Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la

Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la

SELON yon diksyonè biblik, “ liv Dànyèl la se youn nan liv ki pi pasyonan nan Bib la. Li chaje ak yon seri verite ki pap janm pase ”. (Holman Illustrated Bible Dictionary.) Istwa liv Dànyèl la prezante a kòmanse an 618 anvan epòk nou an. Lè sa a, Neboukadnetsa, wa peyi Babilòn nan te monte Jerizalèm e li te ansèkle vil la, e li te mennen “ kèk nan pitit Izrayèl yo ” an kaptivite nan Babilòn (Dànyèl 1:1-3). Pami yo menm, te gen Dànyèl ki te jèn, petèt ki te yon adolesan. Liv la fini pandan Dànyèl te toujou nan Babilòn. Nan moman sa a, Dànyèl te prèske gen 100 an. E men yon pwomès Bondye te fè l : “ W ap repoze w, men w ap leve pou w jwenn lo pa w nan fen jou yo. ” — Dànyèl 12:13.

Dànyèl prezante premye pati liv li a yon fason kwonolojik, sètadi li rakonte istwa yo youn apre lòt selon dat yo te pase. Nan pati sa a, li itilize twazyèm pèsòn lè l ap pale de tèt li, men nan dènye pati a, li itilize premye pèsòn. Liv sa a Dànyèl te ekri a gen yon seri pwofesi ki montre ki jan pisans mondyal yo t ap monte e ki jan yo t ap tonbe, ki pale de lè Mesi a t ap vini e ki pale tou de evènman k ap pase nan epòk pa nou an *. Anplis, pwofèt la ki te vin aje te sonje anpil bagay ki te pase nan lavi l, yon vi ki te long. Se sa k fè li rakonte yon seri bagay ki te pase nan lavi l ki ankouraje nou pou nou demontre nou se moun ki kenbe entegrite nou devan Bondye. Mesaj Dànyèl la se yon mesaj ki vivan e ki pisan. — Ebre 4:12.

KI SA LÒD KWONOLOJIK YO EKRI ISTWA YO APRANN NOU ?

(Dànyèl 1:1–6:28)

Nou nan ane 617 anvan epòk nou an. Dànyèl ansanm ak twa jèn zanmi l yo, Chadrak, Mechak ak Abèdnego rive nan lakou palè Babilòn nan. Pandan twazan fòmasyon jèn sa yo te resevwa konsènan koutim ak fonksyònman lakou wayal la, yo te kenbe entegrite yo devan Bondye. Anviwon uitan annapre, wa Neboukadnetsa te vin fè yon rèv li pa t ka konprann. Dànyèl te fè l sonje rèv la epi li te entèprete l pou li. Wa a te rekonèt Jewova se “ Dye tout dye yo e li se Seyè tout wa yo e li se yon Revelatè sekrè ”. (Dànyèl 2:47.) Sepandan, sanble sa pa t pran lontan pou Neboukadnetsa te bliye leson sa a li te aprann nan. Piske twa zanmi Dànyèl yo te refize adore yon gwo estati wa a te fè, wa a te fè lage yo nan yon founèz dife. Men, vrè Dye a te delivre yo toule twa, e Neboukadnetsa te oblije rekonèt “ pa gen lòt dye ki egziste ki kapab delivre menm jan avè l ”. — Dànyèl 3:29.

Neboukadnetsa te fè yon lòt rèv ki enpòtan anpil. Li wè yon gwo pyebwa yo te koupe e yo te anpeche grandi. Dànyèl te fè l konnen entèpretasyon rèv sa a. An pati, rèv la te reyalize sou Neboukadnetsa lè l te vin fou pandan yon sèten tan e apre sa tèt li te vin dwat. Plizyè dizèn ane apre, wa Bèlchatsa te fè yon gwo fèt pou mesye ki gen gwo pozisyon yo nan wayòm li an. Li te sèvi ak veso yo te pran nan tanp Jewova a, e konsa li te montre li pa t gen respè pou Bondye. Nan menm nuit sa a, yo te touye Bèlchatsa e se Dariyis, moun peyi Medi, ki te resevwa wayòm nan (Dànyèl 5:30, 31). Nan epòk Dariyis la, lè Dànyèl te gen plis pase 90 an, gen kèk fonksyonè ki te jalou poutèt pozisyon Dànyèl te genyen. Yo te fè yon plan pou yo touye pwofèt la. Men, Jewova te delivre l “ anba pat lyon yo ”. — Dànyèl 6:27.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:11-15 — Èske se yon rejim vejetaryen ki te fè figi kat jèn Juif yo pi anfòm ? Non. Se pa sa. Pa gen okenn rejim nan kesyon manje yon moun ka suiv ki kapab pote tout chanjman sa yo nan di jou sèlman. Se Jewova ki te fè figi twa jèn Ebre yo chanje. Li te beni yo paske yo te mete konfyans yo nan li. — Pwovèb 10:22.

