Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pawòl Jewova pa janm echwe

Pawòl Jewova pa janm echwe

Pawòl Jewova pa janm echwe

“ Pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. ”— JOZYE 23:14.

1. Kiyès Jozye te ye, e ki sa l te fè nan fen lavi l ?

JOZYE se te yon kòmandan lame ki te konn aji avèk fòs ak kouray. Li te yon nonm ki te gen lafwa ak entegrite. Li te konn mache avèk Moyiz, e Jewova te chwazi l pou l fè nasyon Izrayèl la soti nan yon dezè ki te fè moun pè pou l mennen l nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl t ap koule. Jozye te yon nonm moun te respekte anpil. Nan fen lavi l, li te bay yon diskou touchan devan ansyen ki nan peyi Izrayèl yo pou l te di yo orevwa. Pa gen dout nan sa, diskou sa a te fòtifye lafwa moun ki t ap koute l yo. Nou menm tou, li ka fòtifye lafwa nou.

2, 3. Lè Jozye te pale avèk ansyen ki nan peyi Izrayèl yo, nan ki sitiyasyon Izrayèl te ye, e ki sa Jozye te di ?

2 Annou imajine sitiyasyon an selon jan Bib la prezante l. Bib la di : “ Men sa ki te rive yon bon valè jou apre Jewova te bay Izrayèl yon repo anba tout ènmi ki te alantou l yo, lè Jozye te fin granmoun e li te gen anpil laj : Jozye te rele tout Izrayèl, ansyen yo, chèf yo, jij yo ak tout prepoze yo, e li di yo : ‘ Kanta pou mwen, mwen fin granmoun, mwen gen anpil laj. ’ ” — Jozye 23:1, 2.

3 Jozye te prèske gen 110 an, e li te viv pandan youn nan peryòd ki te pi cho nan istwa pèp Bondye a. Li te wè ak de je l yon seri gwo aksyon Bondye te fè e li te wè tou yon pakèt nan pwofesi Jewova te bay yo ki te reyalize. Donk, lè l t ap di pawòl nou pral site la yo, li te gen yon konviksyon total ki baze sou bagay li menm li te viv. Men sa l te di : “ Nou byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe. ” — Jozye 23:14.

4. Ki pwomès Jewova te fè Izrayelit yo ?

4 Ki pawòl Jewova te di ki te reyalize pandan Jozye t ap viv ? Nou pral konsidere twa pwomès Jewova te fè Izrayelit yo. Premyèman, li t ap delivre yo nan esklavaj. Dezyèmman, li t ap pwoteje yo. Twazyèmman, li t ap pran swen yo. Jewova fè pèp li a menm pwomès sa yo jodi a, e nou wè reyalizasyon yo. Anvan nou pale sou sa Jewova fè nan epòk nou an, annou egzamine sa l te fè nan epòk Jozye a.

Jewova te delivre pèp li a

5, 6. Ki jan Jewova te delivre Izrayelit yo anba men Ejipsyen yo, e ki sa sa te montre ?

5 Lè Izrayelit yo te rele Jewova pandan yo te ann esklavaj nan peyi Ejip, li te tande yo (Egzòd 2:23-25). Men sa Jewova te di Moyiz devan ti touf raje ki te pran dife a : “ M ap desann vin delivre [pèp mwen an] anba men Ejipsyen yo e m ap fè yo sot nan peyi sa a pou y al nan yon peyi ki bon e ki vas, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule. ” ​(Egzòd 3:8). Se pa ti kontan yo dwe te kontan lè yo te wè Jewova reyalize sa l te di a ! Lè Farawon te refize Izrayèl kite Ejip, Moyiz te fè l konnen Bondye t ap fè dlo nan flèv Nil la tounen san. Pawòl Jewova yo pa t echwe, paske dlo nan Nil la te tounen san vre. Pwason ki ladan l yo te mouri e moun pa t ka bwè dlo flèv sa a (Egzòd 7:14-21). Piske Farawon te refize kite pèp la ale, Jewova te voye nèf lòt flewo sou Ejipsyen yo. Li te dekri yo chak anvan yo te fèt (Egzòd chapit 8-12). Apre dizyèm flewo a te fin touye premye pitit Ejipsyen yo, Farawon te bay lòd pou Izrayelit yo ale, e vrèmanvre yo te ale. — Egzòd 12:29-32.

