Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Agayi a ak liv Zekarya a

Pwen enteresan ki nan liv Agayi a ak liv Zekarya a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Agayi a ak liv Zekarya a

NOU nan ane 520 anvan epòk nou an. Sèzan gentan pase depi Juif ki te sot ann egzil nan Babilòn yo te poze fondasyon tanp Jewova a nan Jerizalèm. Poutan, tanp lan poko fini, e travay konstriksyon an anba entèdiksyon. Jewova etabli pwofèt Agayi, e apre de mwa, li etabli pwofèt Zekarya pou yo bay pawòl li.

Agayi ak Zekarya te gen yon sèl objektif : motive pèp la pou yo rekòmanse travay rekonstriksyon tanp lan. Efò pwofèt sa yo te fè te pote bon rezilta, e apre senkan, tanp lan te fin konstwi nèt. Nou jwenn mesaj Agayi ak Zekarya te pwoklame a nan de liv nan Bib la ki pote non yo. Nan ane 520 anvan epòk nou an, Agayi te fin ekri liv li a e Zekarya te fin ekri pa l la an 518 anvan epòk nou an. Menm jan ak pwofèt sa yo, nou menm tou nou gen yon travay Bondye ban nou fè, yon travay nou dwe fin fè nèt anvan fen sistèm sa a rive. Travay sa a se travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la. Annou gade ki ankourajman nou ka jwenn nan liv Agayi a ak nan liv Zekarya a.

“ FIKSE KÈ NOU SOU CHEMEN NOU ”

(Agayi 1:1–2:23)

Nan 112 jou, Agayi te bay kat mesaj ankourajan. Men premye a : “ ‘ Fikse kè nou sou fason n ap aji. Monte nan mòn nan, se pou n al chèche bwa pote vini pou nou bati kay la pou m ka pran plezi ladan l e pou m ka jwenn glwa ’, se sa Jewova di. ” ​(Agayi 1:7, 8). Pèp la te byen reyaji. Dezyèm mesaj la te gen pwomès sa a ladan l : ‘ Mwen [Jewova] ap ranpli kay sa a ak laglwa. ’ — Agayi 2:7.

Selon twazyèm mesaj la, lefètke pèp la te neglije travay rekonstriksyon tanp lan, sa te fè ‘ ni pèp la ni tout travay yo fè ak men yo ’ pa t pwòp devan Jewova. Sepandan, lè yo te kòmanse travay reparasyon an, Jewova ‘ t apral ba yo benediksyon ’. Selon katriyèm mesaj la, Jewova pral “ aneyanti fòs wayòm nasyon yo ” e l ap sèvi ak gouvènè Zowobabèl kòm “ yon bag yo sèvi pou poze so ”. — Agayi 2:14, 19, 22, 23.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:6 — Ki sans ekspresyon “ gen bwè, men pa nan pwen pou nou sou ” an genyen ? Ekspresyon sa a senpleman demontre ki jan diven t apral vin ra. Lefètke Jewova pa t bay benediksyon li, kantite diven ki t ap genyen an t ap limite, sètadi li pa t ap sifi pou fè moun sou.

2:6, 7, 21, 22 — Kiyès oubyen ki sa k ap souke bagay yo, e ki efè sa genyen ? Se Jewova k ap ‘ souke nasyon yo ’ pa mwayen predikasyon mesaj Wayòm nan k ap fèt sou tout tè a. Grasa travay predikasyon an tou, ‘ bagay apresyab ki nan tout nasyon yo ’ antre lakay Jewova e yo ranpli kay sa a avèk glwa. Rive yon lè, “ Jewova Chèf lame yo ” gen pou l “ souke syèl la ak tè a ak lanmè a ak tè sèk la ”, konsa, li pral souke tout sistèm mechan sa a yon fason pou l fè l sispann egziste. — Ebre 12:26, 27.

2:9 — Nan ki sans dezyèm “ kay sa a ap vin gen plis glwa pase ansyen kay la ” ? Sa t apral fèt nan omwen twa domèn : kantite ane tanp lan t apral egziste, moun ki t ap anseye ladan l ak kantite moun ki t ap rantre ladan l pou yo adore Jewova. Byenke tanp Salomon an, yon tanp ki te glorye, te egziste pandan 420 an, soti 1027 anvan epòk nou an rive 607 anvan epòk nou an, yo te itilize dezyèm ‘ kay la ’ pandan plis pase 580 ane, sètadi soti lè l te fin konstwi nan ane 515 anvan epòk nou an rive ane 70 epòk nou an. Anplis, Jezi Kris, Mesi a, te anseye nan dezyèm “ kay sa a ”, e te gen plis moun ki te antre ladan l pou yo adore Jewova pase nan “ ansyen ” kay la. — Travay 2:1-11.

