Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”

“ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”

“ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a ”

“ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a pou w akonpli li. ” — KOL. 4:17.

1, 2. Ki responsablite kretyen yo genyen anvè limanite ?

NOU gen yon gwo responsablite anvè moun k ap viv alantou nou yo. Desizyon yo pran kounye a kapab vle di lavi oswa lanmò pou yo pandan “ gwo tribilasyon an ”. (Rev. 7:14.) Ekriven enspire liv Pwovèb la te di : “ Delivre sila yo y ap mennen nan lanmò e sila yo k ap kilbite pandan y ap mache pou y al touye yo, o se pou w kenbe yo. ” Anfèt, pawòl sa yo vle di anpil bagay ! Si nou evite pran responsablite nou pou nou avèti moun yo sou posiblite yo gen devan yo pou yo chwazi, se nou k ap responsab lanmò yo. Anfèt, men sa tèks la kontinye di : “ Sizoka ou ta di : ‘ Gade ! Mwen pa t konn sa ’, moun k ap sonde kè a, èske li pap disène sa ? E moun k ap obsève nanm ou an, èske li pap konnen e san mank, èske l pap peye lòm ki sot nan pousyè selon aksyon li ? ” Li klè, sèvitè Jewova yo pa ka di yo ‘ pa konnen ’ ki danje ki menase moun yo. — Pwo. 24:11, 12.

2 Pou Jewova, lavi gen anpil valè. Li ankouraje sèvitè l yo pou yo fè tout efò yo pou yo ede plis moun posib sove lavi yo. Chak minis Bondye dwe fè konnen mesaj ki bay lavi a, mesaj nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Travay nou an sanble ak travay yon santinèl k ap klewonnen yon avètisman lè l wè yon danje k ap vini. Nou pa ta vle responsab san moun yo ki an danje pou yo peri (Eze. 33:1-7). Pakonsekan, li esansyèl pou nou pèsevere nan efò n ap fè pou nou “ preche pawòl la ” !— Li 2 Timote 4:1, 2, 5.

3. Ki sijè nou pral egzamine nan atik sa a ak nan de lòt atik yo ?

3 Nan atik sa a, ou pral aprann ki jan w ka venk obstak yo nan travay predikasyon an, yon travay ki ka sove lavi moun yo, e ou pral aprann ki jan w kapab ede plis moun toujou. Atik ki vin apre a pral egzamine ki jan nou kapab kiltive ladrès nan fason nou anseye verite enpòtan sa yo. Twazyèm atik la pral pale sou kèk rezilta ankourajan pwoklamatè Wayòm yo jwenn nan lemonnantye. Sepandan, anvan nou egzamine sijè sa yo, li ta bon pou nou wè kèk rezon ki fè tan pa nou an kritik konsa.

Rezon ki fè anpil moun sanzespwa

4, 5. Ak ki sa limanite ap fè fas, e ki jan anpil moun reyaji ?

4 Evènman k ap pase nan monn nan fè nou konnen n ap viv nan “ konklizyon sistèm nan ” e lafen an toupre. Limanite ap fè fas ak yon seri evènman e ak yon seri sitiyasyon Jezi ak disip li yo te di ki t ap karakterize “ dènye jou yo ”. Kit se lagè, rate manje, tranblemanntè ak lòt kalamite, yo tout se “ kòmansman doulè yo ” e yo aflije limanite. Ilegalite, egoyis, mank respè pou Bondye, ou jwenn sa toupatou. Menm pou moun k ap fè efò pou yo viv selon prensip ki nan Bib la, tan n ap viv jodi a se “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. — Mat. 24:3, 6-8, 12 ; 2 Tim. 3:1-5.

5 Sepandan, pifò moun sou tè a pa konn vrè siyifikasyon evènman k ap pase nan monn nan. Se sa k fè anpil moun enkyete pou pwòp sekirite yo ak sekirite fanmi yo. Lanmò ak lòt trajedi moun yo viv konn lage yo nan anpil doulè. Piske moun yo pa gen konesans egzak sou rezon ki fè bagay sa yo rive, e yo pa konn ki kote solisyon an ap soti, sa fè yo sanzespwa.— Efe. 2:12.

