Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Koute konsyans ou

Koute konsyans ou

Koute konsyans ou

“ Pou moun ki pwòp, tout bagay pwòp. Men pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp. ” — TIT 1:15.

1. Ki wòl Pòl te jwe anrapò ak kongregasyon ki te sou zile Krèt yo ?

APRE apot Pòl te fin fè twa vwayaj misyonè, yo te arete l e finalman yo te voye l nan vil Wòm kote li te pase dezan nan prizon. Ki sa l te fè apre yo te fin lage l ? Rive yon lè apre sa, li menm ak Tit t al vizite zile Krèt. Men sa Pòl te ekri Tit annapre : “ Mwen te kite w Krèt, pou w ka korije bagay ki te mal fèt yo e pou w ka nome kèk ansyen. ” ​(Tit 1:5). Pandan Tit t apral fè travay sa a, li t apral pran kontak ni ak moun konsyans yo te fonksyone byen, ni ak moun konsyans yo pa t fonksyone byen.

2. Ki pwoblèm ki te gen sou zile Krèt Tit te dwe regle ?

2 Pòl te konseye Tit anrapò ak kalifikasyon ansyen yo ta dwe genyen e apre sa li te di l “ gen anpil moun ki san disiplin, k ap pale men ki pa di anyen ki pwofitab e k ap twonpe moun ”. Moun sa yo t ap “ boulvèse anpil fanmi ann antye lè y ap anseye bagay yo pa dwe anseye ”. Tit te dwe “ kontinye reprann yo ”. (Tit 1:10-14 ; 1 Timote 4:7.) Pòl te di ni panse yo ni konsyans yo “ pa pwòp ”. Ekspresyon sa a bay ide yon bagay ki gen yon tach sou li, tankou yon bèl rad ki gen yon tach lank sou li (Tit 1:15). Li posib pou kèk nan mesye sa yo te Juif paske yo te “ pou sikonsizyon ”. Jodi a, se vre pa gen moun k ap bay pwoblèm nan kongregasyon an akoz yo gen menm pwennvi sa a, sepandan, konsèy Pòl te bay Tit yo ka aprann nou anpil bagay sou kesyon konsyans lan.

Moun ki te gen yon konsyans ki pa pwòp

3. Ki sa Pòl te ekri Tit anrapò ak konsyans ?

3 Remake nan ki kontèks Pòl te mansyone kesyon konsyans lan. Men sa li te di : “ Pou moun ki pwòp, tout bagay pwòp. Men pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp. Okontrè, ni panse yo ni konsyans yo pa pwòp. Yo deklare piblikman yo konnen Bondye, men yo renye l pa mwayen aksyon yo. ” Sa klè, gen moun nan epòk sa a ki te bezwen fè kèk chanjman dekwa pou yo te ka vin “ solid nan lafwa ”. (Tit 1:13, 15, 16.) Yo te gen pwoblèm pou yo fè yon distenksyon ant sa ki pwòp ak sa ki pa pwòp e sa te gen rapò ak konsyans yo.

4, 5. Ki pwoblèm kèk moun nan kongregasyon an te genyen, e ki jan sa te afekte yo ?

4 Plis pase dizan anvan sa, kolèj santral la te deside sikonsizyon pa t nesesè ankò pou yon moun vin yon vrè adoratè Bondye, e li te fè tout kongregasyon yo konn sa (Travay 15:1, 2, 19-29). Sepandan, gen kretyen sou zile Krèt ki te toujou “ pou sikonsizyon ”. Yo te montre aklè yo pa t dakò ak kolèj santral la e yo t ap “ anseye bagay yo pa dwe anseye ”. (Tit 1:10, 11.) Panse yo te vin tòdye e sanble yo te ankouraje frè yo pou yo suiv kòmandman ki nan Lwa Moyiz la, kòmandman ki gen rapò ak sa moun kapab manje e ki gen rapò ak rit moun dwe fè pou yo pirifye tèt yo. Petèt tou yo te konn mete pase genyen sou sa Lalwa te di e yo te konn ap defann yon seri lejann juif ak kòmandman lèzòm, menm jan moun ki t ap viv nan epòk Jezi a te konn fè sa. — Mak 7:2, 3, 5, 15 ; 1 Timote 4:3.

