Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Matye a

Pwen enteresan ki nan liv Matye a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Matye a

MATYE se premye moun ki ekri yon istwa pasyonan sou lavi Jezi ak sou ministè l. Li se yon zanmi pwòch Jezi Kris e li se yon ansyen pèseptè. Okòmansman, Evanjil Matye a te ekri ann ebre, men apre sa yo vin tradui l an grèk. Matye te fin ekri Evanjil ki pote non l lan ozanviwon ane 41 epòk nou an. Liv sa a sèvi kòm yon pon ki relye Ekriti ebrayik yo ak Ekriti grèk kretyen yo.

Sanble se sitou pou yon oditwa juif yo te ekri Evanjil sa a. Liv sa a ki touchan e ki enstriktif dekri Jezi antanke Mesi Bondye te pwomèt la, Pitit Bondye a. Si nou prete bonjan atansyon ak mesaj ki ladan l lan, sa ap fòtifye lafwa nou nan vrè Dye a, nan Pitit li a e nan pwomès Bondye yo. — Ebre 4:12.

“ WAYÒM SYÈL LA VIN PI PRE ”

(Mat. 1:1–20:34)

Matye mete aksan sou Wayòm nan ansanm ak ansèyman Jezi yo, menmsi sa te mande pou l pa prezante sijè yo nan lòd kwonolojik. Pa egzanp, se nan kòmansman liv la yo rapòte Sèmon sou montay la, alòske lè Jezi te fè Sèmon an, mwatye nan tan ministè l lan t apral dire a te gentan pase.

Pandan ministè Jezi nan Galile, li te fè mirak, li te bay 12 apot li yo enstriksyon sou ministè a, li te denonse Farizyen yo e li te bay kèk egzanp ki mete aksan sou divès aspè Wayòm nan. Apre sa, li deplase sot Galile l ale “ nan fwontyè Jide, lòt bò Jouden an ”. (Mat. 19:1.) Pandan yo sou wout Jerizalèm nan, Jezi di disip li yo : ‘ N ap monte Jerizalèm, e y ap kondane Pitit Gason lòm nan amò, e sou twazyèm jou a l ap leve. ’ — Mat. 20:18, 19.

Kesyon biblik ak tout repons :

3:16— Nan ki sans ‘ syèl la te ouvri ’ nan moman batèm Jezi ? Sanble evènman sa a montre Jezi te kòmanse sonje lavi li t ap mennen nan syèl la anvan li te vin sou tè a.

5:21, 22 — Èske lè yon moun kite kòlè l eklate, sa pi grav pase lè l kenbe kòlè nan kè l ? Jezi te bay avètisman, li te di yon moun ki rete an kòlè nan kè l kont frè li komèt yon peche grav. Sepandan, lè yon moun kite kòlè l eklate, lè l di pawòl ki montre li pa respekte frè l, sa pi grav toujou, paske se pa nan yon tribinal lokal li t ap gen pou l parèt men se nan yon tribinal ki pi wo toujou.

5:48 — Èske se yon bagay ki vrèman posib pou nou “ pafè, menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè ” ? Wi, sa posib nan yon sans relatif. Nan vèsè sa a, Jezi t ap pale sou lanmou, e li te di moun k ap koute l yo pou yo imite Bondye e pou yo pafè, sa vle di pou yo konplè nan lanmou yo (Mat. 5:43-47). Kòman yo t ap rive fè sa ? Se lè yo etann lanmou yo pou yo aprann renmen ènmi yo tou.

7:16 — Ki “ fwi ” ki pèmèt moun idantifye vrè relijyon an ? Nonsèlman fwi sa a gen konduit nou ladan l, men li gen ladan l tou, kwayans nou yo, sa vle di ansèyman nou kenbe fèm yo.

10:34-38 — Èske se Labib ki lakòz gen divizyon nan fanmi ? Non, se pa sa ditou. Okontrè, se pozisyon moun ki pa kwayan nan fanmi an konn pran ki lakòz gen dezagreman. Yo ka chwazi rejte krisyanis la oubyen yo opoze ak li, konsa, yo vin lakòz divizyon nan fanmi an. — Lik 12:51-53.

