Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Moun ki nan dispozisyon kòrèk yo ” byen reyaji

“ Moun ki nan dispozisyon kòrèk yo ” byen reyaji

“ Moun ki nan dispozisyon kòrèk yo ” byen reyaji

“ Tout moun ki te nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl te vin kwayan. ” — TRAV. 13:48.

1, 2. Ki jan premye kretyen yo te aji ann amoni ak pwofesi Jezi te bay konsènan bon nouvèl Wayòm nan yo t ap gen pou preche sou tout latè ki abite a ?

LIV Travay apot yo rapòte fason premye kretyen yo te aji ann amoni ak pwofesi Jezi te bay konsènan bon nouvèl Wayòm nan yo t ap gen pou preche sou tout latè ki abite (Mat. 24:14). Predikatè zele sa yo kite egzanp pou tout lòt predikatè ki t ap vin annapre yo. Lefètke yo te konn bay temwayaj la avèk zèl, sa te pèmèt plizyè milye moun nan Jerizalèm, pami yo “ yon gwo foul prèt ”, te vin fè pati kongregasyon an nan premye syèk la. — Tra. 2:41 ; 4:4 ; 6:7.

2 Misyonè ki t ap viv nan premye syèk la te ede anpil moun aksepte krisyanis la. Pa egzanp, Filip te ale nan vil Samari e te gen foul moun ki te koute sa li t ap di yo avèk atansyon (Tra. 8:5-8). Pòl te vwayaje anpil avèk plizyè lòt konpayon sèvis li. Li te preche mesaj la nan Chip ki se yon zile ann Azi Minè, nan Masedwàn, nan Grès e ann Itali. Nan vil kote apot Pòl te preche yo, te gen anpil moun pami juif yo e pami grèk yo ki te vin kwayan (Tra. 14:1 ; 16:5 ; 17:4). Tit te preche nan vil Krèt (Tit 1:5). Apot Pyè te okipe anpil ap preche nan peyi Babilòn. Nan epòk li te ekri premye lèt li a, ozanviwon ane 62-64 epòk nou an, moun te byen konnen aktivite kretyen yo nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs, ann Azi ak nan Bitini (1 Pyè 1:1 ; 5:13). Epòk sa a te vrèman pasyonan ! Predikatè sa yo te tèlman zele, sa te fè ènmi yo deklare yo “ boulvèse latè abite ”. — Tra. 17:6 ; 28:22.

3. Ki rezilta pwoklamatè Wayòm yo jwenn jodi a nan travay predikasyon an, e ki jan sa fè w santi w ?

3 Nan epòk pa nou an tou, kretyen yo jwenn anpil benediksyon, e sa fè yo gen anpil akwasman. Èske sa pa ankouraje w, lè w ap li rapò Temwen Jewova yo pou ane ki pase yo, lè w wè bonjan rezilta nou jwenn toupatou sou tè a ? Èske sa pa fè kè w kontan lè w aprann pwoklamatè Wayòm yo te kondui plis pase sis milyon etid biblik pandan ane sèvis 2007 la ? Anplis de sa, kantite moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris la ane pase fè nou rann nou kont gen anviwon dis milyon moun ki pa Temwen Jewova, men ki ase enterese ak bon nouvèl la opwen pou yo asiste komemorasyon enpòtan sa a. Sa fè nou konprann rete anpil travay toujou pou nou fè.

4. Kiyès ki aksepte mesaj Wayòm nan jodi a ?

4 Menm jan ak nan premye syèk la, jodi a, ‘ tout moun ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ’ aksepte mesaj verite a (Tra. 13:48). Jewova atire moun sa yo nan òganizasyon l lan. (Li Agayi 2:7.) Antanke kretyen, pou nou bay tout kowoperasyon nou nan travay rasanbleman sa a, ki jan nou dwe toujou konsidere ministè a ?

Preche san patipri

5. Ki kalite moun Jewova fè favè ?

5 Premye kretyen yo te rann yo kont “ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li aksepte l ”. (Tra. 10:34, 35.) Pou yon moun gen bonjan relasyon ak Jewova, sa depann de si moun nan egzèse lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an (Jan 3:16, 36). Volonte Jewova se pou “ tout kalite moun sove e pou yo rive gen yon konesans egzak sou laverite ”. — 1 Tim. 2:3, 4.

