Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’

Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’

Veye pou nou toujou gen ‘ ladrès nan fason nou anseye ’

“ Preche pawòl la, [...] reprann, reprimande, egzòte, avèk anpil pasyans e avèk ladrès nan fason w anseye. ”— 2 TIM. 4:2.

1. Ki kòmandman Jezi te bay disip li yo e ki egzanp li te kite pou yo ?

BYENKE Jezi te konn fè anpil gerizon estrawòdinè pandan ministè l sou tè a, se pa kòm yon moun ki konn geri moun oswa ki konn fè mirak yo te konnen l prensipalman, men se kòm yon anseyan yo te konnen l (Mak 12:19 ; 13:1). Pale de bon nouvèl Wayòm Bondye a se sa ki te priyorite Jezi, e se menm bagay la pou disip li yo jodi a. Kretyen yo gen misyon pou yo kontinye travay fè disip la, lè yo anseye moun pou yo obsève tout sa Jezi te kòmande yo. — Mat. 28:19, 20.

2. Ki sa nou bezwen fè pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou preche a ?

2 Nan objektif pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou fè disip la, nou fèt pou nou toujou ap chèche amelyore kapasite nou pou nou anseye. Apot Pòl te mete aksan sou enpòtans kapasite sa a genyen lè l te ekri Timote, konpayon predikasyon l lan. Li te di : “ Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè w fè sa w ap sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo. ” ​(1 Tim. 4:16). Lè Pòl te pale de ansèyman, li pa t gen nan lespri l pou yo transmèt senpleman yon konesans. Minis kretyen ki efikas yo touche kè moun yo e yo motive yo pou yo fè chanjman nan lavi yo. Sa mande ladrès. Men, ki jan nou ka fè pou nou devlope ‘ ladrès nan fason nou anseye ’ lè n ap prezante bon nouvèl Wayòm Bondye a bay lòt moun ? — 2 Tim. 4:2.

Devlope ‘ ladrès nan fason nou anseye ’

3, 4. a) Kòman nou ka rive devlope ‘ ladrès nan fason nou anseye ’ ? b) Kòman Lekòl ministè teyokratik la ede nou pou nou vin anseyan ki efikas ?

3 Gen yon diksyonè ki defini “ ladrès ” kòm yon “ kapasite ou vin genyen grasa etid ou fè, bagay ou pratike oubyen bagay ou obsève ”. Nou bezwen fè atansyon ak toule twa eleman sa yo pou nou vin anseyan bon nouvèl la ki efikas. Nou kapab vin gen yon konpreyansyon kòrèk sou sijè nou an sèlman lè nou etidye l nan lapriyè. (Li Sòm 119:27, 34.) Lè nou rete ap obsève minis ki efikas yo pandan y ap anseye, sa ap ede nou aprann metòd yo genyen e sa ap ede nou imite yo. E lè nou fè gwo efò regilyèman pou nou pratike sa nou aprann nan, sa ap ede nou amelyore kapasite nou. — Lik 6:40 ; 1 Tim. 4:13-15.

4 Se Jewova ki Gran Pwofesè nou. Li sèvi ak pati vizib òganizasyon l lan pou l bay sèvitè l yo direksyon sou fason pou yo akonpli misyon yo genyen pou yo preche a (Iza. 30:20, 21). Se nan objektif sa a chak kongregasyon òganize Lekòl ministè teyokratik la chak semèn. Objektif lekòl la se ede tout elèv yo pou yo vin pwoklamatè Wayòm Bondye a ki efikas. Prensipal liv lekòl la se Labib. Pawòl Jewova enspire a di nou ki sa pou nou anseye. Anplis de sa, li fè nou konnen ki metòd ansèyman ki efikas e ki apwopriye. Lekòl ministè teyokratik la raple nou regilyèman n ap vin pi abil antanke anseyan si nou baze ansèyman nou an sou Pawòl Bondye a, si nou sèvi ak kesyon yon fason ki efikas, si nou anseye yon fason ki senp e si nou montre nou yon enterè sensè pou lòt moun. Annou egzamine chak pwen sa yo youn pa youn. Apre sa, nou pral pale sou fason pou nou touche kè etidyan nou yo.

