Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ”

Annou fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ”

Annou fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ”

“ Lespri a fouye nan tout bagay, menm nan bagay pwofon Bondye yo. ” — 1 KORENTYEN 2:10.

1. Site kèk verite nan Bib la ki fè nouvo etidyan Labib yo kontan.

PRÈSKE nou tout nan kongregasyon kretyen an ka sonje tout lajwa nou te genyen lè nou te fèk aprann laverite. Nou te aprann siyifikasyon non Bondye, rezon ki fè li pèmèt soufrans, rezon ki fè gen moun ki pral nan syèl e ki esperans rès moun fidèl yo genyen. Anvan sa, petèt nou te konn li Labib, men nou pa t konprann ansèyman sa yo, menm jan pifò moun nan monn nan pa konprann yo. Nou te tankou yon moun ki nan yon ti kannòt sou lanmè kote gen resif ki fèt ak koray e k ap chèche gade nan dlo a pou l wè ti pwason ak lòt bèl bagay ki gen anba dlo a, men ki pa wè twò klè paske li pa gen linèt ki fèt pou sa. Sepandan, lè l met linèt la nan je l, li rive wè tout bèl bagay ki nan fon lanmè a. Menm jan an tou, lefètke yon moun te kòmanse ede nou konprann Labib, nou te kòmanse wè “ bagay pwofon Bondye yo ”. — 1 Korentyen 2:8-10.

2. Ki sa k fè lajwa yon moun genyen lè l aprann verite ki nan Pawòl Bondye a kapab dire pou toutan ?

2 Men, èske nou ta dwe annik satisfè ak yon konesans de baz sou verite ki nan Bib la ? Ekspresyon “ bagay pwofon Bondye yo ” gen rapò ak konpreyansyon kretyen yo genyen sou sajès Bondye grasa lespri sen, yon sajès ki kache pou lòt moun yo (1 Korentyen 2:7). Sajès Jewova san limit, e nou kapab gen anpil kè kontan lè n ap chèche konprann plis bagay ki gen rapò ak sajès sa a. Nou pap janm konnen tout bagay nèt konsènan sajès ki gen nan chemen Bondye yo, men si nou kontinye fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ” san rete, nou pap janm sispann gen menm kè kontan nou te genyen lè nou te fèk aprann ansèyman biblik fondamantal yo.

3. Ki sa k fè nou bezwen gen yon konpreyansyon pwofon sou rezon ki fè nou kwè sa nou kwè yo ?

3 Poukisa nou bezwen konprann “ bagay pwofon ” sa yo ? Se paske lè nou konprann bagay nou kwè yo e lè nou konprann rezon ki fè nou kwè yo, sètadi sa ki baz kwayans nou yo, sa ranfòse lafwa nou e sa ranfòse tou konfyans nou gen nan kwayans sa yo. Ekriti yo mande nou pou nou itilize “ kapasite nou genyen pou n rezone [...] dekwa pou nou menm pèsonèlman nou ka konstate ki sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè ”. (Women 12:1, 2.) Lè nou konprann rezon ki fè Jewova mande nou viv tèl ou tèl fason, sa ranfòse detèminasyon nou pran pou nou obeyi l. Pakonsekan, konesans nou gen sou “ bagay pwofon ” yo ka ban nou fòs pou nou reziste devan tantasyon nou jwenn pou nou fè move aksyon e li ka fè nou “ zele pou [nou] fè bèl zèv ”. — Tit 2:14.

