Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kiltive kalite k ap ede nou fè disip

Annou kiltive kalite k ap ede nou fè disip

Annou kiltive kalite k ap ede nou fè disip

“ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. ” — MATYE 28:19.

1. Ki kapasite e ki etadespri kèk sèvitè Bondye nan tan lontan te bezwen devlope ?

SÈVITÈ Jewova yo konn bezwen devlope kèk kapasite ak yon etadespri k ap ede yo fè volonte l. Pa egzanp, sou lòd Bondye, Abraram ak Sara te kite Ou, yon vil rich, e avèk letan yo te oblije devlope kalite ak kapasite yo te bezwen pou yo viv anba tant (Ebre 11:8, 9, 15). Pou Jozye te fè pèp Izrayèl antre nan Latè pwomiz, li te bezwen gen kouraj, li te bezwen gen lafwa nan Jewova e li te bezwen konnen Lalwa Li te bay la (Jozye 1:7-9). Betsalèl ak Oholyab te patisipe nan konstriksyon tabènak la e nan lòt travay ki t ap fèt ki te gen rapò ak tabènak la, e yo te sipèvize travay sa yo. Kèlkeswa kapasite yo te deja genyen, se sèten yo te devlope yo plis toujou grasa lespri sen yon fason pou yo te ka jwenn siksè nan travay la. — Egzòd 31:1-11.

2. Ki kesyon ki gen rapò ak travay fè disip la nou pral egzamine ?

2 Plizyè syèk apre, Jezi Kris te bay disip li yo lòd sa a : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Anvan sa, pèsonn moun pa t janm gen privilèj pou yo patisipe nan yon travay konsa. Men, ki kalite yon moun bezwen pou l patisipe nan travay fè disip la ? Ki jan nou kapab kiltive kalite sa yo ?

Demontre nou gen yon lanmou pwofon pou Bondye

3. Ki posiblite kòmandman ki mande pou nou fè disip la ban nou ?

3 Pou nou pale ak moun yo e pou nou eseye konvenk yo pou yo adore vrè Dye a, sa mande pou nou gen yon lanmou pwofon pou Li. Izrayelit yo te pwouve lanmou yo pou Bondye lè yo te obeyi kòmandman l yo ak tout kè yo, lè yo te ofri l sakrifis ki akseptab e lè yo te chante pou yo fè louwanj pou li (Detewonòm 10:12, 13 ; 30:19, 20 ; Sòm 21:13 ; 96:1, 2 ; 138:5). Antanke moun k ap fè disip, nou menm tou nou obeyi lwa Bondye yo, men anplis, nou montre lanmou nou pou li lè nou pale ak lòt moun de li e de objektif li. Li nesesè pou nou pale avèk konviksyon e pou nou chwazi mo ki kòrèk pou nou eksprime santiman nou gen nan fon kè nou pou esperans Bondye ban nou an. — 1 Tesalonisyen 1:5 ; 1 Pyè 3:15.

4. Ki sa k fè Jezi te pran plezi pou l anseye moun konsènan Jewova ?

4 Lefètke Jezi te gen yon lanmou pwofon pou Jewova, li te pran anpil plezi pou l pale avèk moun yo konsènan objektif Jewova, konsènan Wayòm nan e konsènan vrè adorasyon an (Lik 8:1 ; Jan 4:23, 24, 31). Anfèt, men deklarasyon Jezi te fè : “ Manje pa m se fè volonte sila ki voye m nan epi fin fè travay li. ” ​(Jan 4:34). Men sa yon salmis te di ki te akonpli sou Jezi : “ Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen. Mwen anonse bon nouvèl jistis la nan gran kongregasyon an. Gade ! M pa fèmen bouch mwen. O Jewova, ou menm ou konn sa byen. ” — Sòm 40:8, 9 ; Ebre 10:7-10.

5, 6. Ki prensipal kalite moun k ap fè disip yo bezwen genyen ?