Baze ansèyman n ap bay la sou Pawòl Bondye a

5. Sou ki sa ansèyman nou ta dwe baze, e poukisa ?

5 Jezi, ki pi gran pami tout anseyan imen yo, te baze ansèyman l yo sou Ekriti yo (Mat. 21:13 ; Jan 6:45 ; 8:17). Se pa nan non pa l li te pale, men se nan non Sila ki te voye l la (Jan 7:16-18). Se egzanp li n ap suiv. Se sa k fè kèlkeswa sa n ap di a, kit nou nan predikasyon kay an kay, kit se nan etid biblik n ap fè ak moun lakay yo, nou ta dwe mete aksan sou otorite Pawòl Bondye a (2 Tim. 3:16, 17). Kèlkeswa jan nou ta ka entèlijan, rezònman nou yo pap janm egal ni ak efikasite ni ak pisans Ekriti ki enspire yo genyen. Se sa Bib la di ki fè otorite. Kèlkeswa pwen n ap bat pou nou ede yon etidyan konprann, meyè metòd nou ka itilize a se fè moun nan li sa Ekriti yo di sou sa. — Li Ebre 4:12.

6. Ki jan yon anseyan ka asire l moun l ap etidye avè l la byen konprann sijè y ap egzamine a ?

6 Natirèlman, sa pa vle di li pa nesesè pou yon anseyan kretyen prepare l pou yon etid biblik. Okontrè, anseyan an ta dwe byen reflechi alavans pou l deside ki tèks yo site nan Ekriti yo, li menm oswa etidyan an pral li nan Bib la diran etid la. An jeneral, li bon pou nou li tèks biblik yo bay ki apiye kwayans nou yo. Li nesesè tou pou nou ede etidyan an sezi sans chak tèks li li.— 1 Kor. 14:8, 9.

Itilize kesyon yon fason ki efikas

7. Poukisa lè nou itilize kesyon se yon metòd ansèyman ki efikas ?

7 Lè nou byen sèvi ak kesyon, sa pouse etidyan an reflechi e sa ede nou touche kè l. Se sa k fè, olye pou w esplike etidyan an tèks biblik yo, mande li pou l esplike w yo. Gende fwa yon kesyon siplemantè oswa menm yon seri kesyon kapab ede etidyan an rive gen konpreyansyon egzak la. Lè w fè etidyan an patisipe nan etid la fason sa a, ou ede l anfèt pou l sezi non sèlman rezon ki fè se tèl konklizyon nou tire, men tou pou l fè konklizyon an tounen pwòp konklizyon pa l. — Mat. 17:24-26 ; Lik 10:36, 37.

8. Ki jan nou ka rive disène ki sa yon etidyan gen nan kè l ?

8 Metòd etid nou itilize nan piblikasyon nou yo se kesyon/repons. Sandout, pifò moun ou etidye Labib avèk yo kapab reponn kesyon enprime yo byen vit lè yo itilize enfòmasyon ki nan paragraf ki koresponn ak kesyon an. Menm lè sa a, yon anseyan ki gen disènman pap annik kontante l ak repons egzak yo sèlman. Pa egzanp, yon etidyan gendwa anmezi pou l esplike sa Bib la di sou fònikasyon (1 Kor. 6:18). Sepandan, kesyon ou poze l avèk tak pou w fè l eksprime pwennvi l kapab fè w rann ou kont ki sa etidyan an panse vrèman sou sa l aprann nan. Konsa, anseyan an ka mande l : “ Poukisa Bib la kondane relasyon seksyèl andeyò maryaj ? Ki sa w panse de restriksyon Bondye bay nan domèn sa a ? Èske w panse sa pwofitab pou yon moun viv selon prensip moral Bondye yo ? Repons li bay sou kesyon konsa ka revele ki sa etidyan an gen nan kè l. — Li Matye 16:13-17.

Transmèt enfòmasyon an yon fason senp

9. Ki sa nou ta dwe kenbe nan lespri nou lè n ap transmèt enfòmasyon biblik ?

9 Pifò verite ki nan Pawòl Bondye a deja senp. Sepandan, sa ka rive moun w ap etidye Labib avèk li a te nan konfizyon akoz doktrin fo relijyon. Wòl nou antanke anseyan se fè Bib la vin fasil pou moun konprann li. Anseyan ki efikas yo transmèt enfòmasyon yon fason ki senp, ki klè e ki egzak. Si nou suiv metòd sa a, nou pap rann verite a pi difisil pou moun konprann li. Evite detay ki pa nesesè. Lè nou li yon vèsè, nou pa bezwen fè kòmantè sou tout aspè vèsè a. Konsantre senpleman sou sa ki esansyèl pou nou klarifye pwen n ap egzamine a. Etidyan an ap rive konprann verite ki pi pwofon nan Bib la ofiramezi l ap fè pwogrè nan konpreyansyon l.— Ebre 5:13, 14.