4. Ki sa etid n ap fè nan Bib la mande ?

4 Pou nou konprann bagay pwofon yo, sa mande pou nou etidye. Sepandan, etidye yon bagay se pa menm ak lè yon moun li l san l pa antre an pwofondè ladan l. Lè n ap etidye, nou bezwen egzamine enfòmasyon yo avèk swen pou nou wè ki rapò yo genyen ak sa nou te konnen deja (2 Timote 1:13). Nou bezwen disène rezon ki fè yo di yon bagay. Pandan etid la, nou dwe reflechi non sèlman sou fason nou ka sèvi ak sa n aprann nan pou nou pran desizyon ki saj, men tou, nou bezwen reflechi sou fason nou kapab sèvi ak li pou nou ede lòt moun. Anplis, piske “ tout Ekriti se Bondye ki enspire li, e li itil ”, nou dwe etidye “ tout pawòl ki soti nan bouch Jewova ”. (2 Timote 3:16, 17 ; Matye 4:4.) Etidye Labib ka mande pou nou fè anpil efò. Men, li kapab ban nou satisfaksyon. Anplis de sa, “ bagay pwofon Bondye yo ” pa twò difisil pou yon moun konprann.

Jewova ede moun ki enb yo pou yo konprann

5. Ki moun ki kapab konprann “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

5 Menmsi w pa t fò lekòl e ou pa gen abitid etidye, ou pa ta dwe met nan tèt ou ou pap ka konprann “ bagay pwofon Bondye yo ”. Pandan ministè Jezi sou tè a, Jewova te fè moun ki san enstriksyon ak moun òdinè konprann objektif li paske yo te ase enb pou yo te kite Jezi, sèvitè l la, anseye yo, men li pa t revele l bay moun ki saj yo ni bay moun ki entèlektyèl yo. Moun enb sa yo te tankou tibebe an konparezon ak moun ki t al lekòl yo (Matye 11:25 ; Travay 4:13). Men sa apot Pòl te ekri kretyen parèy li yo anrapò ak “ bagay Bondye prepare pou moun ki renmen li yo ” : “ Se nou menm Bondye revele yo pa mwayen lespri li, paske lespri a fouye nan tout bagay, menm nan bagay pwofon Bondye yo. ” — 1 Korentyen 2:9, 10.

6. Ki sans pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 2:10 yo genyen ?

6 Ki jan lespri Bondye fouye “ nan tout bagay, menm nan bagay pwofon Bondye yo ” ? Jewova pa revele laverite bay chak kretyen apa, men, depreferans, li itilize lespri l pou l dirije òganizasyon l lan pou l fè pèp li a k ap sèvi l nan inite konprann Labib (Travay 20:28 ; Efezyen 4:3-6). Nan lemonnantye, tout kongregasyon yo suiv menm pwogram nan pou yo etidye Labib. Yo rive wè tout ansèyman biblik yo pandan yon sèten kantite ane. Lespri sen ede moun ki nan kongregasyon an adopte atitid yo bezwen pou yo konprann “ bagay pwofon Bondye yo ”. — Travay 5:32.

Ki sa ki gen nan “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

7. Sa k fè anpil moun pa konprann “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

7 Nou pa ta dwe panse lefètke yo pale de “ bagay pwofon ”, sa vle di otomatikman se bagay ki difisil pou moun konprann. Se vre, pifò moun pa konprann “ bagay pwofon Bondye yo ”, men se pa paske sajès Bondye twò difisil pou yo rive genyen l. Se paske Satan twonpe moun yo, li fè yo rejte èd Jewova bay pa mwayen òganizasyon l lan. — 2 Korentyen 4:3, 4.

8. De ki bagay pwofon Pòl te pale nan twazyèm chapit lèt li te ekri kretyen Efèz yo ?

8 Nan lèt Pòl te ekri kretyen Efèz yo, nan twazyèm chapit la, li montre gen anpil verite ki fè pati “ bagay pwofon Bondye yo ” pifò moun nan pèp Jewova a byen konprann. Pa egzanp, nou konnen kiyès Semans yo te pwomèt la ye, nou konnen gen moun yo chwazi pami lèzòm ki gen esperans pou y al viv nan syèl la e nou konnen ki sa Wayòm mesyanik la ye. Men sa Pòl te ekri : “ Nan lòt jenerasyon yo, yo pa t fè pitit lèzòm yo konnen sekrè sa a, jan lespri revele l kounye a bay apot [Bondye] yo ak pwofèt li yo ki sen, sètadi, moun ki nan nasyon yo te gen pou yo vin eritye avèk nou pou yo vin manm kò a avèk nou e pou yo patisipe avèk nou nan pwomès la ann inyon ak Kris Jezi. ” Pòl fè konnen tou yo te ba l asiyasyon pou l “ fè moun yo vin wè fason yo jere sekrè sakre a, yon sekrè, depi tan endefini nan tan pase, ki te kache nan Bondye ”. — Efezyen 3:5-9.

