Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou koute vwa ki anndan nou an

Annou koute vwa ki anndan nou an

Annou koute vwa ki anndan nou an

“ Moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa [Bondye] fè bagay ki nan lalwa yo tou natirèlman. ” — WOMEN 2:14.

1, 2. a) Ki jan anpil moun aji lefètke yo gen sousi pou lòt moun ? b) Ki egzanp nan Bib la ki montre moun kapab gen sousi pou lòt moun ?

GEN yon jenòm ki gen ventan ki te fè yon kriz epilepsi pandan li t ap tann yon tren nan yon estasyon tren e li te tou tonbe sou ray tren an. Lè yon mesye ki te la te wè sa, li lage men pitit fi l yo e li vole desann sou ray tren an. Li rale jenòm nan rantre nan yon twou yo te fouye nan mitan ray yo e li kouche sou li pou l pwoteje l. Pandan l nan twou a ak jenòm nan, tren an ki te mal pou frennen te vin kanpe anlè tèt yo a toutpandan li t ap fè yon pakèt bri. Gen moun ki te di mesye sa a ki te sove jenòm nan se yon ewo. Sepandan, men sa mesye a te di : “ Chak moun dwe fè sa ki byen. Se yon jès bonte mwen te vle fè lè m te aji konsa, men se pa selèb mwen te bezwen vin selèb ni se pa glwa m t ap chèche. ”

2 Petèt, ou konnen yon moun ki te riske tèt li pou l ede lòt moun. Gen anpil moun ki te fè sa pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te kache etranje. Sonje tou sa k te rive apot Pòl ansanm ak 275 lòt moun ki te fè nofraj sou zile Malt, toupre Sisil. Moun ki ret nan zòn nan te vin ede etranje sa yo e yo te “ demontre yon bonte estrawòdinè ” anvè yo (Travay 27:27–28:2). Sonje tifi Izrayelit la tou, byenke li pa t riske lavi l, men, avèk byenveyans, li te demontre li gen sousi pou byennèt youn nan Siryen ki te mennen l an kaptivite yo (2 Wa 5:1-4). Fè yon ti reflechi tou sou parabòl Jezi te bay sou bon Samariten an, yon parabòl anpil moun konnen. Nan parabòl sa a, prèt la ak Levit la pa t menm voye je gade yon Juif parèy yo ki te twaka mò, alòske Samariten an te kite kote li t aprale a pou l te ka ede l. Plizyè syèk pase, e parabòl sa a pa sispann touche kè anpil moun. — Lik 10:29-37.

3, 4. Lefètke lèzòm gen tandans ede lòt moun menm lè sa mande pou yo fè sakrifis, ki sa sa demontre konsènan teyori evolisyon an ?

3 Se vre, n ap viv nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”, yon epòk kote anpil moun “ fewòs ” e yo “ san lanmou pou sa ki byen ”. (2 Timote 3:1-3.) Toutfwa, èske nou pa konn remake gen moun ki konn fè aksyon byenveyan anvè lòt moun ? Petèt yon moun te fè yon aksyon konsa anvè nou menm pèsonèlman. Li sitèlman natirèl pou moun ede lòt moun menm lè sa mande sakrifis, gen moun ki di sa se yon kalite lòm fèt ak li.

4 Volonte sa a moun genyen pou yo ede sanblab yo menm lè sa mande pou yo fè sakrifis se yon bagay moun tout ras, moun tout kilti gen nan yo, e sa demanti teyori evolisyon an ki pretann se bèt ki te pi fò nan lit pou lavi a ki te kontinye viv. Men sa yon syantifik ameriken ki rele Francis Collins te di : “ Moun ki dakò avèk teyori evolisyon an [sètadi “ bèt ki te vin tounen moun ”] kwè bèt ak moun konsantre sou tèt yo sèlman e sou moun ki nan menm gwoup ak yo [sètadi “ fanmi yo, moun ki menm ras ak yo oswa moun ki gen menm relijyon ak yo ”]. Men, an reyalite, lèzòm gen tandans ede lòt moun ki pa nan menm gwoup ak yo e ki pa gen anyen an komen ak yo, menm lè sa mande pou yo fè sakrifis pou yo. Sa an kontradiksyon ak teyori evolisyon an. ”

“ Vwa konsyans nou ”

