Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li difisil pou yon moun gen imilite

Li difisil pou yon moun gen imilite

Li difisil pou yon moun gen imilite

ANPIL moun panse imilite pa enpòtan nan monn n ap viv jodi a. Moun ki pi remakab yo e ki plis sanble reyisi yo, se moun ki toujou ap chèche pase devan lòt moun, moun ki awogan oswa moun ki detèmine pou yo jwenn sa yo vle a. An jeneral, pifò moun ta renmen viv menm jan ak moun ki rich oswa ki selèb, men yo pa ta renmen viv menm jan ak moun ki enb e ki dou. Byen souvan, moun ki reyisi yo renmen vante tèt yo, yo renmen di se yo menm ki travay pou yo vin moun yo ye a. Olye pou yo montre yo enb, avèk ògèy yo fè konnen se yo menm poukont yo ki fè yo rive gen siksè yo genyen an.

Gen yon kanadyen, travay li se fè rechèch, ki fè konnen nan peyi l moun yo vin gen tandans toujou ap atire atansyon sou tèt yo. Gen lòt moun ki santi y ap viv nan yon sosyete kote moun yo plis chèche fè tèt yo plezi pase pou yo chèche ranpli responsablite yo, e yo santi moun k ap viv jodi a plis gen tandans panse ak tèt yo. Nan yon monn konsa, imilite pa sanble yon kalite moun bezwen kiltive.

Annefè, anpil moun twouve imilite se yon kalite ki bon lè se lòt moun ki manifeste l, piske li pi fasil pou yon moun boule ak moun ki enb. Sepandan, nan monn n ap viv la kote moun yo agresif, gen anpil moun ki pè aji avèk imilite pou lòt moun pa konsidere yo kòm moun ki manke kouraj.

Selon sa Labib, Pawòl Bondye a, te predi, nan epòk nou an moun yo t ava “ awogan, [e] ògeye ”. (2 Timote 3:1, 2.) Èske w pa dakò pwofesi sa a ap akonpli jodi a ? Èske w twouve li bon pou yon moun enb ? Oswa èske w panse yon moun ki enb se yon moun ki manke kouraj, yon moun yo kapab eksplwate fasil ?

Anfèt, Labib ban nou bonjan rezon pou nou bay imilite valè e pou nou kiltive l. Ladan l nou jwenn yon pwennvi ki ekilibre e ki pozitif sou kalite sa a e li montre nou yon moun ki gen imilite se pa yon moun ki manke kouraj, men se yon moun ki gen fòs moral. Atik ki vin apre a pral di nou poukisa.

[Foto nan paj 3]

Ki jan nou ta dwe santi nou devan sa nou reyalize ?