Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aprann pitit ou renmen Jewova

Aprann pitit ou renmen Jewova

Aprann pitit ou renmen Jewova

“ Pitit gason yon moun fè lè l jèn tankou flèch ki nan men yon gason ki fò. ” — SÒM 127:4.

1, 2. Nan ki sans nou ka konpare timoun yo ak “ flèch ki nan men yon gason ki fò ” ?

YON moun ki konn tire flèch ap prepare l pou l tire yon flèch sou yon sib. Avèk prekosyon, li mete flèch la nan kòd banza a epi li detire l ak tout fòs li. Byenke sa mande pou l fè gwo efò, li pran tan l pou l byen vize avèk flèch la. Apre sa, li lage l. Èske flèch la ap atenn sa l vize a ? Gen plizyè bagay k ap detèmine si l ap atenn li. Pa egzanp, si moun k ap tire flèch la fò nan sa, direksyon van an ak flèch la li menm.

Wa Salomon te konpare timoun ak “ flèch ki nan men yon gason ki fò ”. (Sòm 127:4.) Annou konsidere ki jan nou ta ka aplike egzanp sa a. Se pou yon tikras tan sèlman flèch la ap nan banza moun k ap tire l la. Si l vle atenn sa l vize a, li dwe lage l vit. Menm jan an tou, paran yo se yon ti tan yo genyen pou yo mete lanmou sensè pou Jewova nan kè pitit yo. Paske, apre kèk ane ki parèt byen kout, timoun yo grandi e yo kite kay la (Matye 19:5). Èske paran yo ap rive atenn sib la, sètadi èske timoun yo ap kontinye renmen Bondye e y ap kontinye sèvi l apre yo fin kite kay la ? Repons kesyon sa a depann de anpil bagay. Twa ladan yo se : konpetans paran yo, anviwònman kote timoun yo te leve a ak fason ‘ flèch ’ la, sètadi timoun nan, reyaji fas ak fòmasyon li resevwa a. Annou egzamine chak pwen sa yo an detay. Toudabò, nou pral konsidere kèk nan karakteristik yon bon paran genyen.

Bon paran yo bay bon egzanp

3. Poukisa pawòl paran yo dwe ann amoni ak aksyon yo ?

3 Jezi kite yon egzanp pou paran yo lefètke l te pratike sa l te anseye (Jan 13:15). Yon lòt bò, li te kondane Farizyen yo ki te konn ap “ di ” men ki “ pa [t] fè ” sa yo t ap di a. (Matye 23:3.) Pou paran yo ka ankouraje pitit yo pou yo renmen Jewova, pawòl yo ak aksyon yo pa ta dwe depaman youn ak lòt. Menm jan yon banza ki pa gen kòd pa itil anyen, se konsa pawòl ki pa mache ak aksyon pa efikas. — 1 Jan 3:18.

4. Ki kesyon paran yo ta dwe poze tèt yo, e poukisa ?

4 Poukisa egzanp paran yo enpòtan konsa ? Menm jan paran yo ka aprann renmen Bondye lè yo gade egzanp Jezi, se konsa tou timoun yo ka aprann renmen Jewova lè yo suiv bon egzanp paran yo ba yo. Moun yon timoun ap frekante ka swa fòtifye li swa “ kòwonp abitid ki pwofitab ” li genyen (1 Korentyen 15:33). Pandan yon bon pati nan anfans yon timoun, sitou nan ane enpòtan kote li nan laj pou l pran fòmasyon, moun ki pi pwòch li e ki gen plis enfliyans sou li, se paran l. Se poutèt sa, paran yo ta dwe poze tèt yo kesyon sa yo : ‘ Ki kalite frekantasyon mwen ye pou pitit mwen ? Èske egzanp mwen ankouraje pitit mwen devlope abitid ki pwofitab ? Ki egzanp mwen ba l nan domèn ki enpòtan anpil nan lavi a tankou priye ak etidye Labib ? ’

Bon paran yo priye ak pitit yo

5. Ki sa timoun yo ka aprann nan priyè paran yo ap fè ?

5 Pitit ou yo ka aprann anpil bagay sou Jewova lè yo tande priyè w ap fè. Ki sa yo ka rive konprann si yo tande w k ap remèsye Bondye anvan fanmi an pran yon repa e si yo tande w k ap priye lè etid familyal la ap kòmanse ? Sandout y ap aprann se Jewova ki ban nou sa nou bezwen nan domèn materyèl, e se poutèt sa nou dwe remèsye l, e y ap aprann tou se li menm ki anseye nou verite ki nan Bib la. Tout sa se bagay ki enpòtan pou yo konnen. — Jak 1:17.