5. Byen souvan ki sa yo remake nan moun ?

5 Doktè Collins atire atansyon sou yon aspè nan dispozisyon nou genyen pou nou ede lòt moun nan, li di : “ Vwa konsyans nou pouse nou ede lòt moun menmsi nou pa resevwa anyen anretou *. ” Lefètke li mansyone “ konsyans ”, sa ka fè nou sonje yon pawòl apot Pòl te di : “ Lè moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa fè bagay ki nan lalwa yo tou natirèlman, moun sa yo se yon lwa pou pwòp tèt yo, byenke yo pa gen lalwa. Se moun sa yo menm ki montre sa ki nan lalwa a ekri nan kè yo, tandiske konsyans yo ap rann temwayaj ansanm avèk yo e, ant pwòp panse yo, yo santi yo akize oswa menm yo santi yo eskize. ” — Women 2:14, 15.

6. Poukisa tout moun gen pou yo rann Kreyatè a kont ?

6 Nan lèt Pòl te ekri kretyen Wòm yo, li te montre lèzòm gen pou yo rann Bondye kont, paske ni prèv ki montre Bondye egziste ni kalite l yo parèt aklè nan sa l kreye ki antoure lèzòm. “ Depi nan kreyasyon monn nan ” yo parèt aklè. (Women 1:18-20 ; Sòm 19:1-4.) Se vre, gen anpil moun ki pa bay Kreyatè a regle anyen pou yo e k ap viv nan debòch. Sepandan, Bondye vle pou lèzòm rekonèt jistis li e pou yo repanti pou move bagay y ap pratike (Women 1:22–2:6). Juif yo te gen yon kokenn rezon pou yo fè sa paske yo te resevwa Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la. E menm moun ki pa t gen “ deklarasyon sakre Bondye yo ” nan men yo te dwe rekonèt egzistans li. — Women 2:8-13 ; 3:2.

7, 8. Jis nan ki pwen sans jistis moun genyen an se yon bagay ki nòmal, e ki sa sa montre ?

7 Lefètke lèzòm gen kapasite pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal, sa se yon kokenn rezon ki fè yo dwe rekonèt egzistans Bondye e yo dwe teni kont de sa nan fason y ap aji. Sans jistis nou gen lakay nou an se yon siy ki montre nou gen yon konsyans. Imajine sitiyasyon sa a : Plizyè timoun met an ran ap tann pou yo itilize yon balansin. Toudenkou, gen yon timoun k al kanpe devan tout lòt yo, kòmsi l pa wè se tann y ap tann. Se sèten anpil nan timoun k ap tann yo ap reyaji e y ap di l sa l fè a pa jis. Kounye a, mande tèt ou : ‘ Kòman fè menm timoun gen yon sans jistis lakay yo tou natirèlman ? ’ Lefètke yo aji konsa, sa demontre yo fèt avèk kapasite pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal. Pòl te ekri : “ moun ki nan nasyon yo ki pa gen lalwa fè bagay ki nan lalwa yo tou natirèlman. ” Li pa t di “ si jamè ”, kòmsi se yon bagay ki rive raman. Li te di “ lè ” oubyen “ chak fwa ”. Sa montre se yon bagay ki rive souvan. Kidonk, moun yo “ fè bagay ki nan lalwa yo tou natirèlman ”, sa vle di kapasite yo gen lakay yo pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal pouse yo aji ann amoni ak sa nou li nan lalwa Bondye fè ekri a.

8 Kapasite sa a moun genyen an, yo remake l nan anpil peyi. Anpalan de Babilonyen yo, Ejipsyen yo, Grèk yo, Aborijèn ann Ostrali yo ak Endyen d Amerik yo, gen yon pwofesè nan inivèsite Cambridge ki di pèp sa yo te “ kondane zak maspinay, zak asasinay, zak trayizon, moun k ap bay manti, e anmenmtan yo te òdone moun yo pou yo demontre bonte anvè moun ki aje, anvè timoun e anvè moun ki fèb ”. Doktè Collins ekri : “ Moun tout kalite ras gen kapasite pou yo konnen sa ki byen ak si ki mal. Se yon kapasite tout moun gen lakay yo. ” Èske sa pa fè nou sonje Women 2:14 ?

Kòman konsyans nou fonksyone ?