2:1 — Ki lè Neboukadnetsa te fè rèv kote l te wè gwo estati a ? Bib la di sa te fèt “ nan dezyèm ane rèy Neboukadnetsa a ”. Li te vin wa an 624 anvan epòk nou an. Donk, dezyèm ane rèy li a ta dwe kòmanse an 623 anvan epòk nou an, sètadi plizyè ane anvan li te anvayi Jida. Nan dat sa a, Dànyèl pa t ap ka nan peyi Babilòn pou l entèprete rèv la. Sa fè nou wè byen klè, lè Dànyèl di “ dezyèm ane ” a, se apati de 607 anvan epòk nou an li te kòmanse konte. Nan ane sa a wa Babilòn nan te detwi Jerizalèm e li te vin yon chèf mondyal.

2:32, 39 — Nan ki sans wayòm ki ann ajan an te enferyè parapò ak tèt ann ò a, e nan ki sans wayòm ki an kuiv la te enferyè parapò ak wayòm ann ajan an ? Anpi medo-pès la, ki reprezante pati ki ann ajan nan estati a, te enferyè ak Babilòn, tèt ki ann ò a, nan sans se pa li ki te gen opòtinite pou l kraze Jida. Pisans ki te vin apre a se Lagrès, se li pati an kuiv la te reprezante. Menm jan kuiv enferyè ak ajan, se konsa Lagrès te enferyè ak anpi medo-pès la. Menmsi anpi grèk la te kouvri yon tèritwa ki pi vas, se pa li ki te gen privilèj libere pèp Bondye a ann egzil, se anpi medo-pès la.

4:8, 9 — Èske Dànyèl te vin tounen yon prèt majisyen ? Non. Ekspresyon “ chèf prèt majisyen yo ” montre tou senpleman nan ki pozisyon Dànyèl te ye : li te “ prefè an chèf sou tout saj ki gen nan Babilòn yo ”. — Dànyèl 2:48.

4:10, 11, 20-22 — Ki sa gwo pyebwa Neboukadnetsa te wè nan rèv li a senbolize ? Dabò, pyebwa sa a reprezante Neboukadnetsa antanke dirijan yon pisans mondyal. Men, etandone yo di dominasyon l lan te rive “ jis nan dènye bout tè a ”, pyebwa a dwe senbolize yon bagay ki pi enpòtan toujou. Dànyèl 4:17 montre li gen rapò ak dominasyon “ Trèwo a ” egzèse sou limanite. Kidonk, pyebwa a senbolize souvrènte inivèsèl Jewova tou, espesyalman souvrènte l anrapò ak tè a. Se sa k fè, rèv Neboukadnetsa te fè kote li te wè pyebwa a gen de akonplisman : li gen yon akonplisman anrapò ak dominasyon Neboukadnetsa e yon lòt anrapò ak souvrènte Jewova.

4:16, 23, 25, 32, 33 — Konbyen tan “ sèt tan ” yo t ap dire ? Lè nou konsidere jan aparans Neboukadnetsa te vin chanje, nou vin wè aklè “ sèt tan ” yo te oblije pi long lontan pase sèt jou ki gen nan yon semèn. Nan ka Neboukadnetsa, sèt tan sa yo te dire sèt ane, chak ane gen 360 jou. Sa vin bay 2 520 jou. Nan yon akonplisman ki pi gran toujou, “ sèt tan ” yo reprezante 2 520 an (Ezekyèl 4:6, 7). Yo te kòmanse an 607 anvan epòk nou an lè Jerizalèm te detwi e yo te fini an 1914 nan epòk nou an lè yo te mete Jezi sou twòn nan kòm Wa nan syèl la. — Lik 21:24.

6:6-10 — Piske li pa enpòtan pou yon moun pran yon pozisyon an patikilye pou l priye, èske li pa t ap saj pou Dànyèl te priye an sekrè pandan peryòd 30 jou yo te bay la ? Tout moun te konnen Dànyèl te konn priye twa fwa pa jou. Dayè, se sa k fè moun ki t ap fè konplo kont li yo te vin ak ide pou yo pase yon dekrè ki mete restriksyon sou lapriyè. Nenpòt chanjman Dànyèl ta fè nan abitid li te genyen pou l priye a, lòt moun t ap pran l kòm yon konpwomi e sa t ap montre li pa t bay Jewova yon atachman san pataj.