11:2-6 — Si Jan te gentan konnen Jezi se Mesi a, etandone li te tande vwa Bondye ki te pale e ki te di li apwouve Jezi, poukisa li te voye mande si Jezi se “ Moun ki gen pou vini an ” ? Jan ka te poze kesyon sa a pou l jwenn konfimasyon nan men Jezi dirèkteman. Anplis de sa, Jan te vle konnen si te gen “ yon lòt moun ” ki t ap gen pou vini antanke Wa nan Wayòm nan, e ki t ap gen pou l reyalize espwa Juif yo te genyen. Repons Jezi te bay la te montre pa gen okenn moun k ap vin apre l.

19:28 — “ Douz tribi Izrayèl ” yo pral jije yo, kiyès yo reprezante ? Yo pa reprezante 12 tribi Izrayèl espirityèl la (Gal. 6:16 ; Rev. 7:4-8). La a, Jezi t ap pale ak apot yo, etandone se yo menm ki t apral fòme Izrayèl espirityèl la, yo pa t apral jije pwòp manm gwoup sa a. Jezi te fè “ yon alyans ak yo pou yon wayòm ’, konsa yo t ap ‘ yon wayòm e yo t ap prèt pou Bondye ’. (Lik 22:28-30 ; Rev. 5:10.) Moun ki fòme Izrayèl espirityèl la ap gen pou yo “ jije monn nan ”. (1 Kor. 6:2.) Kidonk, li klè, “ douz tribi Izrayèl ” moun ki chita sou twòn nan nan syèl la pral jije yo, se moun ki pa nan klas wayal la, moun ki pa nan klas prèt la, jan 12 tribi yo te reprezante sa nan jou pwopisyasyon an. — Lev. chap. 16.

Leson pou nou jodi a :

4:1-10. Istwa sa a aprann nou Satan se yon pèsòn reyèl, li pa yon prensip ki egziste nan chak moun ki pouse yo fè sa ki mal. Li sèvi ak “ dezi lachè ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ” pou l tante moun. Sepandan, si nou aplike prensip ki nan Bib la, sa ap ede nou rete fidèl anvè Bondye. — 1 Jan 2:16.

5:1–7:29. Se pou nou konsyan nou gen bezwen nan domèn espirityèl. Se pou nou montre nou se moun ki pasifik. Rejte panse imoral. Toujou kenbe pawòl nou. Lè n ap priye, bay bagay espirityèl yo priyorite sou bagay materyèl. Se pou nou rich anvè Bondye. Chèche Wayòm Bondye a ak jistis li an premye. Nou pa dwe kritike lòt moun. Se pou nou fè volonte Bondye. Se pa ti leson pratik Sèmon sou montay la gen ladan l !

9:37, 38. Nou dwe aji ann amoni ak demann nou fè Mèt rekòt la pou l “ voye ouvriye nan rekòt li a ”, lè nou patisipe nan travay fè disip la avèk zèl. — Mat. 28:19, 20.

10:32, 33. Nou pa dwe janm pè pale ak lòt moun konsènan lafwa nou.

13:51, 52. Lè nou fin konprann sans verite sou Wayòm nan, sa ban nou responsablite pou nou anseye lòt moun sou li e pou nou pataje trezò sa yo avèk yo.

14:12, 13, 23. Li endispansab pou nou rete poukont nou pafwa pou nou ka fè bonjan meditasyon. — Mak 6:46 ; Lik 6:12.

17:20. Nou bezwen lafwa pou nou venk obstak ki tankou montay ki anpeche nou pwogrese espirityèlman, e nou bezwen lafwa tou pou nou fè fas ak difikilte yo. Nou pa dwe neglijan nan kesyon bati lafwa nou epi fòtifye l nan Jewova ak nan pwomès li yo. — Mak 11:23 ; Lik 17:6.

18:1-4 ; 20:20-28. Enpèfeksyon disip Jezi yo te genyen antanke imen plis yon seri kwayans relijye yo te genyen anvan ki te mete aksan sou gwo pozisyon te fè disip yo gen twòp enkyetid sou kesyon kiyès pami yo ki gen plis grandè. Nou dwe kiltive imilite toutpandan n ap lite kont tandans pou nou peche, e toutpandan n ap fè efò pou nou toujou gen yon bon pwennvi sou privilèj ak responsablite nou genyen nan kongregasyon an.

