Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova renmen jistis

Jewova renmen jistis

Jewova renmen jistis

“ Mwen menm, Jewova, mwen renmen jistis. ” — IZAYI 61:8.

1, 2. a) Ki lè yon moun “ jis ” e ki lè yon moun “ enjis ” ? b) Ki sa Bib la di konsènan Jewova e konsènan jistis ki se youn nan kalite Jewova genyen yo ?

YO DEFINI jistis kòm ‘ kalite yon moun genyen ki fè l pa gen patipri, ki fè l rezonab e ki fè l aji ann amoni ak sa moun konsidere kòm bagay ki moralman dwat e ki moralman bon ’. Yon moun ki enjis, se yon moun ki pa rezonab, ki gen prejije, ki mechan e ki fè lòt moun sa ki mal san yo pa merite sa.

2 Sa gen prèske 3 500 an depi Moyiz te ekri pawòl sa yo konsènan Jewova, Souvren linivè a : “ Tout chemen l se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. ” ​(Detewonòm 32:4). Plis pase sèt syèk apre, Bondye te enspire pwofèt Izayi pou l ekri pawòl sa yo : “ Mwen menm, Jewova, mwen renmen jistis. ” ​(Izayi 61:8). Ansuit, nan premye syèk la, apot Pòl te di pawòl sa yo : “ Èske gen enjistis lakay Bondye ? Sa pap janm ka rive ! ” ​(Women 9:14). Nan menm epòk la tou, Pyè te deklare : “ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li aksepte l. ” ​(Travay 10:34, 35). Pa gen dout nan sa, “ Jewova renmen jistis ”. — Sòm 37:28 ; Malaki 3:6.

Enjistis gaye toupatou

3. Ki sa k fè gen enjistis sou tè a ?

3 Jistis se pa yon kalite pifò moun manifeste jodi a. Nou kapab sibi enjistis nan kèlkeswa domèn nan. Se kapab nan travay nou, nan lekòl nou, nan rapò nou genyen ak otorite yo ak nan lòt domèn ankò. Sa kapab menm rive nan fanmi nou. Se vre, enjistis la lontan. Li egziste pami lèzòm depi lè premye paran nou yo te rebele kont Bondye e yo te vin ap pratike ilegalite anba enfliyans kreyati espirityèl ki te rebele kont Bondye a, sila ki te vin fè tèt li tounen Satan Ledyab la. Se sèten, Adan, Èv ak Satan te aji yon fason ki pa jis lè yo te mal itilize kado estrawòdinè Jewova te ba yo a, sètadi libète yo te genyen pou yo deside. Move aksyon yo te fè yo lakòz limanite ap soufri anpil e yo lakòz moun mouri. — Jenèz 3:1-6 ; Women 5:12 ; Ebre 2:14.

4. Depi konbyen tan enjistis fè pati lavi lèzòm ?

4 Depi apre rebelyon ki te fèt nan jaden Edenn nan, sa gen anviwon 6 000 an, enjistis fè pati sosyete a. Etandone Satan se dye monn sa a, nou kapab konprann poukisa se konsa sa ye (2 Korentyen 4:4). Li se yon mantè, li se papa manti, li se yon medizan e li opoze ak Jewova (Jan 8:44). Li toujou ap komèt gwo zak enjistis. Pa egzanp, youn nan rezon ki fè Jewova te remake “ mechanste lèzòm te vin anpil sou tè a e lide ki nan kè yo te toujou panche sou bagay ki mal ”, se akoz move enfliyans Satan te genyen sou monn ki te la anvan delij nan epòk Noye a (Jenèz 6:5). Sitiyasyon sa a te kontinye egziste nan epòk Jezi a e se sa k fè li te di : “ Chak jou gen kont move bagay pa l ”, sètadi, chak jou gen pwoblèm pa l. Enjistis fè pati pwoblèm sa yo tou (Matye 6:34). Se avèk rezon Bib la di : “ Tout kreyasyon an kontinye ap jemi ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm jiska prezan. ” — Women 8:22.

5. Poukisa gen plis enjistis nan epòk nou an pase anvan ?

5 Pandan tout istwa lèzòm, gen anpil move bagay ki fèt ki lakòz gwo enjistis. Jodi a, sitiyasyon an vin pi mal toujou. Poukisa ? Se paske sistèm sa a ki lwen Bondye antre nan “ dènye jou ” l yo depi plizyè dizèn ane. Sa fè tan yo vin ‘ kritik e yo vin difisil pou moun sipòte ’ nan moman kote sistèm sa a prèt pou l rive nan bout li. Bib la te predi nan epòk n ap viv kounye a, lèzòm t ap ‘ renmen pwòp tèt yo, yo t ap renmen lajan, yo t ap awogan, ògeye, blasfematè, [...] yo t ap engra, san fidelite, san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen, trèt, tèti, gonfle ak ògèy ’. (2 Timote 3:1-5.) Tout defo sa yo fè moun ap pratike tout kalite zak enjistis.