Leson pou nou jodi a :

1:2-4. Opozisyon nou jwenn nan travay predikasyon an pa ta dwe fè nou chanje priyorite nou, sa vle di nou pa ta dwe kite l fè nou sispann “ chèche wayòm nan [...] an premye ” pou nou mete enterè pa nou an premye. — Matye 6:33.

1:5, 7. Li bon pou nou “ fikse kè nou sou fason n ap aji ” e pou nou reflechi sou jan sa nou fè ak lavi nou gen efè sou relasyon nou genyen ak Bondye.

1:6, 9-11 ; 2:14-17. Juif ki t ap viv nan epòk Agayi yo t ap travay di pou yo pousuiv aktivite pèsonèl yo, men yo te travay anven, yo pa t rekòlte fwi travay yo. Yo te neglije tanp lan, se sa k fè yo pa t jwenn benediksyon Bondye. Nou ta dwe bay aktivite espirityèl yo priyorite nan lavi nou e nou ta dwe sèvi Bondye ak tout nanm nou, etan nou sonje kit nou gen anpil bagay nan domèn materyèl, kit nou pa gen anpil, se “ benediksyon Jewova [...] ki fè yon moun rich ”. — Pwovèb 10:22.

2:15, 18. Jewova te ankouraje Juif yo pou yo fikse kè yo sou travay rekonstriksyon yo te gen pou yo fè a e non pa sou neglijans yo te fè anvan sa. Menm jan an tou, nou ta dwe fè efò pou nou fikse je nou sou lavni pandan n ap adore Bondye nou an.

‘ SE PA PA MWAYEN PISANS, MEN SE GRASA LESPRI MWEN ’

(Zekarya 1:1–14:21)

Nan kòmansman travay Zekarya kòm pwofèt, li te lanse yon envitasyon bay Juif yo pou yo ‘ retounen vin jwenn Jewova ’. (Zekarya 1:3.) Uit vizyon li te resevwa annapre yo te bay Juif yo asirans Bondye t ap soutni yo nan travay rekonstwi tanp lan. (Gade kare ki gen tit “ Uit vizyon senbolik Zekarya te fè yo ”.) “ Se pa ak konkou fòs militè, ni pa mwayen pisans ” travay konstriksyon an t ap gen pou l rive nan bout li, “ men se grasa lespri [Jewova] ”. (Zekarya 4:6.) “ Asireman ”, moun ki rele Boujon an “ pral bati tanp Jewova a ” e “ li dwe vin yon prèt sou twòn li ”. — Zekarya 6:12, 13.

Betèl voye yon delegasyon pou l kesyone prèt yo anrapò ak jèn yo te fè pou yo komemore destriksyon Jerizalèm nan. Jewova di Zekarya gwo tristès yo konn demontre pandan kat jèn yo fè pou yo montre yo sonje kalamite ki te tonbe sou Jerizalèm nan pral tounen “ rejwisans, lajwa ak bon sezon fèt ”. (Zekarya 7:2 ; 8:19.) Nan de deklarasyon Zekarya fè annapre yo, li pwononse jijman kont nasyon yo ak fo pwofèt yo, li bay pwofesi konsènan Mesi a e li bay yon mesaj konsènan restorasyon pèp Bondye a. — Zekarya 9:1 ; 12:1.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:1 — Poukisa te gen yon mesye ki t ap mezire Jerizalèm avèk yon kòd ? Sandout, aksyon sa a te fè konprann yo t apral konstwi yon miray kòm pwoteksyon toutotou vil la. Zanj lan te fè mesye a konnen yo pral agrandi Jerizalèm e Jerizalèm pral gen pwoteksyon Jewova. — Zekarya 2:3-5.

