Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la

Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la

Annou imite Sila ki te pi konn fè disip la

“ Fè atansyon ak fason n ap koute. ” — LIK 8:18.

1, 2. Poukisa li bon pou w egzamine fason Jezi te konn boule ak moun li te rankontre nan ministè l ?

PANDAN Jezi Kris t ap akonpli wòl li antanke gran Anseyan e antanke Sila ki pi konn fè disip la, li te di disip li yo pawòl sa yo : “ Fè atansyon ak fason n ap koute. ” ​(Lik 8:16-18). Antanke kretyen, ou kapab aplike prensip sa a nan ministè w. Si w koute enstriksyon w jwenn nan domèn espirityèl, w ap aplike yo e w ap vin yon pwoklamatè Wayòm nan ki efikas. Se sèten, ou pa ka tande vwa Jezi jodi a, men, ou kapab li sa l te di ak sa l te fè nan Bib la. Ki sa bagay sa yo revele konsènan fason li te konn boule ak moun li te rankontre nan ministè l ?

2 Jezi te efikas lè l t ap preche bon nouvèl la e li te yon trè bon anseyan ki te konn anseye verite ki nan Bib la (Lik 8:1 ; Jan 8:28). Travay fè disip la gen preche ak anseye ladan l, sepandan, menm kretyen ki preche byen konn twouve li difisil pou yo anseye moun yon fason ki efikas. Lè yon moun ap preche, se pwoklame l ap pwoklame yon mesaj, men, an jeneral, lè l ap anseye moun konsènan Jewova e konsènan objektif Li genyen yo, sa mande pou l vin gen yon amitye ak moun l ap anseye yo (Matye 28:19, 20). Nou kapab rive fè sa si nou imite Jezi Kris, gran Anseyan an, Sila ki te pi konn fè disip la. — Jan 13:13.

3. Si w imite Jezi, ki jan sa ap ede w fè disip ?

3 Si w itilize metòd Jezi te konn itilize lè l t ap anseye yo, w ap youn nan moun ki suiv konsèy apot Pòl bay kretyen yo. Men sa l di : “ Kontinye mache avèk sajès anvè moun ki deyò yo, lè nou rachte moman apwopriye a pou nou menm. Se pou pawòl nou toujou gen cham, se pou l toujou sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun. ” ​(Kolosyen 4:5, 6). Pou nou imite Jezi nan travay fè disip la, sa mande pou nou fè efò, men, si nou imite l, n ap anseye yon fason ki efikas paske sa ap ede nou “ reponn chak moun ” selon bezwen l.

Jezi te konn ankouraje lòt moun pale

4. Poukisa nou kapab di Jezi te renmen koute moun lè y ap pale ?

4 Depi lè Jezi te timoun, li te gen abitid pou l koute lòt moun lè y ap pale e pou l ankouraje yo eksprime opinyon yo. Pa egzanp, lè l te gen douz an, paran l te jwenn li nan mitan moun ki t ap anseye nan tanp lan, ‘ li t ap koute yo e li t ap poze yo kesyon ’. (Lik 2:46.) Li pa t al nan tanp lan nan objektif pou l montre moun ki t ap anseye ladan l yo li konnen pase yo. Men, li t ale pou l koute yo, byenke li te poze yo kesyon tou. Lefètke li te renmen koute lòt moun, se gendwa youn nan rezon ki fè l te gen favè ni Bondye ni lèzòm. — Lik 2:52.

5, 6. Ki jan nou fè konnen Jezi te konn koute moun l ap anseye yo lè y ap pale ?