5 Pafwa, moun ki fèk aprann verite ki nan Bib la konn tèlman pale de Jewova e de Wayòm li an avèk konviksyon, sa fè yo efikas anpil nan konvenk moun pou yo egzamine Ekriti yo. Se lanmou pou Jewova ki pouse yo aji konsa (Jan 1:41). Lanmou nou genyen pou Jewova se prensipal kalite ki pouse nou patisipe nan travay fè disip la. Pakonsekan, annou kenbe lanmou sa a vivan nan nou lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou li regilyèman. — 1 Timote 4:6, 15 ; Revelasyon 2:4.

6 Pa gen dout nan sa, Jezi Kris te yon anseyan ki zele paske li te renmen Jewova. Sepandan, se pa sa sèlman ki te fè l efikas antanke pwoklamatè Wayòm nan. Antanke yon moun ki te konn fè disip, ki lòt kalite Jezi te genyen ki te fè l jwenn siksè ?

Demontre nou gen lanmou ak enterè pou moun yo

7, 8. Ki jan Jezi te konsidere moun ?

7 Jezi te gen sousi pou moun e li te montre li vrèman enterese nan yo. Menm lè li te nan syèl la antanke “ ouvriye abil ” Bondye a, li te renmen lèzòm (Pwovèb 8:30, 31). Lè l te sou tè a, li te gen konpasyon pou moun e li te konn rebay moun ki te konn vin jwenn li yo fòs (Matye 11:28-30). Jezi te reflete menm lanmou ak konpasyon Jewova genyen e sa te atire anpil moun pou yo vin adore vrè Dye a. Tout kalite moun te koute Jezi paske li te montre li renmen yo, li te enterese nan yo e li te gen sousi pou sitiyasyon yo. — Lik 7:36-50 ; 18:15-17 ; 19:1-10.

8 Yon lè gen yon mesye ki te mande Jezi ki sa l bezwen fè pou l jwenn lavi etènèl, ‘ Jezi te gade l e li te santi li gen lanmou pou li ’. (Mak 10:17-21.) Nan Jan 11:1, 5, men sa nou li konsènan kèk moun Jezi te anseye nan vil Betani : “ Jezi te renmen Mat ak sè l la ak Laza. ” Jezi te tèlman enterese nan moun, li te konn pa pran repo li bezwen yon fason pou l ka anseye yo (Mak 6:30-34). Lefètke li te renmen moun e li te sousye l de yo konsa, sa te fè li pi efikas pase tout lòt moun nan atire moun nan vrè adorasyon an.

9. Antanke yon moun ki te konn fè disip, ki etadespri Pòl te genyen ?

9 Apot Pòl tou te vrèman enterese nan moun li te konn preche yo. Pa egzanp, men sa li te di moun ki te vin kretyen nan vil Tesalonik yo : “ Piske nou gen yon afeksyon ki gen tandrès pou nou, nou te byen kontan nonsèlman pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, men tou pou nou ban nou pwòp nanm nou, paske nou te vin byenneme pou nou. ” Lefètke Pòl de depanse l pou moun avèk amou, gen kèk moun nan vil Tesalonik ki te ‘ kite zidòl yo pou yo vin travay tankou esklav pou Bondye vivan an ’. (1 Tesalonisyen 1:9 ; 2:8.) Menm jan ak Jezi ak Pòl, si nou sousye nou vrèman de moun, li posib pou nou menm tou nou gen lajwa pou nou wè bon nouvèl la touche kè moun ‘ ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ’ yo. — Travay 13:48.

Demontre nou gen espri sakrifis

10, 11. Pou ki rezon nou bezwen gen espri sakrifis nan travay fè disip la ?

10 Moun ki gen espri sakrifis yo efikas nan fè disip. Se sèten moun sa yo pa kwè se chèche vin rich ki pi enpòtan nan lavi a. Anfèt, men sa Jezi te di disip li yo : “ Ala yon bagay k ap difisil pou moun ki gen lajan antre nan wayòm Bondye a ! ” Byenke disip yo te sezi tande sa, men sa Jezi te di yo ankò : “ Pitit mwen yo, ala sa difisil pou moun antre nan wayòm Bondye a ! Li pi fasil pou yon chamo pase nan je yon zegui pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. ” ​(Mak 10:23-25). Jezi te egzòte disip li yo pou yo viv yon vi senp dekwa pou yo ka konsantre yo sou travay fè disip la (Matye 6:22-24, 33). Men, sa k fè si yon moun gen espri sakrifis, sa ka ede l fè disip ?