6. Ki sa pwoklamatè Wayòm yo pa ta dwe fè, e poukisa ?

6 Li pa t ap bon ditou pou yon pwoklamatè bon nouvèl la ta gen prejije akoz ras yon moun, ran sosyal li, aparans li, relijyon l oswa nenpòt lòt bagay ki ka fè yon moun parèt diferan parapò ak pifò moun. Reflechi yon ti moman : Èske w pa rekonesan lefètke moun ki te pale avè w konsènan verite ki nan Bib la premye fwa a pa t gen okenn prejije kont ou ? Donk, poukisa pou w pa ta ba yon moun yon mesaj ki kapab sove lavi l, alòske moun sa a gendwa t ap byen kontan koute ? — Li Matye 7:12.

7. Poukisa nou ta dwe evite jije moun n ap preche yo ?

7 Se Jezi Jewova etabli kòm jij. Pakonsekan, nou menm nou pa gen dwa pou nou jije pèsonn, paske kontrèman ak Jezi, se sèlman “ dapre senp aparans ki devan je ” nou oswa ‘ dapre sa zòrèy nou tande ’ nou ka jije. Men Jezi li menm kapab li panse pwofon yon moun genyen ansanm ak rezònman ki nan kè moun sa a. — Iza. 11:1-5 ; 2 Tim. 4:1.

8, 9. a) Ki jan de moun Sol te ye anvan li te vin kretyen ? b) Ki sa eksperyans apot Pòl la ta dwe aprann nou ?

8 Gen tout kalite moun ki vin sèvi Jewova. Yon bèl egzanp ki montre sa, se egzanp Sol ki te fèt nan vil Tas e yo te vin rele apot Pòl. Sol te yon Farizyen, li te opoze ak kretyen yo. Li te kwè ak tout kè l kretyen yo pa t ap adore Jewova toutbonvre, e sa te pouse l pèsekite kongregasyon Bondye a (Gal. 1:13). Selon pwennvi lèzòm, sanble Sol se dènye moun ki ta ka vin kretyen. Sepandan, Jezi te wè yon bagay ki bon nan kè Sol. Li te chwazi l e li te konfye l yon misyon espesyal. Sol te vin youn nan moun ki te pi aktif e ki te pi zele nan kongregasyon premye syèk la.

9 Ki sa eksperyans apot Pòl la aprann nou ? Nan tèritwa nou, nou ka jwenn kèk gwoup moun ki parèt ostil ak mesaj n ap pote a. Sa ka fè nou panse moun sa yo pap janm vin kretyen. Men, nou pa dwe janm sispann eseye rezone avèk yo. Pafwa menm moun ki parèt pi ostil la konn enterese. Nou gen misyon pou nou kontinye preche tout moun “ san rete ”. — Li Travay 5:42.

Gen benediksyon k ap tann moun ki preche “ san rete ”

10. Poukisa nou pa ta dwe ezite preche moun ki parèt efreyan ? Bay kèk eksperyans ki montre sa.

10 Aparans ka twonpe nou. Pa egzanp, nan youn nan peyi ki nan Amerik disid yo, gen yon mesye ki rele Ignacio * ki te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo alòske li te nan prizon. Tout moun te pè l akoz li te yon moun ki vyolan. Se poutèt sa prizonye ki fabrike kèk bagay e ki vann yo ak lòt prizonye parèy yo te konn sèvi ak Ignacio pou yo touche nan men prizonye ki dwe di yo. Sepandan, ofiramezi Ignacio t ap pwogrese nan etid la e li te kòmanse aplike sa li aprann yo, mesye sa a ki te yon moun vyolan e ki te konn bat moun te vin tounen yon moun ki janti. Pa gen pèsonn ki sèvi avè l ankò pou yo fè moun peye yo. Men, Ignacio kontan dèske verite ki nan Bib la ak lespri Bondye transfòme pèsonalite l. Li rekonesan tou lefètke moun ki te fè efò pou etidye avè l yo pa t gen patipri.

11. Poukisa nou toujou kontinye vizite moun yo ?

11 Youn nan rezon ki fè nou kontinye retounen vizite moun nou te deja pataje bon nouvèl la avèk yo, men ki pa t byen reyaji, se paske sitiyasyon moun yo ak atitid yo konn vin chanje. Apre nou te rankontre moun nan, li gendwa te fè yon maladi grav, li gendwa te pèdi djòb li oswa li gendwa te gen yon moun pa l ki mouri. (Li Eklezyas 9:11.) Evènman k ap pase nan monn nan ka pouse yon moun reflechi seryezman sou avni l. Jan de evènman sa yo ka pouse yon moun ki te endiferan oswa ki te menm opoze vin byen reyaji. Se sa k fè nou pa dwe janm ezite pataje bon nouvèl la ak lòt moun nan tout okazyon.