5 Menm apre Jezi te fin batize e yo te wenn li pou l vin Mesi a, li te toujou renmen koute lòt moun lè y ap pale. Sa li t ap anseye yo a pa t okipe lespri l nan pwen pou l te bliye moun ki te vin koute l yo. Souvan, li te konn sispann pale pou l mande yo sa yo panse e pou l koute repons y ap bay (Matye 16:13-15). Pa egzanp, apre lanmò Laza, frè Mat, Jezi te di Mat : “ Tout moun ki ap viv, e ki egzèse lafwa nan mwen, pa gen dwa janm mouri. ” Apre sa, li mande l : “ Èske w kwè sa ? ” Nou met sèten li te koute Mat lè l te di l : “ Wi, Seyè. Mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye a. ” ​(Jan 11:26, 27). Ala sa te dwe fè Jezi kontan pou l tande Mat eksprime lafwa l konsa !

6 Lè anpil nan disip Jezi yo te abandone l, li te enterese pou l tande pwennvi apot li yo. Se sa k fè li te poze yo kesyon sa a : “ Nou pa vle ale tou, nou menm ? ” Lè Pyè tande kesyon Jezi a, li di l : “ Seyè, kiyès pou nou al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. E nou kwè e nou vin konnen ou se Sen Bondye a. ” ​(Jan 6:66-69). Èske nou pa panse pawòl sa yo te fè Jezi kontan anpil ? Lè yon moun n ap etidye avè l eksprime lafwa l konsa tou, se sèten sa ap fè kè nou kontan.

Jezi te konn koute lòt moun avèk respè

7. Poukisa kèk Samariten te vin kwè nan Jezi ?

7 Yon lòt rezon ki fè Jezi te efikas nan fè disip, se paske li te gen sousi pou moun e li te konn koute yo avèk respè. Yon lè, Jezi te preche yon Samaritèn nan vil Sicha bò kot pi Jakòb la. Pandan konvèsasyon li te genyen ak fi a, se pa li menm sèlman ki te pale, li te koute sa fi a t ap di tou. Pandan li t ap koute l, li te remake fi a se yon moun ki enterese nan kesyon adorasyon. Se sa k fè li te di l Bondye ap chèche moun pou adore L avèk lespri e avèk verite. Jezi te montre li gen respè e li gen sousi pou fi a. Kòm rezilta, fi a al pale lòt moun de Jezi e ‘ kèk nan Samariten yo nan vil sa a te kwè nan li poutèt pawòl fi a te di yo ’. — Jan 4:5-29, 39-42.

8. Ki jan w kapab sèvi ak tandans moun yo genyen tou natirèlman pou yo bay opinyon yo pou w kòmanse yon konvèsasyon lè w nan ministè a ?

8 An jeneral, moun renmen bay opinyon yo. Pa egzanp, nan tan lontan, moun ki t ap viv nan vil Atèn yo te renmen pataje opinyon yo ak lòt moun e yo te renmen koute tou nouvo ide moun genyen. Se sa k fè li te posib pou Pòl bay yon diskou efikas nan kote yo rele Areyopaj la nan vil Atèn (Travay 17:18-34). Jodi a, lè w nan predikasyon e w ap kòmanse yon konvèsasyon avèk yon moun ou rankontre, ou kapab di l : “ Mwen pase vizite w paske mwen ta renmen konnen opinyon w sou [bay sijè ou chwazi a]. ” Apre sa, lè w fin koute opinyon moun nan, ou gendwa fè yon ti pale sou sa l di a oswa ou ka poze l yon kesyon sou sa. Ansuit, avèk jantiyès, montre l sa Labib di sou sijè a.

