Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa ki objektif ou nan lavi a ?

Ki sa ki objektif ou nan lavi a ?

Ki sa ki objektif ou nan lavi a ?

KENNY t ap travay nan youn nan pi gwo konpayi ki negosye kontra pou moun ki ta renmen vann oswa ki ta renmen achte yon bagay. Li te konn kondui yon machin ki koute chè e li te posede yon gwo apatman nan yon zòn rich ki nan yon gran vil. Se yon moun ki gen anpil eksperyans nan sote nan parachit e ki te renmen sansasyon li genyen lè l sot anlè nan syèl la a plizyè milye pye e l ap plonje desann jiskaske li ouvri parachit la. Èske tout sa te fè l santi li gen yon vi ki ba l satisfaksyon ? Men sa l te di nan yon jounal : “ Kounye a mwen gen 45 an, e avni m pa sèten vre [...]. Vi m pa gen sans. ” ​(The Wall Street Journal)

Elyn te antrene avèk tout fòs li pou l vin yon moun ki fò anpil nan kouri paten sou glas, jan yo fè sa nan peyi l. Finalman, li te vin selèb nan spò sa a. Li te jwenn renome li t ap chèche a. Sepandan, se avèk regrè li te mande tèt li : “ Men, kote tout kè kontan m te kwè m t ap genyen an ? ” Men sa l di ankò : “ Mwen te santi m vrèman poukont mwen. Finalman, m ap vin granmoun, e menmsi mwen gen anpil lajan, lavi m pap gen sans si se sa sèlman ki objektif mwen. ”

Hideo se yon atis ki te fò anpil nan fason li itilize koulè nan travay atistik li fè. Li te pase tout vi l ap fè bèl travay atistik. Li pa t vann bèl tablo li yo ; li te panse si l fè sa, sa t ap vyole prensip li genyen antanke atis. Anvan li te mouri a 98 an, li te fè yon mize kado pifò travay li te fè yo. Se vre li te pase tout vi l ap pousuiv objektif li antanke atis, men li pa t satisfè, paske li te panse li pa t ap janm ka rive pèfeksyone teknik li.

Gen moun ki bay tan yo, ki fè anpil efò e ki sèvi ak resous yo pou yo ede lòt moun. Annou pran egzanp yon mesye ki t ap travay Oliwoud kòm yon direktè nan kesyon fè fim. Antanke vis prezidan youn nan pi gwo konpayi k ap pwodui fim Ozetazini, li te konn travay ansanm ak moun ki selèb e li te abite nan yon zòn rezidansyèl ki rich anpil. Men, pandan li te an vakans e li t ap vizite peyi Kanbòj, gen yon tifi ki te vin mande l lajan pandan l ap manje nan yon restoran nan Nompenn (Phnom Penh), kapital peyi sa a. Li te bay tipitit la yon dola ameriken ak yon bagay pou l bwè. Tifi a te kontan. Sepandan, nan demen swa, tifi a te tounen menm kote a ankò, li t ap mande toujou. Misye te konprann tipitit la te bezwen plis èd pase sa l te ba li a.

Yon ane apre, mesye sa a te deside chanje karyè. Li te kite travay li nan domèn sinema pou l al ede pòv malere ki nan peyi Kanbòj yo. Li te fonde yon lekòl, e nan lekòl sa a yo bay moun manje, kote pou yo dòmi ak edikasyon. Malgre sa, li toujou santi l twouble nan li menm paske se vre li santi l kontan e li satisfè pou sa l rive fè, men anmenmtan, li santi l dezespere e li fristre akoz kantite pwoblèm li rankontre ki pa janm sispann ogmante.

Toule kat moun nou sot mansyone yo te panse yo konnen sa yo vle fè nan lavi yo. Men, yo pa t santi yo jwenn satisfaksyon menm lè yo te fin atenn objektif yo te vize yo. E ou menm, ki sa w vle fè nan lavi a ? Ki sa k pi enpòtan pou ou nan lavi a ? Èske w sèten alavni ou pap regrèt fason w ap viv kounye a ?