6. Poukisa “ Gran Babilòn nan ” pa ka ede moun k ap suiv li yo ?

6 “ Gran Babilòn nan ”, anpi mondyal fo relijyon an, prèske pa fè anyen pou rekonfòte limanite. Okontrè, avèk “ diven fònikasyon l lan ”, li lage yon bann moun nan konfizyon espirityèl. Plis ankò, lefètke fo relijyon an aji kòm yon pwostitye, li sedui wa latè yo e li gen kontwòl sou yo. Li itilize fo doktrin ak pratik espiritis pou l fè pifò moun obeyi gouvènman politik yo je fèmen. Konsa, fo relijyon an vin gen pisans ak enfliyans, men anmenmtan, nan domèn relijye, li rejte laverite konplètman. — Rev. 17:1, 2, 5 ; 18:23.

7. Ki sa k ap tann majorite moun sou tè a, men ki jan nou ka ede kèk ladan yo ?

7 Jezi te di majorite moun yo ap mache nan wout laj k ap mennen nan destriksyon an (Mat. 7:13, 14). Gen kèk moun ki nan wout laj la paske yo fè yon chwa volontè pou yo rejte sa Bib la anseye. Men anpil lòt moun nan wout sa a paske yo te twonpe yo, oubyen yo te kenbe yo nan fènwa piske chèf relijye yo pa aprann yo sa Bondye mande vrèman. Petèt gen pami moun sa yo ki ta gendwa chanje fason y ap viv la si yo te ba yo bonjan rezon biblik pou yo fè sa. Men, moun ki rete nan Gran Babilòn nan e ki kontinye rejte prensip Bib la pap ka sove nan “ gwo tribilasyon an ? — Rev. 7:14.

Kontinye preche “ san rete ”

8, 9. Ki jan kretyen premye syèk yo te reyaji lè yo te fè fas ak opozisyon, e poukisa se sa yo te fè ?

8 Jezi te di disip li yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan e pou yo fè disip (Mat. 28:19, 20). Pakonsekan, vrè kretyen yo toujou konsidere lè yo patisipe nan travay predikasyon an se montre yo montre fidelite anvè Bondye, e se yon bagay lafwa yo egzije yo fè. Se sa k fè, premye disip Jezi yo te kontinye preche menm lè yo te fè fas ak opozisyon. Yo te konte sou Jewova pou yo jwenn fòs, yo te priye l pou l pèmèt yo kontinye “ pale pawòl [li a] avèk anpil kran ”. Jewova te reponn priyè yo, li te ranpli yo ak lespri sen e yo te pale pawòl Bondye a avèk kran. — Tra. 4:18, 29, 31.

9 Lè opozisyon an te vin vyolan, èske disip Jezi yo te febli nan detèminasyon yo pou yo preche bon nouvèl la ? Pa ditou. Lè chèf relijye juif yo te vin irite poutèt apot yo t ap preche, yo te arete apot yo, yo menase yo e yo te pran yo ak kout fwèt. Poutan, ‘ san rete, apot yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ’. Yo te byen konprann yo te dwe “ obeyi Bondye antanke chèf olye [yo] obeyi lèzòm ”. — Tra. 5:28, 29, 40-42.

10. Ki eprèv kretyen yo rankontre jodi a, men ki rezilta bèl konduit yo kapab bay ?

10 Pifò nan sèvitè Bondye yo jodi a pap oblije andire kout baton oswa prizon akoz aktivite predikasyon an. Sepandan, tout vrè kretyen sibi eprèv divès fason. Pa egzanp, konsyans ou ki fòme grasa Labib kapab pouse w suiv yon liy konduit ki pa popilè oswa ki fè w parèt diferan. Kòlèg travay, kamarad lekòl oswa vwazen kapab panse ou pa nòmal paske desizyon w yo baze sou prensip ki nan Bib la. Toutfwa, ou pa ta dwe kite reyaksyon negatif yo a dekouraje w. Monn nan blayi nan fènwa, men kretyen yo dwe “ klere tankou flanbo ”. (Fil. 2:15.) Petèt, gendwa gen kèk moun ki sensè k ap obsève e k ap admire bèl zèv ou yo, ki ka vin bay Jewova glwa. — Li Matye 5:16.

11. a) Ki jan kèk moun ka reyaji devan travay predikasyon an ? b) Ki kalite opozisyon apot Pòl te rankontre, e ki jan l te reyaji ?