6:11-13 — Èske kouwone yo te kouwone gran prèt Yochouwa a te fè l wa e prèt anmenmtan ? Non, Yochouwa pa t fè pati desandan wa David yo. Sepandan, lefètke yo te kouwone l, yon fason pwofetik, li te reprezante Mesi a (Ebre 6:20). Pwofesi konsènan “ Boujon ” an te reyalize sou Jezi Kris, li menm ki wa e ki prèt nan syèl la (Jeremi 23:5). Menm jan Yochouwa te sèvi kòm gran prèt pou Juif ki te retounen sot ann egzil yo nan tanp yo te rebati a, se konsa tou, Jezi se Gran Prèt vrè adorasyon an k ap fèt nan tanp espirityèl Jewova a.

8:1-23 — Ki lè dis deklarasyon yo fè nan vèsè sa yo te reyalize ? Men sa yo di nan kòmansman chak deklarasyon : “ Men sa Jewova Chèf lame yo di. ” E chak deklarasyon sa yo se yon pwomès Bondye fè pou l fè pèp li a jwenn lapè. Gen kèk nan deklarasyon sa yo ki te akonpli nan sizyèm syèk anvan epòk nou an, men yo tout nèt, swa yo te reyalize nan ane 1919 nan epòk nou an, swa y ap reyalize kounye a *.

8:3 — Poukisa yo rele Jerizalèm “ vil laverite a ” ? Anvan yo te detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, li te yon “ vil k ap toupizi ” moun. Li te plen pwofèt ak prèt ki kòwonpi ladan l e li te plen moun ki enfidèl (Sefànya 3:1 ; Jeremi 6:13 ; 7:29-34). Sepandan, piske yo te rekonstwi tanp lan e pèp la te pran detèminasyon pou l sèvi Jewova, yo t apral pale verite ki gen rapò ak vrè adorasyon an nan Jerizalèm e yo t apral rele l “ vil laverite a ”.

11:7-14 — Ki sans sa te genyen lè Zekarya te kase yon baton ki te rele “ Cham ” ak yon lòt ki te rele “ Inyon ” ? Yo pale la a de Zekarya kòm yon moun yo te voye pou l “ pran swen twoupo yo t apral touye a ”, sètadi moun ki tankou mouton chèf yo t ap eksplwate yo. Nan wòl Zekarya te jwe antanke bèje, li te reprezante Jezi Kris. Bondye te voye Jezi Kris kot pèp li te fè alyans avè l la, men yo te rejte l. Kase yo te kase baton ki rele “ Cham ” nan se yon aksyon senbolik ki montre Bondye t apral mete yon fen nan alyans Lalwa li te fè avèk Juif yo e li t ap sispann aji byen avèk yo. Kase yo te kase baton ki rele “ Inyon ” an montre fratènite ki te egziste ant Jida ak Izrayèl la, fratènite ki te baze sou adorasyon yo t ap bay Jewova a t apral sispann.

12:11 — Ki sa ‘ lamantasyon Adadrimòn nan plèn Megido ’ a ye ? Yo te touye wa Yochiya, ki te yon wa peyi Jida, “ nan plèn Megido ” nan yon batay ki t ap fèt kont Farawon Neko, yon Farawon peyi Ejip. Ane apre ane yo te konn demontre yo regrèt li mouri nan “ chante lamantasyon yo ”. (2 Kwonik 35:25.) Pakonsekan, petèt “ lamantasyon Adadrimòn nan ” fè referans ak gwo tristès ki te genyen akoz lanmò Yochiya.

Leson pou nou jodi a :

1:2-6 ; 7:11-14. Jewova pran plezi nan moun ki repanti ki aksepte reprimann li ba yo e ki retounen vin jwenn li lè yo adore l ak tout nanm yo, e li menm li retounen vin jwenn moun sa yo. Yon lòt bò, li pa reponn moun k ap rele l osekou epoutan ki ‘ refize koute, ki kontinye montre yo rebèl e ki fè zòrèy yo twò di pou yo tande ’ mesaj li a.

4:6, 7. Pa gen okenn obstak yo te mete pou anpeche travay konstriksyon tanp lan fini ki te twòp pou lespri sen Jewova venk. Lè nou mete lafwa nou nan Jewova, n ap kapab venk kèlkeswa pwoblèm nou ka jwenn nan sèvis n ap ba li a. — Matye 17:20.

4:10. Sou siveyans Jewova, Zowobabèl ak pèp la te fin konstwi tanp lan yon fason ki te konfòm ak enstriksyon wo nivo Jewova te bay yo. Sa montre fè volonte Jewova se pa yon bagay ki twò difisil pou moun ki enpafè.