10. Ki sa k ap detèmine ki kantite paragraf pou nou egzamine nan yon etid biblik ?

10 Ki kantite paragraf nou ta dwe fè nan chak etid ? Pou nou detèmine kantite a, li nesesè pou nou gen disènman. Kantite paragraf n ap egzamine a ka varye selon kapasite ak sitiyasyon ni anseyan an ni etidyan an. Men nou ta dwe toujou sonje objektif nou antanke anseyan se pou nou ede etidyan yo bati yon fwa ki solid. Se sa k fè n ap bay etidyan an ase tan pou l li, pou l konprann e pou l aksepte verite yo ki nan Pawòl Bondye a. Nou pa ta dwe egzamine plis paragraf pase sa etidyan an ka konprann. Anmenmtan, se pou etid la kontinye avanse yon fason ki rezonab. Yonfwa etidyan an fin konprann yon pwen, se pou nou pase nan pwen ki vin apre a.— Kol. 2:6, 7.

11. Nan kesyon anseye, ki leson nou kapab aprann nan men apot Pòl ?

11 Lè apot Pòl t ap preche mesaj bon nouvèl la, li te toujou itilize yon langaj ki senp e ki fasil pou moun ki nouvo yo konprann. Byenke apot Pòl te yon moun trè enstwi, li te evite itilize yon langaj entèlektyèl wo nivo. (Li 1 Korentyen 2:1, 2.) Senplisite verite ki nan Bib la atire moun ki sensè yo e li ba yo satisfaksyon. Yon moun pa oblije yon entèlektyèl pou l konprann li. — Mat. 11:25 ; Tra. 4:13 ; 1 Kor. 1:26, 27.

Ede etidyan yo bay sa yo aprann yo valè

12, 13. Ki sa k ta dwe motive yon etidyan pou l aji dapre sa l aprann nan Bib la ? Bay yon egzanp sou sa.

12 Pou ansèyman nou an efikas se pou l touche kè etidyan an. Etidyan an fèt pou l konprann ki jan enfòmasyon an konsène l pèsonèlman, ki jan l ap pwofitab pou li e ki jan lavi li kapab amelyore si l suiv direksyon Bib la bay.— Iza. 48:17, 18.

13 Pa egzanp, ann sipoze n ap egzamine Ebre 10:24, 25, ki ankouraje kretyen yo pou yo rasanble ak kwayan parèy yo pou yo jwenn ankourajman nan Ekriti yo ak bonjan frekantasyon. Si etidyan an poko asiste reyinyon kongregasyon an, nou ka fè yon rezime pou li sou fason yo dirije reyinyon yo e nou ka di l de ki sa yo pale ladan yo. Nou kapab fè l konnen reyinyon yo fè pati adorasyon nou e nou ka montre l yo pwofitab pou nou pèsonèlman. Apre sa, nou ka envite etidyan an pou l vin asiste. Bagay ki ta dwe motive l pou l byen reyaji devan kòmandman biblik yo, se ta dwe dezi l genyen pou l obeyi Jewova, e non pa pou l fè moun k ap etidye avè l la plezi. — Gal. 6:4, 5.

14, 15. a) Ki sa yon moun k ap etidye Labib kapab aprann konsènan Jewova ? b) Ki jan konesans etidyan an genyen sou pèsonalite Bondye kapab pwofitab pou li ?

14 Youn nan prensipal byenfè etidyan yo jwenn nan etid biblik ak lè yo aplike prensip biblik yo, sèke Jewova vin yon pèsòn reyèl pou yo e yo vin renmen l (Iza. 42:8). Jewova pa sèlman yon Papa ki chaje lanmou, Kreyatè a e Pwopriyetè linivè a, men pou moun ki renmen l yo e k ap sèvi l yo, li fè yo konnen pèsonalite l ak kapasite l. (Li Egzòd 34:6, 7.) Lè Moyiz te rive nan pwen pou l kondui nasyon Izrayèl la soti nan kaptivite ann Ejip, men ekspresyon Jewova te itilize pou l te idantifye tèt li : “ M ap vin tounen sa M ap vin tounen. ” ​(Egz. 3:13-15). Sa vle di, pou Jewova reyalize objektif li, li t apral vin tounen nenpòt sa k te nesesè pou l tounen an favè pèp li a li chwazi a. Se konsa Izrayelit yo te vin konnen Jewova nan wòl li jwe kòm Sovè, kòm Gèrye, kòm Sila ki donan anpil la e kòm Sila ki akonpli pwomès li fè e ki gen kapasite pou l ede yo lòt fason ankò. — Egz. 15:2, 3 ; 16:2-5 ; Joz. 23:14.