6. Ki jan paran yo ka ede pitit yo santi Jewova enterese nan yo chak pèsonèlman ?

6 Sepandan, w ap jwenn pi bon rezilta toujou, si w priye avèk fanmi w nan lòt moman apa de lè nou pral manje ak lè nou pral etidye Labib an fanmi e si nan priyè w ou pale yon fason presi sou yon seri bagay ki gen efè sou ou e ki gen efè sou pitit ou. Konsa, w ap ede pitit ou yo pou yo santi Jewova fè pati fanmi an, e y ap konprann li gen anpil sousi pou nou chak pèsonèlman (Efezyen 6:18 ; 1 Pyè 5:6, 7). Gen yon papa ki di : “ Depi lè pitit fi nou an te fèt, nou te konn priye avèk li. Tank li t ap grandi, nou te konn priye konsènan frekantasyon l ak lòt moun e nou te konn priye sou lòt bagay ki gen yon efè sou li. Jiskaske li te kite kay la pou l marye, nou pa t janm pase yon jou san nou pa t priye ansanm avè l. ” Èske ou menm tou ou ka priye ak pitit ou chak jou ? Èske w ka ede yo konsidere Jewova tankou yon Zanmi ki pa senpleman ba yo sa yo bezwen nan domèn materyèl ak nan domèn espirityèl, men ki sousye l de bezwen yo genyen tou nan domèn afektif ? — Filipyen 4:6, 7.

7. Ki sa paran yo bezwen konnen si yo ta renmen pou priyè yo presi ?

7 Natirèlman, pou priyè w yo presi, ou bezwen konnen ki sa k ap pase nan lavi pitit ou. Remake ki sa yon papa ki te leve de timoun te di : “ Nan fen chak semèn, mwen te konn poze tèt mwen de kesyon sa yo : ‘ Ki sa k te bay pitit mwen yo pwoblèm pandan semèn nan ? E ki bon bagay ki te rive yo ? ’ ” Ou menm antanke paran, èske w ka poze tèt ou kesyon sa yo e apre sa èske ou ka mansyone kèk nan repons ou jwenn yo nan priyè w ap fè ak pitit ou ? Si w fè sa, w ap rive anseye yo nonsèlman pou yo priye Jewova, Sila ki konn koute priyè a, men tou pou yo renmen li. — Sòm 65:2.

Bon paran yo ankouraje pitit yo etidye Labib

8. Poukisa paran yo dwe ede pitit yo pran abitid etidye Pawòl Bondye a ?

8 Ki jan pwennvi paran yo genyen anrapò ak etidye Labib ka enfliyanse relasyon pitit yo gen ak Bondye ? Pou yon relasyon ka grandi e pou l ka ret solid, li enpòtan pou moun yo nonsèlman pale youn ak lòt, men tou pou youn koute lòt. Youn nan fason nou ka koute Jewova se lè nou etidye Labib grasa piblikasyon “ esklav fidèl ” la ban nou (Matye 24:45-47 ; Pwovèb 4:1, 2). Konsa, pou paran yo ka ede pitit yo gen yon relasyon ak Jewova ki dirab e ki baze sou lanmou, yo ta dwe ankouraje yo devlope abitid pou yo etidye Pawòl Bondye a.

9. Ki jan paran yo ka ede pitit yo devlope bon abitid pou yo etidye ?

9 Ki sa k ka ede timoun yo devlope bon abitid pou yo etidye ? La ankò, pi bon fason yon paran ka ede pitit li se pa mwayen egzanp li ba li. Èske pitit ou yo wè w pran plezi pou w li Labib oswa pou w etidye l regilyèman ? Se vre, ou kapab okipe anpil nan pran swen pitit ou e ou ka ap mande tèt ou ki lè w ap jwenn tan pou w li e pou w etidye. Men, poze tèt ou kesyon sa a : ‘ Èske pitit mwen yo wè m ap gade televizyon regilyèman ? ’ Si wi, èske w ta ka itilize yon pati nan tan sa a pou w ba yo yon bon egzanp nan domèn etid pèsonèl ?

10, 11. Poukisa paran yo ta dwe etidye Labib an fanmi regilyèman ?

10 Yon lòt fason paran yo ka aprann pitit yo koute Jewova, se lè yo etidye Labib an fanmi regilyèman (Izayi 30:21). Sepandan, gen kèk moun ki ka ap mande tèt yo : ‘ Poukisa timoun yo bezwen yon etid familyal si paran yo mennen yo nan reyinyon kongregasyon an regilyèman ? ’ Gen plizyè bon rezon pou paran yo fè sa. Se paran yo prensipalman Jewova konfye responsablite pou yo anseye pitit yo (Pwovèb 1:8 ; Efezyen 6:4). Etid biblik ki fèt avèk fanmi an aprann timoun yo adorasyon y ap bay Jewova a se pa yon fòmalite yo ranpli an piblik sèlman, men se yon bagay ki antre nan lavi fanmi an tou. — Detewonòm 6:6-9.

