè atansyon pou yo pa vin ipokrit e pou yo gen kouraj pou yo konfese yo ann inyon avèk Pitit Gason lòm nan. Li t ap pale yo tou konsènan èd yo t apral resevwa pa mwayen lespri sen (Lik 12:1-12). Se sèten, disip yo te bezwen reflechi sou sijè sa yo. Se nan mitan yon diskou pwofon konsa, mesye a te entèwonp Jezi kareman pou l mande l rantre nan sa ki sanble te yon diskisyon familyal konsènan byen materyèl. Sepandan, gen yon leson enpòtan nou ka tire nan sitiyasyon sa a.

5. Ki sa demann mesye a te fè a montre konsènan ki kalite moun li te ye ?

5 Gen yon ekriven ki di : “ Yo kapab detèmine pèsonalite yon moun dapre sa ki nan lespri l lè l ap koute yon egzòtasyon y ap ba li nan domèn relijye. ” Pandan Jezi t ap pale sou sijè espirityèl ki enpòtan, sanble mesye a li menm t ap reflechi sou sa l ka fè pou l jwenn kèk avantaj ekonomik. Bib la pa di si li te gen yon rezon valab pou l plenyen konsènan eritaj la. Petèt li t ap eseye itilize, pou avantaj pa l, otorite Jezi ak repitasyon li te genyen kòm yon jij ki saj (Izayi 11:3, 4 ; Matye 22:16). Nou pa konnen sa k fè l te poze kesyon sa a, men, kesyon l lan fè konprann ofon li te gen yon pwoblèm : li te vrèman manke apresyasyon pou bagay espirityèl. Èske sa pa montre li enpòtan pou nou egzamine tèt nou ? Pa egzanp, lè n ap asiste reyinyon yo, li fasil pou nou kite lespri nou ap flannen oswa pou nou kite l konsantre sou sa nou pral fè pita apre reyinyon yo. Olye nou aji konsa, nou ta dwe koute sa y ap di yo epi nou ta dwe reflechi pou nou wè ki jan nou kapab aplike enfòmasyon sa yo nan lavi nou, pou nou ka amelyore relasyon nou ni ak Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la, ni ak lòt kretyen parèy nou. — Sòm 22:22 ; Mak 4:24.

6. Poukisa Jezi pa t aksepte fè sa mesye a te mande l la ?

6 Kèlkeswa sa k te pouse mesye a mande Jezi sa l te mande l la, Jezi te refize entèvni. Olye l te fè sa, li te di l : “ Mesye, kiyès ki etabli m kòm jij nou oswa kòm moun ki pou fè separasyon byen pou nou ? ” ​(Lik 12:14). Lè Jezi te di pawòl sa yo, li t ap fè referans ak yon bagay moun yo te konnen byen, paske, selon Lwa Moyiz la, nan vil yo, te gen jij yo te nome pou yo pran desizyon sou kesyon sa yo (Detewonòm 16:18-20 ; 21:15-17 ; Rit 4:1, 2). Jezi te konsantre sou bagay ki pi enpòtan tankou bay temwayaj konsènan verite sou Wayòm nan ak anseye moun volonte Bondye (Jan 18:37). Lefètke nou suiv egzanp Jezi, olye nou kite bagay ki gen nan monn nan distrè nou, nou itilize tan nou ak enèji nou pou nou preche bon nouvèl la e pou nou “ fè disip pami moun tout nasyon ”. — Matye 24:14 ; 28:19.

Fè atansyon pou nou pa tonbe nan konvwatiz

7. Ki sa Jezi te di mesye a ki montre li te wè lwen ?

7 Lefètke Jezi te kapab wè entansyon mesye a te genyen nan fon kè l, li te konnen te gen yon pwoblèm pi serye ki te la anba anba nan demann mesye a te fè l pou l entèvni nan afè pèsonèl li. Se sa k fè, olye pou Jezi te annik rejte demann li a, li te ale nan rasin pwoblèm nan. Li te di l : “ Rete je ouvè epi evite tout kalite konvwatiz, paske menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” — Lik 12:15.