Jezi te konn sa pou l di moun yo

9. Ki sa Jezi te fè anvan li te ‘ fè Kleyopas ak konpayon l lan konprann tout sa k nan Ekriti yo nèt ’ ?

9 Jezi pa t janm nan yon sitiyasyon kote li pa t konn sa pou l di moun yo. Nonsèlman li te konn koute yo byen lè y ap pale, men tou, li te konnen sa k te nan panse yo. Se sa k fè li te konnen egzakteman sa pou l di yo (Matye 9:4 ; 12:22-30 ; Lik 9:46, 47). Ann pran yon egzanp pou nou montre sa. Yon ti tan apre rezirèksyon Jezi, de nan disip li yo t ap mache sot Jerizalèm pou y al Emayis. Nan Evanjil Lik la, Bib la di : “ Pandan yo t ap pale, Jezi pwoche bò kote yo e li kòmanse mache avèk yo, men yo pa t rive rekonèt li. Li di yo : “ ‘ Ki sa n ap diskite ant nou menm la a pandan n ap mache a ? ’ Yo fè yon ti kanpe ak vizaj yo tou tris. Disip ki rele Kleyopas la reponn li, li di l : ‘ Èske w se yon etranje k ap viv poukont ou Jerizalèm ki fè w pa konnen sa k te pase ladan l yo nan dènye jou sa yo ? ’ Li di l : ‘ Ki sa k te pase ? ’ ” Gran Anseyan an te koute yo pandan yo t ap esplike l Jezi, Nazareyen an, te anseye moun, li te fè mirak e yo te touye l. Kounye a, gen kèk moun ki t ap di li resisite. Jezi te kite Kleyopas ak konpayon l lan pale. Apre sa, li te esplike yo bagay ki te enpòtan pou yo konnen, li te ‘ fè yo konprann tout sa k nan Ekriti yo nèt ’. — Lik 24:13-27, 32.

10. Nan ministè w, ki jan w ka rive konnen pwennvi yon moun genyen sou bagay espirityèl ?

10 Ann sipoze ou ta renmen konnen pwennvi yon moun ou rankontre nan predikasyon kay an kay genyen sou bagay espirityèl. Pou w konnen pwennvi l, ou ka di l sa enterese w pou w konnen sa moun panse de lapriyè. Apre sa, ou kapab mande l : “ Èske w panse gen yon moun ki vrèman koute priyè moun fè ? ” Repons moun nan bay la ka ede w konprann anpil bagay konsènan pwennvi l ak relijyon l. Si w wè se yon moun ki dispoze pale de Bondye, petèt w ap kapab rive konprann plis toujou konsènan pwennvi l si w poze l yon lòt kesyon ankò. Ou kapab mande l : “ Èske w panse Bondye koute tout priyè oubyen gen kèk priyè li pa koute ? ” Kesyon konsa kapab pèmèt ou fè yon konvèsasyon amikal ak moun nan. Pandan konvèsasyon an, lè w santi li apwopriye pou w montre moun nan sa Labib di sou sijè a, ou kapab fè sa avèk tak, san w pa atake kwayans li. Si l te pran plezi pou l konvèse avè w, petèt l ap byen kontan pou w retounen vizite l. Men, ann sipoze li poze w yon kesyon ou pa ka reponn ? Ou kapab fè rechèch sou sa epi w retounen al ba l ‘ rezon ki fè w gen espwa. Men, se pou w fè sa ak dousè e ak gwo respè ’. — 1 Pyè 3:15.

Jezi te konn anseye “ moun ki diy yo ”

11. Ki sa k ap ede nou jwenn moun ki merite pou nou anseye yo ?

11 Jezi, yon nonm pafè, te gen disènman, e sa te ede l konnen ki moun ki merite pou l anseye yo. Sepandan, li pi difisil pou nou pou nou rekonèt moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” la (Travay 13:48). Se konsa sa te ye pou apot yo tou, yo menm Jezi te di pawòl sa yo : “ Nan nenpòt vil oswa nan nenpòt bouk nou antre, chèche moun ki diy anndan l. ” ​(Matye 10:11). Menm jan ak apot yo, nou bezwen chèche moun ki dispoze koute e ki vle pou nou anseye yo verite ki nan Bib la. Nou kapab jwenn moun ki diy yo si nou koute tout moun nou pale avèk yo avèk atansyon e nou note atitid yo chak.

