Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou pousuiv objektif k ap ban nou satisfaksyon nan lavi a

Annou pousuiv objektif k ap ban nou satisfaksyon nan lavi a

Annou pousuiv objektif k ap ban nou satisfaksyon nan lavi a

“ Se pou tout sa k ap respire louwe Ya. ” — SÒM 150:6.

1. Esplike ki sa yon jenòm te fè paske l t ap chèche yon objektif nan lavi l.

YON jenòm ki rele Seung Jin ki te leve nan peyi Kore te fè deklarasyon sa a * : “ Mwen te aprann medsin paske mwen te vle itilize lavi m pou m ede moun. Mwen te panse tou si m vin doktè, m ap gen anpil prestij, m ap fè lajan, e m ap gen kè kontan. ” Li te di apre sa : “ Lè mwen te vin reyalize yon doktè pa vrèman ka fè anpil pou l ede lòt moun, mwen te santi m desi. Apre sa, mwen te vin yon atis, men travay mwen te fè antanke atis pa t vrèman ede lòt moun. Sa te fè m santi mwen t ap chèche enterè pa m sèlman. Mwen te vin ap anseye, sepandan, sa pa t pran lontan pou m te reyalize se enfòmasyon sèlman mwen t ap transmèt moun m ap anseye yo, men mwen pa t ba yo yon direksyon ki te kapab fè yo jwenn kè kontan toutbonvre. ” Menm jan ak anpil lòt moun, Seung Jin t ap chèche yon objektif ki ta kapab ba l satisfaksyon nan lavi l.

2. a) Lè yon moun gen yon objektif nan lavi l, sa sa vle di ? b) Ki sa k pwouve nou Kreyatè a gen yon objektif pou nou lè l kreye nou sou tè a ?

2 Lè nou gen yon vrè objektif nan lavi a, nou gen yon rezon pou n viv, nou gen yon bi ki klè nan lavi nou, e nou gen yon objektif nou kapab konsantre tout enèji nou sou li. Èske lèzòm ka gen yon objektif konsa toutbonvre ? Wi ! Lefètke nou gen entèlijans, nou gen yon konsyans e nou kapab rezone, sa pwouve Kreyatè a te gen yon bon objektif lè l te kreye nou sou tè a. Donk, lojikman, nou ka jwenn vrè objektif nou te fèt pou li a e nou ka pousuiv li sèlman lè nou viv ann amoni ak objektif Kreyatè a.

3. Ki sa lèzòm dwe fè pou yo viv ann amoni ak objektif Bondye ?

3 Labib fè nou konnen objektif Bondye gen pou nou an gen anpil bagay ladan l. Pa egzanp, fason estrawòdinè Bondye fè nou an demontre li se yon Dye ki vrèman manifeste lanmou yon fason ki pa egoyis (Sòm 40:5 ; 139:14). Pakonsekan, nou viv ann amoni ak objektif Bondye lè nou manifeste lanmou pou lòt moun yon fason ki pa egoyis, menm jan Bondye fè sa (1 Jan 4:7-11). Nou fè sa tou lè nou obeyi kòmandman l yo ki ede nou viv ann akò ak objektif li genyen an ki demontre li plen lanmou. — Eklezyas 12:13 ; 1 Jan 5:3.

4. a) Ki sa ki nesesè pou lavi nou gen yon vrè sans ? b) Ki pi gwo objektif yon moun ka pousuiv ?

4 Bondye te gen objektif tou pou lèzòm viv ak kè kontan, pou yo viv anpè youn avèk lòt, e pou yo viv anpè ak tout lòt bagay li te kreye (Jenèz 1:26 ; 2:15). Men, ki sa nou bezwen fè pou nou gen kè kontan, pou nou santi nou an sekirite e pou nou viv anpè ? Menm jan yon timoun bezwen paran l bò kote l pou l gen kè kontan e pou l santi l an sekirite, se konsa tou nou bezwen gen yon bon relasyon avèk Papa nou ki nan syèl la pou nou ka gen yon bonjan objektif nan lavi nou e pou lavi nou gen yon vrè sans (Ebre 12:9). Bondye fè l posib pou nou gen yon relasyon konsa avè l piske li pèmèt nou pwoche bò kote l e li koute priyè nou (Jak 4:8 ; 1 Jan 5:14, 15). Si nou ‘ mache ak Bondye ’ avèk lafwa e nou vin zanmi l, n ap fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan e n ap louwe l (Jenèz 6:9 ; Pwovèb 23:15, 16 ; Jak 2:23). Se pi gwo objektif yon moun kapab pousuiv. Men sa yon salmis te ekri : “ Se pou tout sa k ap respire louwe Ya. ” — Sòm 150:6.

