Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ekriti te gen enpòtans nan Izrayèl tan lontan an

Ekriti te gen enpòtans nan Izrayèl tan lontan an

Ekriti te gen enpòtans nan Izrayèl tan lontan an

ÈSKE w deja li kèk pòsyon nan Lilyad oswa nan Lodise, de gwo powèm klasik yo te ekri nan tan lontan nan peyi Grès ? Gen moun ki panse yo te ekri yo pandan 9yèm syèk oswa pandan 8yèm syèk anvan epòk nou an. Ki konparezon nou kapab fè ant yo menm ak Labib, yon liv yo te kòmanse ekri plizyè syèk anvan yo te ekri powèm sa yo ? Gen yon ouvraj (The Jewish Bible and the Christian Bible) ki fè remake : “ Nan Labib, yo pale de ekriti ak dokiman ekri omwen 429 fwa. Sa se yon pwen enpòtan lè nou sonje nan powèm yo rele Lilyad la, se yon sèl kote yo pale de ekriti e nan powèm yo rele Lodise a, yo pa pale de sa menm. 

Men sa yon ansiklopedi (The Oxford Encyclopedia of Archaeology in the Near East) esplike : “ Nan tan lontan ann Izrayèl, sanble ekriti te jwe yon wòl enpòtan nan kesyon relijyon. ” Pa egzanp, alyans Lalwa a se ekri yo te ekri l e apre sa yo te konn li l regilyèman devan tout moun, ni gason, ni fi, ni timoun. Yo te konn li l tou e yo te konn etidye l ni an gwoup ni an prive. Apre Alan Millard, yon pwofesè nan inivèsite Livèpoul, te fin egzamine kèk aspè nan Lalwa, li te fè konklizyon sa a : “ Li klè, moun ki t ap ekri yo te sipoze pifò moun te deja konn li e yo te deja konn ekri. ” — Detewonòm 31:9-13 ; Jozye 1:8 ; Neyemya 8:13-15 ; Sòm 1:2.

Apot Pòl montre ki fason kretyen yo dwe konsidere Ekriti sakre yo. Li di : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” Èske ou menm pèsonèlman ou montre ou apresye Labib lè w li l regilyèman ? — Women 15:4.