7:8-10 ; 8:16, 17. Si nou vle jwenn favè Jewova, nou dwe pratike jistis, nou dwe kontinye manifeste lanmou ak bonte, nou dwe pratike mizèrikòd e nou dwe di youn lòt laverite.

8:9-13. Jewova beni nou lè “ men nou fèm ” nan travay li ban nou fè a. Pami benediksyon li ban nou, nou ka site lapè, sekirite ak relasyon nou ki vin pi sere avèk Jewova.

12:6. Frè k ap sèvi antanke siveyan yo ta dwe “ tankou yon tòch dife ”, sètadi yo ta dwe zele anpil.

13:3. Fidelite nou gen anvè Bondye e anvè òganizasyon l lan ta dwe vini anvan fidelite nou genyen anvè lòt moun, kèlkeswa degre entimite nou gen ak moun sa yo.

13:8, 9. Aposta Jewova te rejte yo te anpil, yo te reprezante de pati nan moun ki nan peyi a. Se sèl yon twazyèm pati ki te rafine kòmsi se te ak dife. Jodi a, pifò moun ki di yo se kretyen fè pati lakretyente. Men, Jewova rejte lakretyente. Se sèl yon ti kantite moun toupiti, sètadi kretyen wen yo, ki ‘ rele non Jewova ’ e ki kite Jewova rafine yo. Yo menm ansanm ak lòt kwayan menm jan avèk yo ki akonpaye yo demontre se pa nan bouch sèlman yo pote non Temwen Jewova a.

Nou santi nou motive pou nou aji avèk zèl

Ki efè mesaj Agayi ak Zekarya te pwoklame a gen sou nou jodi a ? Lè nou reflechi sou fason mesaj yo te bay la te ankouraje Juif yo pou yo konsantre yo sou travay rekonstriksyon tanp lan, èske sa pa pouse nou pou nou patisipe avèk zèl nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la ?

Zekarya te predi Mesi a t ap vini “ sou yon bourik ”, yo t ap trayi l pou “ trant pyès ann ajan ”, yo t ap frape l e ‘ mouton ki fè pati twoupo a t ap gaye ’. (Zekarya 9:9 ; 11:12 ; 13:7.) Èske lè nou medite sou akonplisman pwofesi konsènan Mesi a, pwofesi Zekarya te pwononse yo, sa pa gen yon kokenn efè sou lafwa nou (Matye 21:1-9 ; 26:31, 56 ; 27:3-10) ? Vrèmanvre, sa fòtifye konfyans nou gen nan Pawòl Jewova a e nan dispozisyon li pran pou li ka sove nou. — Ebre 4:12.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gade Toudegad 1ye janvye 1996, paj 9-22 (fransè).

[Kare nan paj 18]

UIT VIZYON SENBOLIK ZEKARYA TE FÈ YO

1:8-17 : Bay garanti tanp lan ap fin konstwi e li montre Jerizalèm ak lòt vil ki nan Jida yo pral jwenn benediksyon.

1:18-21 : Pwomèt ‘ kat kòn ki te gaye Jida yo ’, sètadi tout gouvènman ki te opoze ak adorasyon Jewova yo, ap detwi.

2:1-13 : Montre yo pral agrandi Jerizalèm e Jewova pral tounen yon “ miray dife toutotou l ”, sètadi yon pwoteksyon.

3:1-10 : Montre Satan te enplike nan opozisyon yo te mete pou travay konstriksyon tanp lan pa t fèt e li montre gran prèt Yochouwa te jwenn delivrans e li te jwenn padon pou fot li.

4:1-14 : Bay asirans obstak ki tankou mòn yo pral vin plat e gouvènè Zowobabèl pral fini konstriksyon tanp lan.

5:1-4 : Pwononse yon malediksyon kont moun k ap pratike sa k pa bon e ki pa t jwenn pinisyon.

5:5-11 : Predi mechanste pral fini.

6:1-8 : Pwomèt zanj yo ap sipèvize moun k ap fè travay konstriksyon an e y ap pwoteje yo.

[Foto nan paj 15]

Nan ki objektif Agayi ak Zekarya te transmèt mesaj yo te dwe transmèt yo ?

[Foto nan paj 17]

Nan ki sans frè k ap sèvi antanke siveyan yo “ tankou yon tòch dife ” ?