9. Ki sa konsyans lan ye, e kòman li ka ede nou anvan nou aji ?

9 Bib la montre konsyans lan se kapasite nou genyen pou nou egzamine aksyon nou e pou nou jije yo, e nou fèt ak kapasite sa a. Li tankou yon vwa nou gen anndan nou k ap di nou si tèl aksyon nou fè bon oubyen si l pa bon. Pòl te pale de vwa sa a ki anndan l lan lè l te di : “ Konsyans mwen bay temwayaj ansanm avè m nan lespri sen. ” ​(Women 9:1). Vwa sa a ka pale avèk nou anvan nou aji. Se gendwa pandan n ap reflechi si li bon pou nou fè yon aksyon oswa si li pa bon pou nou fè l. Konsyans nou ka ede nou jije yon aksyon nou gen entansyon fè e li ka ede nou wè ki jan n ap santi nou si nou fè aksyon sa a.

10. Byen souvan ki jan konsyans lan fonksyone ?

10 An jeneral, konsyans nou reyaji apre nou fin fè yon bagay. Lè David te nan kache poutèt wa Sayil, li te jwenn opòtinite pou l fè yon aksyon ki t ap demontre li manke respè pou wa Bondye wenn nan, e li te fè l. Apre sa, “ kè David te pran bat li ”. (1 Samyèl 24:1-5 ; Sòm 32:3, 5.) Yo pa t itilize mo “ konsyans ” lan nan istwa sa a, epoutan sa David te santi a se te reyaksyon konsyans li. Konsyans nou tout konn kale nou. Nou konn fin fè yon bagay, epi apre sa, nou santi nou twouble e nou boulvèse pou sa nou te fè a. Konsyans kèk moun ki pa peye taks konn tèlman toumante yo, yo oblije al peye taks yo pa t peye yo. Gen lòt moun konsyans yo bat yo paske yo te fè adiltè, e yo te santi fòk yo avwe konjwen yo sa (Ebre 13:4). Sepandan, lè yon moun aji ann amoni ak konsyans li, sa ka ba l satisfaksyon e sa ka fè l santi l anpè.

11. Poukisa annik koute konsyans nou kapab yon danje pou nou ? Bay yon egzanp.

11 Apre sa nou fin di la a, èske nou ka annik ‘ kite konsyans nou gide nou ’ ? Se vre, li bon pou nou koute konsyans nou, men pafwa, mesaj li ban nou an ka fè nou fè gwo erè. Wi, vwa “ moun nou ye pa anndan an ” ka twonpe nou (2 Korentyen 4:16). Ann pran yon egzanp. Anpalan de Etyèn, yon disip Kris ki te devwe, Bib la di se yon moun “ ki te plen cham ak pisans ”. Poutan, gen kèk Juif ki te trennen l deyò Jerizalèm e ki te touye l ak kout wòch. Sol, ki te vin apot Pòl annapre, te kanpe toupre e li “ te dakò dèske yo touye Etyèn ”. Sanble Juif sa yo te tèlman sèten sa yo t ap fè a te byen, konsyans yo pa t repwoche yo. Petèt se te menm bagay la tou pou Sol, paske apre sa, li te “ toujou ap respire menas ak asasinay kont disip Seyè a ”. Li klè, konsyans li pa t pale ak li ak yon vwa ki egzak. — Travay 6:8 ; 7:57–8:1 ; 9:1.

12. Site yon fason konsyans nou ka sibi enfliyans.

12 Ki sa ki gendwa te enfliyanse konsyans Pòl ? Youn nan bagay ki gendwa te fè sa se relasyon sere li te genyen ak kèk moun. Petèt sa deja rive nou pale avèk yon mesye nan telefòn e nou wè li gen egzakteman menm vwa ak papa l. Nan yon sèten mezi, mesye a fèt ak tenm vwa li genyen an, men fason papa l pale ka enfliyanse l tou. Menm jan an tou, Sol ka te sibi enfliyans Juif ki te rayi Jezi yo e ki te opoze ak ansèyman l yo akoz relasyon sere Sol te genyen ak yo (Jan 11:47-50 ; 18:14 ; Travay 5:27, 28, 33). Wi, zanmi Sol te genyen yo ka te enfliyanse vwa li te tande anndan l lan, sètadi konsyans li.

