Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezon ki fè mechanste egziste toujou

Rezon ki fè mechanste egziste toujou

Rezon ki fè mechanste egziste toujou

LABIB di : “ Jewova [Dye] jis nan tout sa l fè. ” ​(Sòm 145:17 ; Revelasyon 15:3). Konsènan Jewova, pwofèt Moyiz te di : “ Travay li bon nèt, paske tout chemen l se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. Li jis e li dwat. ” ​(Detewonòm 32:4). Anplis, nan Jak 5:11, Labib di : “ Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” Donk, nonsèlman se pa Bondye ki responsab mechanste, men tou li enposib pou li ta lakòz li.

Men sa disip Jak te ekri ankò : “ Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv : ‘ Se pase Bondye ap pase m anba eprèv. ’ Paske pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv nan fason sa a. ” ​(Jak 1:13). Jewova Dye pa ni met tantasyon devan moun pou yo fè mechanste, ni li pa pouse yo fè sa ki mal. Si se sa, kiyès ki responsab mechanste ak soufrans li lakòz ?

Kiyès ki responsab ?

Dapre disip Jak, yon ekriven biblik, an pati, se lèzòm ki responsab. Men sa li di : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè l fegonde, li pwodui peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li anfante lanmò. ” ​(Jak 1:14, 15). Sa vle di, yon moun kapab aji tèl ou tèl fason akoz move dezi li genyen. Ann konsidere tou peche lòm eritye a. Peche gen enfliyans sou nou. Enfliyans sa a kapab ogmante move dezi yo e sa ka pote move konsekans (Women 7:21-23). Vrèmanvre, peche lèzòm eritye a “ dirije kòm wa ” sou yo e li fè yo fè zak mechanste ki lakòz gwo soufrans (Women 5:21). Anplis de sa, moun ki mechan yo kapab kòwonp lòt moun. — Pwovèb 1:10-16.

Men, prensipal moun ki responsab mechanste se Satan Ledyab. Se li ki fè mechanste antre nan monn nan. Jezi Kris rele Satan “ mechan an ”, “ chèf monn nan ”, sètadi sosyete enjis sa a. Lèzòm obeyi Satan lè yo kite l enfliyanse yo pou yo pa suiv chemen Jewova Dye yo ki jis (Matye 6:13 ; Jan 14:30 ; 1 Jan 2:15-17). 1 Jan 5:19 di : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” Anfèt, Satan ak demon l yo “ ap twonpe tout latè ki abite ” e se “ malè ” sèlman y ap devide sou li (Revelasyon 12:9, 12). Kidonk, Satan Ledyab se prensipal moun ki dirèkteman responsab mechanste.

Eklezyas 9:11 bay yon lòt rezon ki fè gen soufrans. Men sa vèsè a di : “ Tan ak evènman enprevi rive [nou] tout. ” Jezi te pale de yon aksidan ki te rive, kote 18 moun te mouri lè tou Silowam nan te tonbe sou yo (Lik 13:4). Yo te viktim paske yo te twouve yo kote sa a nan yon moman ki te tonbe mal pou yo. Sa konn rive jodi a tou. Pa egzanp, si yon blòk dekole sou tèt yon bilding ki wo e l al tonbe sou yon moun k ap pase bò kot bilding nan, èske se Bondye ki responsab ? Non. Paske pèsonn pa t prevwa aksidan sa a. Nou kapab di menm bagay la tou lè maladi frape fanmi yon moun oswa lè yon chèf fanmi mouri bridsoukou e pitit li vin òfelen e madanm li vin vèv.

Kidonk, sa klè, Bondye pa responsab mechanste ni li pa lakòz moun ap soufri. Okontrè, Jewova gen objektif pou l elimine mechanste ansanm ak tout moun k ap fè mechanste (Pwovèb 2:22). Anfèt, l ap fè plis pase sa. Ekriti yo fè konnen Bondye gen objektif “ pou l kraze travay Dyab la ” pa mwayen Kris (1 Jan 3:8). Lè sa a, sistèm sa a ki la jodi a ki chita sou avidite, lahèn ak zak mechanste, pap la ankò. Bondye “ pral siye tout dlo nan je [tout moun] ”, e konsa l ap met fen nan soufrans (Revelasyon 21:4). Men, ou kapab ap mande tèt ou : ‘ Poukisa Jewova poko fè sa, e poukisa li pèmèt mechanste ak soufrans kontinye egziste jis nan epòk nou an ? ’ Yon eleman kle k ap pèmèt nou jwenn repons lan, se sa Labib rakonte konsènan Adan ak Èv.

Gen yon kesyon enpòtan ki te soulve

Rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans egziste jis nan epòk nou an makònen ak evènman ki te pase byen bonè nan listwa limanite. Gen yon bagay ki te pase nan epòk sa a ki te soulve yon kesyon enpòtan anrapò ak Kreyatè a. Se yon kesyon ki pa t ap ka regle vit e ki pa t fasil pou l regle. Annou egzamine pi byen sa k te pase a.