Jan de panse sa yo te gen yon enpak negatif sou kapasite yo genyen pou yo jije e sou kapasite yo genyen pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal, sètadi konsyans yo. Pòl te ekri : “ Pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp. ” Vwa konsyans yo te vin tèlman tòdye, li pa t yon gid fyab pou yo ankò. Yo pa t ka fè l konfyans pou l gide yo nan aksyon yo ni pou yo fè bon jijman. Anplis de sa, yo te konn ap jije kretyen parèy yo sou kesyon pèsonèl, bagay yon kretyen ka pran yon desizyon sou yo tandiske yon lòt kretyen ka pran yon desizyon ki diferan. Nan sans sa a, bagay kretyen sa yo ki te sou zile Krèt yo te konsidere kòm bagay ki pa pwòp se pa t bagay ki te sal vre (Women 14:17 ; Kolosyen 2:16). Byenke yo te konn di yo konnen Bondye, aksyon yo te pwouve lekontrè. — Tit 1:16.

“ Pou moun ki pwòp, tout bagay pwòp ”

6. Ki de kategori moun Pòl mansyone ?

6 Ki pwofi nou ka tire nan pawòl Pòl te di Tit la ? Remake yon kontras ki genyen nan deklarasyon sa a : “ Pou moun ki pwòp, tout bagay pwòp. Men pou moun ki pa pwòp e ki pa gen lafwa, anyen pa pwòp. Okontrè, ni panse yo ni konsyans yo pa pwòp. ” ​(Tit 1:15). Se sèten, Pòl pa t vle di se tout bagay nèt ki pwòp e ki akseptab pou yon kretyen ki pwòp moralman. Nou ka sèten de sa paske, nan yon lòt lèt li te ekri, li te montre aklè moun k ap pratike fònikasyon, idolatri, espiritis ak lòt move bagay ankò “ pap eritye Wayòm Bondye a ”. (Galat 5:19-21.) Kidonk, Pòl te site yon verite jeneral konsènan de kategori moun : moun ki pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl ak moun ki pa pwòp nan domèn sa yo.

7. Ki sa Ebre 13:4 kondane aklè, men ki lòt kesyon nou ka soulve ?

7 Sa pa vle di se sèlman bagay Bib la entèdi yon fason klè yon kretyen ki sensè dwe evite. Kòm egzanp, annou pran deklarasyon dirèk sa a ki di : “ Se pou maryaj onorab nan mitan tout moun, e se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije fònikatè ak moun k ap fè adiltè. ” ​(Ebre 13:4). Menm moun ki pa kretyen oswa ki pa konnen anyen nan Bib la ap dakò vèsè sa a kondane adiltè. Vèsè sa a ak plizyè lòt pasaj nan Bib la montre byen klè Bondye kondane relasyon seksyèl ant yon moun ki marye ak yon lòt moun ki pa konjwen l. Men, ki sa Bib la di konsènan de moun ki pa marye ki fè sèks nan bouch ? Gen anpil adolesan ki pretann pa gen anyen mal nan pratik sa a paske yo panse se pa relasyon seksyèl li ye. Èske yon kretyen ka konsidere fè sèks nan bouch kòm yon bagay ki pwòp ?

8. Ki diferans ki genyen ant pwennvi kretyen yo sou kesyon fè sèks nan bouch la ak pwennvi moun nan monn nan genyen sou kesyon an ?

8 Ebre 13:4 ak 1 Korentyen 6:9 montre aklè Bondye pa apwouve ni adiltè, ni fònikasyon (an grèk, pornéïa). Ki sa fònikasyon gen ladan l ? Mo grèk pornéïa a enplike itilizasyon ògàn seksyèl yo kit se yon fason ki natirèl kit se yon fason ki pèvèti e nan entansyon imoral. Li gen ladan l tout kalite pratik seksyèl imoral andeyò maryaj. Donk, fè sèks nan bouch ladan l tou, menmsi prèske toupatou sou tè a yo fè anpil adolesan konprann pratik sa a akseptab oswa adolesan yo yo menm yo tire konklizyon sa a poukont yo. Vrè kretyen yo pa kite se opinyon moun “ k ap pale men ki pa di anyen ki pwofitab e k ap twonpe moun ” ki enfliyanse panse yo ak aksyon yo (Tit 1:10). Yo rete atache ak prensip elve ki nan Ekriti Sakre yo. Olye pou yo jistifye pratik fè sèks nan bouch la, yo konprann pito li fè pati fònikasyon, pornéïa, jan Ekriti yo fè konprann sa, e yo fòme konsyans yo yon fason pou yo pa apwouve vye pratik sa a *. — Travay 21:25 ; 1 Korentyen 6:18 ; Efezyen 5:3.

