Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo jije yo diy pou yo mennen yo nan sous dlo lavi yo

Yo jije yo diy pou yo mennen yo nan sous dlo lavi yo

Yo jije yo diy pou yo mennen yo nan sous dlo lavi yo

“ Timouton an [...] ap pran swen yo e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo. ” — REV. 7:17.

1. Ki jan Pawòl Bondye a idantifye kretyen wen yo, e ki responsablite Jezi te ba yo ?

PAWÒL Bondye a idantifye kretyen wen yo k ap jere tout enterè Kris genyen sou tè a antanke “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. Lè Kris te enspekte “ esklav ” la an 1918, li te jwenn kretyen wen yo fidèl nan travay yo te konfye yo a. Yo t ap bay manje espirityèl “ nan moman apwopriye ”. Se poutèt sa Jezi, Mèt la, te pran plezi pou l etabli yo “ sou tout byen l ” yo. (Li Matye 24:45-47.) Konsa, anvan kretyen wen yo resevwa eritaj selès yo a, travay yo se mete yo osèvis lòt adoratè Jewova yo ki sou tè a.

2. Ki sa byen Jezi yo ye ?

2 Yon pwopriyetè gen dwa sou byen l genyen oswa sou sa li posede, e li ka sèvi avèk yo jan l vle. Pami byen Jezi Kris genyen yo, li menm Jewova te enstale antanke wa sou yon twòn nan syèl la, gen tout enterè terès Wayòm nan. Pami byen sa yo, gen “ yon gwo foul ” apot Jan te wè nan yon vizyon. Men ki jan apot Jan pale de gwo foul la : “ Gade ! Yon gwo foul pèsonn pa t ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang, yo kanpe devan twòn nan e devan Timouton an, yo abiye ak wòb blan. E yo te gen branch palmye nan men yo. ” — Rev. 7:9.

3, 4. Ki gwo privilèj moun ki fè pati gwo foul la genyen ?

3 Moun ki konpoze gwo foul sa a fè pati moun Jezi te idantifye kòm “ lòt mouton ” li genyen yo (Jan 10:16). Yo gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a k ap tounen yon paradi. Yo gen konfyans Jezi “ ap mennen yo nan sous dlo lavi yo. E Bondye ap siye tout dlo nan je yo ”. Sou baz esperans sa a, “ yo lave wòb yo e yo blanchi yo nan san Timouton an ”. (Rev. 7:14, 17.) Yo egzèse lafwa nan sakrifis Jezi a, se sa k fè Bondye konsidere yo kòm moun ki abiye ak wòb blan. Menm jan ak Abraram, yo deklare yo jis antanke zanmi Bondye.

4 Anplis de sa, piske Bondye konsidere gwo foul lòt mouton yo ki pa sispann ogmante kòm moun ki jis, yo gen esperans pou yo chape anba destriksyon sistèm sa a lè “ gwo tribilasyon an ” rive (Jak 2:23-26). Yo kapab pwoche bò kote Jewova, e antanke gwoup, yo gen yon bèl pèspektiv pou yo pa detwi nan lagè Amagedòn nan (Jak 4:8 ; Rev. 7:15). Yo pa yon gwoup ki mete yo apa e k ap dirije tèt yo, men yo dispoze sèvi anba direksyon Wa selès la ansanm ak frè wen l yo ki toujou ap viv sou tè a.

5. Ki jan moun ki fè pati gwo foul la soutni frè wen Kris yo ?

5 Kretyen wen yo rankontre gwo opozisyon nan monn Satan an, e y ap kontinye rankontre jan de opozisyon sa yo. Sepandan, yo kapab konte sou konpayon yo, anpalan de manm gwo foul la. Alòske kantite kretyen wen ki rete kounye a pa anpil, gen plizyè santèn milye moun ki vin ogmante gwo foul la chak ane. Kretyen wen yo pa kapab okipe yo de chak kongregasyon ki fè pati anviwon 100 000 kongregasyon ki genyen sou tout tè a. Konsa, sèvis gason ki kalifye yo ap akonpli antanke ansyen nan kongregasyon yo se youn nan aspè sipò lòt mouton yo bay kretyen wen yo. Jodi a, yo ede “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pran swen plizyè milyon kretyen yo konfye esklav sa a.