11 Pou nou ka anseye moun yo tout sa Jezi kòmande, sa mande pou nou fè anpil efò. Jeneralman, pou nou ka fè disip, sa mande pou nou fè efò pou nou kondui etid biblik ak moun ki enterese yo chak semèn. Gen kèk pwoklamatè ki t ap travay aplentan ki chanje travay, yo pa travay aplentan ankò nan objektif pou yo pase plis tan ap chèche moun ki vrèman enterese nan Labib. Gen plizyè milye kretyen ki aprann yon lòt lang pou yo ka preche sèten gwoup moun k ap viv nan zòn kote yo abite a. Gen lòt kretyen ki kite lakay yo pou y al viv nan yon lòt zòn oswa nan yon lòt peyi pou yo patisipe pi plis nan rekòt la (Matye 9:37, 38). Tout efò sa yo mande pou yo gen espri sakrifis. Sepandan, pou yon moun vin efikas nan fè disip, li bezwen plis pase sa.

Montre nou gen pasyans san nou pa pèdi tan nou

12, 13. Poukisa li enpòtan pou nou gen pasyans nan travay fè disip la ?

12 Pasyans se yon lòt kalite ankò k ap ede nou fè disip. Mesaj nou gen pou nou pwoklame a mande pou moun yo pran yon desizyon rapidman. Sepandan, pou nou fè yon disip, an jeneral sa mande anpil tan ak anpil pasyans (1 Korentyen 7:29). Jezi te montre anpil pasyans anvè Jak, yon frè l bò kot manman. Sanble Jak te byen okouran de aktivite predikasyon Jezi, sepandan, pou yon rezon kèlkonk, pandan yon tan, li pa t yon disip Jezi (Jan 7:5). Sepandan, sanble se nan ti tan ki te pase ant lanmò Jezi ak Pannkòt ane 33 epòk nou an Jak te vin yon disip Jezi, paske Labib pèmèt nou konprann Jak ansanm ak manman l ak frè l yo ak apot yo te reyini pou yo priye (Travay 1:13, 14). Jak te fè anpil pwogrè jiskaske li te vin gen anpil responsablite nan kongregasyon kretyen yo te fòme nan premye syèk la. — Travay 15:13 ; 1 Korentyen 15:7.

13 Menm jan ak moun k ap kiltive latè, kretyen yo ap kiltive plant souvan ki pran tan pou yo grandi : konpreyansyon sou Pawòl Bondye a, lanmou pou Jewova ak yon etadespri ki sanble ak pa Kris la. Sa mande pasyans. Men sa Jak te ekri : “ Montre nou pasyan, frè m yo, jiska prezans Seyè a. Gade ! Kiltivatè a ret ap tann bonjan fwi ki sot nan tè a, li montre pasyans pou sa, jiskaske li jwenn lapli byen bonè ak lapli byen ta. Nou menm tou montre nou gen pasyans, fè kè nou fèm, paske prezans Seyè a pwòch. ” ​(Jak 5:7, 8). Jak t ap ankouraje kretyen yo pou yo ‘ montre yo gen pasyans jiskaske prezans Seyè a ’ rive. Lè Jezi t ap anseye disip li yo, si yo pa t konprann yon bagay, li te pran pasyans pou l esplike yo bagay la oswa li te ba yo yon egzanp pou l ede yo konprann li (Matye 13:10-23 ; Lik 19:11 ; 21:7 ; Travay 1:6-8). Menm jan an tou jodi a, lefètke n ap viv nan prezans Seyè a, nou bezwen montre nou gen pasyans toutpandan n ap fè tout sa nou kapab pou nou fè disip. Moun ki vin disip Jezi nan epòk nou an bezwen pou nou anseye yo avèk pasyans. — Jan 14:9.