11 Anplis, yon etid familyal ki byen fèt ka bay paran yo opòtinite pou yo konnen fason pitit yo panse sou bagay espirityèl e sou prensip moral yo. Pa egzanp, lè timoun yo piti, youn nan liv paran yo ka itilize se liv Koute gran Anseyan an *. Nan prèske tout paragraf ki gen nan liv sa a ki fèt pou etidye Bib la, yo mande timoun yo pou yo bay opinyon yo sou sijè y ap diskite yo. Lè paran yo rezone sou vèsè yo site nan liv la, y ap ede pitit yo devlope kapasite klèvwayans yo pou yo “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. — Ebre 5:14.

12. Ki jan paran yo ka adapte etid familyal la ak bezwen pitit yo, e ki sa w te twouve ki efikas nan domèn sa a ?

12 Ofiramezi pitit ou yo ap grandi, adapte etid la ak bezwen yo. Remake fason yon koup te ede pitit yo ki te adolesan pou yo rezone lè yo te mande yo si yo te ka asiste yon bal ki t ap fèt nan lekòl yo. Men sa papa a di : “ Mwen menm ak madanm mwen, nou te di pitit fi nou yo pandan yon pati nan pwochen etid familyal la, nou t ap jwe wòl timoun yo e yo t ap fè kòmsi se yo ki paran yo. Nenpòt nan yo te ka jwe wòl papa oswa manman, men yo te dwe fè rechèch ansanm sou sijè a pou yo bay konsèy konsènan bal ki fèt nan lekòl yo. ” Ki rezilta yo te jwenn ? Men sa papa a di apre sa : “ Nou te sezi wè ki jan pitit fi nou yo te responsab (nan wòl yo te jwe antanke paran) lè yo t ap esplike nou (nan wòl nou te jwe antanke timoun) rezon yo genyen ki baze sou Labib ki fè li pa t ap saj pou n al nan bal la. Sa k te plis enpresyone nou se sijesyon yo te bay anrapò ak lòt bagay ki pi konvnab nou ta ka fè nan plas aktivite sa a. Sijesyon sa yo te ede nou konnen sa yo te gen nan lespri yo e yo te ede nou konnen sa yo te gen dezi fè. ” Se vre, pou yon etid familyal fèt regilyèman e pou l ann amoni ak bezwen fanmi an, sa mande pèseverans ak imajinasyon, men bon rezilta paran yo ka jwenn ap montre se pa anven yo te fè efò sa yo. — Pwovèb 23:15.

Kreye yon anviwònman ki pezib

13, 14. a) Ki jan paran yo ka kreye yon anviwònman kote gen lapè nan kay la ? b) Ki bon rezilta yon paran ka jwenn lè l admèt li te fè yon erè ?

13 Yon flèch ap pi fasil atenn yon sib si moun k ap tire l la vize sib la e li lage flèch la pandan tan an kalm. Menm jan an tou, timoun yo ap pi fasil aprann renmen Jewova si paran yo fè yon fason pou gen lapè nan kay la. Men sa disip Jak te di : “ Se nan kondisyon pezib yo simen semans fwi jistis la pou moun k ap fè lapè yo. ” ​(Jak 3:18). Ki sa paran yo ka fè pou gen lapè nan kay la ? De moun ki marye bezwen fè yon fason pou maryaj yo rete solid. Yon mari ak yon madanm ki renmen youn lòt e ki respekte youn lòt ap pi fasil aprann pitit yo pou yo renmen lòt moun, pou yo respekte yo, pou yo renmen Jewova e pou yo respekte l (Galat 6:7 ; Efezyen 5:33). Lanmou ak respè se kalite ki enpòtan pou gen lapè. E lè de moun marye viv anpè youn ak lòt, y ap ka fè fas ak pwoblèm ki ka gen nan fanmi an pi fasil.

14 Natirèlman, menm jan pa gen maryaj ki san pwoblèm, se konsa pa gen fanmi ki pafè sou tè a kounye a. Pafwa, sa ka rive paran yo pa demontre fwi lespri a nan fason yo boule ak pitit yo (Galat 5:22, 23). Lè sa rive, ki sa paran yo dwe fè ? Si yo admèt yo te komèt yon erè, èske sa ap diminye respè pitit yo gen pou yo ? Ann konsidere egzanp apot Pòl. Nan domèn espirityèl, li te tankou yon papa pou anpil moun (1 Korentyen 4:15). Sepandan, li te admèt li te konn fè erè (Women 7:21-25). Poutan, imilite l ak franchiz li pa fè nou gen mwens respè pou li. Okontrè, yo fè nou gen plis respè pou li. Byenke Pòl te fè erè, se avèk konfyans li te ka ekri kongregasyon yo nan Korent pou l di yo : “ Se pou nou vin imitatè m, menm jan mwen menm mwen se imitatè Kris. ” ​(1 Korentyen 11:1). Si ou menm tou ou admèt erè ou fè, pitit ou yo ap pi fasil pase sou erè sa yo.