12. Ki jan nou ta dwe wè moun n ap preche yo, e poukisa ?

12 Antanke imen, nou gen tandans klase moun pa kategori epi jije yo. Men, Jewova li menm li wè kalite chak moun genyen. (Li 1 Samyèl 16:7.) Nan ministè a, nou ta dwe bat pou nou wè moun yo menm jan Jewova wè yo. Gen anpil eksperyans ki montre bon rezilta sa bay lè nou gen yon pwennvi pozitif konsènan moun n ap preche yo.

13, 14. a) Ki sa ki te fè yon pyonye reyaji yon fason negatif parapò ak yon dam li te rankontre pandan l t ap preche ? b) Ki sa nou ka aprann nan eksperyans sa a ?

13 Nan yon zile nan Karayib la, gen yon sè pyonye ki rele Sandra ki t ap preche kay an kay lè li te rankontre yon dam ki rele Ruth ki te angaje byen fon nan aktivite kanaval. Pandan de fwa yo te kouwone Ruth kòm rèn kanaval nan peyi l. Ruth te montre li enterese sensèman nan sa Sandra t ap di a. Se konsa Sandra te pran randevou avè l pou yon etid biblik. Men sa Sandra sonje : “ Pandan mwen t ap rantre nan salon lakay Ruth, premye sa ki te di m bonjou se yon gwo foto l ak abiman kanaval sofistike sou li ansanm ak twofe li te ranpòte. Mwen te panse yon moun ki te popilè konsa e ki te angaje byen fon nan festivite kanaval pa t ap ka enterese nan laverite toutbonvre. Sa te fè m sispann retounen al vizite l. Men, mwen te gen tò.

14 Kèk tan apre, Ruth vin nan Sal Wayòm nan e lè reyinyon an fini li mande Sandra : “ Poukisa w pa vin fè etid la avè m ankò ? ” Sandra mande Ruth eskiz e li te aranje l pou l kontinye etid la. Ruth pa t pran tan pou l pwogrese, li retire foto kote li te nan kanaval la, li kòmanse patisipe nan aktivite kongregasyon an e li vwe lavi l bay Jewova. Natirèlman, Sandra te vin rann li kont premye reyaksyon l lan pa t bon.

15, 16. a) Ki rezilta yon pwoklamatè te jwenn lefètke li te bay yon moun nan fanmi l temwayaj ? b) Poukisa nou pa ta dwe kite jan de vi yon manm fanmi nou dekouraje nou pou nou ba li temwayaj ?

15 Gen moun ki jwenn bon rezilta lè yo bay moun nan fanmi yo ki pa kwayan temwayaj, menm lè li pa fin evidan moun sa yo ap byen reyaji. Annou pran egzanp Josie, yon kretyèn k ap viv Ozetazini ki gen yon bòfrè l ki te konn nan prizon souvan depi bòfrè a te adolesan. Men sa Josie di : “ Gen moun ki te konn di misye se yon voryen paske li te nan dwòg, li te konn vòlè, e li te konn fè anpil lòt move bagay. Malgre tout sa, mwen te toujou kontinye pale l de verite ki nan Bib la pandan 37 an, byenke mwen pa t gen espwa li t ap chanje. ” Efò Josie yo te rekonpanse piske finalman bòfrè a te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo e li te fè anpil gwo chanjman nan lavi l. E tou dènyèman la a, li te batize a 50 an, nan yon kongrè distri ki t ap fèt nan Kalifòni Ozetazini. Men sa Josie di : “ Mwen te kriye tèlman mwen te kontan. Se pa ti kontan mwen kontan lefètke mwen pa t janm bay legen, mwen te toujou kontinye ap pale avè l de laverite ! ”

16 Ou ka ezite pale de Labib ak kèk moun nan fanmi w akoz lavi moun nan t ap mennen. Sepandan, Josie pa t kite bagay sa yo anpeche l pale ak bòfrè l la. Apre tou, ki jan n ap fè konnen sa ki nan kè moun nan si nou pa janm pale avè l ? Moun nan gendwa byen ap chèche laverite ak tout kè l. Se poutèt sa nou pa dwe janm ezite bay moun yo posiblite pou yo jwenn laverite. — Li Pwovèb 3:27.