Ki objektif pa w nan lavi a ?

5. Poukisa sa pa fè sans pou nou bay bagay materyèl premye plas nan lavi nou ?

5 Nan objektif Bondye gen pou nou an, li atann pou nou pran swen tèt nou e pou nou pran swen fanmi nou. Sa mande pou nou konble ni bezwen fizik nou ni bezwen espirityèl nou. Sepandan, li nesesè pou nou gen ekilib nan fason n ap fè sa, yon fason pou aktivite pwofàn nou yo pa fè nou bliye bagay espirityèl yo ki pi enpòtan (Matye 4:4 ; 6:33). Malerezman, gen anpil moun ki prèske konsakre tout tan yo nèt nan chèche byen materyèl. Sepandan, sa pa fè sans pou n chèche konble tout bezwen nou genyen sèlman ak bagay materyèl. Sa pa gen lontan depi yo te fè yon sondaj ann Azi sou moun ki milyonè. Sondaj sa a revele anpil ladan yo “ pa santi yo an sekirite e yo santi yo malalèz, byenke yo gen yon wo nivo sosyal e yo santi yo reyisi lavi yo paske yo rich. ” — Eklezyas 5:11.

6. Ki konsèy Jezi te bay sou kesyon chèche richès la ?

6 Nan Mak 4:19, Jezi pale de “ pouvwa richès genyen pou l twonpe moun ”. Ki jan richès twonpe moun ? Richès sanble fè moun gen kè kontan, alòske se pa vre. Men sa wa Salomon, yon moun ki te saj, te ekri : “ Si ou renmen lajan, ou pap janm fin gen ase. ” ​(Eklezyas 5:10, Bib la). Men, èske li posib pou yon moun pousuiv objektif materyalis toutpandan l ap chèche sèvi Bondye ak tout nanm li ? Non, sa pa posib. Men sa Jezi te fè konprann : “ Pèsonn pa ka travay kòm esklav pou de mèt, paske se swa l ap rayi youn epi l ap renmen lòt la, oswa l ap atache ak youn epi l ap meprize lòt la. Nou pa kapab travay kòm esklav pou Bondye e pou Richès. ” Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo sere byen materyèl sou tè a, men li te ankouraje yo pou yo ‘ sere trezò nan syèl la ’ pito, sa vle di pou yo chèche gen yon bèl non devan Bondye, li menm ki “ konnen ki bagay nou bezwen depi anvan menm nou mande l li ”. — Matye 6:8, 19-25.

7. Ki jan nou ka “ kenbe lavi toutbon an fèm ” ?

7 Lè apot Pòl t ap ekri konpayon sèvis li, Timote, li te ba l kèk konsèy fèm sou kesyon sa a. Li te di l : “ Bay moun ki rich nan sistèm ki la kounye a lòd [...] pou yo pa mete espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye, ki founi nou tout bagay ann abondans pou nou ka jwi yo, [...] pou yo donan e pou yo dispoze pataje. Konsa, y ap konsève pou yo menm nan yon andwa ki asire yon bon fondman pou lavni, dekwa pou yo kenbe lavi toutbon an fèm. ” — 1 Timote 6:17-19.

Ki sa “ lavi toutbon an ” ye ?

8. a) Poukisa anpil moun ap chèche gen richès ak gwo pozisyon ? b) Ki sa moun sa yo pa rive konprann ?

8 Pou anpil moun, ekspresyon “ lavi toutbon an ” fè referans ak liks ansanm ak plezi. Gen yon jounal ann Azi ki fè remak sa a : “ Moun k ap gade fim oswa televizyon vin gen anvi pou yo posede sa yo wè nan fim sa yo ak sa yo wè nan televizyon, yo vin ap reve sa yo ta ka genyen. ” Objektif anpil moun nan lavi a, se vin rich epi gen gwo pozisyon. Anpil moun sakrifye jenès yo, sante yo, lavi fanmi yo ak bagay espirityèl yo pou yo chèche bagay sa yo. Pa gen anpil moun ki konsidere liks ak plezi moun wè nan medya yo kòm bagay ki reflete “ lespri monn nan ”. Lespri sa a se fason moun yo panse nan monn nan. Li enfliyanse pifò nan plizyè milya moun k ap viv sou tè a pou yo aji yon fason ki kontrè ak objektif Bondye gen pou nou an (1 Korentyen 2:12 ; Efezyen 2:2). Donk, se pa etonan si tout moun sa yo ap viv san kè kontan jodi a ! — Pwovèb 18:11 ; 23:4, 5.