15, 16. Poukisa paran yo ta dwe aprann pitit yo renmen frè ak sè kretyen yo, e ki jan yo ka fè sa ?

15 Ki sa paran yo ka fè ankò pou yo kreye yon anviwònman kote pitit yo ka vin renmen Jewova ? Men sa apot Jan te ekri : “ Si yon moun di : ‘ Mwen renmen Bondye ’, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. Paske yon moun ki pa renmen frè l li wè pa ka renmen Bondye li pa wè. ” ​(1 Jan 4:20, 21). Se poutèt sa, lè w aprann pitit ou renmen kretyen parèy yo se Bondye ou aprann yo renmen. Paran yo ta dwe poze tèt yo kesyon sa yo : ‘ Lè m ap pale de kongregasyon an, èske m pale yon fason ankourajan oubyen mwen gen tandans ap kritike ? ’ Ki jan w ka rive konn sa ? Byen koute fason pitit ou pale konsènan reyinyon yo e fason yo pale de moun ki nan kongregasyon an. Sandout w ap ka tande fason w panse nan fason yo pale.

16 Ki sa paran yo ka fè pou yo ede pitit yo renmen frè ak sè kretyen yo ? Peter, papa de adolesan, di pawòl sa yo : “ Depi lè pitit gason nou yo te piti, regilyèman, nou te konn envite moun ki gen matirite nan domèn espirityèl pou yo vin manje avèk nou e pou yo pase yon ti tan avèk nou lakay nou, e nou te konn amize nou anpil nan moman sa yo. Konsa, toutpandan pitit gason nou yo t ap grandi, yo te konn frekante moun ki renmen Jewova, e sa fè kounye a yo wè sèvi Jewova se yon fason ki agreyab pou yon moun viv. Men sa Dennis, yon papa ki gen senk pitit fi, di : “ Nou te ankouraje pitit fi nou yo pou yo fè zanmi ak pyonye ki pi aje ki gen nan kongregasyon an, e depi sa te posib, nou te demontre ospitalite pou siveyan itineran yo ak madanm yo. ” Èske ou menm tou, ou ka pran inisyativ pou w ede pitit ou yo konsidere moun ki nan kongregasyon an kòm manm fanmi yo ? — Mak 10:29, 30.

Responsablite timoun yo genyen

17. Finalman, ki desizyon timoun yo ap gen pou yo pran ?

17 Ann retounen sou egzanp moun ki konn tire flèch la. Byenke li ka fò nan tire flèch, li ka difisil pou l atenn sib la si flèch l ap tire a benn oswa li kwochi. Natirèlman, paran yo ap fè anpil efò pou yo fè flèch yo a vin dwat, sètadi y ap fè gwo efò pou yo korije move fason timoun nan panse. Men, an definitif, se timoun yo pèsonèlman k ap deside si y ap kite monn sa a defòme yo pou yo fè sa l vle oswa si y ap kite Jewova fè ‘ chemen yo dwat ’. — Pwovèb 3:5, 6 ; Women 12:2.

18. Ki efè chwa yon timoun fè ka gen sou lòt moun ?

18 Byenke paran yo gen gwo responsablite pou yo leve pitit yo nan “ disiplin ak nan avètisman Jewova ”, finalman, se timoun yo k ap gen pou yo pran desizyon sou kalite moun y ap ye (Efezyen 6:4). Se poutèt sa, nou menm timoun, nou ta dwe mande tèt nou : ‘ Èske m aksepte fòmasyon ki plen lanmou paran m ban mwen an ? ’ Si w fè sa, w ap chwazi pi bon fason ki te ka egziste pou yon moun viv. W ap fè kè paran w kontan anpil. Sa k pi enpòtan an, w ap fè kè Jewova kontan. — Pwovèb 27:11.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki jan paran yo ka bay pitit yo bon egzanp anrapò ak lapriyè e nrapò ak etidye Labib ?

• Ki jan paran yo ka fè pou gen lapè nan kay yo ?

• Ki chwa timoun yo bezwen fè, e ki efè chwa y ap fè a ka gen sou lòt moun ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Èske w bay pitit ou bon egzanp nan domèn etid pèsonèl ?

[Foto nan paj 30]

Lè gen lapè nan yon fanmi, sa bay kè kontan.