13. Kòman anviwònman kote yon moun ap viv ka gen enfliyans sou konsyans li ?

13 Menm jan yon moun ka pale ak tèl aksan oubyen li ka pale tèl dyalèk suivan kote l soti, se konsa tou, anviwònman kiltirèl oubyen anviwònman sosyal kote yon moun ap viv ka gen enfliyans sou konsyans li (Matye 26:73). Se sa k dwe te rive Asiryen yo nan tan lontan. Yo konnen yo kòm moun ki te renmen fè lagè e se sa k fè, sou eskilti yo te fè, yo prezante yo k ap tòtire moun yo te pran kòm kaptif (Nawoum 2:11, 12 ; 3:1). Nan epòk Yona a, yo te dekri Ninivit yo kòm moun ki pa t konn ‘ diferans ki genyen ant men dwat yo ak men goch yo ’. Sa vle di, yo pa t ka jije ant sa ki konvnab ak sa k pa konvnab selon pwennvi Bondye. Ou ka imajine jan anviwònman sa a te gen enfliyans sou konsyans yon moun ki t ap grandi Niniv (Yona 3: 4, 5 ; 4:11) ! Menm jan an tou jodi a, etadespri moun ki nan antouraj yon moun ka gen yon enfliyans sou konsyans li.

Fason nou ka amelyore vwa ki anndan nou an

14. Lefètke nou gen yon konsyans, ki jan sa ann akò ak sa ki di nan Jenèz 1:27 la ?

14 Jewova te bay Adan ak Èv yon konsyans, e se nan yo nou eritye konsyans nou genyen an. Jenèz 1:27 fè konnen lèzòm fèt pòtre Bondye. Sa pa vle di fizikman nou sanble ak Bondye paske li se yon espri e nou menm nou fèt ak chè. Nou fèt pòtre ak Bondye nan sans nou gen kalite l yo nan nou, e pami kalite sa yo nou gen kapasite pou nou konnen sa ki byen ak sa ki mal ansanm ak yon konsyans ki aktif nan nou. Reyalite sa a fè nou konnen gen yon mwayen nou ka ranfòse konsyans nou pou nou rann li pi fyab. Mwayen sa a se aprann konnen Kreyatè a plis toujou epi vin pi pwòch li.

15. Bay yon fason nou ka tire pwofi lè nou chèche konnen Papa nou.

15 Bib la montre nan yon sèten sans Jewova se yon Papa pou nou tout (Izayi 64:8). Kit esperans kretyen fidèl yo se pou y al viv nan syèl la, kit se pou yo viv nan paradi sou tè a, yo ka rele Bondye Papa yo lè y ap pale ak li (Matye 6:9). Nou ta dwe gen dezi pou nou pwoche pi prè Papa nou pou nou ka aprann fason li panse yo ansanm ak prensip li yo (Jak 4:8). Gen anpil moun ki pa anvi fè sa ditou. Yo sanble ak Juif nan epòk Jezi a. Men sa Jezi te di yo : “ Nou pa t janm tande vwa l ni nou pa t janm wè fòm li, e pawòl li a pa rete nan nou. ” ​(Jan 5:37, 38). Nou pa tande vwa Bondye literalman, men, nou ka gen pawòl li nan nou, e lè nou genyen l nan nou, n ap sanble avè l e n ap vin gen menm santiman ak li.

16. Ki sa istwa Jozèf la montre konsènan nesesite pou nou fòme konsyans nou e pou nou koute l ?

16 Istwa Jozèf lè l te lakay Potifa a montre sa. Madan Potifa t ap chèche sedui Jozèf. Malgre nan epòk Jozèf t ap viv la okenn liv nan Bib la potko ekri e Jewova potko bay Dis Kòmandman yo, gade sa Jozèf te reponn madanm nan : “ Kòman pou m ta fè fè gwosè mal sa a e pou m ta peche kont Bondye ? ” ​(Jenèz 39:9). Li pa t reponn konsa pou l te fè fanmi l plezi, paske yo t ap viv byen lwen l. Men avantou, li te vle fè Bondye plezi. Jozèf te konnen prensip Bondye te etabli nan kesyon maryaj. Li te konnen se yon gason pou yon fi e yo de a te fòme yon “ sèl chè ”. Anplis de sa, li te tande pale jan Abimelèk te santi l lè l te aprann Rebeka te deja marye : Abimelèk te santi si yon moun ta pran Rebeka kòm madanm sa t ap mal e sa t ap rann pèp li a koupab. Wi, Jewova te beni jan sitiyasyon an te fini, e konsa li te montre pwennvi li genyen sou adiltè. Sandout, konesans Jozèf te genyen sou istwa sa yo ki te pase lontan te fè konsyans li vin pi sansib e sa te pouse l rejte imoralite seksyèl. — Jenèz 2:24 ; 12:17-19 ; 20:1-18 ; 26:7-14.

