Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou kapab delivre anba pyèj chasè zwazo a

Nou kapab delivre anba pyèj chasè zwazo a

Nou kapab delivre anba pyèj chasè zwazo a

“ [Jewova] ap delivre w anba pyèj chasè zwazo a. ” — SÒM 91:3.

1. Kiyès “ chasè zwazo a ” ye, e poukisa li danjere ?

TOUT vrè kretyen ap fè fas ak yon ènmi k ap chèche devore yo, ki ekstrèmman entèlijan e ki ekstrèmman rize. Nan Sòm 91:3, yo rele l “ chasè zwazo a ”. Kiyès li ye ? Nan Toudegad, nan nimewo 1ye jen 1883, yo te fè konnen se pa lòt moun, se Satan Ledyab. Menm jan yon chasè zwazo tann pyèj pou zwazo, ènmi pisan sa a ki abil chèche twonpe sèvitè Jewova yo avèk riz pou l pran yo nan pyèj.

2. Poukisa yo konpare Satan ak yon chasè zwazo ?

2 Nan tan lontan, yo te konn kenbe zwazo poutèt fason yo chante, poutèt bèl plim yo, pou moun manje e pou yo fè sakrifis avèk yo. Sepandan, tou natirèlman, zwazo pridan, nenpòt ti bagay fè yo pè e li difisil pou moun pran yo nan pyèj. Se sa k fè, menm nan tan biblik yo, anvan pou yon chasè zwazo te rive pran yon zwazo nan pyèj, li te etidye zwazo a byen pou l wè ki abitid li genyen. Apre sa, li te chèche yon mwayen entèlijan pou l twonpe l pou l ka pran l nan pyèj. Lefètke Labib konpare Satan ak yon chasè zwazo, li ede nou konprann ki metòd li itilize. Dyab la etidye nou chak pèsonèlman. Li note abitid nou ak kalite moun nou ye e li tann pyèj pou nou ki kache pou l ka kenbe nou tou vivan (2 Timote 2:26). Si nou kite Satan pran nou nan pyèj, sa ap yon katastwòf pou nou espirityèlman e finalman, sa kapab lakòz destriksyon nou. Se sa k fè, pou nou pwoteje tèt nou, nou bezwen idantifye diferan metòd “ chasè zwazo a ” itilize.

3, 4. Ki lè taktik Satan itilize yo sanble ak taktik yon lyon ? Ki lè yo sanble ak taktik yon kobra ?

3 Salmis la te itilize tou lòt imaj frapan pou l dekri taktik Satan yo. Li konpare taktik li yo ak taktik yon jèn lyon oswa yon kobra itilize (Sòm 91:13). Tankou yon lyon, pafwa, Satan atake pèp Bondye a pa devan, sètadi yon fason ki dirèk. Li fè l jwenn pèsekisyon oswa li pouse gouvènman yo aji kont li (Sòm 94:20). Lè l atake pèp Bondye a nan fason sa a ki sanble ak fason lyon atake, sa kapab lakòz kèk moun pami pèp Bondye a trebiche. Sepandan, byen souvan, atak dirèk sa yo pa gen efè Satan t ap espere a, okontrè, yo ranfòse inite pèp Bondye a. Men, ki jan Satan atake nou anba anba tankou yon kobra ?

4 Menm jan yon sèpan ki gen venen kapab atake yon moun toutpandan li rete kache yon kote, Dyab la itilize entèlijans estrawòdinè li genyen an pou l atake nou anba anba nan entansyon pou l detwi nou. Konsa, li reyisi anpwazonnen lespri kèk moun pami pèp Bondye a. Li reyisi twonpe yo pou l fè yo fè volonte l olye yo fè volonte Jewova, e sa gen move konsekans pou yo. Erezman nou pa inyore entansyon l yo (2 Korentyen 2:11). Kounye a, ann egzamine kat nan pyèj “ chasè zwazo a ” itilize ki danjere.