12. Ki jan nou ka kontinye ede yon moun ki enterese nan mesaj Wayòm nan ?

12 Apre nou fin pale ak yon moun ki te montre li enterese nan mesaj Wayòm nan, li bon pou nou kontinye reflechi sou ki verite biblik li bezwen konnen. Si nou note sa nou te aprann sou li lè nou te pale avè l konsènan bon nouvèl la, sa ap pèmèt nou kontinye ede l nan domèn espirityèl. Lè nou retounen al vizite l, nou bezwen koute l avèk atansyon pou nou aprann plis sou sa li kwè, sou etadespri l ak sitiyasyon l nan lavi a.

13. Ki sa k ka ede nou konnen pwennvi yon moun genyen sou Labib ?

13 Ki jan nou kapab ankouraje moun yo pou yo di nou sa yo panse de Pawòl Bondye a ? Sa depann de kote n ap viv la. Gen kèk kote nou kapab jwenn bon rezilta si nou poze kesyon sa a : “ Èske w twouve li difisil pou w konprann sa k nan Bib la ? ” Repons moun nan bay la kapab revele si li gen respè pou Bondye. Yon lòt metòd ankò nou kapab itilize pou nou konnen sa moun yo panse de Pawòl Bondye a se li yon vèsè pou yo epi mande yo : “ Ki sa w panse ? ” Menm jan ak Jezi, nou kapab akonpli anpil nan ministè nou lè nou poze bonjan kesyon. Sepandan, gen yon bagay nou dwe veye.

Jezi te konn itilize kesyon avèk efikasite

14. San nou pa poze moun yo yon bann kesyon, ki jan nou ka fè yo santi nou enterese konnen pwennvi yo ?

14 Li bon pou nou fè moun yo santi nou enterese konnen pwennvi yo genyen san nou pa fè yo santi yo malalèz. Nou kapab suiv metòd Jezi te itilize yo. Li pa t konn ap plede poze moun yo kesyon ki ka jennen yo. Men, li te poze kesyon ki te pouse moun yo reflechi. Li te konn koute moun ki sensè yo tou avèk pasyans, li te konn ankouraje yo e li te konn mete yo alèz (Matye 11:28). Tout kalite moun te santi yo lib pou yo pale l de pwoblèm yo ak sousi yo (Mak 1:40 ; 5:35, 36 ; 10:13, 17, 46, 47). Si n ta vle pou moun yo santi yo alèz pou yo di nou sa yo panse de Labib ak ansèyman ki ladan l yo, veye pou nou pa tonbe ap poze yo yon bann kesyon.

15, 16. Ki jan nou ka pouse moun yo pale ak nou konsènan kesyon ki gen rapò ak relijyon ?

15 Nonsèlman nou kapab poze moun yo kesyon ki efikas, men tou, nou kapab ankouraje yo pale avèk nou lè nou di yo yon bagay ki enteresan epi nou koute yo lè y ap reponn nou. Ann pran egzanp Jezi. Li te di Nikodèm : “ Si yon moun pa fèt yon lòt fwa ankò, li pap ka wè wayòm Bondye a. ” ​(Jan 3:3). Pawòl sa yo te tèlman enterese Nikodèm, li te santi fòk li reponn Jezi e fòk li koute l (Jan 3:4-20). Nou kapab pouse moun yo gen konvèsasyon avèk nou menm jan an tou.

16 Jodi a, ann Afrik, ann Ewòp de lès e ann Amerik latin, moun yo ap pale sou lefètke gen anpil relijyon k ap parèt nan monn nan. Nan zòn sa yo, souvan nou kapab kòmanse yon konvèsasyon ak moun yo si nou di yo : “ Sa ban m pwoblèm lefètke gen tout relijyon sa yo. Men, mwen gen espwa talè konsa moun tout nasyon pral ini yo nan vrè adorasyon an. Èske w pa ta renmen wè sa ? ” Lè nou di moun yo bagay yo ka panse ki etonan konsènan espwa nou genyen, sa kapab pouse yo di nou sa yo panse. Kesyon ki bay moun posiblite pou yo reponn de fason pi fasil pou reponn (Matye 17:25). Apre yon moun nou rankontre nan predikasyon fin fè yon ti pale sou kesyon nou poze l la, nou kapab sèvi ak youn oswa de vèsè pou nou reponn kesyon an (Izayi 11:9 ; Sefànya 3:9). Lè nou pran san nou pou nou koute repons moun nan bay, petèt n ap wè sou ki sa pou nou pale avè l pwochèn fwa nou retounen vizite l.