Yon zouti efikas pou etid biblik

17, 18. a) Ki sa rapò ki soti tout kote sou tè a montre konsènan liv Sa Labib anseye a ? b) Ki bonjan eksperyans ou te fè pandan w t ap itilize liv sa a ?

17 Rapò ki soti nan anpil peyi montre anpil moun ki gen kè sensè byen reyaji parapò ak liv nou itilize pou nou kondui etid biblik la, anpalan de liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Nan peyi Etazini, gen yon sè ki rele Penni ki te kòmanse plizyè etid biblik nan liv Sa Labib anseye a. Gen de nan etidyan sa yo se de granmoun ki te manm zele nan legliz yo. Penni pa t sèten yo t ap byen reyaji devan verite biblik ki nan liv Sa Labib anseye a. Sepandan, men sa Penni di : “ Lefètke yo prezante enfòmasyon yo yon fason ki klè, ki lojik, san anpil detay nan liv la, sa fè de etidyan sa yo pa t gen pwoblèm pou yo aksepte sa yo aprann nan kòm laverite. ”

18 Nan peyi Grann Bretay, gen yon pwoklamatè ki rele Pat ki te kòmanse etidye Labib ak yon dam. Dam sa a te yon refijye ki soti nan yon peyi ann Azi. Dam nan te oblije kouri kite peyi l apre sòlda rebèl yo ki nan peyi l te fin kidnape mari l ansanm ak pitit li e li pa t janm wè yo ankò. Li menm yo te maltrete l, yo boule kay li, e plizyè gason te vyole l. Tout bagay sa yo te fè l santi l pa anvi viv ankò, e pandan plizyè fwa, li te panse touye tèt li. Sepandan, li te vin gen espwa grasa etid Labib la. Men sa Pat di : “ Lefètke ni esplikasyon yo bay nan liv Sa Labib anseye a ni imaj ki ladan l yo senp, sa te gen gwo efè sou li. ” Dam sa a te fè pwogrè rapidman, li te vin pwoklamatris, e li eksprime dezi li genyen pou l batize nan pwochen asanble k ap genyen kote l ap viv la. Se pa ti jwa sa ban nou lè nou ede yon moun jwenn espwa Labib bay la !

Pinga nou “ sispann fè sa ki byen ”

19. Ki sa k fè travay predikasyon an ijan konsa ?

19 Chak jou ki pase, misyon nou genyen pou nou preche e pou nou fè disip la vin pi ijan. Chak ane, gen plizyè milye moun ki nan dispozisyon kòrèk la ki byen reyaji parapò ak mesaj nou an. Toutfwa, “ gran jou Jewova a pre ”, sa vle di moun ki rete nan fènwa espirityèl yo ap “ kilbite pandan y ap mache pou y al touye yo ”. — Sef. 1:14 ; Pwo. 24:11.

20. Ki sa nou chak ta dwe detèmine pou nou fè ?

20 Nou gen posiblite toujou pou nou ede jan de moun sa yo. Men, pou nou fè sa, li endispansab pou nou imite premye kretyen yo paske, “ san rete, [...] yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. (Tra. 5:42.) Annou suiv egzanp yo lè nou pèsevere nan travay la malgre opozisyon, lè nou “ veye sou fason n ap anseye ” e lè nou preche tout kalite moun san patipri. Se pou nou pa janm “ sispann fè sa ki byen ” paske si nou pèsevere, n ap rekòlte anpil benediksyon e n ap gen apwobasyon Bondye. — 2 Tim. 4:2 ; li Galat 6:9.

[Nòt anba paj]

^ § 10 Yo chanje non moun yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki kalite moun ki byen reyaji devan bon nouvèl la ?

• Poukisa nou ta dwe evite jije moun n ap preche yo ?

• Ki rezilta pwoklamatè yo jwenn grasa liv Sa Labib anseye a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Plizyè milye moun ki gen kè sensè byen reyaji.

[Foto nan paj 15]

Ki sa nou aprann nan chanjman apot Pòl te fè yo ?

[Foto nan paj 16]

Pwoklamatè bon nouvèl la pa gen prejije.