6 Delivrans sa a te pèmèt Jewova adopte Izrayèl kòm nasyon li te chwazi. Delivrans sa a te glorifye Jewova, e li te montre li se Sila ki reyalize pwomès li e pawòl li pa janm echwe. Li montre Jewova siperyè tout dye nasyon yo t ap adore. Lè nou li istwa delivrans sa a, sa ranfòse lafwa nou. Imajine ki jan nou t ap santi nou si nou te la pou nou viv delivrans sa a ! Jozye te wè aklè Jewova se “ Trèwo sou tout tè a ”. — Sòm 83:18.

Jewova te pwoteje pèp li a

7. Ki jan Jewova te pwoteje Izrayelit yo kont lame Farawon an ?

7 Annou pale de dezyèm pwomès la. Jewova te pwomèt l ap pwoteje pèp li a. Jewova pa t fè pèp la pwomès sa a dirèkteman, men lefètke Jewova te fè yo pwomès pou l delivre yo ann Ejip e pou l fè yo antre nan Latè pwomiz, sa te ba yo asirans li t ap pwoteje yo. Nou sonje Farawon ki te an kòlè te pran lame pisan li a ansanm ak plizyè santèn cha pou l pousuiv pèp Izrayèl la. Nou pa bezwen mande jan nonm awogan sa a te santi l gen asirans li t ap repran Izrayelit yo, espesyalman lè l te wè yo sanble bloke ant montay yo ak lanmè a ! Se nan moman sa a Bondye entèvni pou l pwoteje pèp li a etan l te mete yon nyaj ant de kan yo. Nan bò pa Ejipsyen yo, te gen fènwa, men nan bò pa Izrayelit yo, te gen limyè. Etan nyaj la te anpeche Ejipsyen yo avanse, Moyiz leve baton l lan epi dlo lanmè Wouj la fann an de. Konsa, li te fè yon wout pou Izrayelit yo sove, e anmenmtan sa te yon pyèj pou Ejipsyen yo. Jewova te detwi gwo lame Farawon an nèt e konsa li te pwoteje pèp li a pou yo pa t sibi yon defèt yo t ap sibi san mank. — Egzòd 14:19-28.

8. Ki pwoteksyon Izrayelit yo te jwenn a) pandan yo te nan dezè a e b) lè yo te antre nan Latè pwomiz ?

8 Apre Izrayelit yo te fin travèse lanmè Wouj, yo t ap monte desann nan yon zòn yo dekri kòm ‘ yon gwo dezè ki plen danje, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm ’. (Detewonòm 8:15, Bib la.) Jewova te pwoteje pèp li a nan dezè a tou. Men, ki sa k te pase lè yo te antre nan Latè pwomiz ? Lame pisan Kananeyen yo te genyen te opoze ak yo. Sepandan, men sa Jewova te di Jozye : “ Leve, travèse Jouden w ap gad la a, ou menm ansanm ak tout pèp sa a, pou nou antre nan peyi m ap ba yo a, yo menm, pitit gason Izrayèl yo. Tout lavi w, pèsonn pap ka reziste devan w. Menm jan m te avèk Moyiz la, se konsa m ap avè w. Mwen pap ni lage w ni abandone w konplètman. ” ​(Jozye 1:2, 5). Pawòl sa yo Jewova te di yo pa t echwe. Pandan anviwon sizan, Jozye te ranpòte laviktwa sou 31 wa e li te konkeri anpil gwo zòn nan Latè pwomiz (Jozye 12:7-24). San pwoteksyon Jewova, li t ap enposib pou l fè tout konkèt sa yo.

Jewova te pran swen pèp li a

9, 10. Ki jan Jewova te pran swen pèp li a nan dezè a ?

9 Kounye a, annou konsidere twazyèm pwomès la. Jewova te pwomèt l ap pran swen pèp li a. Yon ti tan apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo anba men Ejip, men sa li te pwomèt yo : “ Gade, mwen pral fè yon lapli pen tonbe sot nan syèl la pou nou, e se chak jou pèp la dwe soti pou l ranmase kantite l ap bezwen pou jounen an. ” E se sa menm Bondye te fè. Li te ba yo ‘ pen ki sot nan syèl la ’. “ Lè pitit Izrayèl yo wè li, youn kòmanse di lòt : ‘ Sa sa ye la a ? ’ ” Se te lamàn, pen Jewova te pwomèt yo a. — Egzòd 16:4, 13-15.

10 Pandan 40 an Izrayelit yo te pase nan dezè a, Jewova te pran swen yo. Li te ba yo ni dlo ni manje. Li te menm veye pou manto yo pa t ize e pou pye yo pa t anfle (Detewonòm 8:3, 4). Jozye te wè tout bagay sa yo. Jewova te delivre pèp li a, li te pwoteje l e li te pran swen l, jan li te pwomèt li sa.