Konsyans ki diferan pran desizyon ki diferan

9. Si “ tout bagay pwòp ”, ki sa konsyans lan pèmèt yon kretyen fè ?

9 Men, ki sa Pòl te vle di lè l te di “ pou moun ki pwòp, tout bagay pwòp ” ? Pòl t ap pale de kretyen ki te fòme panse yo ak konsyans yo selon prensip Bondye yo nou jwenn nan Pawòl li te enspire a. Kretyen sa yo rekonèt anrapò ak bagay Pawòl Bondye a pa entèdi aklè yo, yon kretyen ka pran yon desizyon ki diferan parapò ak yon lòt kretyen. Olye pou youn jije lòt, yo konsidere tout bagay Bondye pa kondane kòm bagay ki pwòp. Lè Labib pa di anyen ki presi sou kèk domèn nan lavi a, yo pa atann pou tout moun wè bagay yo egzakteman menm jan an. Annou pran kèk egzanp.

10. Ki jan yon maryaj (oswa yon antèman) ka bay pwoblèm ?

10 Gen anpil fanmi kote youn nan konjwen yo vin kretyen men lòt la pa vin kretyen (1 Pyè 3:1 ; 4:3). Sa ka bay anpil pwoblèm. Youn nan sitiyasyon kote sa ka bay pwoblèm, se lè yon moun nan fanmi youn nan konjwen yo ap marye oubyen yon moun nan fanmi yo mouri. Annou imajine sitiyasyon yon sè mari l pa pataje menm fwa avè l. Yon moun nan fanmi mari a ap marye e seremoni an ap fèt nan yon legliz lakretyente. (Oswa yon fanmi l, petèt manman l oswa papa l, mouri e antèman an ap fèt nan yon legliz.) Yo envite koup la e mari a vle pou madanm li akonpaye l. Ki sa konsyans madanm nan ap di l nan sitiyasyon sa a ? Ki sa l ap fè ? Reflechi sou de posiblite nou pral site la yo.

11. Dekri fason yon kretyèn marye kapab rezone ak mari l sou kesyon asiste yon maryaj nan yon legliz. Ki rezilta sa ap bay ?

11 Beyatris, yon sè yo te envite ansanm ak mari l nan yon maryaj k ap fèt nan yon legliz ap reflechi seryezman sou kòmandman nou jwenn nan Bib la ki di pou nou ‘ soti nan Gran Babilòn nan ’. (Revelasyon 18:2, 4.) Anvan Beyatris te vin Temwen Jewova, li te fè pati legliz kote maryaj la ap fèt la. Li konnen pandan seremoni an yo pral mande tout moun ki prezan yo pou yo patisipe nan priyè, nan chante ak lòt bagay ankò ki pral fèt anndan legliz la. Li deside pou l pa patisipe nan aktivite sa yo e pou l pa menm ale nan maryaj la, yon fason pou l pa met tèt li anba presyon ki ta ka kraze entegrite l. Beyatris respekte mari l e li vle kowopere avè l, piske li konnen selon Labib mari l se chèf li. Sepandan, li pa vle fè konpwomi ak prensip biblik yo (Travay 5:29). Kidonk, li esplike mari l avèk tak li pap ka akonpaye l si l ta deside pou l ale. Li esplike l si l akonpaye l e li pa patisipe nan sa k ap fèt yo, sa ka lakòz mari a santi l anbarase. Pakonsekan, li di li l ap pi bon si li pa ale. Desizyon sa a pèmèt li rete ak konsyans li klè.