9. Ki sa lèzòm pa ka rive fè, e sa k fè yo pa kapab ?

9 Ki sa nou ka di konsènan moun k ap travay ak tout kè yo pou yo fè byen pou lòt moun, pou yo mete fen nan grangou ak maladi oswa k ap lite kont enjistis ? Byen souvan, gwo efò ak gwo sakrifis yo fè konn pote byenfè pou anpil moun. Sepandan, malgre tout efò yo fè, yo pap janm rive chanje sistèm sa a pou yo fè l vin jis e pou yo fè l vin bon. Sa k fè yo pa kapab ? Se paske, an reyalite, “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”, Satan, ki pa vle l chanje. — 1 Jan 5:19.

10. Ki lè moun ki fidèl devan Bondye yo pral jwi “ lavi toutbon an ” ?

10 Èske sa pa tris pou sèl espwa yon moun genyen se vi sa a l ap viv nan monn sa a ? Men sa Pòl te ekri : “ Si se nan lavi sa a sèlman nou te espere nan Kris, yo mèt plenyen sò nou plis pase tout lòt moun. ” Men etadespri anpil moun genyen lefètke yo kwè apre lavi sa a pa gen anyen ankò : “ Ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri. ” ​(1 Korentyen 15:19, 32). Men tout bagay pa fini avèk vi sa a, paske “ selon pwomès [Bondye], n ap tann syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite ”. (2 Pyè 3:13.) Lè sa a, kretyen yo pral jwi “ lavi toutbon an ”, sètadi “ lavi etènèl ” nan lapèfeksyon, swa nan syèl la, swa anba dominasyon Wayòm Bondye a, yon dominasyon k ap chita sou lanmou. — 1 Timote 6:12.

11. Poukisa pi bon objektif nou te ka genyen se travay pou nou fè enterè Wayòm Bondye a avanse ?

11 Se sèl Wayòm Bondye a ki pral reyisi rezoud tout pwoblèm lèzòm yo nèt. Pou rezon sa a, pi bon objektif yon moun ka genyen se travay pou l fè enterè Wayòm Bondye a avanse (Jan 4:34). Lè nou patisipe nan travay sa a, n ap kapab gen bon relasyon avèk Papa nou ki nan syèl la. Anplis, n ap kontan lefètke n ap sèvi Jewova bò kote plizyè milyon frè ak sè k ap pousuiv menm objektif avèk nou nan lavi a.

Fè bon sakrifis yo

12. Bay diferans ki genyen ant lavi nan sistèm ki la kounye a ak “ lavi toutbon an ”.

12 Labib di monn ki la kounye a ‘ ap pase ansanm ak dezi li yo ’. Lè y ap detwi monn Satan an, yo pap epaye anyen ladan l. Yo pap epaye ni pozisyon ni byen materyèl moun ka gen ladan l, “ men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. (1 Jan 2:15-17.) Richès ki pa sèten ki gen nan monn sa a, glwa moun ka jwenn ladan l ansanm ak plezi l yo pral disparèt. Men, “ lavi toutbon an ”, sètadi lavi etènèl anba dominasyon Wayòm Bondye a se yon lavi k ap dire pou toutan e ki merite pou nou fè bon sakrifis pou nou jwenn li.

