Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Obadya a, liv Yona a ak liv Mika a

Pwen enteresan ki nan liv Obadya a, liv Yona a ak liv Mika a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Obadya a, liv Yona a ak liv Mika a

“ VIZYON Obadya te fè a. ” ​(Obadya 1). Se konsa liv Obadya a kòmanse. Nan liv sa a pwofèt la te ekri nan ane 607 avan epòk nou an, li pa bay okenn enfòmasyon sou tèt li sof non l. Nan liv Yona a, yon liv ki te fin ekri anviwon de syèk anvan liv Obadya a, pwofèt Yona di avèk franchiz sa li menm li te viv anrapò ak asiyasyon li te genyen an antanke misyonè. Kanta pou Mika, li te pase 60 ane ap pwofetize, e peryòd sa a twouve l ant epòk Obadya a ak epòk Yona a. Peryòd sa a te kòmanse an 777 anvan epòk nou an e li te fini nan ane 717 anvan epòk nou an. Sèl sa Mika di de li menm sèke li soti nan yon bouk ki rele “ Morechèt ” e Jewova te transmèt li Pawòl li “ nan jou Yotam yo, nan jou Ahaz ak nan jou Izkiya yo, ki te wa nan Jida ”. (Mika 1:1.) Egzanp pwofèt la pran pou l mete aksan sou diferan pwen ki te gen nan mesaj li a montre aklè li te byen abitye ak fason moun viv an pwovens.

Y AP ‘ OBLIJE ELIMINE EDÒM POU TAN ENDEFINI ’

(Obadya 1-21)

Men sa Obadya di konsènan Edòm : “ Akoz vyolans ki te fèt kont frè w la, Jakòb, lawont pral tonbe sou ou, e y ap oblije elimine w pou tan endefini. ” Fason Edomit yo te aji avèk vyolans kont pitit Jakòb yo, sètadi Izrayelit yo, te fre nan lespri pwofèt la. Nan ane 607 anvan epòk nou an, Babilonyen yo te detwi vil Jerizalèm. Lè sa a, Edomit yo te ‘ rale kò yo ’ e yo te met ansanm ak “ etranje ” ki te anvayi Jerizalèm yo. — Obadya 10, 11.

Men, mezon Jakòb la ap tann pou yo jwenn yon restorasyon. Men sa pwofesi Obadya a di : “ Se nan mòn Siyon moun ki sove yo ap ye, e li dwe vin yon bagay ki sen. ” — Obadya 17.

Kesyon biblik ak tout repons :

5-8 — Ki sa k enpòtan nan konparezon ki fèt ant destriksyon Edòm ak lè vòlè ap vin lannuit e lè moun ap rekòlte rezen ? Si vòlè te vin ann Edòm, se sèl sa yo vle yo t ap pran. Si te gen moun k ap fè rekòt ki te vin ladan l, yo t ap kite yon tikras nan rekòt la pou moun k ap grapiye. Sepandan, lè Edòm tonbe, ‘ mesye ki te fè alyans avèk li yo ’, sètadi alye l yo, Babilonyen yo, ap chèche trezò l yo avèk swen e y ap piye l nèt. — Jeremi 49:9, 10.

10 — Ki jan yo te ‘ elimine Edòm pou tan endefini ’ ? Jan yo te predi sa, nasyon Edòm nan ki te gen yon gouvènman ak yon pèp e ki t ap viv nan yon andwa byen detèmine sou tè a te vin disparèt. Yon wa babilonyen ki te rele Nabonid te venk Edòm apeprè nan mitan sizyèm syèk anvan epòk nou an. Nan katriyèm syèk anvan epòk nou an, se Nabateyen yo ki te abite sou tèritwa Edòm nan, e Edomit yo yo menm te oblije al viv nan sid Jide, yon zòn nan Negèb yo te vin rele Idime annapre. Apre Women yo te fin detwi Jerizalèm an 70 epòk nou an, Edomit yo te sispann egziste.

Leson pou nou jodi a :

3, 4. Edomit yo te santi yo an sekirite lefètke yo t ap viv nan yon zòn ki gen anpil mòn ki wo anpil e ki gen ravin ki fon, sa ki te fè li pa t fasil pou ènmi l yo fè lagè avè l. Men, yo te twonpe tèt yo. Paske moun pa ka chape anba jijman Jewova.

vs 8, 9, 15. Sajès ak pisans lèzòm pap ba yo pwoteksyon nan “ jou Jewova ” a. — Jeremi 49:7, 22.

