Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan yon moun ka jwenn vrè espirityalite a ?

Ki jan yon moun ka jwenn vrè espirityalite a ?

Ki jan yon moun ka jwenn vrè espirityalite a ?

“ KONTINYE panse sou lachè a siyifi lanmò, men kontinye panse sou lespri a siyifi lavi ak lapè. ” ​(Women 8:6). Lè apot Pòl te di pawòl sa yo, li te montre kesyon espirityalite a se pa senpleman yon kesyon chwa pèsonèl oswa panchan yon moun genyen. Anfèt, lavi yon moun oswa lanmò l depann de sa. Men, nan ki sans yon moun ki espirityèl jwenn “ lavi ak lapè ” ? Selon Labib, yon moun konsa anpè kounye a ak tèt li e ak Bondye, e l ap gen lavi etènèl kòm rekonpans alavni (Women 6:23 ; Filipyen 4:7). Sa pa etonan si Jezi te fè remak sa a : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” — Matye 5:3.

Lefètke w ap li peryodik sa a, sa montre ou enterese nan kesyon espirityalite a, e lefètke w enterese nan kesyon sa a, sa montre ou vrèman gen yon atitid ki saj. Sepandan, tèlman moun gen pwennvi diferan sou sijè sa a, ou ka ap mande tèt ou : ‘ Ki sa vrè espirityalite a ye ? E ki jan yon moun ka rive genyen l ? ’

“ Panse Kris ”

Nonsèlman apot Pòl te atire atansyon sou enpòtans sa genyen pou yon moun espirityèl e sou byenfè sa pote, men tou li te di anpil bagay sou sa vrè espirityalite a ye. Pòl te esplike kretyen nan vil Korent tan lontan an diferans ki genyen ant yon moun ki fizik, sètadi yon moun ki obeyi ak dezi lachè, ak yon moun ki espirityèl, sètadi yon moun ki cheri bagay espirityèl. Men sa li te ekri : “ Yon moun fizik pa resevwa bagay lespri Bondye, paske yo se sotiz pou li. ” Yon lòt bò, Pòl te di moun ki espirityèl la gen “ panse Kris ”. — 1 Korentyen 2:14-16.

Yon moun gen “ panse Kris ” lè l gen “ menm mantalite Kris Jezi te genyen an ”. (Women 15:5 ; Filipyen 2:5.) Sa vle di, yon moun ki espirityèl se yon moun ki panse menm jan ak Jezi e k ap mache sou tras li (1 Pyè 2:21 ; 4:1). Plis panse yon moun sanble ak panse Kris, se plis l ap vin espirityèl e se plis l ap gen posiblite pou l jwenn “ lavi ak lapè ”. — Women 13:14.

Fason nou ka rive konnen “ panse Kris ”

Anvan pou yon moun gen panse Kris, li dwe konnen fason Kris panse. Se poutèt sa, premye etap ki genyen nan devlope espirityalite se chèche konnen fason Jezi panse. Men, kòman yon moun ka rive konnen panse yon moun ki te viv sou tè a sa gen 2000 an ? Ebyen, ann pran yon egzanp : kòman w te fè aprann konnen moun ki nan istwa peyi w ? Petèt se paske w te li kèk enfòmasyon sou yo. Menm jan an tou, lè w li istwa ki te ekri sou Jezi yo se yon bon fason pou w rive konnen panse Kris. — Jan 17:3.

Nan ka Jezi, gen kat liv nan Bib la ki enteresan yo ekri sou li. Yo rele liv sa yo Evanjil, e moun ki te ekri yo se Matye, Mak, Lik ak Jan. Si w li istwa sa yo avèk swen, sa ap ede w konprann fason Jezi te panse, santiman pwofon li te genyen ak sa k te pouse l aji. Lè w pran tan pou w reflechi sou sa w aprann sou Jezi, w ap rive wè ki kalite moun li te ye. Menmsi w deja konsidere tèt ou kòm yon disip Kris, lè w li istwa sa yo e lè w reflechi sou yo, sa ap ede w “ kontinye grandi nan bonte nou pa merite a ” e sa ap ede w “ kontinye grandi nan konesans Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris ”. — 2 Pyè 3:18.

Pandan nou gen sa nan lespri nou, annou egzamine kèk pasaj nan Evanjil yo pou nou wè ki sa k fè Jezi te yon moun espirityèl. Apre sa, mande tèt ou ki jan w ka imite egzanp li kite a. — Jan 13:15.