13. Ki bonjan sakrifis yon koup marye te fè ?

13 Annou pran egzanp Henry ak Suzanne. Yo gen anpil lafwa nan pwomès Bondye fè pou l ede tout moun ki mete Wayòm nan an premye nan lavi yo (Matye 6:33). Se sa k fè yo te chwazi rete nan yon kay ki pa t koute chè yon fason pou yo toule de pa t oblije travay e pou yo menm ansanm ak de pitit fi yo genyen yo te ka pase plis tan nan predikasyon Wayòm nan ak nan lòt aktivite ki fè Bondye plezi (Ebre 13:15, 16). Men, yon zanmi yo te genyen ki te gen bon entansyon e ki pa t rive konprann chwa yo te fè te di Suzanne pawòl sa yo : “ Machè, si w ta renmen viv nan yon pi bèl kay, gen bagay ou bezwen sakrifye. ” Men, Henry ak Suzanne te konnen lè yo mete Jewova anvan tout bagay, yo “ gen pwomès ni pou lavi kounye a ni pou lavi ki pral vini an ”. (1 Timote 4:8 ; Tit 2:12.) Pitit fi yo genyen yo te grandi e yo te vin pyonye ki zele. Antanke fanmi, yo pa santi yo te pèdi anyen, okontrè, yo santi yo jwenn yon pakèt byenfè lefètke yo te kontinye pousuiv objektif pou yo gen “ lavi toutbon an ”. — Filipyen 3:8 ; 1 Timote 6:6-8.

Pinga nou ‘ sèvi ak monn nan nèt ’

14. Ki pwoblèm sa ka bay lè nou bliye vrè objektif nou nan lavi a ?

14 Sepandan, si nou bliye vrè objektif nou genyen an e si nou pa rete fèm nan fason nou te kenbe “ lavi toutbon an ”, gen yon danje ki pare ap tann nou. Nou riske wè “ tètchaje, richès ak plezi lavi sa a pote nou ale ”. (Lik 8:14.) Si nou pa kontwole dezi nou genyen pou nou gen bagay materyèl, sa ka fè nou antre kò nou twòp nan sistèm sa a. “ Tètchaje pou nou jwenn mwayen pou nou viv ” kapab fè sa tou (Lik 21:34, nòt anba paj). Malerezman, gen moun ki “ pèdi chemen lafwa a e [ki] pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans ”, e ki menm pèdi relasyon presye yo te genyen ak Jewova paske prensipal dezi yo se pou yo vin rich. Èske yo pa peye sa chè lefètke yo pa ‘ kenbe lavi etènèl la fèm ’ ? — 1 Timote 6:9, 10, 12 ; Pwovèb 28:20.

15. Ki byenfè yon fanmi te jwenn lefètke yo ‘ pa t sèvi ak monn nan nèt ’ ?

15 Pòl te konseye “ moun k ap sèvi ak monn nan [pou yo vin] tankou moun ki pap sèvi avè l nèt ”. (1 Korentyen 7:31.) Keith ak Bonnie te koute konsèy sa a. Men sa a Keith di : “ Mwen te vin Temwen Jewova nan moman kote m te prèt pou m fini ak etid mwen kòm dantis. Lè sa a, mwen te gen yon chwa pou m fè. Antanke dantis, mwen te ka gen anpil pasyan, sa ki t ap pèmèt mwen fè anpil lajan, men si m te fè sa, sa t ap deranje aktivite espirityèl nou. Mwen te chwazi limite travay mwen pito yon fason pou m te ka gen plis tan pou m okipe m de byennèt espirityèl ak byennèt afektif fanmi nou ki te vin gen senk pitit fi ladan l. Byenke se raman nou te gen yon ti kòb anplis, nou te aprann fè ekonomi e nou te toujou jwenn sa nou bezwen. Fanmi nou te anfòm, nou te gen relasyon sere youn ak lòt e kè nou te kontan anpil. Finalman, nou tout te antre nan sèvis aplentan. Kounye a pitit fi nou yo marye, e twa ladan yo gen pitit pa yo. Fanmi pa yo gen kè kontan tou piske yo kontinye mete objektif Jewova nan premye plas nan lavi yo. ”

Mete objektif Bondye nan premye plas nan lavi nou

16, 17. Site kèk moun Bib la mansyone ki te gen anpil konpetans, e ki jan yo plis sonje moun sa yo ?