12-14. Edomit yo se yon egzanp ki sèvi avètisman pou moun ki kontan lè yo wè difikilte sèvitè Jewova yo rankontre. Lè yo maltrete pèp Jewova a, Jewova pa pran sa alalejè ditou.

17-20. Pwofesi konsènan restorasyon pitit Jakòb yo te kòmanse akonpli lè yon rès Izrayelit ki te soti Babilòn te retounen Jerizalèm nan ane 537 anvan epòk nou an. Pawòl Jewova toujou reyalize. Nou ka gen yon konfyans total nan pwomès li fè yo.

‘ YO PRAL RANVÈSE NINIV ’

(Yona 1:1–4:11)

Olye pou Yona te obeyi lòd Bondye te ba li pou l ‘ al Niniv, ki te yon gran vil, e pou l pwoklame yon mesaj jijman kont li ’, li te pito sove pou l al nan direksyon opoze a. Jewova “ te voye yon gwo van sou lanmè a ” e li te sèvi ak yon “ gwo pwason ” pou l fè Yona tounen, ansuit, yon dezyèm fwa, li te konfye l misyon pou l al nan kapital peyi Asiri a. — Yona 1:2, 4, 17 ; 3:1, 2.

Yona antre Niniv e li kòmanse pwoklame yon mesaj klè ki di : “ Rete karant jou sèlman pou yo ranvèse Niniv. ” ​(Yona 3:4). Lefètke travay predikasyon Yona a te bay yon rezilta li pa t atann, sa te fè l “ fè gwo kòlè ”. Se sa k fè Jewova te sèvi ak yon “ pye kalbas kouran ” pou l anseye Yona yon leson sou mizèrikòd. — Yona 4:1, 6.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:3 — Èske gwosè vil Niniv te ye a te vrèman mande pou yon moun fè ‘ twa jou ap mache pou l sot nan yon bout al nan yon lòt ’ ? Wi. Nan tan lontan, sanble Niniv te gen ladan l lòt vilaj ki te soti Kòsabad nan nò vil la rive Nimwoud nan sid vil la. Tout vilaj sa yo ki te fè pati Niniv te fòme yon kwadrilatè perimèt li te mezire 100 km.

3:4 — Èske Yona te oblije aprann pale lang Asiryen yo pou l te ka preche Ninivit yo ? Petèt Yona te deja konn pale lang Asiryen yo, petèt tou se pa mwayen yon mirak li te vin pale lang nan. Yon lòt posiblite sèke li te bay ti mesaj tou kout li t ap bay la ann Ebre, epi yon entèprèt te tradui sa l t ap di a. Si se sa k te pase, sandout pawòl li yo te fè moun yo plis enterese konnen sa l t ap di nan mesaj li a.

Leson pou nou jodi a :

1:1-3. Lè yon moun fè espre li mete lòt aktivite nan plas travay predikasyon an ak travay fè disip la, se yon siy ki montre li pa gen bon mobil. Nan yon sans, se kòmsi moun sa a kouri pou yon asiyasyon Bondye ba li.

1:1, 2 ; 3:10. Jewova pa demontre mizèrikòd li anvè yon sèl nasyon, anvè yon sèl ras oswa yon sèl gwoup moun. “ Jewova bon anvè tout moun, e li montre mizèrikòd anvè tout sa l fè. ” — Sòm 145:9.

1:17 ; 2:10. Twa jou ak twa nuit Yona te pase nan vant gwo pwason an te anonse yon fason pwofetik lanmò Jezi ansanm ak rezirèksyon l. — Matye 12:39, 40 ; 16:21.

1:17 ; 2:10 ; 4:6. Jewova te delivre Yona nan lanmè a ki te move. Apre sa, Bondye te “ fè yon pye kalbas kouran pouse pou l rive sou tèt Yona pou l ka ba l lonbray, pou delivre l anba kalamite l te ye a. ” Adoratè Jewova yo jodi a ka gen konfyans nan Bondye yo a, yo ka gen konfyans l ap pwoteje yo e l ap delivre yo selon bonte l ki plen lanmou. — Sòm 13:5 ; 40:11.

2:1, 2, 9, 10. Jewova koute priyè sèvitè l yo e li koute siplikasyon yo. — Sòm 120:1 ; 130:1, 2.

3:8, 10. Vrè Dye a “ te santi l regrèt ”, sètadi li te chanje lide konsènan kalamite li te di li t apral lage sou Ninivit yo, e li te deside pou l ‘ pa fè sa ’. Poukisa ? Se paske Ninivit yo “ te kite move chemen yo te ye a ”. Menm jan an tou, jodi a, yon moun ki peche ka chape anba jijman kondanasyon Bondye a si l repanti sensèman.