Espirityalite makònen ak “ fwi lespri a ”

Nan Evanjil Lik la, Lik fè konnen lespri sen Bondye te desann sou Jezi nan moman l t ap batize e li fè konnen Jezi te “ ranpli ak lespri sen ”. (Lik 3:21, 22 ; 4:1.) Jezi bò kote pa l te fè disip li yo konnen enpòtans sa genyen pou yo kite lespri sen Bondye oswa “ fòs aktif ” Li a gide yo (Jenèz 1:2 ; Lik 11:9-13). Poukisa sa trèzenpòtan ? Se paske lespri Bondye gen pouvwa pou l transfòme panse yon moun yon fason pou panse l ka vin sanble ak panse Kris (Women 12:1, 2). Lespri sen pèmèt yon moun kiltive kalite tankou “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz ”. Labib rele kalite sa yo “ fwi lespri a ”, e kalite sa yo se kalite ki idantifye yon moun ki vrèman espirityèl (Galat 5:22, 23). Sa vle di, yon moun ki espirityèl se yon moun lespri sen Jewova ap dirije.

Jezi te manifeste fwi lespri a pandan tout ministè l. Kalite tankou lanmou, bonte ak byenveyans, se kalite ki te plis parèt nan fason li te konn boule ak moun ki defavorize nan sosyete a (Matye 9:36). Pa egzanp, annou konsidere sa apot Jan rakonte ki te rive. Men sa nou li : “ Pandan [Jezi] t ap pase, li wè yon mesye ki avèg depi lè l fèt. ” Disip Jezi yo te wè mesye a tou, men yo te wè l kòm yon pechè. Se sa k fè yo te mande Jezi : “ Kiyès ki te peche, mesye sa a oubyen paran l ? ” Vwazen mesye a te wè l tou, men, yo menm yo te wè l kòm yon moun k ap mande. Se sa k fè yo te di : “ Èske se pa mesye sa a ki te konn chita ap mande a ? ” Sepandan, Jezi te konsidere mesye ki te avèg la kòm yon moun ki te bezwen èd. Se sa k fè li te pale avè l epi li te geri l. — Jan 9:1-8.

Ki sa sa montre w konsènan panse Kris ? Premyèman, Jezi pa t meprize moun ki defavorize yo, men li te konn trete yo avèk yon konpasyon ki mele ak tandrès. Dezyèmman, li te pran inisyativ pou l ede lòt moun. Èske w suiv egzanp sa a Jezi kite pou nou ? Èske w montre ou wè moun menm jan Jezi te wè yo, lè w ede yo yon fason pou lavi yo amelyore e pou yo gen espwa y ap gen yon bèl avni ? Oswa, èske w gen tandans pou w apresye moun ki gen gwo pozisyon men ou pa pran ka moun ki pa gen gwo pozisyon ? Si w wè moun menm jan Jezi te wè yo e w ede yo, sa vle di ou vrèman ap suiv egzanp Jezi. — Sòm 72:12-14.

Espirityalite makònen ak lapriyè

Evanjil yo montre byen souvan Jezi te konn chèche èd Bondye nan lapriyè (Mak 1:35 ; Lik 5:16 ; 22:41). Pandan ministè Jezi sou tè a, li te konn rezève tan pou l priye. Matye, youn nan disip li yo, te ekri : “ [Jezi] ranvwaye foul moun yo, li monte poukont li nan mòn nan pou l priye. ” ​(Matye 14:23). Jezi te jwenn fòs nan moman sa yo li te konn pase nan kominikasyon entim avèk Papa l ki nan syèl la (Matye 26:36-44). Menm jan an tou, jodi a, moun espirityèl yo chèche mwayen pou yo pale avèk Bondye, paske yo konnen sa ap ranfòse relasyon yo genyen ak Kreyatè a e sa ap ede yo plis sanble ak Kris nan fason yo panse.

Souvan, Jezi te konn pase anpil tan ap priye (Jan 17:1-26). Pa egzanp, anvan Jezi te chwazi 12 mesye ki t ap vin apot li yo, li t al “ nan [yon] mòn [...] pou l priye e li pase tout nuit la ap priye Bondye ”. (Lik 6:12.) Byenke moun ki espirityèl yo pa oblije pase tout yon nuit ap priye, yo suiv egzanp Jezi. Anvan yo pran gwo desizyon nan lavi yo, yo konn pase yon bonkou tan ap priye Bondye. Konsa yo chèche direksyon lespri sen pou yo ka fè chwa k ap ede yo ogmante espirityalite yo.