Krent pou lòm

5. Poukisa “ tranble devan moun ” se yon pyèj ki efikas anpil ?

5 “ Chasè zwazo a ” konnen tou natirèlman moun ta renmen pou lòt moun aksepte yo. Kretyen yo pa endiferan parapò ak sa moun ki nan antouraj yo panse oswa parapò ak santiman yo genyen. Lefètke Dyab la konn sa, li chèche jwe sou sousi yo genyen konsènan sa lòt moun panse de yo. Pa egzanp, “ tranble devan moun ” se yon pyèj, e Satan itilize pyèj sa a pou l fè kèk moun pami pèp Bondye a pèdi ekilib yo (Pwovèb 29:25). Si yon sèvitè Bondye kite lòt moun enfliyanse l pou l fè sa Jewova entèdi oswa pou l pa fè sa Pawòl li a mande, poutèt li pè moun, li mèt konnen li pran nan pyèj “ chasè zwazo a ”. — Ezekyèl 33:8 ; Jak 4:17.

6. Site yon egzanp ki montre ki jan yon jèn ka pran nan pyèj “ chasè zwazo a ”.

6 Pa egzanp, yon jèn kapab aksepte fimen yon sigarèt poutèt kamarad klas li ankouraje l fè sa. Jou sa a, lè l t ap kite lakay li pou l al lekòl, bagay konsa gendwa pa t menm pase nan lespri l. Epoutan, kounye a men l ap fè yon bagay ki pa bon pou sante l e ki pa fè Bondye plezi (2 Korentyen 7:1). Ki jan l fè tonbe nan pyèj sa a ? Se gendwa paske li te fè zanmi ak kèk elèv ki pa t bon frekantasyon pou li e li te pè pou yo pa rejte l kòm zanmi yo. Nou menm jèn, pa kite “ chasè zwazo a ” twonpe nou, pa kite l pran nou nan pyèj ! Pou li pa kenbe nou tou vivan, se pou nou veye pou nou pa fè menm ti konpwomi toupiti ! Se pou nou suiv konsèy Bib la ki di pou nou pa fè zanmi ak moun ki se move frekantasyon. — 1 Korentyen 15:33.

7. Ki jan Satan kapab fè kèk paran pèdi ekilib yo nan domèn espirityèl ?

7 Paran kretyen ki sousye de pitit yo pran oserye responsablite Bib la ba yo pou yo pran swen fanmi yo nan domèn materyèl (1 Timote 5:8). Sepandan, objektif Satan, se fè kretyen yo pèdi ekilib yo nan domèn sa a. Petèt yo pran abitid rate reyinyon paske yo pran nan presyon patwon yo fè sou yo pou yo fè siplemantè. Petèt tou yo kapab pè mande konje pou yo asiste tout sesyon yo nan yon kongrè distri, kote yo ka adore Jewova ansanm ak frè ak sè espirityèl yo. Nou kapab jwenn pwoteksyon kont pyèj sa a lè nou met ‘ konfyans nou nan Jewova ’. (Pwovèb 3:5, 6.) Anplis, si nou sonje nou tout nou se manm kò kay Jewova, e pakonsekan l ap pran swen nou kanmenm, sa ap ede nou kenbe ekilib nou. Nou menm ki paran, èske nou gen lafwa Jewova ap chèche yon fason kanmenm pou l pran swen nou ak fanmi nou lè nou fè volonte l ? Oubyen, èske n ap kite Dyab la pran nou tou vivan pou l fè nou fè volonte l akoz nou gen krent pou lòm ? Nou ankouraje nou reflechi sou kesyon sa yo nan lapriyè.

Materyalis se yon pyèj

8. Ki jan Satan sèvi ak materyalis pou l pyeje nou ?

8 Materyalis se yon lòt pyèj Satan itilize. Souvan, sistèm komèsyal monn sa a vin ak yon seri biznis ki swadizan ka fè moun rich vit, e menm moun ki fè pati pèp Bondye a ka kite yo twonpe yo pou yo antre nan biznis sa yo. Pafwa gen moun ki konn di nou se pou nou travay di. Lè nou vin gen ase kòb, n a repoze nou e n a jwi lavi nou. Lè sa a, n ap menm ka pran sèvis pyonye. Pawòl sa yo se kapab kèk moun nan kongregasyon an ki mal rezone e k ap eksplwate frè ak sè yo k ap di yo. Men, lè w byen reflechi sou rezònman sa a, èske li pa sanble ak rezònman mesye rich ki “ derezonab ” la Jezi mansyone nan youn nan parabòl li yo ? — Lik 12:16-21.