Jezi te konn koute timoun

17. Ki sa k montre Jezi te enterese nan timoun ?

17 Jezi te montre enterè ni pou granmoun, ni pou timoun. Li te konnen jwèt timoun yo te konn jwe e li te konnen sa yo te konn di. Pafwa, li te konn envite timoun vin jwenn li (Lik 7:31, 32 ; 18:15-17). Nan foul ki te konn ap koute l yo, te gen anpil timoun. Lè te gen kèk tigason ki t ap fè louwanj byen fò pou Mesi a, Jezi te remake sa e li te di Ekriti yo te predi sa (Matye 14:21 ; 15:38 ; 21:15, 16). Jodi a, gen anpil timoun ki vin disip Jezi. Ki jan nou kapab ede yo ?

18, 19. Ki jan nou kapab ede pitit nou nan domèn espirityèl ?

18 Si nou vle ede pitit nou yo nan domèn espirityèl, fòk nou koute yo. Nou bezwen konnen ki pwennvi yo genyen ki pa ann amoni ak panse Jewova. Kèlkeswa sa yon timoun di, li saj pou nou reponn li dabò yon fason pozitif. Apre sa, nou kapab itilize kèk vèsè ki apwopriye pou nou ede l konprann pwennvi Jewova anrapò ak sa l di a.

19 Kesyon nou poze timoun yo kapab ede nou rive konnen pwennvi yo. Sepandan, menm jan ak granmoun, timoun pa renmen pou moun ap plede poze yo yon bann kesyon. Olye nou poze yo yon pakèt kesyon k ap difisil pou yo reponn, poukisa nou pa di yo yon bagay konsènan nou menm ? Selon sijè nou abòde avèk yo a, nou kapab di yo ki pwennvi nou te genyen lontan e poukisa nou te gen pwennvi sa a. Apre sa, nou kapab mande yo : “ Èske se pwennvi sa a ou genyen tou ? ” Repons pitit nou ban nou kapab fè nou vin gen yon konvèsasyon ankourajan sou bagay espirityèl, yon konvèsasyon ki kapab ede yo.

Kontinye imite Sila ki te pi konn fè disip la

20, 21. Nan travay fè disip la, poukisa li enpòtan pou nou koute moun yo byen lè y ap pale ?

20 Kit se avèk pitit nou n ap pale, kit se avèk yon lòt moun, li enpòtan pou nou koute yo avèk atansyon. Anfèt, sa se yon fason nou montre nou gen lanmou pou yo. Lè nou koute yo, nou montre nou gen imilite e nou montre nou gen respè ak konsiderasyon ki plen lanmou pou yo. Natirèlman, koute yon moun mande pou nou ba li atansyon nou lè l ap pale.

21 Pandan nou nan ministè a, se pou nou kontinye koute moun nou rankontre yo avèk atansyon. Si nou fè sa, nou kapab rive disène ki verite biblik k ap plis enterese yo. Apre sa, nou kapab itilize diferan metòd Jezi te konn itilize lè l ap anseye pou nou ede yo. Etan n ap fè sa, n ap jwenn lajwa ak satisfaksyon paske n ap imite Sila ki te pi konn fè disip la.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jezi te ankouraje lòt moun di sa k nan panse yo ?

• Poukisa Jezi te konn koute moun l ap anseye yo ?

• Ki jan nou kapab itilize kesyon nan ministè nou ?

• Ki sa nou kapab fè pou nou ede timoun yo nan domèn espirityèl ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Nou dwe koute moun yo lè n ap preche.

[Foto nan paj 28]

Nou imite Jezi lè nou ede timoun yo nan domèn espirityèl.