8. Ki sa konvwatiz ye, e nan ki sa li ka fè moun tonbe ?

8 Konvwatiz se pa sèlman dezi yon moun genyen pou l gen lajan oswa pou l gen kèk lòt bagay ki kapab itil li. Men, selon yon diksyonè, se yon “ dezi egzajere yon moun genyen swa pou l rich swa pou l posede anpil bagay oubyen pou l posede bagay lòt moun genyen ”. Se kapab yon gwo dezi yon moun genyen pou l posede plis bagay e l ap chèche yo avèk avidite, senpleman paske l vle genyen yo. Se gendwa menm bagay ki pou yon lòt moun. Li gendwa pa menm bezwen yo e li pa reflechi sou efè sa ap genyen sou lòt moun. Moun ki tonbe nan konvwatiz la pèmèt objè li konvwate a tèlman enfliyanse panse l ak aksyon l, an reyalite, objè a vin tounen yon dye pou li. Petèt w ap sonje apot Pòl te di yon moun ki avid se yon moun ki idolat, e li te di tou moun ki idolat yo pap eritye Wayòm Bondye a. — Efezyen 5:5 ; Kolosyen 3:5.

9. Sou ki fòm konvwatiz kapab parèt ? Bay kèk egzanp.

9 Sa ki enteresan, sèke Jezi te bay yon avètisman kont “ tout kalite konvwatiz ”. Konvwatiz parèt sou plizyè fòm. Dènye kòmandman nan Dis Kòmandman yo site kèk fòm ladan yo. Men sa l di : “ Ou pa dwe anvi kay pwochen w. Ou pa dwe anvi madanm pwochen w, ni esklav gason li genyen, ni esklav fi li genyen, ni towo bèf li, ni bourik li, ni anyen ki pou pwochen w. ” ​(Egzòd 20:17). Bib la chaje ak egzanp moun ki te fè peche grav paske yo te manifeste yon fòm konvwatiz kèlkonk. Satan se premye kreyati ki te konvwate bagay ki pou yon lòt moun, anpalan de glwa, onè ak otorite Jewova sèl genyen (Revelasyon 4:11). Èv te konvwate dwa pou l deside pou tèt li, e se lefètke yo te twonpe l nan sans sa a, ki fè lèzòm vin tonbe nan peche e yo mouri (Jenèz 3:4-7). Demon yo se yon seri zanj ki te vin pa satisfè ak “ pozisyon yo te ye okòmansman an, men ki te abandone kote yo te fèt pou yo rete a ” pou yo pran yon bagay ki pa t fèt pou yo (Jid 6 ; Jenèz 6:2). Balaram, Akàn, Geyazi ak Jida Iskaryòt se kèk lòt egzanp ankò. Olye pou yo te kontante yo ak sa yo te genyen, yo te kite dezi egzajere yo te genyen pou yo posede bagay materyèl fè yo mal itilize pozisyon yo te konfye yo, e konsa yo te tonbe nan dezas e yo te detwi yo.

10. Ki sa nou kapab fè pou nou suiv konsèy Jezi te bay pou nou “ rete je ouvè ” a ?

10 Jezi te entwodui avètisman li te bay kont konvwatiz la ak pawòl sa yo : “ Rete je ouvè. ” Poukisa pawòl sa yo te apwopriye ? Yo te apwopriye paske li fasil pou yon moun remake yon lòt moun avid oswa yon lòt moun tonbe nan konvwatiz, men li pa fasil pou l rekonèt li menm li gen pwoblèm sa yo. Sepandan, apot Pòl te di : “ Lanmou pou lajan se yon rasin tout kalite move bagay. ” ​(1 Timote 6:9, 10). Konsènan move dezi, disip Jak te di : “ Lè l fegonde, li pwodui peche. ” ​(Jak 1:15). Ann amoni ak avètisman Jezi te bay la, nou ta dwe “ rete je ouvè ”, pa nan objektif pou nou wè si lòt moun tonbe nan konvwatiz, men nan objektif pou nou egzamine tèt nou pou nou wè sou ki sa kè nou fikse, yon fason pou nou ka “ evite tout kalite konvwatiz ”.

Lè n ap viv nan abondans

11, 12. a) Ki avètisman Jezi te bay kont konvwatiz ? b) Poukisa nou bezwen reflechi sou avètisman Jezi te bay la ?