12. Ki rezònman yon moun kapab fè e ki desizyon l ka pran si yo envite l nan yon maryaj k ap fèt nan yon legliz ?

12 Joslin se yon lòt sè k ap fè fas ak menm pwoblèm nan. Li respekte mari l, li vle rete fidèl devan Bondye e li vle koute konsyans li ki fòme grasa Labib. Apre li fin reflechi sou menm pwen Beyatris te reflechi yo, li priye epi li egzamine “ Kesyon lektè yo poze ” nan Toudegad 15 me 2002 (fransè). Li sonje twa ebre yo te obeyi yon lòd ki te mande pou yo la nan yon andwa kote moun ap pratike idolatri, men, yo te kenbe entegrite yo piske yo pa t patisipe nan seremoni ki t ap fèt la (Dànyèl 3:15-18). Joslin deside l ap akonpaye mari l, men li pap patisipe nan anyen k ap fèt nan seremoni an. Li aji selon konsyans li. Li esplike mari l avèk tak, men byen klè, sa konsyans li pèmèt li fè ak sa li pa pèmèt li fè. Joslin espere mari l ap wè diferans ant vrè adorasyon an ak fo a. — Travay 24:16.

13. Poukisa lefètke de kretyen pran de desizyon diferan, sa pa ta dwe ban nou pwoblèm ?

13 Lefètke de kretyen ka pran de desizyon diferan nan sitiyasyon ki sanblab, èske sa vle di sa yon moun fè pa gen enpòtans oswa èske konsyans youn nan yo pi fèb pase konsyans lòt la ? Repons lan se non. Lefètke anvan Beyatris te vin Temwen Jewova li te abitye ak mizik e ak detay ki gen nan seremoni legliz yo e li konnen efè yo ka gen sou li, li ka santi si l la nan seremoni sa a, sa ap reprezante yon veritab danje pou li. Anplis, lefètke mari l te konn fè presyon sou li nan kesyon relijyon, li ka santi sa kapab afebli konsyans li. Donk, li konvenki desizyon li pran an pi bon pou li.

14. Ki sa kretyen yo ta dwe toujou sonje anrapò ak desizyon ki se desizyon pèsonèl ?

14 Èske Joslin te pran yon move desizyon ? Lòt moun pa gen dwa di sa. Yo pa dwe jije l e yo pa dwe kritike l lefètke li chwazi asiste seremoni an san l pa patisipe nan sa k ap fèt la. Nou dwe toujou sonje konsèy Pòl te bay la ki gen rapò ak desizyon yon moun ka pran nan kesyon manje. Li te di : “ Se pou moun k ap manje a pa meprize moun ki pap manje a e se pou moun ki pap manje a pa jije moun k ap manje a. [...] Se pou mèt li li kanpe oswa li tonbe. Wi, l ap ret kanpe, paske Jewova ka fè l ret kanpe. ” ​(Women 14:3, 4). Se sèten pa gen okenn vrè kretyen ki ta renmen fòse yon moun pou l fè sa konsyans li ki fòme grasa Labib pa pèmèt li fè, paske si li ta fè sa se kòmsi li ta fè espre li pa koute yon vwa ki ka sove lavi l.

15. Poukisa li vrèman enpòtan pou nou teni kont de konsyans lòt moun ak santiman yo ?

15 Annou kontinye ak menm sitiyasyon an. Toule de kretyèn sa yo ta dwe konsidere kèk lòt bagay ankò. Youn nan yo se enpak desizyon yo pran an ap genyen sou lòt moun. Men konsèy Pòl ban nou : “ Annou pran desizyon pou nou pa met yon obstak devan yon frè nou ki ka fè l trebiche oswa ki ka lakòz li fè yon fo pa. ” ​(Women 14:13). Beyatris gendwa konnen kèk lòt sitiyasyon konsa ki te choke kongregasyon an oswa ki te choke fanmi l. Li konnen tou desizyon l pran kapab gen yon gwo enpak sou pitit li yo. Tandiske, Joslin ka konnen gen lòt moun ki te pran menm desizyon avè l san sa pa t choke moun nan kongregasyon l lan ak moun nan zòn nan. Toule de sè sa yo, e nou tout, ta dwe rekonèt yon moun ki gen yon konsyans ki byen fòme grasa Labib, se yon moun ki teni kont de enpak aksyon l poze ap genyen sou lòt moun. Men sa Jezi te di : “ Nenpòt moun ki fè youn nan ti piti sa yo ki gen fwa nan mwen trebiche, li t ap pi bon pou moun sa a pou yo mare yon wòch moulen nan kou l, tankou sa bourik yo vire a, epi pou yo koule l nan fon lanmè. ” ​(Matye 18:6). Si yon moun pa admèt fason li aji ka lakòz lòt moun trebiche, li ka vin gen yon konsyans ki pa pwòp, menm jan sa te rive kèk kretyen sou zile Krèt.