Leson pou nou jodi a :

1:3-8. Detèminasyon Dànyèl ansanm ak konpayon l yo te genyen pou yo rete fidèl devan Jewova montre aklè edikasyon paran yo te ba yo a te gen anpil valè. Lè paran ki gen krent pou Bondye yo mete bagay espirityèl yo nan premye plas nan lavi yo e yo aprann pitit yo fè menm bagay la tou, timoun yo vin plis anmezi pou yo reziste devan kèlkeswa tantasyon ak kèlkeswa presyon yo ta jwenn nan lekòl yo oswa yon lòt kote.

1:10-12. Dànyèl te konprann pou ki rezon “ fonksyonè prensipal lakou wayal la ” te pè wa a e li pa t abòde l ankò. Sepandan, annapre, Dànyèl te pwoche bò kot “ gadyen ” an ki petèt te nan yon pozisyon pou l montre plis byenveyans anvè yo. Lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil, nou dwe aji avèk klèvwayans, avèk entèlijans e avèk sajès.

2:29, 30. Menm jan ak Dànyèl, kèlkeswa konesans, kalite ak kapasite nou vin genyen grasa dispozisyon espirityèl Jewova pran yo, nou bezwen rekonèt se Jewova ki merite tout glwa pou sa.

3:16-18. Li posib pou twa jèn Ebre yo pa t reyaji avèk yon fèm konviksyon konsa, si anvan sa yo te dakò pou yo fè konpwomi sou kesyon manje a. Nou menm tou, nou dwe chèche pou nou “ fidèl nan tout bagay ”. — 1 Timote 3:11.

4:24-27. Dànyèl te demontre li gen lafwa ak kouraj lè l te fè Neboukadnetsa, ki te wa, konnen sa ki t apral rive l e sa l ta dwe fè pou l ‘ ka gen yon pwolongasyon nan pwosperite l ’. Se menm kalite lafwa sa a ak menm kalite kouraj sa a nou dwe demontre lè n ap pwoklame mesaj Wayòm nan, mesaj ki gen jijman kondanasyon Bondye pwononse kont mechan yo ladan l.

5:30, 31. “ Pawòl pwovèbyal sa a kont wa Babilòn nan ” te reyalize toutbonvre (Izayi 14:3, 4, 12-15). Satan Ledyab ki ògeye menm jan ak dinasti babilonyen an pral fini nan lawont tou. — Dànyèl 4:30 ; 5:2-4, 23.

KI SA VIZYON DÀNYÈL YO REVELE ?

(Dànyèl 7:1–12:13)

Lè Dànyèl te resevwa premye vizyon l lan nan ane 553 anvan epòk nou an, li te gen plis pase 70 an. Dànyèl te wè kat gwo bèt ki reprezante pisans mondyal yo ki parèt youn apre lòt depi nan epòk li a rive nan epòk pa nou an. Nan yon vizyon li te fè sou yon evènman ki t ap pase nan syèl la, li te wè “ yon moun ki sanble ak yon pitit gason lòm ” ki resevwa “ yon dominasyon ki la pou toutan ”. (Dànyèl 7:13, 14.) Dezan apre, Dànyèl fè yon vizyon ki te gen rapò ak anpi medo-pès la, ak Lagrès e ak yon lòt wa ki t ap vin annapre, “ yon wa ki gen figi fewòs ”. — Dànyèl 8:23.

Kounye a, nou nan ane 539 anvan epòk nou an. Babilòn tonbe e Dariyis ki sot nan peyi Medi ap dirije wayòm Kaldeyen yo. Dànyèl priye Jewova konsènan restorasyon peyi Izrayèl. Pandan Dànyèl ap priye, Jewova voye zanj Gabriyèl al kote l pou l ‘ fè l gen klèvwayans e pou l fè l konprann ’ ki lè Mesi a ta gen pou l vini (Dànyèl 9:20-25). Kounye a, nou nan ane 536/535 anvan epòk nou an. Yon ti gwoup Izrayelit tounen Jerizalèm. Men, yo jwenn moun ki opoze ak yo nan konstriksyon tanp lan. Sa lakòz Dànyèl gen anpil enkyetid. Li priye sou sa e Jewova voye yon zanj ki gen yon pozisyon elve nan òganizasyon selès li a al kot Dànyèl. Apre li fin fòtifye Dànyèl e li fin ankouraje l, li rakonte l pwofesi ki gen rapò ak lit ki t ap genyen ant wa dinò ak wa disid la. Lit ki gen ant de wa sa yo egziste depi lè wayòm Aleksann Legran an te vin divize an kat pati. Chak jeneral li yo te pran yon pati, e lit sa a ap rive jis nan epòk kote Mikayèl, Gran Prens lan, “ pral leve kanpe ” a. — Dànyèl 12:1.

Kesyon biblik ak tout repons :

8:9 — Ki sa “ Bèl Peyi a ” reprezante ? Nan kontèks sa a, “ Bèl Peyi a ” reprezante kondisyon kretyen wen yo ladan l pandan yo sou tè a, nan epòk pisans mondyal anglo-ameriken an.