9. Poukisa kèk kretyen ka pran nan pyèj lefètke yo anvi posede bagay materyèl ?

9 Satan dirije sistèm li a ki mechan yon fason ki fè moun anvi posede bagay materyèl. Dezi sa a finalman ka gen move enfliyans sou lavi yon kretyen, li ka toufe pawòl la e li ka fè l “ pa pwodui ” ​(Mak 4:19). Labib ankouraje nou pou nou kontante nou avèk manje ak rad (1 Timote 6:8). Sepandan, “ chasè zwazo a ” pyeje anpil moun akoz yo pa aplike konsèy Bib la bay. Èske se ògèy ki fè yo santi fòk yo mennen yon bèl vi ? E ou menm ? Èske dezi w genyen pou w posede bagay materyèl fè w mete vrè adorasyon an nan dezyèm plas nan lavi w (Agayi 1:2-8) ? Malerezman, lè gen pwoblèm ekonomik, gen kèk frè ak sè ki konn sakrifye espirityalite yo pou yo kontinye mennen yon bèl vi paske yo abitye ak sa. Ala kontan atitid sa a fè “ chasè zwazo a ” kontan !

Divètisman ki pa konvnab se yon pyèj

10. Ki egzamen chak kretyen ta dwe fè ?

10 Yon lòt taktik “ chasè zwazo a ” itilize, se fè moun pèdi bonsans yo anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Pifò moun nan endistri divètisman an gen menm etadespri ak moun ki t ap viv nan Sodòm ak Gomò yo. Menm nouvèl yo bay nan televizyon oswa nan jounal yo atire atansyon sou vyolans e yo prezante enfòmasyon pou eveye dezi seksyèl lakay moun. Majorite nan sa medya yo prezante kòm divètisman diminye kapasite moun yo genyen pou yo “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Sepandan, sonje sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Izayi : “ Malè pou sila yo k ap di byen an se mal e mal la se byen ! ” ​(Izayi 5:20). Èske tikras pa tikras, san w pa rann ou kont, “ chasè zwazo a ” sèvi avèk move kalite divètisman sa yo pou l chanje fason w panse ? Li nesesè pou w egzamine tèt ou. — 2 Korentyen 13:5.

11. Ki avètisman peryodik sa a te bay konsènan feyton yo pase nan televizyon yo ?

11 Sa gen anviwon 25 an depi Toudegad te avèti vrè adoratè Bondye yo avèk amou pou yo fè atansyon ak feyton y ap pase nan televizyon yo *, sètadi pwogram yo montre yon epizòd ladan yo chak jou oubyen chak semèn pandan kèk tan. Men ki remak yo te fè konsènan move enfliyans feyton yo ki popilè kapab genyen : “ Lefètke y ap chèche lanmou, tout sa yo fè bon. Pa egzanp, men sa yon jèn fi ki pa marye men ki ansent te di yon zanmi l nan yon feyton : ‘ Men, mwen renmen Viktò. Mwen pa bezwen konn anyen. [...] Sa k pi enpòtan pou mwen, se pou m fè yon pitit pou li ! ’ Ti mizik dous y ap pase anba anba nan feyton an fè li difisil pou sa l fè a parèt imoral. Ou menm tou k ap gade a ou renmen Viktò. Ou dakò ak sa fi a fè a. Ou ‘ konprann ’ li. Gen yon fi ki te konn gade feyton ki te di apre l te fin retounen nan bonsans li : ‘ Se yon bagay ki etonan pou w wè fason w vin ap rezone. Nou konnen imoralite pa bon [...]. Sepandan, mwen te vin reyalize nan lespri m mwen te dakò ak sa pèsonaj imoral yo t ap fè. ’ ”

12. Ki sa ki montre avètisman yo te bay konsènan kèk emisyon y ap pase nan televizyon apwopriye toujou ?

12 Depi apre atik sa yo te fin parèt, kantite pwogram sa yo ki kapab kòwonp kè moun pa sispann ogmante. Gen kèk kote yo pase yo 24 sou 24, e ni gason, ni fi, ni adolesan nouri lespri yo ak kè yo avèk kalite divètisman sa yo. Men nou menm nou pa dwe twonpe tèt nou ak fo rezònman. Li pa t ap bon pou nou panse divètisman sa yo pa pi mal pase sa k ap fèt nan monn nan. Si yon kretyen ta chwazi pou se moun konsa ki divèti l, moun li pa t ap janm panse envite lakay li, èske li t ap ka bay yon rezon valab ki fè se chwa sa a li fè ?