6. Ki jan yo te predi fason moun ki fè pati lòt mouton yo t ap gen pou soutni kretyen wen yo ?

6 Pwofèt Izayi te predi lòt mouton yo t ap gen pou yo soutni kretyen wen yo volontèman. Men sa l te ekri : “ Men sa Jewova di : ‘ Travayè yo pa peye ki nan peyi Ejip yo ak machann peyi Etyopi yo ak Sabeyen yo, mesye bèl wotè yo, gen pou yo vin lakay ou, e y ap vin pa w. Y ap mache dèyè w. ’” ​(Iza. 45:14). Nan yon sans senbolik, jodi a, kretyen ki gen esperans terès yo ap mache dèyè klas esklav la ak Kolèj santral li a, y ap suiv direksyon yo bay. Antanke “ travayè yo pa peye ”, se volontèman e ak tout kè yo lòt mouton yo dispoze depanse fòs yo ak resous yo pou yo soutni travay predikasyon mondyal la, travay Kris bay disip wen l yo fè sou tè a. — Tra. 1:8 ; Rev. 12:17.

7. Pou ki privilèj gwo foul la ap resevwa fòmasyon jodi a ?

7 Pandan manm gwo foul la ap ede frè wen yo, y ap resevwa fòmasyon antanke baz nouvo sosyete moun ki pral egziste apre Amagedòn nan. Baz sa a dwe solid e li dwe stab. Moun ki fòme baz sa a dwe dispoze suiv direksyon Mèt la e yo dwe kapab fè sa l mande. Chak kretyen gen okazyon pou yo demontre si Wa a, anpalan de Jezi Kris, kapab sèvi avèk yo. Jodi a, si chak kretyen egzèse lafwa nan Jezi Kris e yo demontre yo fidèl, yo deja montre y ap byen reyaji lè Wa a ap dirije yo nan monn nouvo a.

Gwo foul la demontre li gen lafwa

8, 9. Ki jan moun ki fè pati gwo foul la demontre lafwa yo ?

8 Lòt mouton yo, antanke konpayon kretyen wen yo, demontre lafwa yo divès fason. Toudabò, yo soutni rès kretyen wen yo lè yo pwoklame bon nouvèl Wayòm nan (Mat. 24:14 ; 28:19, 20). Dezyèmman, yo soumèt yo volontèman anba direksyon Kolèj santral la. — Ebre 13:17 ; li Zekarya 8:23.

9 Twazyèmman, manm gwo foul la soutni frè wen yo lè yo viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis. Yo fè efò pou yo kiltive “ lanmou, lajwa, lapè, pasyans, byenveyans, bonte, lafwa, dousè, metriz ”. (Gal. 5:22, 23.) Jodi a, lè yo demontre kalite sa yo olye yo pratike “ zèv lachè a ”, moun gendwa pa renmen yo. Sepandan, manm gwo foul la detèmine pou yo evite “ fònikasyon, salte, konduit deregle, idolatri, pratik espiritis, rayisman, fè kont, jalouzi, fè kòlè, chirepit, divizyon, sèk, anvi, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay ki sanble ak yo ”. — Gal. 5:19-21.

10. Ki sa manm gwo foul la detèmine pou yo fè ?

10 Piske nou enpafè, li ka difisil pou nou pwodui fwi lespri a, pou nou evite pratike zèv lachè a, e pou nou reziste anba presyon monn Satan an ap fè sou nou. Sepandan, nou detèmine pou nou pa kite dekourajman akoz feblès nou, mankman nou genyen pafwa nan domèn espirityèl oswa pwoblèm sante, afebli lafwa nou oswa diminye lanmou nou genyen pou Jewova. Nou konnen Jewova ap aji jan li pwomèt la, sa vle di l ap pwoteje gwo foul la pandan gwo tribilasyon an.