8:25 — Kiyès “ Prens tout prens lan ” ye ? Mo ebre sar la lè yo tradui l yo mete “ prens ” pou li a vle di toudabò yon “ chèf ” oswa yon “ moun ki alatèt ”. Tit “ Prens tout prens lan ” reprezante sèlman Jewova Dye ki se Chèf tout zanj ki prens yo, san wete “ Mikayèl, youn nan prensipal prens yo ”. — Dànyèl 10:13.

9:21 — Poukisa Dànyèl te di “ òm ” lè l t ap pale de zanj Gabriyèl ? Se paske Gabriyèl te pran fòm kò moun lè l te vin bò kot Dànyèl, menm jan li te fè sa lè l te parèt bò kote Dànyèl nan yon vizyon Dànyèl te fè anvan sa. — Dànyèl 8:15-17

9:27 — Ki alyans yo te kenbe “ an vigè pou anpil moun ” jiskaske 70yèm semèn ane a te fini nan ane 36 epòk nou an ? Alyans Lalwa a te rive nan bout li nan ane 33 epòk nou an lè yo te kloure Jezi sou poto a. Men, lefètke Jewova te kenbe alyans Abraram nan an vigè pou Izrayèl selon lachè jis nan ane 36 epòk nou an, li te pwolonje peryòd li te fè Juif yo favè espesyal la poutèt se desandan Abraram yo ye. Alyans Abraram nan toujou an vigè anrapò ak “ Izrayèl Bondye a ”. — Galat 3:7-9, 14-18, 29 ; 6:16.

Leson pou nou jodi a :

9:1-23 ; 10:11. Lefètke Dànyèl te yon moun ki enb, ki atache ak Bondye, ki renmen etidye Pawòl Bondye a e ki te toujou ap priye, se te “ yon nonm yo apresye anpil ”. Kalite sa yo tou te ede l rete fidèl devan Bondye jiskaske l mouri. Annou pran detèminasyon pou nou suiv egzanp li.

9:17-19. Menm lè n ap priye pou monn nouvo Bondye a vini, monn kote “ jistis pral abite a ”, sa ki dwe pi enpòtan pou nou, se pa lafen soufrans ak difikilte nou rankontre yo, men se sangtifikasyon non Bondye ak jistifikasyon souvrènte l. — 2 Pyè 3:13.

10:9-11, 18, 19. Menm jan ak zanj ki te vin bò kot Dànyèl la, nou dwe ankouraje youn lòt e nou dwe bay youn lòt fòs. Nou kapab fè sa lè nou ofri èd nou e lè nou pale yon fason rekonfòtan youn ak lòt.

12:3. Nan dènye jou n ap viv la yo, “ sila ki gen klèvwayans yo ”, sètadi kretyen wen yo, “ klere tankou flanbo ” e yo “ fè anpil moun vin ap pratike jistis ”. Pami moun sa yo, gen yon “ gwo foul ” “ lòt mouton ”. (Filipyen 2:15 ; Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16.) Kretyen wen yo pral “ klere tankou zetwal ” nèt pandan mil an Jezi pral dirije a, lè sa a yo pral travay ansanm avèk li pou yo aplike totalman byenfè ranson an pou lèzòm obeyisan k ap sou tè a. “ Lòt mouton ” yo ta dwe rete atache ak kretyen wen yo e yo ta dwe soutni yo ak tout kè yo nan tout bagay.

Jewova ‘ beni moun ki gen krent pou li ’ yo

Ki sa liv Dànyèl la aprann nou konsènan Bondye n ap adore a ? Reflechi sou pwofesi ki gen ladan l yo, kit se sa ki reyalize deja yo, kit se sa ki poko reyalize yo. Èske yo pa montre yon fason estrawòdinè Jewova se Sila ki reyalize pawòl li ? — Izayi 55:11.

Ki sa pati kwonolojik nan liv Dànyèl la montre konsènan Bondye nou an ? Kat jèn Ebre ki te refize viv menm jan ak moun nan lakou wayal Babilòn nan te resevwa ‘ konesans, klèvwayans ak sajès ’. (Dànyèl 1:17.) Vrè Dye a te voye zanj li pou l sove Chadrak, Mechak ak Abèdnego nan founèz dife a. E Dànyèl li menm te jwenn delivrans nan twou lyon yo. Jewova ‘ se sekou e li se boukliye moun ki mete konfyans yo nan li ’ e li ‘ beni moun ki gen krent pou li yo ’. — Sòm 115:9, 13.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Si w vle egzamine liv Dànyèl la vèsè pa vèsè, gade liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! la. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Foto nan paj 19]

Sa k fè Dànyèl se te “ yon nonm yo apresye anpil ” ?