17. Nan efò n ap fè pou nou sanble ak Papa nou, ki sa k fè nou nan yon pi bon sitiyasyon pase Jozèf ?

17 Natirèlman, jodi a nou nan yon pi bon sitiyasyon pase Jozèf. Nou gen Bib la ann antye, kote nou ka aprann konnen panse Papa nou ak santiman l. Nou ka aprann sa li apwouve ak sa li entèdi. Plis nou konnen Ekriti yo, se plis n ap vin pwòch ak Bondye e se plis n ap vin sanble ak li. Etan n ap aprann konnen yo, sandout vwa konsyans nou ap vin pi ann amoni ak fason Papa nou panse. Nan yon sans senbolik, chak jou vwa konsyans nou ap vin pi sanble ak vwa Bondye. — Efezyen 5:1-5.

18. Malgre move enfliyans konsyans nou te ka sibi lontan, ki sa nou ka fè pou nou amelyore l, sètadi pou nou rann li pi fyab ?

18 Ki sa nou ka di konsènan enfliyans anviwònman an genyen sou konsyans nou ? Pa gen dout, fason fanmi nou panse, aksyon yo, zòn kote nou te grandi, tout sa te gen enfliyans sou nou. Se sa k fè, mesaj konsyans nou te ban nou ka pa t klè oubyen li te defòme. Petèt li te pale ak “ aksan ” lòt moun ki nan antouraj nou. Se vre nou pa ka chanje pase nou, sepandan, nou ka pran rezolisyon pou nou frekante moun k ap gen bon enfliyans sou konsyans nou e nou ka detèmine pou nou chwazi anviwònman k ap fè sa. Lè nou frekante kretyen ki devwe e k ap fè efò depi lontan pou yo sanble ak Papa yo, sa ap bon anpil pou konsyans nou. Reyinyon kongregasyon an ak moman nou pase anvan e apre reyinyon sa yo ban nou bèl opòtinite pou nou fè sa. Nou ka obsève fason kretyen parèy nou yo panse ak fason yo reyaji ann amoni ak prensip ki nan Bib la, ak jan yo prèt pou yo koute konsyans yo ki reflete pwennvi Bondye ak chemen l yo. Avèk letan, sa ap ede nou pou nou mete konsyans pa nou ann amoni ak prensip ki nan Bib la, e sa ap fè nou vin sanble ak Bondye pi plis toujou. Si nou ajiste konsyans nou pou l ann amoni ak prensip Papa nou e si nou kite kretyen parèy nou yo gen yon bon enfliyans sou nou, konsyans nou ap vin pi fyab e n ap plis anvi koute l. — Izayi 30:21.

19. Ki aspè nan konsyans lan ki merite atansyon nou ?

19 Sepandan, gen moun ki toujou ap lite pou yo koute konsyans yo. Atik ki vin apre a pral egzamine kèk sitiyasyon kretyen yo konn rankontre. Pandan n ap egzamine kèk nan sitiyasyon sa yo, n ap ka pi byen konprann wòl konsyans lan jwe, rezon ki fè tout konsyans pa reyaji menm jan e sa nou ka fè pou nou koute vwa konsyans nou pi byen chak jou. — Ebre 6:11, 12.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Nan menm sans lan, men sa yon chèchè ki rele Owen Gingerich ki anmenmtan se yon pwofesè astwonomi nan inivèsite Harvard ekri : “ Dispozisyon moun genyen pou yo ede lòt moun nan soulve yon kesyon ki pa gen [...] yon repons syantifik ki soti nan sa yo obsève nan bèt. Sanble repons ki pi konvenkan an soti nan yon lòt domèn e li gen rapò ak yon seri kalite Bondye bay lòm e pami kalite sa yo nou jwenn konsyans. ”

Ki sa nou sot aprann?

• Poukisa moun nan tout pèp gen kapasite pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal, sètadi yon konsyans ?

• Poukisa nou bezwen pran prekosyon pou nou pa annik kite konsyans nou gide nou ?

• Site kèk fason nou ka amelyore vwa nou tande anndan nou an.

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Konsyans David te kale l...

men, konsyans Sol ki te fèt nan vil Tas pa t kale l.

[Foto nan paj 16]

Nou ka fòme konsyans nou.