16. Ki chanjman nou ka atann yon kretyen ap fè avèk letan ?

16 Yon kretyen ta dwe kontinye grandi nan domèn espirityèl e li ta dwe kontinye pwogrese pou l vin koute konsyans li pi plis toujou e pou l reyaji selon sa konsyans li di l. Annou reflechi sou egzanp Mak ki batize sa pa gen lontan. Konsyans li di l pou l sispann pratike bagay li te konn fè ki mal selon Labib, pa egzanp idolatri ak move itilizasyon san (Travay 21:25). Anfèt, kounye a li fè tout efò l pou l evite gen kontak menm ak bagay ki ta vle sanble bagay Bondye kondane. Anmenmtan, l ap mande tèt li poukisa kèk moun rejte kèk bagay li twouve ki akseptab, tankou kèk pwogram sou televizyon.

17. Bay yon egzanp pou w montre ki jan ofiramezi tan ap pase e yon frè ap fè pwogrè espirityèl, sa kapab gen yon efè sou konsyans li e sou desizyon l ap pran.

17 Avèk letan, Mak vin gen plis konesans e li vin pi pwòch Jewova Dye (Kolosyen 1:9, 10). Ki rezilta sa bay ? Konsyans li jwenn yon kokenn fòmasyon. Kounye a, Mak pi dispoze koute konsyans li e li egzamine prensip biblik yo avèk plis swen. Kounye a li rann li kont kèk nan bagay li te sispann fè yo, “ ki te vle sanble ” ak bagay Bondye kondane, pa t vrèman an kontradiksyon ak panse Bondye. Anplis de sa, lefètke li vin pi atantif a prensip ki gen nan Bib la e li vin pi dispoze pou l koute konsyans li ki byen fòme grasa Labib, kounye a, konsyans li pouse l evite pwogram li te twouve ki akseptab anvan. Wi, konsyans Mak vin rafine. — Sòm 37:31.

18. Lè nou wè frè ak sè nou yo ap grandi nan domèn espirityèl, ki jan sa ka ban nou kè kontan ?

18 Nan pifò kongregasyon, gen moun nan tout etap ki genyen nan devlopman espirityèl yon kretyen. Gen ladan yo ki nouvo nan laverite. Petèt konsyans yo prèske bèbè nan kèk domèn, tandiske li gendwa ap rele byen fò nan kèk lòt domèn. Moun sa yo ka bezwen tan e yo ka bezwen èd pou yo suiv direksyon Jewova bay e pou yo koute konsyans yo ki fòme grasa Labib (Efezyen 4: 14, 15). Erezman, nan menm kongregasyon sa yo, gen anpil moun ki gen bonjan konesans ak eksperyans nan kesyon aplike prensip biblik yo e ki gen yon konsyans ki ann amoni ak panse Bondye. Se pa ti jwa yon moun genyen lè l twouve l pami moun “ pwòp ” sa yo ki konsidere bagay ki akseptab pou Seyè a nan domèn moral ak nan domèn espirityèl kòm bagay ki “ pwòp ” ! (Efezyen 5:10.) Nou swete nou tout n ap fikse objektif pou nou grandi pou nou rive nan pwen sa a e pou nou kontinye gen yon konsyans ki konfòm ak konesans egzak laverite e ki konfòm ak atachman nou genyen pou Bondye. — Tit 1:1.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Yo pale de kèk pwen koup marye yo ta dwe pran an konsiderasyon nan Toudegad 15 jen 1983, paj 30-1 (fransè).

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa kèk kretyen sou zile Krèt te vin gen yon konsyans ki pa pwòp ?

• Ki sa k ka fè de kretyen ki gen konsyans yo byen fòme pran esizyon ki diferan ?

• Avèk letan, ki sa ki ka rive konsyans nou, e ki rezilta sa ka bay ?

[Kesyon]

[Kat jeyografik nan paj 18]

(Gade peryodik la)

Sisil

GRÈS

Krèt

AZI MINÈ

Chip

LANMÈ MEDITÈRANE

[Foto nan paj 20]

Plizyè kretyen ka devan yon menm sitiyasyon, poutan yo pa pran menm desizyon.