15 Petèt, Jewova pa entèvni nan lavi etidyan nou yo pa mwayen mirak, tankou l te fè pou Moyiz. Toutfwa, ofiramezi y ap grandi nan lafwa e nan rekonesans pou sa yo aprann e ofiramezi y ap aplike sa yo aprann yo, sandout y ap wè nesesite pou yo konte sou Jewova pou yo jwenn kouraj, sajès ak direksyon. Pandan y ap fè sa, yo pral rive konnen Jewova nan wòl li jwe kòm yon Konseye ki saj, yon Pwotektè e yon Moun ki ba yo lajman tout sa yo bezwen.— Sòm 55:22 ; 63:7 ; Pwo. 3:5, 6.

Montre lanmou ak enterè pou etidyan yo

16. Poukisa kapasite natirèl se pa sa ki pi enpòtan pou fè nou efikas antanke anseyan ?

16 Si w santi ou pa gen kapasite pou w anseye jan w ta renmen an, pa dekouraje. Se Jewova ak Jezi k ap sipèvize pwogram edikasyon mondyal k ap akonpli jodi a (Tra. 1:7, 8 ; Rev. 14:6). Yo ka beni efò n ap fè yon fason pou pawòl nou yo gen efè nou swete a sou yon moun ki renmen sa ki jis (Jan 6:44). Lanmou sensè yon anseyan genyen pou etidyan l kapab konpanse mankman li genyen nan kapasite natirèl li. Apot Pòl te montre l konprann enpòtans pou nou renmen moun n ap anseye yo. — Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.

17. Ki jan nou kapab montre yon enterè sensè pou chak moun n ap etidye Labib avèk yo ?

17 Menm jan an tou, nou ka montre yon enterè sensè pou chak moun n ap etidye Labib avèk li lè nou pran tan pou nou konnen moun nan. Pandan n ap etidye prensip biblik yo avèk li, li pwobab pou nou vin konn sitiyasyon l pi byen. Petèt nou obsève lavi li deja ann amoni ak sèten nan pwen li te aprann nan Bib la. Nan lòt domèn, petèt gen ajisteman li bezwen fè toujou. Lè nou ede etidyan an wè jan pou l aplike pèsonèlman enfòmasyon Bib la bay, avèk amou n ap rive ede l vin yon vrè disip Kris.

18. Poukisa li enpòtan pou nou priye avèk moun n ap etidye Labib ak li a e pou nou pale de li nan priyè nou ?

18 Avantou, sa k pi enpòtan se posiblite nou genyen pou nou priye avèk moun n ap etidye Labib avèk li a e pou nou pale de li nan priyè nou. Sa ta dwe klè pou li objektif nou se pou nou ede l rive konn Kreyatè l la yon fason pi entim, pou l vin pwòch avè l e pou Bondye gide l pou byen li. (Li Sòm 25:4, 5.) Lè n ap priye pou Jewova ede yon etidyan nan efò l ap fè pou l aplike sa l aprann yo, sa ka ede l wè enpòtans pou l vin yon ‘ pratikan pawòl la ’. (Jak 1:22.) E pandan etidyan an ap koute priyè sensè n ap fè a, li menm tou l ap aprann ki jan pou l priye. Se pa ti kè kontan nou jwenn lè nou ede moun n ap etidye Labib avèk yo pou yo devlope pwòp relasyon pa yo avèk Jewova !

19. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Sa ankourajan pou nou konnen gen plis pase sis milyon edmi Temwen nan lemonnantye k ap amelyore ‘ ladrès yo genyen nan fason yo anseye ’ avèk objektif pou yo ede moun ki sensè yo obsève tout sa Jezi te kòmande. Ki rezilta nou jwenn nan aktivite predikasyon an ? Nou pral egzamine repons kesyon sa a nan atik ki vin apre a. a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa kretyen yo bezwen devlope ‘ ladrès nan fason yo anseye ’ ?

• Ki jan nou ka fè pou nou anseye yon fason ki pi efikas ?

• Ki sa k ka konpanse nenpòt mankman nou genyen nan kapasite natirèl nou genyen pou nou anseye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Èske w se yon elèv nan Lekòl ministè teyokratik ?

[Foto nan paj 10]

Poukisa li enpòtan pou w ankouraje etidyan w yo li Labib ?

[Foto nan paj 12]

Priye avèk etidyan w yo e pale de yo nan priyè w.