11 Gen yon lòt rezon ankò ki fè nou dwe evite konvwatiz. Remake ki sa Jezi te di annapre : “ Menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” ​(Lik 12:15). Se sèten, nou bezwen reflechi sou sa, sitou nan epòk nou an kote materyalis ap vale teren e kote moun yo panse lè yo posede anpil bagay, se lè sa a y ap viv ak kè kontan e y ap reyisi lavi yo. Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te vle fè konprann yon vi ki vrèman gen sans e ki bay satisfaksyon pa depann de bagay materyèl, kèlkeswa kantite a.

12 Sepandan, gen moun ki kapab pa dakò. Yo kapab panse byen materyèl rann lavi yon moun pi konfòtab, pi agreyab e yo plis fè l anvi viv. Se sa k fè, yo pase tout tan yo ap travay pou yo gen mwayen pou yo achte tout kalite bagay ak tout kalite gadjèt yo ta renmen posede. Yo panse sa ap fè yo viv pi byen. Men, lefètke yo panse konsa, yo pa rive konprann pwen Jezi te vle fè pase a.

13. Ki pwennvi konsènan lavi ak byen materyèl ki ekilibre ?

13 Olye Jezi te di si l bon oswa si l pa bon pou yon moun posede anpil byen materyèl, li te atire atansyon sou lefètke lavi yon moun pa depann de “ sa l posede ”, sètadi, de sa l deja genyen. Nan sans sa a, nou tout konnen nou pa bezwen anpil bagay pou nou viv. Sa nou bezwen sèlman, se manje pou nou manje, rad pou nou met sou nou ak yon kote pou nou dòmi. Moun ki rich pa manke bagay sa yo, tandiske moun ki pòv gendwa oblije fè anpil efò pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Sepandan, lè yo mouri pa gen diferans antre yo ankò. Tout bagay fini (Eklezyas 9:5, 6). Donk, se pa bagay yon moun posede oswa bagay li ka achte k ap bay lavi l yon sans e k ap ba l valè. Ide sa a ap parèt klè pou nou lè nou konprann de ki kalite vi Jezi t ap pale.

14. Ki sa mo lè yo tradui l yo met “ lavi ” pou li nan liv Lik la aprann nou ?

14 Jezi te di : ‘ Lavi yon moun pa depann de sa l posede. ’ Mo grèk (zôê) lè yo tradui l yo met “ lavi ” pou li nan Evanjik Lik la pa gen rapò ak fason yon moun viv, men li gen rapò pito ak lavi menm, lavi yon moun genyen *. Jezi te vle fè konprann, kit nou rich, kit nou pòv, kit n ap viv nan liks, kit n ap bat dlo pou nou fè bè, nou pa gen kontwòl nèt sou kantite tan nou kapab viv. Nou pa menm konnen si n ap an vi demen. Nan Sèmon sou montay la, Jezi te di : “ Kiyès nan nou, lè li enkyete, ki kapab ajoute yon sèl koude sou dire lavi l ? ” ​(Matye 6:27). Labib montre aklè se Jewova sèl ki “ sous lavi ”, e se li menm sèl ki kapab bay moun ki fidèl yo “ lavi toutbon an ”, “ lavi etènèl ”, lavi ki pap janm fini an, swa nan syèl la, swa sou tè a. — Sòm 36:9 ; 1 Timote 6:12, 19.

15. Poukisa anpil moun mete konfyans yo nan byen materyèl ?

15 Pawòl Jezi yo montre kòman li fasil pou moun gen yon pwennvi defòme sou lavi. Tout moun enpafè, e kit se moun rich, kit se moun pòv, se yon sèl kote yo prale. Men sa Moyiz te di : “ Jou ane nou yo yo menm se swasanndizan, e si grasa yon fòs espesyal yo rive katreventan, sepandan, sa yo plis pote se traka ak bagay ki nuizib paske sa pase vit, e nou vole n ale. ” ​(Sòm 90:10 ; Jòb 14:1, 2 ; 1 Pyè 1:24). Se sa k fè, souvan, moun ki pa kiltive yon bon relasyon ak Bondye adopte etadespri Pòl te pale de li lè l te di : “ Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri. ” ​(1 Korentyen 15:32). Gen lòt moun, lefètke yo santi lavi a kout e li pa sèten, yo chèche jwenn sekirite ak estabilite nan byen materyèl. Petèt yo panse si yo posede anpil bagay materyèl, sa ap pwoteje yo nan lavi a. Se sa k fè, yo travay anpil pou yo ranmase richès ak byen materyèl paske yo panse bagay sa yo ap fè yo viv an sekirite e y ap fè kè yo kontan. — Sòm 49:6, 11, 12.