9. Ki sa k fè nou kapab di se yon privilèj pou nou konprann “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

9 Pòl te esplike Bondye vle tou pou kreyati ki ‘ nan zòn selès yo konnen sajès Li ki gen divès aspè ladan l, pa mwayen kongregasyon an ’. (Efezyen 3:10.) Zanj yo tire pwofi lè yo wè sajès Jewova demontre nan fason li boule ak kongregasyon kretyen an e yo konprann sajès sa a. Èske se pa yon gwo privilèj nou genyen pou nou konprann bagay ki enterese menm zanj yo (1 Pyè 1:10-12) ? Ansuit, Pòl di nou ta dwe fè tout efò nou pou nou ‘ ka konprann totalman avèk tout sen yo ki lajè, longè, wotè ak pwofondè ’ lafwa nou genyen antanke kretyen an (Efezyen 3:11, 18). Kounye a, annou egzamine kèk bagay pwofon nou gendwa pa t egzamine anvan sa.

Men kèk bagay pwofon

10, 11. Selon Ekriti yo, ki lè Jezi te vin tounen pati prensipal “ semans ” “ madanm ” Bondye a ki nan syèl la ?

10 Nou konnen Jezi se pati prensipal “ semans ” “ madanm ” Bondye a ki nan syèl la, semans yo pale de li nan Jenèz 3:15 lan. Pou nou elaji konpreyansyon nou sou sa, nou kapab poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Ki lè Jezi te vin tounen Semans yo te pwomèt la ? Èske sa te rive anvan li te vin sou tè a antanke òm, lè l te fèt antanke imen, lè l te batize oswa apre li te fin resisite ? ’

11 Bondye te pwomèt pati selès òganizasyon l lan, pati yo reprezante nan pwofesi a kòm “ madanm ” li an, t ap gen pou l pwodui yon semans k ap kraze sèpan an nan tèt. Sepandan, plizyè milye ane te pase, e madanm Bondye a pa t pwodui yon semans pou detwi Satan e pou kraze travay li yo. Se nan sans sa a, pwofesi Izayi a rele l “ fi ki esteril ” la e “ ki te gen lapenn nan lespri l ” la (Izayi 54:1, 5, 6). Finalman, Jezi te fèt Betleyèm. Men, se lè l te fin batize, lè lespri te fè l vin pitit espirityèl Bondye, Jewova te pwoklame pawòl sa yo : “ Sa se Pitit Gason m. ” ​(Matye 3:17 ; Jan 3:3). Donk, se lè sa a pati prensipal “ semans ” madanm nan te prezante tèt li. Yon ti tan apre, lespri sen te wenn disip Jezi yo e li te fè yo vin pitit espirityèl Bondye. “ Madanm ” Jewova a, ki te pase yon bann tan kòm yon “ madanm ki pa t fè pitit ”, te vin kapab “ pouse rèl lakontantman ”. — Izayi 54:1 ; Galat 3:29.

12, 13. Ki vèsè ki montre tout kretyen wen ki sou tè a fòme “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ?

12 Yon lòt bagay pwofon Bondye revele nou gen rapò ak objektif li te genyen pou l chwazi 144 000 moun pami limanite (Revelasyon 14:1, 4). Nou konnen “ esklav fidèl ki prevwayan ” Jezi te di ki t ap bay domestik li yo “ manje ” nan moman apwopriye a se tout kretyen wen yo pandan yo sou tè a kèlkeswa epòk y ap viv la (Matye 24:45). E nou kwè nan ansèyman sa a. Men, ki vèsè nan Bib la ki pwouve sa nou konprann nan kòrèk ? Èske Jezi te vle pale nan yon sans jeneral de nenpòt kretyen k ap bay frè l yo manje pou l fòtifye yo espirityèlman ?