Jewova Dye te kreye premye gason an ak premye fi a pafè e li te mete yo nan Paradi a. Li te ba yo yon bagay ki te distenge yo ak zannimo yo. Kado sa a, se te libète pou yo deside (Jenèz 1:28 ; 2:15, 19). Antanke moun ki te lib pou yo deside, Adan ak Èv te ka itilize entèlijans yo pou yo chwazi pou yo renmen Kreyatè a, pou yo sèvi l e pou yo obeyi l. Yo te kapab chwazi tou pou yo vin endepandan parapò ak Bondye e pou yo dezobeyi l.

Pou vrè Dye a te bay Adan ak Èv okazyon pou yo demontre lanmou yo gen pou li, li te ba yo yon restriksyon. Li te di Adan : “ Nan tout pyebwa nan jaden an ou mèt manje jis ou rasazye. Men kanta pou pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la, ou pa dwe manje ladan l, paske lejou w manje ladan l, w ap mouri san mank. ” ​(Jenèz 2:16, 17). Pou Adan ak Èv te kontinye jwenn favè Bondye, sa ki t ap bon pou yo e pou fanmi yo t apral genyen alavni, yo pa t dwe manje fwi ki nan pyebwa sa a. Èske yo t apral fè sa ?

Bib la di nou sa k pase annapre. Satan Ledyab pwoche bò kot Èv, li sèvi ak yon sèpan pou l pale avè l. Li di l : “ Èske se vre Bondye te di nou pa dwe manje nan tout pyebwa ki nan jaden an ? ” Apre Èv fin repete kòmandman Bondye te bay la, Satan di l : “ Nou pap mouri pyès. Paske Bondye konnen lejou nou manje ladan l, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” Sa te vin fè pyebwa a tèlman parèt bèl nan je Èv, ‘ li te pran nan fwi ki ladan l epi li te manje l. ’ Bib la di : “ Apre sa li bay mari l ladan l tou lè l vin ansanm avè l epi li [Adan] manje l. ” ​(Jenèz 3:1-6). Konsa, Adan ak Èv te mal itilize libète yo te genyen pou yo deside. Lefètke yo te dezobeyi Bondye, yo te peche kont li.

Èske w wè jan sa k te pase a se yon bagay ki serye ? Dyab la te kontredi sa Bondye te di Adan an. Nan pawòl Satan te di yo, li te fè konprann Adan ak Èv pa t ap bezwen Jewova pou yo deside sa ki byen ak sa ki mal nan lavi yo. Konsa, Satan te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije lèzòm e li te konteste dominasyon l kòmkwa dominasyon sa a pa t jis. Kidonk, kesyon Satan te soulve a, ki gen anpil enpòtans, gen rapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije limanite. Ki jan vrè Dye a te reyaji fas ak kontestasyon sa a ?

Kèk tan te oblije pase

Jewova te gen pouvwa pou l detwi toule twa rebèl yo, anpalan de Satan, Adan ak Èv. Pa gen dout nan sa, Jewova te pi fò pase yo. Men, se pa t pisans Bondye Satan te konteste. Li te konteste dwa Jewova genyen pou l dirije. Kesyon sa a konsène tout kreyati Bondye bay libète pou yo deside. Yo t ap bezwen wè enpòtans pou yo byen sèvi avèk kado sa a, sètadi pou yo rete nan limit Jewova bay nan domèn fizik, nan domèn moral e nan domèn espirityèl. Menm jan se sèten si yon moun rete sou tèt yon bilding ki wo li lage kò l anba, san l pa pran an konsiderasyon lwa gravite a, l ap blese grav, se konsa tou yo t ap bezwen konprann si yo pa rete nan limit Jewova bay, y ap jwenn move konsekans (Galat 6:7, 8). Tout kreyati ki entèlijan t ap kapab tire pwofi lè yo wè move rezilta sa bay lè yon moun chwazi pou l endepandan parapò ak Bondye. Men, sa t ap mande tan pou yo wè sa.

Gen kèk pwoblèm se avèk letan moun ka rezoud yo. Ann pran yon egzanp pou nou demontre sa. Ann sipoze yon papa ta mande yon lòt papa pou yo fè yon bagay k ap montre kiyès nan yo ki gen plis fòs. Yo t ap kapab rezoud kesyon sa a byen vit. Petèt yo ta kapab leve gwo wòch pou yo montre fòs yo. Moun ki leve wòch ki pi lou a, se t ap li menm ki gen plis fòs. Men, ann sipoze kesyon an ta gen rapò ak kiyès nan yo de a ki vrèman renmen pitit li yo e pitit li yo vrèman renmen l tou. Oubyen, ann sipoze kesyon an ta gen rapò ak kiyès nan yo ki pi byen trete fanmi l ? Yo pa t ap ka reponn kesyon sa a senpleman ak pawòl oswa lè yo ta demontre fòs yo genyen. Sa pa t ap sifi. Fòk yon sèten tan ta pase, fòk moun ta obsève yo byen e pou moun sa yo tire konklizyon ki kòrèk, anvan pou kesyon sa a ta jwenn repons.