11. Ki taktik Satan itilize nan efò l ap fè pou l febli lafwa kretyen yo ?

11 Toutmenm, nou toujou rete veyatif paske nou konnen vrè ènmi nou se Dyab la, e li pap fasil bay legen. (Li 1 Pyè 5:8.) Li eseye sèvi ak aposta ak lòt moun ankò pou l konvenk nou ansèyman n ap suiv yo se fo ansèyman. Men an jeneral, taktik sa yo echwe. Menm jan an tou, byenke pafwa pèsekisyon konn ralanti travay predikasyon an, souvan li pa fè lòt bagay sinon ranfòse li ranfòse lafwa moun y ap pèsekite yo. Se sa k fè, Satan pa sispann sèvi ak yon taktik li panse ki ka ba li plis chans pou l febli lafwa nou. Li eksplwate dekourajman nou. Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te resevwa avètisman konsènan danje sa a. Men sa yo te di yo : “ Reflechi seryezman sou moun sa a ki te andire jan de pawòl kontradiksyon sa yo nan men pechè yo kont pwòp enterè yo. ” Poukisa kretyen sa yo te dwe fè sa ? ‘ Pou yo pa fatige e pou nanm yo pa faya. ’ — Ebre 12:3.

12. Ki jan konsèy nou jwenn nan Bib la kapab fòtifye moun ki dekouraje yo ?

12 Èske w konn santi w anvi sispann sèvi Jewova ? Èske pafwa ou santi w echwe ? Si wi, pa kite Satan sèvi ak santiman sa yo pou l anpeche w sèvi Jewova. Si w etidye Labib an pwofondè, ou priye ak tout kè w, ou asiste reyinyon yo regilyèman, e ou pwofite konpayi kretyen parèy ou yo, sa ap fòtifye w e sa ap anpeche ‘ nanm ou faya ’. Jewova pwomèt l ap ede tout sèvitè l yo rejwenn fòs, e nou kapab gen konfyans nan pwomès sa a. (Li Izayi 40:30, 31.) Se pou w rete konsantre sou predikasyon Wayòm nan. Evite divètisman k ap fè w pèdi tan, epi fikse objektif pou w ede lòt moun. Konsa, w ap gen fòs pou w andire malgre dekourajman. — Gal. 6:1, 2.

Yo soti nan gwo tribilasyon an pou yo antre nan monn nouvo a

13. Ki travay k ap tann moun ki chape nan Amagedòn yo ?

13 Apre Amagedòn, anpil moun enjis ki resisite pral bezwen resevwa ansèyman konsènan chemen Jewova yo (Tra. 24:15). Y ap bezwen gen konesans konsènan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an. Anplis de sa, yo dwe anseye yo pou yo egzèse lafwa nan sakrifis sa a dekwa pou yo ka resevwa byenfè li pote yo. Y ap bezwen rejte fo doktrin relijye yo te aprann yo e y ap bezwen abandone fason yo te konn viv anvan. Y ap gen pou yo aprann abiye yo ak nouvo pèsonalite a ki idantifye vrè kretyen yo (Efe. 4:22-24 ; Kol. 3:9, 10). Moun ki fè pati lòt mouton yo ki chape nan Amagedòn ap gen anpil travay pou yo fè. Se pa ti jwa sa pral ye pou nou sèvi Jewova, toutpandan nou libere anba monn mechan sa a ak sa ki ta ka distrè nou !

14, 15. Pale de echanj enfòmasyon ki pral genyen ant moun ki chape anba gwo tribilasyon an ak moun jis yo k ap resisite.

14 Sèvitè fidèl Jewova yo ki te mouri anvan ministè Jezi sou tè a, yo menm tou ap gen pou yo aprann anpil bagay nan epòk sa a. Yo pral konnen kiyès ki Mesi Jewova te pwomèt la, moun yo t ap tann men yo pa t janm rive wè a. Lè yo t ap viv nan tan lontan, yo te deja demontre yo dispoze kite Jewova enstwi yo. Se pral yon privilèj pou nou ede yo, e se pa ti jwa n ap jwenn nan sa. Pa egzanp, imajine lajwa ou t ap genyen si w ta gen privilèj pou w esplike Dànyèl akonplisman pwofesi li te ekri yo, pwofesi li pa t rive konprann. — Dàn. 12:8, 9.