14. Menmsi nou pran pasyans ak moun yo pou nou eseye ede yo vin disip Kris e yo pa pwogrese, ki sa li saj pou nou fè ak tan nou ?

14 Menm lè nou pran pasyans ak moun yo, pifò moun nou eseye kòmanse etid biblik ak yo pap kite pawòl la pote fwi nan yo (Matye 13:18-23). Se sa k fè, si nou fè tout sa nou kapab pou nou ede yo e yo pa pwogrese, li saj pou nou sispann ba yo tan nou e pou nou chèche lòt moun k ap apresye verite biblik yo (Eklezyas 3:1, 6). Pa gen dout nan sa, menm moun ki apresye verite biblik yo ka bezwen anpil èd pou yo rive chanje pwennvi yo, etadespri yo ak priyorite yo nan lavi a. Kidonk, menm jan Jezi te pasyan avèk disip li yo ki te gen difikilte pou yo devlope etadespri ki kòrèk la, nou menm tou nou bezwen gen pasyans. — Mak 9:33-37 ; 10:35-45.

Devlope ladrès nan fason nou anseye

15, 16. Poukisa lè n ap fòme yon disip li enpòtan pou nou anseye yon fason ki senp e pou nou fè bonjan preparasyon ?

15 Lanmou nou gen pou Bondye, enterè nou gen pou moun, espri sakrifis nou demontre nou genyen ansanm ak pasyans se yon seri kalite ki enpòtan pou nou reyisi fè disip. Nou bezwen devlope ladrès tou nan fason n ap anseye paske sa ap ede nou bay esplikasyon ki klè e ki senp. Pa egzanp, anpil nan pawòl Jezi Kris, gran Anseyan an, te di yo pisan paske li te di yo yon fason ki senp. Se sèten nou sonje kèk nan pawòl li te di yo, tankou : “ Sere trezò pou nou nan syèl la ”, “ Pinga nou bay chen bagay ki sen ”, “ Sajès la montre li jis grasa zèv li ”, “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye ”. (Matye 6:20 ; 7:6 ; 11:19 ; 22:21.) Nòmalman, se pa sèlman deklarasyon kout konsa Jezi te fè. Li te anseye yon fason ki klè e li te bay esplikasyon lè sa te nesesè. Men, ki jan w ka imite fason Jezi te konn anseye ?

16 Bonjan preparasyon se sekrè pou yon moun anseye yon fason ki senp e ki klè. Pwoklamatè ki pa prepare yo gen tandans pale twòp. Yo kapab bwouye pwen prensipal yo tèlman yo di yon bann bagay. Lè konsa yo di tout sa yo konn sou sijè a. Yon lòt bò, pwoklamatè ki byen prepare a panse a moun l ap anseye a, li medite sou sijè a e li prezante egzakteman sa etidyan an bezwen yon fason klè (Pwovèb 15:28 ; 1 Korentyen 2:1, 2). Li reflechi sou sa etidyan an deja konnen e li reflechi sou ki pwen li ta dwe met aksan nan etid la. Se vre, yon pwoklamatè kapab konnen anpil enfòmasyon enteresan sou yon sijè, sepandan, si l vle anseye yon fason ki klè, l ap retire enfòmasyon ki pa nesesè pou moman an.

17. Ki jan nou kapab ede moun yo rezone sou Ekriti yo ?

17 Jezi te ede moun yo tou pou yo rezone olye pou l te annik ba yo enfòmasyon. Pa egzanp, gen yon lè li te mande Simon : “ Sa w panse Simon ? Nan men kiyès wa ki sou latè yo resevwa enpo oubyen taks sou tèt chak moun ? Nan men pitit pa yo oubyen nan men etranje ? ” ​(Matye 17:25). Petèt nou se moun ki renmen bay esplikasyon sou Bib la, sepandan se pou nou kontwole tèt nou pou nou kite etidyan an pale oswa pou n kite l bay esplikasyon sou yon pwen n ap trete avè l nan etid la. Nòmalman, nou pa ta dwe benyen moun nan ak kesyon. Olye de sa, lè nou sèvi avèk tak, avèk bon egzanp e ak bonjan kesyon, nou kapab ede moun yo konprann ide ki sot nan Bib la nou jwenn nan piblikasyon nou yo.

