Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nouvo edisyon Toudegad ki gen atik etid yo

Nouvo edisyon Toudegad ki gen atik etid yo

Nouvo edisyon Toudegad ki gen atik etid yo

PERYODIK w ap li la a se premye nimewo Toudegad ki gen atik etid yo. Nou ta renmen fè yon ti pale de kèk aspè nouvo ki gen nan peryodik sa a.

Yo pibliye Toudegad ki gen atik etid yo pou Temwen Jewova yo ak etidyan Labib k ap pwogrese. L ap parèt yon fwa pa mwa e l ap gen kat ou senk atik n ap etidye yo ladan l. Sou paj kouvèti Toudegad la, n ap jwenn yon pwogram ki endike dat n ap egzamine atik sa yo. Kontrèman ak Toudegad ki fèt pou piblik la, Toudegad ki gen atik etid yo ap toujou gen menm foto a sou paj kouvèti a, piske nou pap ofri l nan ministè a.

Nan paj 2 peryodik la, n ap jwenn yon rezime tou kout, men ki itil anpil sou objektif chak atik oubyen sou chak seri atik n ap etidye, e y ap bay yon lis ki gen atik segondè yo ladan l tou. Frè k ap kondui etid Toudegad la ap twouve aspè sa a itil anpil lè l ap fè preparasyon pou l kondui etid la yon fason ki enstriktif.

Ou pral remake atik n ap etidye yo pi kout pase jan yo te konn ye anvan. Sa ap pèmèt gen plis tan pou yo egzamine vèsè kle ki nan atik la pandan etid Toudegad la. Nou ankouraje nou li tout vèsè yo site nan atik n ap etidye yo. Gen kèk vèsè yo site ki gen “ li ” make bò kote yo, yo dwe li vèsè sa yo e yo dwe egzamine yo pandan etid Toudegad la. Yo ka li lòt vèsè ankò si gen tan pou sa. Nan kèk atik, w ap wè kèk kote ki gen mo “ konpare ” ki ekri bò kot vèsè yo. Piske vèsè sa yo pa gen rapò dirèk ak pwen prensipal y ap egzamine nan paragraf la, jeneralman yo pap li yo pandan y ap fè etid Toudegad la nan kongregasyon an. Sepandan, lè nou li vèsè ki gen mo “ konpare ” bò kote yo, n ap jwenn enfòmasyon siplemantè ki enteresan oswa ki soutni endirèkteman pwen n ap diskite a. Nou ankouraje nou pou nou li yo lè n ap prepare etid Toudegad la. Nou ka fè referans ak vèsè sa yo nan kòmantè n ap fè.

Rapò pou ane sèvis la pap parèt nan Toudegad ankò. Apati ane 2008 la, l ap parèt kòm yon paj mitan nan yon Ministè Wayòm ak nan Annuaire des Témoins de Jéhovah. Sepandan, jan nou te di sa anvan an, Toudegad n ap etidye a gen atik segondè ladan l. Byenke nou pap egzamine anpil nan atik sa yo nan reyinyon kongregasyon an, nou ankouraje nou pou nou li yo avèk anpil atansyon. Paske yo menm tou yo se manje espirityèl “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ban nou. — Mat. 24:45-47.

Anfen, nou ka di Toudegad ki gen atik etid yo ak Toudegad ki fèt pou piblik la se pa de Toudegad diferan. Yo toule de se Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova a. Nan paj 2 toule de peryodik sa yo gen yon paragraf ki idantik, li esplike objektif Toudegad la. Se ak toule de y ap fè volim relye pou ane a. E gen sijè nan toule de Toudegad yo k ap parèt nan ribrik “ Èske w sonje ? ”, ribrik k ap parèt nan Toudegad ki gen atik n ap etidye yo.

Depi 1879, menm nan peryòd lagè, peryòd gwo pwoblèm ekonomik ak peryòd pèsekisyon, Toudegad toujou ap pwoklame verite konsènan Wayòm Bondye a fidèlman. N ap priye pou nouvo edisyon Toudegad la kontinye fè menm travay la grasa benediksyon Jewova. E n ap priye pou Jewova beni w antanke lektè, toutpandan w ap byen itilize nouvo Toudegad ki gen atik n ap etidye yo.