Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w se yon moun ki ankourajan ?

Èske w se yon moun ki ankourajan ?

Èske w se yon moun ki ankourajan ?

MÒN Èmòn se yon mòn ki nan bout sid yon chèn montay yo rele Anti-Liban. Wotè kokenn mòn sa a se 2 814 mèt pi wo pase nivo lanmè a. Pandan prèske tout ane a, tèt mòn nan kouvri ak lanèj, konsa, van cho ki pase sou li lannuit yo sibi sa yo rele kondansasyon, sètadi imidite ki nan lè a tounen ti gout dlo e sa pwodui lawouze. Lawouze sa a desann sou pye sapen ak pye fwi ki pi ba nan ren mòn nan e li desann sou jaden rezen ki anba nèt yo. Ann Izrayèl, nan tan lontan, nan sezon sechrès, lawouze rafrechisan sa a se te fason prensipal plant yo te jwenn imidite.

Nan yon chan Bondye te enspire, yo te konpare bèl inite ki egziste nan mitan adoratè Jewova yo ak “ lawouze Èmòn k ap desann sou mòn Siyon ”. (Sòm 133:1, 3.) Menm jan grasa mòn Èmòn te gen yon lawouze ki rafrechisan pou plant yo, se konsa tou nou ka ankouraje lòt moun. Ki jan nou ka fè sa ?

Egzanp ankourajan Jezi te bay

Jezi Kris te gen yon gwo efè sou lòt moun. Menm yon ti rankont tou kout yon moun te fè avèk li te pote anpil ankourajman pou moun sa a. Pa egzanp, men sa Mak te rakonte nan Evanjil li te ekri a : ‘ Jezi te pran timoun yo nan bra li, e li te kòmanse beni yo, toutpandan li t ap poze men l sou yo. ’ ​(Mak 10:16). Nou pa bezwen mande jan sa dwe te ankourajan pou timoun sa yo !

Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te lave pye disip li yo. Sandout imilite l te touche kè yo. Apre sa, Jezi te di yo : “ Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen te fè pou nou an. ” ​(Jan 13:1-17). Vrèman, yo menm tou yo te bezwen vin enb. Apot yo pa t rive konprann sa Jezi te vle fè yo konprann nan nan menm moman an. Dayè annapre, nan menm nuit lan, yo te kòmanse fè diskisyon pou yo konnen kiyès nan yo ki pi gran. Malgre sa, Jezi pa t fache. Men, avèk pasyans, li te rezone avèk yo (Lik 22:24-27). Menm “ lè [moun] te joure l, li pa t joure yo tou ”. Anfèt, “ lè li t ap soufri, li pa t menase pèsonn, men li te toujou remèt tèt li nan men moun ki jije avèk jistis la ”. Bèl egzanp Jezi te bay merite pou nou imite l. — 1 Pyè 2:21, 23.

Men sa Jezi te di : “ Mete jouk mwen an sou nou e aprann nan men m, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” ​(Matye 11:29). Imajine se Jezi li menm ki t ap anseye w ! Gen moun nan zòn bò lakay li ki te sezi apre yo te fin tande l k ap anseye nan sinagòg yo a, e yo te di : “ Ki kote mesye sa a jwenn sajès sa a ak zèv pisans sa yo ? ” ​(Matye 13:54). Lè nou li istwa sou lavi Jezi e sou ministè l nou ka aprann anpil bagay sou fason pou nou ankouraje lòt moun. Annou wè ki jan Jezi te kite yon egzanp estrawòdinè pou nou nan fason ankourajan li te pale ak lòt moun e lefètke li te toujou dispoze bay èd li.