18. Pou nou devlope ‘ ladrès pou nou anseye ’, ki sa sa mande ?

18 Bib la pale de ‘ ladrès yon moun bezwen pou l anseye ’. (2 Timote 4:2 ; Tit 1:9.) Kapasite sa a yon moun genyen pou l anseye mande pou l fè plis pase ede moun sonje enfòmasyon. Nou dwe ede etidyan nou yo konprann diferans ki genyen ant laverite ak manti, ant byen ak mal, ant sajès ak foli. Pandan n ap fè sa e pandan n ap ede yo kiltive lanmou pou Jewova nan kè yo, petèt y ap rive wè rezon ki fè yo dwe obeyi l.

Annou patisipe nan travay fè disip la avèk zèl

19. Ki jan tout kretyen yo kontribye pou fè disip ?

19 Kongregasyon nou fòme a antanke kretyen, se yon òganizasyon ki la pou fè disip. Lè yon moun vin disip Jezi, se pa sèlman frè oswa sè ki te rankontre l e ki te ede l konprann sa Labib anseye ki gen rezon pou l rejwi. Lè gen kèk moun ki met ansanm pou yo chèche yon timoun ki pèdi, se gendwa yon sèl nan yo ki jwenn timoun nan. Sepandan, lè yo mennen timoun nan bay paran l, se tout moun ki t ap chèche l yo ki kontan (Lik 15:6, 7). Menm jan an tou, travay fè disip la se yon travay nou fè ann ekip. Tout kretyen yo patisipe nan chèche moun ki kapab vin disip Jezi yo. E lè yon moun kòmanse vin nan reyinyon nan Sal Wayòm nan, se tout kretyen ki nan Sal la ki kontribye pou fè l pran gou nan vrè adorasyon an (1 Korentyen 14:24, 25). Kidonk, tout kretyen yo kapab rejwi lefètke gen plizyè santèn milye moun ki vin disip Jezi chak ane.

20. Ki sa w dwe fè si w vle anseye lòt moun laverite ?

20 Gen anpil kretyen fidèl ki ta renmen anseye yon moun kiyès Jewova ye e ki ta renmen anseye l tou konsènan vrè adorasyon an. Men, malgre tout efò yo fè, yo gendwa poko janm rive fè sa. Si se nan sitiyasyon sa a ou ye, ebyen, kontinye ranfòse lanmou w gen pou Jewova, kontinye montre w enterese nan lòt moun, kontinye kiltive espri sakrifis, kontinye montre w pasyan e kontinye chèche amelyore kapasite w antanke anseyan. Men, sa k pi enpòtan, se pou w priye Bondye pou l ede w reyalize dezi w genyen pou w anseye moun laverite (Eklezyas 11:1). Tout sa w fè nan sèvis Jewova a gen enpòtans e yo itil nan travay fè disip la, yon travay ki bay Jewova glwa. Ou kapab jwenn rekonfò nan sa.

Èske w ka esplike ?

• Pou ki rezon nou kapab di travay fè disip la pèmèt nou demontre lanmou nou genyen pou Jewova ?

• Ki kalite moun k ap fè disip yo bezwen kiltive ?

• Si nou vle gen ‘ ladrès pou nou anseye ’, sa sa mande ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Lè kretyen yo patisipe nan travay fè disip la, yo demontre yo gen yon lanmou pwofon pou Bondye.

[Foto nan paj 21]

Poukisa moun k ap fè disip yo dwe enterese nan lòt moun ?

[Foto nan paj 22]

Ki kalite konsa moun k ap fè disip yo bezwen kiltive ?

[Foto nan paj 23]

Tout kretyen yo kontan anpil lè yo wè bèl rezilta travay fè disip la bay.