11 Pou nou kontinye preche mesaj Wayòm nan, li nesesè pou nou gen kouraj. Gen kèk moun ki ka pase w nan rizib, petèt se manm fanmi w, oubyen gen lòt fason ankò yo ka eseye dekouraje w (Mat. 10:36). Yo te bat apot Pòl plizyè fwa paske li te konn akonpli travay predikasyon an fidèlman. Remake ki jan l te reyaji, li ekri : “ Apre nou te fin soufri toudabò, e apre yo te fin trete nou yon fason derespektan, grasa Bondye nou an, nou te mete kran sou nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, e nou te lite anpil pou nou fè sa. ” ​(1 Tes. 2:2). Apre yo te met men sou Pòl, yo te chire rad li, yo te bat li e yo te jete l nan prizon. Asireman, Pòl te bezwen gen anpil kouraj pou l kontinye anonse bon nouvèl la (Tra. 16:19-24). Ki sa k te fè Pòl gen kran pou l kontinye ? Prensipal dezi li se te pou l akonpli misyon Bondye ba li pou l preche a. — 1 Kor. 9:16.

12, 13. Ki sa ki konn reprezante yon defi pou kèk moun, e ki jan yo fè pou yo venk yo ?

12 Sa kapab yon defi tou pou n rete zele nan tèritwa kote moun yo pa lakay yo souvan oswa kote mesaj Wayòm nan prèske pa enterese yo. Ki sa nou ka fè nan sikonstans sa yo ? Nou kapab wè l nesesè pou n mete plis kran sou nou pou n pale avèk moun yo nan kad temwayaj enfòmèl. Petèt nou ka fè ajisteman nan orè predikasyon nou oswa nou ka konsantre efò nou pou n preche nan zòn kote nou ka pran kontak ak plis moun. — Jan 4:7-15 ; Tra. 16:13 ; 17:17.

13 Lòt difikilte anpil moun oblije fè fas se pwoblèm vyeyès ak pwoblèm sante. Pwoblèm sa yo ka limite sa yo ka fè nan travay predikasyon an. Si se ka pa w, pa dekouraje. Jewova konnen kapasite w e li pran plezi nan sa w ka fè. (Li 2 Korentyen 8:12.) Kèlkeswa eprèv w ap andire, kit se opozisyon, kit se endiferans oswa maladi kwonik, fè sa w kapab selon sa sitiyasyon w pèmèt ou pou w pataje bon nouvèl la ak lòt moun. — Pwo. 3:27 ; Mak 12:41-44.

‘ Kontinye veye sou ministè w ’

14. Ki egzanp apot Pòl te bay kretyen parèy li yo, e ki konsèy li te ba yo ?

14 Apot Pòl te pran ministè l trèzoserye e li te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo fè menm jan an (Tra. 20:20, 21 ; 1 Kor. 11:1). Yon moun Pòl te bay yon ankourajman espesyal se te yon kretyen nan premye syèk la ki te rele Achip. Nan lèt li te voye bay Kolosyen yo, men sa Pòl te ekri : “ Di Achip tou : ‘ Kontinye veye sou ministè w te aksepte nan Seyè a, pou w akonpli li. ’ ” ​(Kol. 4:17). Nou pa konnen kiyès Achip te ye, ni nan ki sitiyasyon li t ap viv, men li klè li te aksepte responsablite li te genyen pou l preche a. Si w se yon kretyen batize, ou menm tou ou te aksepte yon ministè. Èske w kontinye veye sou ministè sa a yon fason pou w akonpli li ?

15. Ki sa ve kretyen yo fè a enplike, e ki kesyon sa mande pou nou poze tèt nou ?

15 Anvan nou te batize, nou te fè yon priyè sensè kote nou te vwe lavi nou bay Jewova. Sa vle di nou te pran detèminasyon pou nou fè volonte l. Se sa k fè kounye a li ta bon pou nou mande tèt nou : ‘ Èske fè volonte Bondye se vrèman bagay ki pi enpòtan nan lavi m ? ’ Nou gen divès responsablite Jewova atann pou nou akonpli, tankou bay manm fanmi nou sa yo gen bezwen (1 Tim. 5:8). Men, ki jan nou itilize rès tan nou genyen ak enèji nou ? Ki sa nou mete nan premye plas nan lavi nou ? — Li 2 Korentyen 5:14, 15.

16, 17. Ki posiblite ni kretyen ki jèn yo ni sa ki pa gen gwo responsablite yo kapab anvizaje ?