6, 7. Nan epòk pa nou an, ki gwo enjistis ki frape limanite ?

6 Nan syèk ki sot pase a, kantite zak enjistis ki fèt yo rive nan yon nivo lèzòm pa t janm wè anvan. Youn nan rezon yo, se paske syèk sa a se syèk kote te gen plis gè ki te fèt. Pa egzanp, dapre kèk istoryen, pandan Dezyèm Gè mondyal la sèlman, gen anviwon 50 a 60 milyon moun ki te mouri. Majorite nan moun sa yo se sivil yo te ye. Se te gason ak fi ak timoun ki inosan. Depi apre gè sa a, plizyè milyon moun mouri nan diferan konfli, e pifò ladan yo se sivil yo te ye tou. Satan lakòz zak enjistis sa yo fèt paske li an kòlè anpil etandone li konnen talè konsa Jewova pral venk li nèt. Men sa Bib la di sou sa : “ Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen kantite tan li rete a kout. ” — Revelasyon 12:12.

7 Aktyèlman, gen anviwon mil milya dola ameriken ki depanse chak ane pou tout lame ki gen sou tè a. Tandiske, plizyè santèn milyon moun pa gen sa yo bezwen pou yo viv. Imajine kantite byen yo ta ka fè ak tout kòb sa a si yo te sèvi avè l nan aktivite k ap favorize lapè ! Gen anviwon yon milya moun ki pa gen ase manje pou yo manje, alòske gen lòt k ap viv nan abondans. Dapre sa yon ajans Nasyonzini di, gen anviwon senk milyon timoun ki mouri chak ane akoz grangou. Èske sa pa enjis ? Epitou, reflechi sou kantite timoun inosan ki mouri paske paran yo fè avòtman pou yo jete yo. Dapre kèk estimasyon ki fèt, sou tout tè a, chak ane, avòtman lakòz anviwon 40 a 60 milyon tibebe pèdi lavi yo. Ala yon enjistis ki revòltan !

8. Kiyès sèlman ki kapab ede lèzòm rive jwenn vrè jistis la ?

8 Dirijan imen yo pa rive jwenn okenn solisyon pou tout pwoblèm k ap frape limanite jodi a. Mete sou sa, efò lèzòm yo pap fè sitiyasyon an vin pi bon. Pawòl Bondye a te predi nan epòk pa nou an “ moun mechan ansanm ak enpostè ap vin pi mal toujou, y ap twonpe moun e yo menm yo twonpe yo ”. (2 Timote 3:13.) Enjistis vin tèlman gaye toupatou, lèzòm pa kapab elimine l. Se sèlman Bondye jistis la ki kapab fè sa paske se sèlman li menm ki kapab detwi Satan ak demon l yo ak moun k ap fè mechanste yo. — Jeremi 10:23, 24.

Li nòmal pou sa enkyete nou

9, 10. Poukisa Asaf te vin dekouraje ?

9 Nan tan lontan, te menm gen kèk ekriven biblik ki te mande tèt yo poukisa Bondye pa t gentan entèvni nan zafè lèzòm pou l etabli vrè jistis ak ladwati. Annou pran egzanp Asaf. Nan ti nòt ki anlè Sòm 73 la, yo mansyone non Asaf. Sanble ti nòt sa a fè referans swa ak yon Levit ki te yon gwo mizisyen nan epòk David te wa a, swa ak mizisyen ki te soti nan fanmi l yo. Asaf ansanm ak desandan l yo te ekri anpil mizik yo te konn itilize nan tan lontan lè pèp Jewova a t ap adore l piblikman. Sepandan, rive yon lè nan lavi l, moun ki te ekri sòm sa a te vin dekouraje espirityèlman. Li te wè jan moun ki mechan ap pwospere nan domèn materyèl e li te remake jan souvan yo sanble satisfè ak lavi yo, e pa t gen anyen mal ki te rive yo pou mechanste yo t ap fè.