Yon avni asire

16. De ki sa vrè valè lavi yon moun genyen pa depann ?

16 Se vre, lè yon moun gen gran mwayen pou l viv, li gen manje ak rad agogo, li gen kote pou l rete ak lòt bagay ankò yo konsidere kòm liks, sa kapab rann lavi l pi konfòtab. Sa kapab menm pèmèt li jwenn pi bon swen medikal ki kapab ajoute kèk ane sou lavi l. Sepandan, èske tout bagay sa yo vrèman bay lavi yon moun plis sans e èske yo fè l viv an sekirite ? Pou lavi yon moun vrèman gen valè, sa pa depann de kantite tan li viv oswa de kantite bagay materyèl li posede. Apot Pòl te pale de danje ki genyen pou yon moun mete tout konfyans li nan bagay sa yo. Men sa li te ekri Timote : “ Bay moun ki rich nan sistèm de choz ki la kounye a lòd pou yo pa gen ògèy, ni pou yo pa mete espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye, ki founi nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo. ” — 1 Timote 6:17.

17, 18.a) Ki egzanp estrawòdinè anrapò ak byen materyèl nou ta dwe imite ? b) Ki parabòl Jezi te bay nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

17 Li pa t ap saj pou yon moun ta met espwa l nan richès, paske bagay sa yo pa “ sèten ”. Patriyach Jòb te rich anpil, men, lè dezas te frape l bridsoukou, richès li a pa t kapab ede l paske li te pèdi l yon sèl kou. Se relasyon solid li te genyen ak Jewova ki te ede l nan tout eprèv ak tribilasyon li te rankontre (Jòb 1:1, 3, 20-22). Abraram pa t pèmèt pil byen materyèl li te genyen anpeche l aksepte asiyasyon difisil Jewova te ba li. Li te jwenn benediksyon pou l vin “ papa yon bann nasyon ”. (Jenèz 12:1, 4 ; 17:4-6.) Ni moun sa yo nou sot site la yo, ni lòt moun ankò ki bay bon egzanp nan domèn sa a, merite pou nou imite yo. Kit nou jèn, kit nou aje, nou bezwen egzamine tèt nou pou nou wè ki sa k vrèman enpòtan pou nou nan lavi nou e pou nou wè nan ki sa nou met espwa nou. — Efezyen 5:10 ; Filipyen 1:10.

18 Konsèy sa yo Jezi te bay konsènan konvwatiz e konsènan pwennvi kòrèk nou dwe genyen sou lavi enpòtan anpil e yo vrèman enstwi nou. Sepandan, li te gen lòt enstriksyon toujou li te vle bay, se sa k fè li te bay yon parabòl oswa yon egzanp konsènan yon mesye ki te rich, men ki pa t rezonab, yon egzanp ki kapab pouse nou reflechi. Ki jan nou ka aplike egzanp sa a nan lavi nou jodi a, e ki sa li ka aprann nou ? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Yon lòt mo grèk lè yo tradui l yo mete “ lavi ” pou li, se mo bios la. Nou jwenn mo sa a nan mo tankou “ byografi ” ak “ byoloji ”. Dapre yon diksyonè (Vine ’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words), bios gen rapò ak “ peryòd tan oswa kantite tan lavi kapab dire ”, “ fason yon moun viv ” ak “ mwayen yon moun genyen pou l viv ”.

Ki repons nou ta bay ?

• Lefètke Jezi te refize aji ann amoni ak demann mesye ki te nan foul la te fè l la, ki sa sa aprann nou ?

• Poukisa nou dwe evite konvwatiz, e ki jan nou ka fè sa ?

• Poukisa byen materyèl yon moun posede pa ka ba l lavi ?

• Ki sa ki ka vrèman fè nou anvi viv e ki ka vrèman ban nou sekirite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Pou ki rezon Jezi te rejte demann yon mesye te fè l ?

[Foto nan paj 25]

Konvwatiz ka mennen nan dezas.

[Foto nan paj 27]

Ki jan Abraram te montre li te gen yon pwennvi ki kòrèk sou byen materyèl ?