Annou toujou pale yon fason ki ankourajan

Li pi fasil lontan pou yon moun kraze yon kay pase pou l konstwi youn. Nou ka aplike menm prensip sa a nan fason nou pale. Antanke moun ki enpafè, nou tout nou gen defo. Men sa wa Salomon te di : “ Pa gen moun ki jis sou tè a ki toujou ap fè sa ki byen epi ki pa peche. ” ​(Eklezyas 7:20). Li fasil pou nou wè defo yon moun genyen epi kraze moun sa a ak remak ki blesan (Sòm 64:2-4). Men, pou nou toujou pale yon fason ki ankourajan ak lòt moun, sa mande efò.

Jezi te sèvi ak pawòl li pou l fòtifye moun. Li te ba yo ankourajman nan domèn espirityèl lè l te fè yo konnen bon nouvèl Wayòm nan (Lik 8:1). Jezi te ankouraje moun ki te vin disip li yo tou lefètke li te fè yo konnen Papa l ki nan syèl la (Matye 11:25-27). Nou ka konprann sa k fè moun yo te santi Jezi te atire yo konsa !

Kontrèman ak Jezi, eskrib yo ak Farizyen yo pa t panse ak bezwen lòt moun. Men sa Jezi te di : “ Yo renmen pi gwo plas yo nan repa yo e yo renmen plas ki devan nan sinagòg yo. ” ​(Matye 23:6). Anfèt, yo te meprize moun ki nan pèp la, yo te konn di : “ Foul moun sa a ki pa konn lalwa a, se moun madichonnen yo ye. ” ​(Jan 7:49). Definitivman, atitid yo a pa t ankourajan.

Souvan, fason nou pale demontre sa nou gen nan kè nou ak fason nou konsidere lòt moun. Jezi te di : “ Yon bon moun rale bon bagay soti nan bon trezò li genyen nan kè l, men yon move moun rale move bagay soti nan move trezò li genyen. Paske se dapre sa ki nan kè a ann abondans bouch li pale. ” ​(Lik 6:45). Kidonk, ki sa nou ka fè pou nou pale yon fason ki ankourajan ak lòt moun ?

Yon bagay nou ka fè, se pran yon ti tan pou n reflechi anvan nou pale. Pwovèb 15:28 di : “ Kè moun ki jis la ap medite anvan li bay repons. ” Nou pa bezwen anpil tan pou nou fè yon meditasyon konsa. Si nou pran yon ti tan tou kout pou nou reflechi, sa ka sifi pou nou wè si sa nou pral di a ap ankourajan. Nou ta ka mande tèt nou : ‘ Èske sa m pral di a ap demontre mwen gen lanmou ? Èske se laverite oubyen èske se jis yon bagay mwen te tande nan bouch lòt moun ? Èske se “ yon pawòl nan bon moman ” ? Èske l ap ankouraje moun mwen pral di l yo e èske l ap bati yo ? ’ ​(Pwovèb 15:23). Si nou rann nou kont sa nou pral di a ap negatif oswa li pap apwopriye pou moman an, n ap bezwen fè efò pou nou chase l nan lespri nou. Oubyen, èske li pa t ap pi bon pou nou ranplase l ak yon bagay ki pi ankourajan e ki apwopriye ? Pawòl nou di san nou pa reflechi sanble ak “ kout epe ”, tandiske pawòl ki ankourajan yo “ se gerizon ”. — Pwovèb 12:18.

Yon lòt bagay ki ka ede nou, se lè nou konsantre lespri nou sou rezon ki fè frè ak sè nou yo gen valè nan je Bondye. Jezi te di : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l. ” ​(Jan 6:44). Jewova wè bèl kalite ki gen nan chak sèvitè fidèl li yo, san wete frè ak sè nou ta ka santi ki gen tanperaman difisil yo. Lè nou fè efò pou nou wè bèl kalite yo genyen, sa ap ban nou yon rezon pou nou pale an byen de yo.