16 Èske w se yon jèn kretyen ki vwe lavi w bay Jewova e ki fini lekòl oubyen ki prèske fini ? Petèt ou poko gen gwo responsablite familyal. Konsa, ki sa w ap planifye pou w fè ak lavi w ? Ki meyè desizyon w ka pran k ap pèmèt ou akonpli pwomès ou te fè Jewova pou w fè volonte l la ? Anpil moun òganize yo yon fason pou yo pyonye, e kòm rezilta yo rekòlte anpil jwa ak anpil satisfaksyon. — Sòm 110:3 ; Ekl. 12:1.

17 Petèt ou se yon jèn ki majè. Ou gen yon travay pwofàn aplentan, men ou pa gen anpil responsablite, eksepte tèt ou. Sandout ou renmen patisipe nan aktivite kongregasyon an selon sa orè travay ou pèmèt ou. Èske w pa ta ka jwenn plis jwa toujou ? Èske w te reflechi konsènan posiblite pou w patisipe plis toujou nan ministè a (Sòm 34:8 ; Pwo. 10:22) ? Nan sèten tèritwa, gen anpil travay toujou ki bezwen fèt pou atenn tout moun ak mesaj verite k ap bay lavi a. Èske w kapab fè ajisteman nan lavi pa w pou w sèvi petèt nan yon zòn ki bezwen plis pwoklamatè ? — Li 1 Timote 6:6-8.

18. Ki ajisteman yon jèn koup marye te fè, e ki rezilta yo te jwenn ?

18 Ann egzamine egzanp Kevin ak Elena k ap viv Ozetazini *. Tankou jèn marye yo abitye fè nan zòn yo abite a, yo te santi yo oblije achte yon kay. Yo toule de te konn travay aplentan e yo t ap mennen yon vi ki konfòtab. Sepandan, orè travay yo ak travay nan kay la te fè yo prèske pa gen tan pou yo preche. Yo te rann yo kont yo te pase prèske tout tan yo ak enèji yo nan bagay yo posede. Sepandan, lè Kevin ak Elena t ap obsève jan yon koup ki pyonye t ap mennen yon vi senp e jan kè yo te kontan, yo te deside chanje sa yo te bay priyorite nan lavi yo. Apre yo fin chèche direksyon Jewova nan lapriyè, yo vann kay yo a e yo demenaje al nan yon apatman. Elena te diminye sou kantite tan li konn pase nan travay pwofàn li e li te vin pyonye. Eksperyans madanm Kevin te fè a te ankouraje l pou l kite travay li te genyen an e li te pran sèvis pyonye tou. Kèk tan apre, yo deplase al nan yon peyi ann Amerik disid pou yo sèvi kote ki bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Kevin di : “ Maryaj nou te toujou yon maryaj ere, men lefètke n ap travay pou atenn objektif espirityèl, bonè nou vin atenn yon nivo ki pi elve. ”— Li Matye 6:19-22.

19, 20. Poukisa predikasyon bon nouvèl la se travay ki pi enpòtan jodi a ?

19 Predikasyon bon nouvèl la se travay ki pi enpòtan k ap fèt jodi a sou tè a (Rev. 14: 6, 7). Li kontribye pou sangtifye non Jewova (Mat. 6:9). Chak ane, mesaj ki nan Bib la amelyore lavi yon bann moun ki aksepte l, e sa ka pèmèt yo sove. Sepandan, apot Pòl te mande : “ Ki jan [...] yo pral fè tande san pa gen moun k ap preche ? ” ​(Wom. 10:14, 15.) Anfèt, kòman sa ta ka fè fèt ? Poukisa w pa pran detèminasyon pou w fè tout posib ou pou w kapab akonpli ministè w ?

20 Yon lòt fason w ka ede moun yo konprann enpòtans tan kritik sa yo ak konsekans desizyon y ap pran, se lè w chèche vin yon pi bon anseyan. Nou pral pale sou fason w ka fè sa nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Yo chanje non moun yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki responsablite kretyen yo genyen anvè limanite ?

• Ki jan nou kapab fè fas ak obstak nou jwenn nan travay predikasyon an ?

• Kòman nou ka rive akonpli ministè nou te aksepte a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Nou bezwen kouraj pou nou preche malgre opozisyon.

[Foto nan paj 7]

Ki sa w ka fè si w ap preche nan tèritwa kote moun yo pa lakay yo souvan ?