4:1-4. Pa gen okenn moun ki ka anpeche Bondye demontre mizèrikòd li. Nou dwe veye pou nou pa kritike Bondye poutèt li demontre li gen mizèrikòd.

4:11. Avèk pasyans Jewova fè preche mesaj Wayòm nan sou tout tè a paske li gen pitye pou moun “ ki pa ka fè diferans ant men dwat yo ak men goch yo ”, menm jan li te gen pitye pou 120 000 moun ki te nan vil Niniv yo. Èske nou pa ta dwe santi nou gen pitye pou moun ki nan tèritwa nou yo ? Èske nou pa ta dwe patisipe avèk zèl nan predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la ? — 2 Pyè 3:9.

‘ CHÒV YO A GEN POU L VIN PI LAJ ’

(Mika 1:1–7:20)

Mika devwale peche Izrayèl yo ak peche Jida yo, li predi dezolasyon ki pral tonbe sou kapital Izrayèl ak kapital Jida e li pwomèt ap gen yon restorasyon. Samari ap vin “ yon pil debri nan yon savann ”. Izrayèl ak Jida merite pou yo “ chòv ”, sètadi pou yo tonbe nan lawont akoz chemen idolatri yo te chwazi suiv la. Lefètke yo voye yo an kaptivite, se kòmsi tèt yo ap vin pi chòv toujou “ tankou [tèt] yon èg ”. Sanble èg la se yon tip zwazo rapas ki sèlman gen kèk ti plim swa sou tèt li. Men pwomès Jewova te fè : “ M ap rasanble Jakòb toutbonvre. ” ​(Mika 1:6, 16 ; 2:12). Akoz dirijan ki kòwonpi yo e akoz pwofèt ki rebèl yo, Jerizalèm tou “ ap tounen yon pil debri ”. Men, Jewova ap “ sanble [pèp li a] ”. E “ sila ki gen pou vin chèf ann Izrayèl la ” ap soti “ Betleyèm Efrata ”. — Mika 3:12 ; 4:12 ; 5:2.

Èske Jewova te aji avèk Izrayèl yon fason ki enjis ? Èske sa l te mande yo te twò strik ? Non. Jewova sèlman mande adoratè l yo pou yo ‘ pratike jistis, pou yo renmen bonte epi pou yo modès ’ nan fason y ap mache avè l (Mika 6:8). Sepandan, moun ki t ap viv nan menm epòk ak Mika yo te tèlman vin kòwonpi, ‘ sila ki te pi bon pami yo a te menm jan ak pikan e sila ki te pi dwat pami yo a te pi mal pase yon lantouray ki fèt ak pikan ’. Yo te fè kèlkeswa moun ki te pwoche pre yo mal, yo te fè yo soufri. Men, pwofèt la poze kesyon sa a : “ Kiyès ki yon Dye tankou [Jewova] ? ” Bondye ap fè pèp li a mizèrikòd ankò e l ap “ voye tout peche yo fè yo jete nan fon lanmè ”. — Mika 7:4, 18, 19.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:12  — Ki lè pwofesi ki montre Jewova pral “ rasanble rès Izrayelit yo ansanm ” nan te reyalize ? Li te jwenn premye akonplisman l an 537 anvan epòk nou an lè yon rès Juif ki te soti ann egzil nan Babilòn te retounen nan peyi yo. Nan epòk pa nou an, pwofesi sa a akonpli sou “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Depi 1919, yo reyini kretyen wen yo tankou yo reyini “ yon twoupo nan yon pak ”. Lefètke yo reyini ak “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo, patikilyèman depi 1935, vin gen “ anpil bri moun ” nan mitan yo (Revelasyon 7:9 ; Jan 10:16). Kretyen wen yo ansanm ak gwo foul la met ansanm, e avèk zèl, y ap fè vrè adorasyon an avanse.

4:1-4 — Ki jan Jewova “ rann jijman pami anpil pèp, e li [...] mete bagay yo annòd konsènan nasyon pisan [yo] ” “ nan dènye pati jou yo ” ? Ekspresyon “ anpil pèp ” la ak ekspresyon “ nasyon pisan ” an pa fè referans ak chak nasyon antanke gwoup oswa ak chak gouvènman politik. Depreferans, ekspresyon sa yo fè referans ak moun ki sot nan tout nasyon ki vin adoratè Jewova. Nan domèn espirityèl, Jewova rann jijman e li mete bagay yo annòd avèk yo.