13, 14. Ki sa kèk lektè te di ki montre avètisman yo te bay konsènan feyton yo pase nan televizyon yo te ede yo ?

13 Avètisman sa a “ esklav fidèl ki prevwayan an ” te bay la te pwofitab pou anpil moun ki te suiv li (Matye 24:45-47). Gen kèk moun ki te ekri editè Toudegad yo apre yo te fin li konsèy dirèk sa a, ki sot nan Bib la, pou yo di ki jan atik sa yo te ede yo pèsonèlman *. Men sa youn nan yo te di : “ Mwen gen 13 an depi m esklav feyton. Mwen te panse si m te annik al nan reyinyon yo e m te pase yon ti tan nan predikasyon yon lè konsa, anyen pa t ap rive m. Men, mwen te vin adopte pwennvi monn nan mwen te wè nan feyton yo ki te fè konprann si mari w maltrete w oubyen ou santi li pa renmen w, ou gen dwa fè adiltè e se li ki responsab sa. Donk, lè m te santi m te ‘ gen dwa ’ fè adiltè, mwen te fè sa, konsa mwen te peche kont Jewova e kont mari m. ” Yo te eskominye dam sa a. Finalman, li te tounen nan bon sans li, li te repanti e li te reyentegre. Konsèy li te jwenn nan atik sa yo pou l pa t gade feyton te ba l fòs pou l pa divèti l ak sa Jewova rayi. — Amòs 5:14, 15.

14 Men sa yon lòt lektè ki te kite feyton enfliyanse lavi l te di : “ Mwen te kriye lè m te li atik yo paske mwen te vin dekouvri kè m pa t konplè ankò anvè Jewova. Mwen te pwomèt Bondye mwen pa t ap esklav feyton yo ankò. ” Apre yon kretyèn te fin eksprime rekonesans li pou atik yo, li te admèt li te esklav feyton yo. Men sa l te di : “ Mwen te mande tèt mwen [...] si sa pa t deteryore relasyon m avèk Jewova. Ki jan m te ka pran pèsonaj nan feyton yo pou zanmi m e anmenmtan pou m kontinye zanmi Jewova ? ” Si emisyon sa yo yo pase nan televizyon te ka kòwonp kè moun sa gen 25 an, alewè pou jodi a (2 Timote 3:13). Nou bezwen konnen divètisman malsen se yon pyèj Satan itilize, e li parèt nan diferan fòm tankou feyton sou televizyon, jwèt videyo ki vyolan ak videyo klip ki imoral.

Mezantant se yon pyèj

15. Ki jan Dyab la pran kèk moun nan pyèj tou vivan ?

15 Satan itilize mezantant moun ki fè pati pèp Bondye a kapab genyen antre yo kòm yon pyèj pou l met divizyon nan mitan yo. Nou kapab pran nan pyèj sa a, kèlkeswa privilèj nou genyen nan mitan pèp Bondye a. Gen kèk moun Satan pran nan pyèj tou vivan paske yo kite mezantant yo genyen ak lòt moun fè yo kraze lapè, inite ak bèl pwosperite espirityèl Jewova bay pèp li a. — Sòm 133:1-3.

16. Ki jan Satan eseye kraze inite nou genyen an anba anba ?

16 Pandan Premye Gè mondyal la, Satan te atake pati terès òganizasyon Jewova a dirèkteman pou l te eseye detwi l, men, li pa t reyisi (Revelasyon 11:7-13). Depi lè sa a, avèk entèlijans, l ap chèche detwi inite nou genyen an. Lè nou kite mezantant detwi inite nou, nou pèmèt “ chasè zwazo a ” pran pye nan mitan nou. Lè nou aji konsa, nou kapab anpeche lespri sen Bondye aji nan lavi nou e nou kapab anpeche l aji nan kongregasyon an tou. Si sa ta rive, Satan t ap kontan paske si l rive afekte lapè ak inite ki gen nan kongregasyon an, menm si se toupiti, sa ap nui travay predikasyon an. — Efezyen 4:27, 30-32.