Li delivre pèp li a jodi a

11. Ki sa k te pase Bwouklin an 1914, e ki moman ki te rive lè sa a ?

11 E nan epòk nou an, ki jan Jewova delivre pèp li a ? Vandredi maten ki te 2 oktòb 1914, Charles Taze Russell ki te alatèt Etidyan Labib yo nan moman sa a te antre nan salamanje Betèl Bwouklin nan ki nan Nouyòk. Avèk jwa, li te di : “ Bonjou tout moun. ” Epi apre sa, anvan li chita, men sa li te di yo avèk kè kontan : “ Tan janti yo fini, jou wa yo rive nan bout li. ” Yon lòt fwa ankò, lè a te rive pou Jewova, Souvren linivè a, aji an favè pèp li a. E se sa li te fè !

12. Ki delivrans pèp Jewova a te jwenn nan ane 1919, e ki rezilta sa pote ?

12 Sèlman senkan apre sa, Jewova te delivre pèp li a anba “ Gran Babilòn nan ”, ki se anpi mondyal fo relijyon an, yon anpi ki pisan (Revelasyon 18:2). Pa gen anpil nan nou ki te wè kokenn delivrans sa a paske nou pa aje ase. Sepandan, nou ka wè rezilta li pote yo aklè. Jewova retabli adorasyon ki pa kontamine a e li ini moun ki gen dezi pou yo adore l yo. Pwofèt Izayi te predi sa. Li te di : “ Men sa ki dwe rive nan dènye pati jou yo : mòn mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e san mank l ap monte pi wo pase tèt kolin yo, e ladan l, tout nasyon yo dwe vin an foul. ” — Izayi 2:2.

13. Ki akwasman ou wè pami pèp Jewova a ?

13 Pawòl Izayi yo te reyalize san mank. An 1919, rès kretyen wen yo te kòmanse yon kanpay predikasyon mondyal avèk kran, kanpay ki t apral bay adorasyon vrè Dye a jarèt. Apre ane 1930, li te vin klè yo t ap rasanble “ lòt mouton ” yo (Jan 10:16). Toudabò, te gen plizyè milye moun, ansuit, te vin gen plizyè santèn milye, e jodi a, gen plizyè milyon moun ki pran pozisyon pou vrè adorasyon an. Nan yon vizyon apot Jan te fè, li te dekri moun sa yo kòm “ yon gwo foul pèsonn pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. (Revelasyon 7:9.) E ou menm, ki sa w viv ? Konbyen Temwen Jewova ki te gen sou tè a lè w te fèk aprann laverite ? Kounye a, kantite moun k ap sèvi Jewova yo plis pase 6 700 000. Apre Jewova fin delivre pèp li a anba Gran Babilòn nan, li ba yo yon kokenn akwasman, yon akwasman nou wè k ap fèt toupatou sou tè a jodi a.

14. Ki lòt delivrans Jewova pral bay ankò ?

14 Jewova gen yon lòt delivrans li pral bay k ap konsène tout moun sou latè. Avèk yon pisans estrawòdinè, li pral detwi tout moun ki opoze ak li epi l ap delivre pèp li a pou l mennen l nan yon monn nouvo kote jistis ap abite. Se pa ti bèl sa pral bèl pou nou wè mechanste fini e pou nou wè epòk k ap pi mayifik nan tout listwa lèzòm nan rive ! — Revelasyon 21:1-4.

Jewova pwoteje pèp li a jodi a

15. Ki sa k fè pèp Jewova a bezwen pwoteksyon nan men Jewova nan epòk n ap viv la ?

15 Jan nou te wè sa, Izrayelit nan tan Jozye yo te bezwen pwoteksyon nan men Jewova. Èske se pa sa pèp Jewova a bezwen tou nan epòk n ap viv la ? Sètènman ! Men avètisman Jezi te bay disip li yo : “ Y ap lage nou nan tribilasyon, e y ap touye nou, e n ap tounen moun tout nasyon ap rayi akoz non mwen. ” ​(Matye 24:9). Pandan plizyè ane, nan anpil peyi, Temwen Jewova yo andire anba opozisyon ki rèd e anba pèsekisyon ki sovaj. Sepandan, Jewova montre byen klè li avèk pèp li a (Women 8:31). Pawòl li a fè nou pwomès pa gen anyen, pa gen okenn ‘ zam y ap fòje kont nou ’ k ap rive bloke travay predikasyon Wayòm nan ak travay ansèyman n ap fè a. — Izayi 54:17.