“ Y AP LIVRE PITIT GASON LÒM NAN ”

(Mat. 21:1–28:20)

Jou ki te 9 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te “ monte sou yon bourik ” pou l al Jerizalèm (Mat. 21:5). Nan demen, li te vin nan tanp lan e li chase moun ki t ap fè komès yo ladan l. E jou ki te 11 Nizan an, li te anseye nan tanp lan, li te denonse eskrib yo ak Farizyen yo, epi apre sa, li te bay disip li yo “ siy k ap siy prezans [li] ak konklizyon sistèm nan ”. (Mat. 24:3.) Nan jou apre a, li te di yo : “ Nou konnen fèt pak la ap rive nan de jou e yo gen pou yo livre Pitit Gason lòm nan pou yo kloure l sou yon poto. ” — Mat. 26:1, 2.

Kounye a, nou nan 14 Nizan. Apre Jezi fin etabli Memoryal lanmò li, yon lanmò ki te toupre rive, yo trayi l, yo arete l, yo pase l anba eprèv, epi yo kloure l sou yon poto. Apre Jezi fin resisite sou twazyèm jou a, anvan li monte nan syèl la, li te bay disip li yo kòmandman sa a : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. ” — Mat. 28:19.

Kesyon biblik ak tout repons :

22:3, 4, 9 — Ki lè yo te fè twa envitasyon pou festen maryaj la ? Yo te fè premye envitasyon an pou yo rasanble klas lamarye a lè Jezi ak disip li yo te kòmanse preche nan ane 29 epòk nou an e li te kontinye jis rive ane 33 epòk nou an. Dezyèm envitasyon an te fèt soti lè lespri sen te desann sou disip yo nan ane 33 epòk nou an pou rive jis nan ane 36. Toule de envitasyon sa yo se Juif, pwozelit juif ak Samariten sèlman ki te resevwa yo. Sepandan, twazyèm envitasyon an se te pou moun ki sou wout pa deyò vil la, sa vle di, moun ki pa sikonsi yo, janti yo. Envitasyon sa a te kòmanse nan ane 36 epòk nou an lè ofisye women an, Kònèy, te konvèti e envitasyon an ap kontinye jis jodi a.

23:15 — Poukisa yon pwozelit Farizyen yo fè, sa vle di yon moun yo konvèti, te “ merite al nan jeyèn nan de fwa plis pase ” Farizyen yo yo menm ? Gen kèk moun ki te vin pwozelit farizyen, petèt se moun ki te konn fè gwo peche yo te ye. Sepandan, lè moun sa yo vin konvèti nan relijyon Farizyen yo, yon relijyon ki te ekstremis, sa te fè sitiyasyon yo vin anpire, li posib pou yo te vin pi ekstremis toujou pase Farizyen ki te anseye yo, yo menm ki te deja kondane. Konsa, yo te merite al nan jeyèn nan de fwa plis an konparezon ak Farizyen ki te Juif yo.

27:3-5 — Sa k te fè Jida vin gen remò ? Pa gen anyen ki montre remò Jida te genyen an se paske li te repanti toutbonvre. Okontrè, olye li te chèche padon Bondye, li t al konfese peche l devan prèt an chèf la ak ansyen yo. Etandone Jida te komèt “ yon peche ki fè moun jwenn lanmò ”, gen yon seri santiman ki te anvayi l, li te santi l koupab e li te dezespere (1 Jan 5:16). Li te gen remò paske li te nan yon eta kote li te sanzespwa.

Leson pou nou jodi a :

21:28-31. Sa ki vrèman enpòtan pou Jewova se pou nou fè volonte l. Pa egzanp, nou dwe patisipe avèk zèl nan travay preche bon nouvèl Wayòm nan ak travay fè disip la. — Mat. 24:14 ; 28:19, 20.

22:37-39. De pi gwo kòmandman yo rezime sa Bondye vle pou moun k ap adore l yo fè.

[Foto nan paj 31]

Èske w patisipe avèk zèl nan travay rekòt la ?

[Liy kredi]

© 2003 BiblePlaces.com

[Foto nan paj 31]

Matye te mete aksan sou Wayòm nan.