Nan priyè Jezi te fè yo, li te montre ki jan priyè nou yo ta dwe soti nan fon kè nou. Annou konsidere sa Lik te ekri konsènan fason Jezi te priye jou swa anvan l te mouri a. Men sa l te ekri : “ Jezi te gen yon sèl kè sere, li te kontinye ap priye avèk plis konsantrasyon toujou. E swè l te vin tankou gout san k ap tonbe atè. ” ​(Lik 22:44). Jezi te konn priye avèk konsantrasyon deja, men fwa sa a, li te devan eprèv ki pi rèd li te ka rankontre nan lavi li sou tè a, pakonsekan, li te priye avèk “ plis konsantrasyon toujou ”, e priyè l la te egzose (Ebre 5:7). Moun ki espirityèl yo suiv egzanp Jezi. Lè y ap fè fas ak eprèv ki rèd anpil, yo priye Bondye avèk “ plis konsantrasyon toujou ” pou l ba yo lespri sen, pou l gide yo e pou l soutni yo.

Piske nou wè aklè Jezi se yon moun ki te konn priye anpil, nou pa sezi aprann disip li yo te vle imite l nan domèn sa a. Se pou sa yo te mande l : “ Seyè, montre nou ki jan pou n priye. ” ​(Lik 11:1). Jodi a tou, moun ki bay bagay espirityèl yo anpil enpòtans e ki vle jwenn direksyon lespri sen Bondye suiv egzanp Jezi nan fason yo priye Bondye. Vrèmanvre, vrè espirityalite a makònen ak lapriyè.

Espirityalite makònen ak predikasyon bon nouvèl la

Nan Evanjil Mak la, gen yon istwa yo rapòte kote Jezi te geri yon pakèt moun malad, e li te kontinye fè sa jis byen ta nan aswè. Nan demen, byen bonè nan maten, pandan l t ap priye, apot li yo vin kote l epi yo di l gen anpil moun k ap chèche l. Petèt moun sa yo t ap chèche l pou yo jwenn gerizon. Sepandan, men sa Jezi te di apot yo : “ Ann al yon lòt kote, nan bouk ki toupre yo, pou m ka preche la tou. ” Apre sa, li di yo poukisa : “ Paske se pou sa mwen soti. ” ​(Mak 1:32-38 ; Lik 4:43). Pou Jezi, geri moun yo se te yon bagay ki te enpòtan, men, misyon prensipal li te genyen se preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. — Mak 1:14, 15.

Jodi a, pale moun yo konsènan Wayòm Bondye a se toujou yon mwayen pou idantifye moun ki gen panse Kris. Men kòmandman Jezi te bay tout moun ki vle vin disip li : “ Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” (Matye 28:19, 20). Anplis, men sa Jezi te predi : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Piske Pawòl Bondye a montre travay predikasyon an ap fèt grasa pisans lespri sen, lè yon moun patisipe afon nan travay sa a se yon siy ki montre li gen vrè espirityalite a. — Travay 1:8.

Pou tout moun sou tè a tande mesaj Wayòm nan, sa mande pou plizyè milyon moun met tèt yo ansanm pou yo fè travay sa a (Jan 17:20, 21). Nonsèlman moun k ap patisipe nan travay sa a bezwen espirityèl, men tou yo bezwen byen òganize sou tout tè a. Èske w rive idantifye moun k ap suiv tras Jezi yo e k ap preche bon nouvèl Wayòm nan toupatou sou tè a ?

Èske w fè tout bagay sa yo ?

Natirèlman, gen lòt bagay ki idantifye yon moun ki espirityèl, men èske w fè tout bagay nou sot egzamine yo ? Pou w ka wè si w fè yo oswa si w pa fè yo, poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Èske m li Labib, Pawòl Bondye a, regilyèman ? Èske m reflechi sou sa m li yo ? Èske m manifeste fwi lespri a nan lavi m ? Èske m se yon moun ki priye regilyèman ? Èske m vle asosye m ak moun k ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a sou tout tè a ? ’

Si w egzamine tèt ou onètman, sa ka ede w wè nan ki pwen ou se yon moun ki espirityèl. Nou ankouraje w pou w fè sa ki nesesè depi kounye a yon fason pou w ka gen “ lavi ak lapè ”. — Women 8:6 ; Matye 7:13, 14 ; 2 Pyè 1:5-11.

[Kare/Foto nan paj 7]

SA KI MONTRE YON MOUN ESPIRITYÈL

◆ Li renmen Pawòl Bondye a.

◆ Li manifeste fwi lespri a.

◆ Li priye Bondye regilyèman e avèk senserite.

◆ Li pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun.

[Foto nan paj 5]

Labib ka ede w aprann konnen “ panse Kris ”.