13 Men sa Bondye te di nasyon Izrayèl la : “ Nou se temwen m ”, [...] wi, sèvitè pa m mwen chwazi. ” ​(Izayi 43:10). Men, nan 11 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te fè dirijan Izrayèl yo konnen Bondye rejte nasyon yo a, e li pa sèvitè L ankò. Li te di yo : “ Y ap pran wayòm Bondye a nan men nou e se yon nasyon k ap pwodui fwi l yo y ap bay li. ” Jezi te di foul moun yo : “ Gade ! Yo abandone kay nou an ban nou. ” ​(Matye 21:43 ; 23:38). Antanke esklav Jewova, mezon Izrayèl la pa t fidèl ni li pa t prevwayan (Izayi 29:13, 14). Annapre, nan menm jou a, lè Jezi te mande “ kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an ? ”, an reyalite li te vle mande : ‘ Ki nasyon ki prevwayan ki pral ranplase Izrayèl pou l vin tounen esklav fidèl Bondye a ? ’ Apot Pyè te bay repons lan lè l te di kretyen ki fòme kongregasyon kretyen wen yo pawòl sa yo : “ Nou menm, nou se [...] ‘ yon nasyon ki sen, yon pèp ki la pou l tounen yon pwopriyete espesyal. ’ ”(1 Pyè 1:4 ; 2:9). Nasyon espirityèl sa a, sètadi “ Izrayèl Bondye a ”, te vin tounen nouvo esklav Jewova a (Galat 6:16). Menm jan tout moun ki te fè pati Izrayèl tan lontan an te fòme yon “ sèvitè ” pou Jewova, se konsa tou, tout kretyen wen ki sou tè a nan yon menm epòk fòme “ esklav fidèl ki prevwayan ” an. Èske se pa yon gwo privilèj nou genyen pou nou resevwa “ manje ” espirityèl pa mwayen esklav Bondye a ?

Etid pèsonèl nou kapab agreyab

14. Poukisa etid Labib bay moun plis kè kontan pase yon senp lekti ?

14 Lè nou gen bagay nouvo nou vin konprann nan Ekriti yo, èske nou pa santi nou kontan pou fason sa fòtifye lafwa nou ? Se pou rezon sa a, lè nou etidye Labib, sa ban nou plis kè kontan pase lè nou annik fè yon senp lekti ladan l. Se sa k fè lè w ap li piblikasyon yo, poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Ki rapò ki egziste ant esplikasyon yo bay la ak sa m te konnen deja sou sijè sa a ? Ki lòt vèsè oswa ki lòt agiman mwen ta ka jwenn ki t ap ka soutni ide yo prezante nan atik sa a ? ’ Si sa mande pou w fè lòt rechèch, ekri kesyon ou ta renmen jwenn repons pou li a, epi fè rechèch sou li nan pwochen etid pèsonèl ou.