Leson pou nou jodi a :

1:6, 9 ; 3:12 ; 5:2. Asiryen yo te devaste Samari an 740 anvan epòk nou an. Lè sa a, Mika te vivan toujou (2 Wa 17:5, 6). Sou rèy Izkiya a, Asiryen yo te rive jis Jerizalèm (2 Wa 18:13). Babilonyen yo te met dife nan Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an (2 Kwonik 36:19). E jan pwofesi a te di sa, Mesi a te fèt “ Betleyèm Efrata ”. (Matye 2:3-6.) Pwofesi Jewova bay yo pa janm pa reyalize.

2:1, 2. Se pa ti danjere sa ka danjere pou nou si nou di n ap sèvi Bondye, alòske se richès materyèl n ap chèche an premye olye nou chèche “ wayòm nan ak jistis li ” an premye. — Matye 6:33 ; 1 Timote 6:9, 10.

3:1-3, 5. Jewova atann pou moun ki pran latèt pami pèp li a aji avèk jistis.

3:4. Si nou ta renmen Jewova reponn priyè nou yo, nou pa ta dwe ap pratike peche ni nou pa ta dwe ap mennen yon vi doub.

3:8. Nou ka rive ranpli misyon nou jwenn pou nou preche bon nouvèl la ki gen mesaj jijman ladan l sèlman grasa fòs Jewova ban nou pa mwayen lespri sen l.

5:5. Pwofesi sa a konsènan Mesi a ban nou asirans lè ènmi pèp Bondye a atake l, “ sèt bèje ” [chif sèt la endike sa ki konplè] ak “ uit dik ”, sa vle di yon gwo kantite gason ki gen kapasite, ap leve pou yo pran latèt nan mitan pèp Jewova a.

5:7, 8. Kretyen wen yo tankou “ lawouze Jewova ” pou anpil moun jodi a, sètadi yo se yon benediksyon Bondye bay. Sa se vre, piske li sèvi ak wen yo pou l pwoklame mesaj Wayòm nan. “ Lòt mouton ” yo patisipe nan ede moun yo pou yo gen bon relasyon ak Bondye lè yo bay kretyen wen yo sipò yon fason aktif nan travay predikasyon an (Jan 10:16). Èske se pa yon privilèj sa ye pou nou patisipe nan travay sa a ki ede moun yo vin gen yon bon relasyon ak Bondye ?

6:3, 4. Nou ta dwe imite Jewova Dye lè nou gen byenveyans menm pou moun ki gen tanperaman difisil oswa ki fèb nan domèn espirityèl e lè nou gen konpasyon pou yo.

7:7. Lè n ap fè fas ak pwoblèm ki gen nan fen sistèm mechan sa a, nou pa ta dwe pèdi espwa. Depreferans, menm jan ak Mika, nou ta dwe “ ret tann Bondye delivrans [nou] an ”.

7:18, 19. Menm jan Jewova dispoze padone fot nou yo, nou menm tou nou ta dwe dispoze padone moun ki peche kont nou yo.

Kontinye “ mache nan non Jewova ”

Moun k ap lite kont Bondye e kont pèp li a, y ap ‘ oblije elimine yo pou tan endefini ’. (Obadya 10.) Sepandan, Jewova pap lage kòlè li sou nou si nou koute avètisman li ban nou e si nou “ kite move chemen ” yo (Yona 3:10). “ Nan dènye pati jou yo ”, sètadi “ nan dènye jou yo ” n ap viv la yo, vrè adorasyon an twouve l nan yon pozisyon elve parapò ak fo relijyon an e moun ki obeyisan yo vin an foul ladan l (Mika 4:1 ; 2 Timote 3:1). Pakonsekan, se pou nou detèmine pou nou “ mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” — Mika 4:5.

Vrèmanvre, nou aprann anpil leson enpòtan nan liv Obadya a, nan liv Yona a ak nan liv Mika a ! Byenke liv sa yo te ekri sa gen plis pase 2 500 an, mesaj ki gen ladan yo a se yon mesaj ki ‘ vivan e ki pisan ’ menm nan epòk nou an. — Ebre 4:12.

[Foto nan paj 8]

Nan pwofesi Obadya a, li te di “ y ap oblije elimine [Edòm] pou tan endefini ”.

[Foto nan paj 10]

Mika te “ ret tann Jewova ”. Ou menm tou ou ka fè sa.

[Foto nan paj 11]

Travay predikasyon an se yon privilèj nou dwe cheri.