10 Men sa Asaf ekri nan Sòm 73:2-8 : “ Mwen te kòmanse anvye moun k ap vante tèt yo, lè m te konn ap wè jan mechan yo anpè. Paske yo pa gen doulè ki pou touye yo, e men gwosè pans yo. Yo pa menm gen pwoblèm lòm mòtèl genyen, e anyen mal pa rive yo jan sa rive lòt moun. ” Sepandan, avèk letan ekriven biblik la te vin reyalize pwennvi sa a li te genyen an pa t bon (Sòm 73:15, 16). Li te eseye ajiste panse l, men li pa t rive byen konprann rezon ki fè mechan yo pa t jwenn pinisyon pou bagay mal yo t ap fè, alòske souvan, sèvitè fidèl Jewova yo t ap soufri.

11. Ki sa salmis Asaf te rive konprann ?

11 Finalman, gason fidèl sa a te rive konprann ki sa ki t ap tann mechan yo. Li te vin konprann finalman Jewova t ap regle tout bagay (Sòm 73:17-19). Men sa David te di : “ Met espwa w nan Jewova epi kenbe chemen l bay la, e li va leve w pou w vin posede tè a. Lè y ap derasinen mechan yo, w ap wè sa. ” — Sòm 37:9, 11, 34.

12. a) Ki objektif Jewova genyen anrapò ak mechanste e ak enjistis ? b) Sa w panse de solisyon Jewova genyen pou pwoblèm enjistis la ?

12 Se sèten, Jewova gen objektif pou l elimine mechanste ak enjistis sou tè a nan moman li fikse a. Sa se yon bagay kretyen ki fidèl yo ta dwe toujou sonje. Jewova pral detwi moun ki opoze ak volonte l e l ap rekonpanse moun ki viv ann amoni ak volonte l. Bib la di : “ Je l ap gade, je l klere ap egzamine pitit lòm yo. Jewova li menm egzamine ni moun ki dwat ni moun ki mechan, e kèlkeswa moun ki renmen vyolans, nanm Li rayi l vrèman. Li pral fè lapli pyèj, dife, souf ak yon van cho tonbe sou mechan yo. [...] Paske Jewova jis e li vrèman renmen aksyon ki jis. ” — Sòm 11:3-7.

Yon monn nouvo kote jistis pral blayi

13, 14. Ki sa k fè jistis ak ladwati pral blayi nan monn nouvo a ?

13 Lè Jewova fin detwi sistèm enjis sa a ki anba kontwòl Satan, l ap etabli yon monn nouvo k ap mayifik. Se Wayòm Bondye a ki nan syèl la ki pral dirije l, Wayòm Jezi te aprann disip li yo priye pou li a. Jistis ak ladwati pral ranplase enjistis ak mechanste paske lè sa a nou pral jwenn yon repons total pou priyè sa a Jezi te anseye disip li yo lè l te di : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” — Matye 6:10.

14 Bib la fè nou konnen ki kalite dominasyon nou pral jwenn. Se yon dominasyon moun ki jis yo ap tann. Lè sa a, Sòm 145:16 pral jwenn yon akonplisman total. Men sa vèsè sa a di : “ Ou [Jewova Dye] ouvri men w epi ou satisfè dezi tout kreyati vivan. ” Anplis, Izayi 32:1 di : “ Gade ! Yon wa [Kris Jezi ki nan syèl la] pral domine pou lajistis. E kanta prens yo [reprezantan Kris yo sou tè a], yo pral dirije kòm prens pou ladwati. ” Konsènan Wa sa a, Jezi Kris, men sa Izayi 9:7 predi : “ Ni abondans dominasyon prens lan ni lapè pap janm fini, sou twòn David la e sou wayòm li an, pou l fè l chita solid, e pou l soutni l pa mwayen jistis, pa mwayen sa ki dwat, depi kounye a e pou tan endefini. Se zèl Jewova Chèf lame yo menm k ap fè sa. ” Èske w imajine ou menm k ap viv anba dominasyon jis sa a ?

15. Ki sa Jewova pral fè pou lèzòm nan monn nouvo a ?

15 Nan monn nouvo Bondye a, nou pap gen okenn rezon ankò pou nou di pawòl sa yo nou jwenn nan Eklezyas 4:1 : “ Mwen menm, mwen vire pou m ka wè tout zak maspinay k ap fèt anba solèy la, e gade, gen dlo nan je moun y ap maspinen yo, men yo pa gen moun ki pou konsole yo, e moun k ap maspinen moun sa yo gen fòs bò kote yo, sa fè moun y ap maspinen yo pa gen moun ki pou konsole yo. ” Natirèlman, avèk sèvo nou ki enpafè, li difisil pou nou imajine jis nan ki pwen monn nouvo jis sa a pral estrawòdinè. Bagay ki mal pap egziste ankò, men chak jou, lavi nou pral ranpli ak bon bagay. Wi, Jewova pral korije tout sa ki pa bon, yon fason k ap depase lontan tout sa nou ta ka espere. Vrèman, li te apwopriye pou Jewova enspire apot Pyè pou l ekri pawòl sa yo : “ N ap tann, selon pwomès li, syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite. ” — 2 Pyè 3:13.