16 Bib la bay egzanp ni moun ki te viv ann amoni ak objektif Bondye ni moun ki pa t fè sa. Leson ki soti nan egzanp sa yo ka itil moun tout laj, tout kilti e kèlkeswa sitiyasyon yo (Women 15:4 ; 1 Korentyen 10:6, 11). Nimwòd te konstwi yon seri gwo vil, men li te fè sa ann opozisyon ak Jewova (Jenèz 10:8, 9). Sepandan, gen anpil lòt moun ki kite bon egzanp. Moyiz te gen yon wo nivo sosyal ann Ejip antanke yon potanta, men objektif li se pa t pou l kenbe l. Okontrè, li te bay responsablite Bondye te ba li yo plis valè, li te konsidere yo “ kòm yon richès ki pi gran pase trezò Ejip yo ”. (Ebre 11:26.) Lik se te yon doktè, e petèt li te ede Pòl ak lòt moun ak maladi yo te genyen. Men, li te fè plis byen antanke yon evanjelizatè e antanke yon ekriven biblik. Pòl, bò kote pa l, se te yon espesyalis nan Lalwa. Men moun pa plis konnen l kòm yon espesyalis nan lalwa, yo plis konnen l pito kòm yon misyonè, kòm “ apot nasyon yo ”. — Women 11:13.

17 David te yon kòmandan lame, yon mizisyen e yon konpozitè, men moun pa sonje l pou bagay sa yo, yo plis sonje li te “ yon nonm ki agreyab selon kè [Bondye] ”. (1 Samyèl 13:14.) Se pa plis pou travay Dànyèl te fè kòm fonksyonè nan gouvènman babilonyen an nou konnen l, men nou plis konnen l kòm pwofèt fidèl Jewova. Nou pa plis konnen Estè kòm yon rèn nan peyi Pès, men nou plis konnen l kòm yon moun ki te gen kouraj ak lafwa. Nou pa konnen Pyè, Andre, Jak ak Jan kòm moun ki te reyisi nan aktivite lapèch yo te genyen, men nou konnen yo kòm apot Jezi. Finalman, nou gen egzanp Jezi. Nou pa plis konnen l kòm “ bòs chapant lan ”, men nou konnen l pito kòm “ Kris la ”. (Mak 6:3 ; Matye 16:16.) Tout moun sa yo te byen konprann kèlkeswa talan, bagay materyèl oswa pozisyon yo te genyen, lavi yo pa t dwe santre sou karyè pwofàn, men li te dwe santre sou sèvis y ap bay Bondye. Yo te konnen pi bèl objektif yo te ka genyen e ki t ap ba yo plis satisfaksyon se te pou yo vin moun ki gen krent pou Bondye.

18. Ki jan yon jèn kretyen te deside itilize lavi l, e ki sa li te vin reyalize ?

18 Seung Jin, nou te mansyone nan kòmansman an, te konprann sa tou. Men sa li te di : “ Olye pou m te bay tout enèji m nan pratike medsin, nan travay mwen antanke atis oswa nan travay mwen antanke anseyan, mwen te deside itilize lavi m ann amoni ak ve mwen te fè bay Jewova a. Kounye a, m ap sèvi kote yo bezwen plis moun pou anseye Labib. Konsa mwen ede moun pran chemen lavi etènèl la. Mwen te konn panse sèvis aplentan se pa yon bagay ki twò enteresan pase sa. Sepandan, jodi a, efò m ap fè pou m amelyore pèsonalite m e pou m amelyore fason m anseye moun ki sot nan divès kilti rann lavi m pi enteresan. Mwen konstate lè nou fè objektif Jewova tounen objektif pa nou se sèl fason nou ka rive jwenn satisfaksyon nan lavi n. ”

19. Ki jan nou ka jwenn yon bonjan objektif nan lavi nou ?

19 Antanke kretyen, nou beni lefètke nou gen konesans ki ka sove lavi a e nou gen espwa pou nou sove (Jan 17:3). Pakonsekan, annou fè tout sa nou kapab pou apre ‘ nou fin aksepte favè Bondye nou pa merite a, nou pa rate bi a ’. (2 Korentyen 6:1.) Okontrè, annou itilize jou ak ane n ap viv yo ki presye pou nou louwe Jewova. Annou simaye konesans k ap pèmèt moun viv ak bonjan kè kontan jodi a e k ap fè yo jwenn lavi etènèl la. Lè nou fè sa, n ap verifye verite ki gen nan pawòl sa yo Jezi te di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Konsa, n ap kapab di nou jwenn yon bonjan objektif nan lavi nou.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Gen non moun yo chanje.

Èske w ka esplike ?

• Ki pi gwo objektif nou ka gen nan lavi a ?

• Poukisa sa pa fè sans pou nou viv pou byen materyèl ?

• Ki sa “ lavi toutbon ” Bondye pwomèt la ye ?

• Ki jan nou ka itilize lavi nou ann amoni ak objektif Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Kretyen yo bezwen fè bon sakrifis yo.