16. Ki prèv ou wè ki montre w Jewova pwoteje pèp li a ?

16 Malgre monn nan rayi pèp Jewova a, pèp li a kontinye pwospere. Temwen Jewova yo ap pwospere nan 236 peyi. Sa se yon prèv konvenkan ki montre Jewova avèk nou e l ap pwoteje nou kont tout moun ki vle detwi nou oubyen ki vle fè nou fèmen bouch nou. Èske w sonje non dirijan politik pisan oswa non chèf relijye ki te pèsekite pèp Bondye a avèk britalite nan tan ou genyen depi w ap viv la ? Ki sa k rive yo ? Kote yo kounye a ? Menm jan ak Farawon nan epòk Moyiz ak Jozye a, pifò ladan yo pa egziste ankò. Men, e sèvitè Bondye yo ki mouri fidèl nan epòk pa nou an ? Yo an sekirite nan memwa Jewova. Pa gen lòt kote yo ka pi an sekirite pase sa. Sa klè, Jewova reyalize pawòl li anrapò ak pwoteksyon li te pwomèt la.

Jewova pran swen pèp li a jodi a

17. Ki pwomès Jewova fè anrapò ak manje espirityèl ?

17 Jewova te pran swen pèp li a nan dezè a, e jodi a tou li pran swen pèp li a. Li nouri yo nan domèn espirityèl pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45.) Li ban nou konesans sou yon seri verite sou li ki te rete kache pandan plizyè syèk. Men sa yon zanj te di Dànyèl : “ Fè pawòl sa yo tounen yon sekrè epi sele liv la jiskaske tan lafen an rive. Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil. ” — Dànyèl 12:4.

18. Sa k fè nou ka di vrè konesans lan vin anpil jodi a ?

18 Jodi a n ap viv nan tan lafen an, e pa gen dout nan sa, vrè konesans lan vin vrèman anpil. Nan lemonnantye, lespri sen ede moun ki renmen laverite yo pou yo gen yon konesans egzak sou vrè Bondye a e sou objektif li yo. Gen anpil Bib ki pibliye sou tè a jodi a, e gen anpil piblikasyon tou ki la pou ede moun konprann verite presye ki nan Bib la. Pa egzanp, men tit kèk chapit nou jwenn nan lis chapit ki nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? * a, liv nou itilize pou nou fè etid ak moun yo : “ Ki sa ki verite konsènan Bondye ? ”, “ Ki kote mò yo ye ? ”, “ Ki sa Wayòm Bondye a ye ? ”, “ Poukisa Bondye pèmèt soufrans ? ” Lèzòm gen plizyè milye ane depi y ap chèche repons kesyon sa yo. Jodi a, nou gen repons yo. Apre plizyè syèk ki pase kote moun prèske pa t konn anyen sou Labib e kote lakretyente t ap aprann moun ansèyman aposta, jodi a, pèp Jewova a ap simaye Pawòl li, e Pawòl sa a nouri tout moun ki vle sèvi Jewova.

19. Ki pwomès ou wè ki reyalize, e ki konklizyon ou tire ?

19 Pa gen dout nan sa, selon sa nou wè ak pwòp je nou, nou kapab di : “ Pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe. ” ​(Jozye 23:14). Jewova delivre sèvitè l yo, li pwoteje yo e li pran swen yo. Èske w ka site menm youn nan pwomès li te fè yo ki pa reyalize nan moman li te dwe reyalize a ? Sa enposib. Donk, lè nou mete konfyans nou nan Pawòl Bondye a, yon Pawòl ki pap echwe, nou montre nou se moun ki saj.

20. Poukisa nou kapab tann lavni avèk konfyans ?

20 Ki pwomès Pawòl Bondye a fè nou pou lavni ? Jewova di nou pifò nan nou kapab espere viv sou tè a k ap tounen yon bèl paradi, e gen yon ti kantite moun ki gen esperans pou y al dirije avèk Kris nan syèl la. Kèlkeswa esperans nou, nou gen tout rezon pou nou rete fidèl menm jan ak Jozye. Jou a ap rive pou esperans nou reyalize. Lè sa a, n ap sonje tout pwomès Jewova te fè nou yo e nou menm tou n ap di : “ Yo tout reyalize. ”

[Nòt anba paj]

^ § 18 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Ki pwomès Jewova te fè Jozye te wè reyalizasyon yo ?

• Ki pwomès Bondye fè ou wè ki reyalize ?

• Anrapò ak Pawòl Bondye a, ki asirans nou kapab genyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Jewova te entèvni pou l delivre pèp li a.

[Foto nan paj 23]

Ki jan Jewova te pwoteje pèp li a nan lanmè Wouj ?

[Foto nan paj 24]

Ki jan Jewova te pran swen pèp li a nan dezè a ?

[Foto nan paj 25]

Jewova pran swen pèp li a jodi a.