Annou ede lòt moun

Jezi te byen konprann jan moun ki t ap pase mizè yo te nan yon sitiyasyon difisil. Se sa k fè ‘ lè l te wè foul moun yo, li te gen pitye pou yo, paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ’. (Matye 9:36.) Sepandan, Jezi pa t annik wè kondisyon difisil yo te ladan l lan, li te aji pou l ede yo. Li te fè moun yo envitasyon sa a : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. ” Li te ba yo asirans sa a tou : “ Jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” — Matye 11:28, 30.

Jodi a, n ap viv nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. (2 Timote 3:1.) Gen anpil moun ki santi “ enkyetid sistèm sa a ” tankou yon pwa lou sou do yo (Matye 13:22). Gen lòt moun se pwoblèm pèsonèl yo ki tankou yon fado pou yo (1 Tesalonisyen 5:14). Ki jan nou ka ankouraje moun ki nan bezwen yo ? Menm jan ak Kris, nou kapab rann chay yo pi lejè.

Gen kèk moun ki chèche jwenn soulajman anba fado y ap pote lè yo pale de pwoblèm yo ak lòt moun. Si yon moun ki dekouraje vin jwenn nou pou l mande nou ede l, èske nou pran tan pou nou koute l ? Pou nou mete nou nan plas moun yo lè n ap koute yo, sa mande pou nou metrize tèt nou. Sa mande tou pou nou rete konsantre sou sa moun nan ap di nou an olye pou n ap reflechi sou fason pou nou reponn oswa sou fason nou ka rezoud pwoblèm nan. Lè nou koute moun nan avèk atansyon, nou gade l epi nou souri lè sa apwopriye, n ap montre nou gen sousi pou li.

Nou gen anpil opòtinite nan kongregasyon an pou nou ankouraje frè n ak sè n yo. Pa egzanp, lè nou asiste reyinyon yo nan Sal Wayòm nan, nou ka chèche wè frè ak sè k ap fè fas ak pwoblèm sante yo. Pafwa, sèl sa nou bezwen fè pou nou ankouraje yo, se pran kèk minit pou nou di yo kèk pawòl ki ankourajan anvan oswa apre reyinyon yo. Yon lòt bagay nou ka fè tou, se note kiyès ki pa la nan etid liv nou ye a. Petèt nou ka telefone yo pou nou fè yo santi nou enterese nan byennèt yo e nou ka ofri yo pou nou ede yo si yo bezwen sa. — Filipyen 2:4.

Ansyen yo gen anpil responsablite nan kongregasyon an. Nou kapab ede yo avèk responsablite yo genyen lè nou kowopere avèk yo e lè nou ranpli kèlkeswa asiyasyon yo ba nou an avèk imilite. Men sa Labib ankouraje nou fè : “ Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” ​(Ebre 13:17). Lè nou montre nou dispoze kolabore ak moun “ k ap byen dirije yo ”, n ap ankouraje yo. — 1 Timote 5:17.

Annou toujou pale yon fason ankourajan e annou toujou ede youn lòt

Lawouze fèt avèk plizyè milye ti gout dlo ki piti anpil, ou ta di ki pa soti okenn kote, ki desann tou dousman. Menm jan an tou, se pa lè nou fè yon bèl aksyon anvè yon moun n ap rive ankouraje l, men, nou rive fè sa lè nou kite bèl kalite nou genyen ki sanble ak pa Kris yo pouse nou kontinye fè bèl aksyon anvè moun sa a.

Men sa apot Pòl te ekri : “ Nan lanmou fratènèl, se pou nou gen yon afeksyon ki gen tandrès youn pou lòt. ” Li te di ankò : “ Pran devan nan onore youn lòt. ” ​(Women 12:10). Annou aplike konsèy Pòl bay la. Annou montre nou se moun ki vrèman ankourajan pou lòt moun nan fason nou pale e nan fason nou aji.

[Foto nan paj 30]

Lawouze ki te sot nan mòn Èmòn nan te yon bonjan sous imidite pou plant yo.

[Foto nan paj 31]

Lè nou mete nou nan plas moun n ap koute yo, sa ankouraje yo.