Ki sa tan ki pase a montre ?

Gen anviwon 6 000 an ki pase depi Satan te konteste dwa Bondye genyen pou li dirije limanite. Ki sa tout tan sa a ki pase a montre ? Ann egzamine de aspè nan akizasyon Satan te lage sou do Bondye a. Satan pa t krenn pou l di Èv : “ Nou pap mouri pyès. ” ​(Jenèz 3:4). Lè l te di Adan ak Èv yo pap mouri si yo manje fwi Bondye te entèdi yo manje a, anfèt, se di li te vle di Jewova se yon mantè. Èske se pa t vrèman yon gwo akizasyon ? Si Bondye te bay manti nan ka sa a, ki jan kreyati l yo t ap ka fè l konfyans nan kèlkeswa sa l ta di ? Sepandan, ki sa tan ki pase a montre ?

Adan ak Èv te vin ap malad, yo te soufri, yo te vyeyi e finalman yo te mouri. Labib di : “ Tout jou Adan te viv yo te rive nèf san trant an, apre sa li mouri. ” ​(Jenèz 3:19 ; 5:5). Se eritaj sa a Adan kite pou tout limanite (Women 5:12). Tan ki pase a pwouve nonsèlman Satan “ se yon mantè e li se papa manti ”, men li pwouve tou Jewova se “ Bondye verite a ”. — Jan 8:44 ; Sòm 31:5.

Satan te di Èv tou : “ Bondye konnen lejou nou manje [nan pyebwa li entèdi nou manje ladan l lan], je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap [Adan ak Èv] vin tankou Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Jenèz 3:5). Avèk pawòl sa yo Satan te di pou l twonpe yo, li te fè yo konprann yo te kapab dirije tèt yo poukont yo. Konsa, li te fè konprann sa t ap pi bon pou lèzòm si yo vin endepandan parapò ak Bondye. Èske se vre ?

Nan tout listwa, gen anpi ki parèt e ki disparèt. Lèzòm eseye dirije tèt yo ak tout kalite fòm gouvènman ou ta ka imajine. Sepandan, toujou gen bagay tèrib k ap frape limanite. Sa gen 3 000 an depi yon ekriven biblik te tire konklizyon sa a ki saj : “ Lòm domine sou lòm pou fè l ditò. ” ​(Eklezyas 8:9). Pwofèt Jeremi bò kote pa l te ekri : “ Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” ​(Jeremi 10:23). Menm pwogrè lèzòm fè nan domèn teknik pa ka demanti deklarasyon sa yo. Tan ki pase a fè lèzòm rive konstate aklè deklarasyon sa yo se verite.

Ki sa w ap fè ?

Tan Jewova kite pase a pwouve Satan pa t gen rezon lè l te konteste souvrènte Jewova. Se Jewova ki Souvren siprèm linivè a. Li gen dwa pou l dirije tout kreyati l yo, e se fason li dirije a ki pi bon. Kreyati espirityèl yo ki pase yon pakèt tan ap viv bò kot Bondye nan syèl la e ki soumèt anba direksyon l rekonèt sa. Se sa k fè yo deklare : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans, paske ou te kreye tout bagay, e akoz volonte w yo egziste, e yo te kreye. ” — Revelasyon 4:11.

Sa w panse sou kesyon ki te soulve anrapò ak dwa Jewova genyen pou l dirije limanite a ? Èske w panse Jewova diy pou l dirije w ? Si w panse sa, ou bezwen rekonèt se Jewova ki Souvren linivè a. Ou kapab montre sa lè w viv selon verite ki nan Pawòl li a, Labib, e ou aplike tout konsèy ki ladan l yo nan tout domèn nan lavi w. “ Bondye se lanmou ”, e li bay kreyati l yo lwa l yo ak kòmandman l yo paske li renmen yo (1 Jan 4:8). Jewova pa anpeche pèsonn jwi anyen ki pwofitab pou yo. Se sa k fè w ap fè byen si w suiv konsèy sa a Bib la bay ki di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ” — Pwovèb 3:5, 6.

[Foto nan paj 7]

Ou ka montre ou aksepte pou Bondye dirije w lè w etidye Labib e ou aplike tout sa l di nan lavi w.

[Liy kredi pou foto nan paj 4]

© Jeroen Oerlemans/Panos Pictures