16. Ki sa “ syèl tounèf ” ki deja etabli a ye e nan ki sans y ap prepare “ tè tounèf ” la jodi a ?

16 An reyalite, “ syèl tounèf ” la, sètadi gouvènman ki nan syèl la Bondye met Jezi alatèt li a, deja etabli. Nan dènye jou n ap viv la yo, y ap rasanble moun ki pral fòme nwayo “ tè tounèf ” la. Tè tounèf sa a se yon nouvo sosyete sèvitè fidèl Jewova yo pral fòme sou tè a. Yo deja prèske rive sèt milyon moun nan omwen 235 peyi e nan anviwon 100 000 kongregasyon. Tout moun sa yo ap aprann chemen Jewova yo ki jis, e kòm rezilta, sou tout tè a, yo gen yon inite ki solid grasa lanmou yo genyen youn pou lòt antanke kretyen. Nan tout istwa limanite, se inite sa a ki pi remakab e ki pi solid. Inite ki ta ka egziste pami moun ki anba dominasyon Satan an pa ka konpare avè l. Lanmou sa a ak inite sa a se yon ti apèsi konsènan bèl epòk k ap vini nan monn nouvo Bondye a kote jistis ak ladwati pral reye. — Izayi 2:2-4 ; Jan 13:34, 35 ; Kolosyen 3:14.

Atak Satan an pap reyisi

17. Poukisa nou kapab sèten dènye atak Satan pral fè sou pèp Jewova a pap reyisi ?

17 Talè konsa Satan ak akolit li yo pral atake sèvitè Jewova yo nan objektif pou yo detwi yo (Ezekyèl 38:14-23). Sa pral fè pati sa Jezi te rele “ yon gwo tribilasyon ”, ki pa t janm egziste anvan, “ depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, e pap janm gen youn konsa ankò ”. (Matye 24:21.) Èske atak Satan an ap reyisi ? Non. Men asirans Pawòl Bondye a ban nou : “ Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo. San mank, l ap pwoteje yo pou tan endefini. Men kanta pou desandan mechan yo, y ap rache yo san mank. Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan. ” — Sòm 37:28, 29.

18. a) Ki jan Bondye pral reyaji devan atak Satan pral fè kont pèp li a ? b) Poukisa ou te twouve li bon pou w reegzamine yon seri enfòmasyon nan Bib la konsènan fason jistis pral triyonfe ?

18 Atak sa a Satan ak akolit li yo pral fè kont sèvitè Jewova yo se pral dènye pwovokasyon an. Men sa Jewova te di pa mwayen Zekarya : “ Moun ki touche nou, se gla je m li touche. ” ​(Zekarya 2:8). Se kòmsi yon moun ta foure dwèt li nan je Jewova. Li pap pran tan pou l reyaji e l ap elimine yo. Sèvitè Jewova yo se moun ki gen plis lanmou, ki pi ini, ki pi anpè e ki pi respekte lwa lèzòm yo sou tè a. Se sa k fè atak yo pral fè kont yo a pap jis e pap gen okenn rezon valab pou yo fè l. E se sa k fè tou Jewova, Bondye ki “ renmen jistis ” la, pap tolere sa. Li pral pase alaksyon pou sèvitè l yo e l ap detwi tout moun ki ènmi pèp li a. Lè sa a, jistis ap triyonfe e tout moun k ap adore sèl vrè Dye a ap sove. Wi, gen evènman estrawòdinè, evènman pasyonan k ap tann nou talè konsa ! — Pwovèb 2:21, 22.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa enjistis gaye toupatou konsa ?

• Ki jan Jewova pral rezoud pwoblèm enjistis la sou tè a ?

• Ki sa ki touche w nan etid sa a nou sot fè konsènan lajistis ki pral triyonfe a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Te gen anpil mechanste anvan delij la, e gen anpil mechanste tou nan “ dènye jou ” n ap viv la yo.

[Foto nan paj 10, 11]

Nan monn nouvo Bondye a, jistis ak ladwati pral ranplase mechanste.