17. Ki sa ki ka ede frè ak sè ki gen mezantant antre yo rezoud yo ?

17 Ki sa w ka fè si w ta gen yon mezantant ak yon kretyen parèy ou ? Se vre, chak sitiyasyon diferan. Sepandan, byenke kapab gen anpil rezon ki fè pwoblèm vin devlope antre nou, pa gen okenn rezon pou nou pa rezoud yo. (Matye 5:23, 24 ; 18:15-17). Se Bondye ki enspire konsèy nou jwenn nan Pawòl li a e konsèy sa yo pafè. Lè nou aplike prensip biblik yo, n ap toujou reyisi. Yo toujou bay bon rezilta !

18. Poukisa si nou imite Jewova, sa ap ede nou rezoud mezantant nou genyen antre nou ?

18 Jewova “ dispoze padone ” e li bay “ vrè padon ” an. (Sòm 86:5 ; 130:4.) N ap montre nou se pitit li renmen lè nou imite l (Efezyen 5:1). Nou tout se pechè nou ye e nou vrèman bezwen pou Jewova padone nou. Se sa k fè, nou dwe fè atansyon si nou remake nou gen tandans pa vle padone lòt moun. Nou kapab vin tankou esklav nan parabòl Jezi a ki te refize padone lòt esklav parèy li a yon dèt ki pa t menm reprezante yon fraksyon nan dèt li menm li te genyen pou mèt li a, yon dèt mèt li a te deja anile. Lè yo te di mèt la sa, li te fè yo met esklav ki pa t vle anile dèt lòt esklav la nan prizon. Jezi te fini parabòl la ak pawòl sa yo : “ Se konsa Papa mwen ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. ” ​(Matye 18:21-35). Si nou medite sou egzanp sa a e nou reflechi sou kantite fwa Jewova padone nou san grate tèt, se sèten sa ap ede nou lè n ap chèche rezoud pwoblèm nou genyen ak frè nou ! — Sòm 19:14.

Nou an sekirite “ nan kachèt Trèwo a ”

19, 20. Ki pwennvi nou dwe genyen konsènan “ kachèt ” Jewova a e konsènan “ lonbray ” li nan epòk danjere n ap viv la ?

19 Epòk n ap viv ladan l lan se yon epòk ki danjere. Se sèten Satan t ap gentan detwi nou tout si Jewova pa t pwoteje nou avèk amou. Sepandan, si nou pa vle “ chasè zwazo a ” pran nou nan pyèj, nou dwe kontinye rete nan andwa nou jwenn pwoteksyon an, sa vle di nou dwe kontinye rete nan “ kachèt Trèwo a ”, nou dwe pran “ lojman anba lonbray Toupisan an ”. — Sòm 91:1.

20 Annou toujou konsidere rapèl Jewova yo ak enstriksyon l yo kòm pwoteksyon nou e pinga nou janm konsidere yo kòm restriksyon. Nou tout ansanm, n ap fè fas ak yon ènmi k ap chèche devore nou, yon ènmi ki gen yon entèlijans estrawòdinè. Si Jewova pa ede nou avèk amou, pa gen youn nan nou ki pap tonbe nan pyèj Satan yo (Sòm 124:7, 8). Kidonk, annou priye Jewova pou l delivre nou anba pyèj “ chasè zwazo a ” ! — Matye 6:13.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Toudegad 1ye mas 1983, paj 3-7 (fransè).

^ § 13 Toudegad 1ye mas 1984, paj 23.

Èske nou sonje ?

• Poukisa “ tranble devan moun ” se yon pyèj ki ka lakòz lanmò ?

• Ki jan Dyab la sèvi ak materyalis pou l pyeje nou ?

• Ki jan Satan pran kèk moun nan pyèj ak divètisman ki malsen ?

• Ki pyèj Dyab la itilize pou l kraze inite nou genyen an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Gen kèk moun ki pran nan pyèj paske yo “ tranble devan moun ”.

[Foto nan paj 30]

Èske se sa Jewova rayi ki sèvi w divètisman ?

[Foto nan paj 31]

Ki sa w kapab fè si w gen mezantant ak frè w ?