15. Ki sa w ka etidye k ap ba w kè kontan, e ki pwofi ou ka tire ?

15 Ki sijè konsa ou ta ka prevwa etidye ki ka ogmante konesans ou e ki ka ba w kè kontan anmenmtan ? Si w fè yon etid pwofon sou divès alyans Bondye te fè nan objektif pou l pote byenfè pou lèzòm, sa ap ogmante konesans ou. Ou kapab fòtifye lafwa w si w fè yon etid sou pwofesi ki gen rapò ak Jezi Kris yo oswa ou egzamine youn nan liv pwofetik ki nan Bib la vèsè pa vèsè. Ou kapab fòtifye lafwa w tou si w li istwa Temwen Jewova yo nan tan modèn nan nan liv Les Témoins de Jéhovah : Prédicateurs du Royaume de Dieu a *. Si w egzamine kesyon yo te reponn deja nan ribrik “ Kesyon lektè yo poze ” ki parèt nan Toudegad, sandout sa ap fè w gen yon konpreyansyon ki pi klè sou yon seri vèsè. Byen note ki rezònman biblik yo itilize pou yo reponn. Sa ap ede w egzèse “ kapasite klèvwayans ” ou e sa ap ede w vin gen disènman (Ebre 5:14). Pandan w ap etidye, ou ka pran nòt swa dirèkteman nan bib ou swa sou yon fèy papye, yon fason pou ni ou menm ni moun ou gen posiblite ede ka jwenn byenfè ki dirab grasa etid ou fè.

Ede jèn yo pran plezi nan etidye Labib

16. Ki jan nou kapab ede jèn yo tire pwofi nan etid Labib fanmi an ?

16 Paran yo ka fè anpil bagay pou yo ankouraje pitit yo gen apeti pou bagay espirityèl. Pinga nou souzestime kapasite jèn yo genyen pou yo konprann bagay ki pwofon yo. Si w bay pitit ou fè rechèch an preparasyon pou etid Labib fanmi an, pandan etid la, ou kapab mande yo pou yo di sa yo te aprann nan rechèch yo te fè. Nan etid familyal la tou, paran yo kapab fè ti demonstrasyon ak timoun yo yon fason pou yo aprann yo defann lafwa yo e pou yo aprann yo pwouve sa yo kwè yo se laverite. Anplis, ou kapab itilize bwochi ‘ Voyez le bon pays  * a pou w anseye yo jeyografi biblik e ou kapab itilize l tou nan lekti Labib pou semèn nan pou w ede yo wè zòn yo mansyone yo.

17. Poukisa nou bezwen gen ekilib nan etid pèsonèl n ap fè ?

17 Moman ou pase ap etidye sijè presi ou chwazi se moman ki enteresan e ki kapab fòtifye lafwa w, men, ou bezwen veye pou yo pa anpeche w prepare reyinyon kongregasyon yo. Reyinyon sa yo se yon lòt fason Jewova enstwi nou pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. Sepandan, lè w fè lòt rechèch, sa ka ede w fè bon kòmantè nan reyinyon yo, pa egzanp nan etid liv ou ye a ak nan pwen enteresan nan lekti Labib ki fèt nan Lekòl ministè teyokratik la.

18. Poukisa li vo lapèn pou w fè bonjan efò pou w etidye “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

18 Lè w fè etid pèsonèl ki pwofon nan Pawòl Bondye a, sa ka ede w vin pi pwòch Jewova. Pou Labib montre enpòtans sa genyen, men sa l di : “ Sajès bay yon pwoteksyon, menm jan lajan bay yon pwoteksyon. Men, avantaj konesans lan, sèke sajès la li menm ap prezève lavi moun ki posede l yo. ” ​(Eklezyas 7:12). Donk, sa vo lapèn pou w fè bonjan efò pou w apwofondi konpreyansyon w sou bagay espirityèl yo. Men sa Labib pwomèt moun ki kontinye fouye yo : “ W ap rive jwenn konesans Bondye bay la. ”— Pwovèb 2:4, 5.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 16 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

Èske w ka esplike ?

• Ki sa “ bagay pwofon Bondye yo ” ye ?

• Poukisa nou pa ta dwe janm sispann etidye bagay pwofon yo ?

• Sa k fè lajwa yon moun jwenn lè li konprann “ bagay pwofon Bondye yo ” se yon lajwa tout kretyen ka jwenn ?

• Ki jan w ka tire plis pwofi toujou nan “ bagay pwofon Bondye yo ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Ki lè Jezi te vin tounen Semans yo te pwomèt la ?

[Foto nan paj 31]

Paran yo ka bay pitit yo fè rechèch an preparasyon pou etid familyal la.