15 Natirèlman, malgre moun ki resisite yo ap gen anpil bagay pou yo aprann nan men nou, n ap gen anpil kesyon pou nou poze yo tou. Y ap anmezi pou yo rakonte nou evènman Bib la mansyone san li pa bay detay sou yo. Reflechi sou jan sa pral pasyonan pou nou tande Jan Batis k ap aprann nou yon seri detay konsènan kouzen l, Jezi ! Pa gen dout nan sa, bagay temwen fidèl sa yo pral aprann nou yo ap menm pèmèt nou pi byen konprann Pawòl Bondye a pase jan nou konprann li kounye a. Ni sèvitè fidèl Jewova yo ki te mouri nan tan lontan ni sa ki fè pati gwo foul la ki mouri nan tan lafen an, pral jwenn “ yon pi bon rezirèksyon ”. Yo te kòmanse sèvi Jewova nan yon monn ki anba dominasyon Satan. Se pa ti kontan y ap kontan lefètke y ap kapab kontinye sèvi Jewova nan kondisyon k ap pi favorab nan monn nouvo a ! — Ebre 11:35 ; 1 Jan 5:19.

16. Ann amoni ak pwofesi biblik yo, ki sa k pral fèt nan jou jijman an ?

16 Rive yon lè nan jou jijman an, se lòt woulo yo pral ouvè. Se woulo sa yo ansanm ak Bib la ki pral baz pou yo jije tout moun ki vivan yo pou yo wè si yo diy pou yo resevwa lavi etènèl. (Li Revelasyon 20:12, 13.) Nan fen jou jijman an, chak moun pral gen anpil okazyon pou yo montre ki kote yo kanpe anrapò ak kesyon souvrènte inivèsèl la. Èske chak moun ap soumèt yo anba dominasyon Wayòm Bondye a e èske y ap kite Timouton an mennen yo nan “ sous dlo lavi yo ” ? Oubyen èske y ap refize soumèt yo anba dominasyon Wayòm Bondye a (Rev. 7:17 ; Iza. 65:20) ? Lè sa a, chak moun ki sou tè a pral gen okazyon pou yo pran yon desizyon. Pap gen ni peche nou eritye a ni move anviwònman pou enfliyanse desizyon sa a. Okenn moun pap ka mete an dout jistis Jewova pral egzekite nan jijman final la. Se sèlman moun ki mechan k ap detwi pou toutan. — Rev. 20:14, 15.

17, 18. Ak ki santiman kretyen wen yo ak lòt mouton yo ap tann jou jijman an ?

17 Jodi a, yo jije kretyen wen yo diy pou yo resevwa yon Wayòm. Kretyen sa yo ap tann ak enpasyans pou yo dirije nan jou jijman an. Ala yon bèl privilèj y ap genyen ! Pèspektiv sa a pouse yo suiv konsèy apot Pyè te bay moun ki t ap viv nan premye syèk yo. Men sa l di : “ Se pou nou fè tout sa nou kapab pou nou sèten konsènan apèl yo fè nou an ak chwazi yo chwazi nou an. Paske si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pap janm echwe. Anfèt, se konsa n ap lib pou nou antre nan wayòm etènèl Seyè e Sovè nou an, Jezi Kris. ” — 2 Pyè 1:10, 11.

18 Lòt mouton yo rejwi ak frè wen yo e yo detèmine pou yo ede yo. Etandone kounye a se zanmi Bondye yo ye, yo santi yo pouse pou yo fè sa yo kapab nan sèvis y ap ba li a. Nan jou jijman an, y ap byen kontan soutni dispozisyon Bondye yo ak tout kè yo toutpandan Jezi ap mennen yo nan sous dlo lavi yo. Finalman, y ap jije yo diy pou yo sèvi Jewova sou tè a diran tout letènite ! — Wom. 8:20, 21 ; Rev. 21:1-7.

Èske w sonje ?

• Ki sa byen Jezi yo gen ladan yo ?

• Ki jan moun ki fè pati gwo foul la ede frè wen yo ?

• Ki privilèj e ki pèspektiv moun ki fè pati gwo foul la genyen ?

• Ki jan w konsidere jou jijman an ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Moun ki fè pati gwo foul la lave wòb yo e yo blanchi yo nan san Timouton an.

[Foto nan paj 27]

Ki sa w espere aprann nan men moun fidèl k ap resisite yo ?