Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo jije yo diy pou yo resevwa yon wayòm

Yo jije yo diy pou yo resevwa yon wayòm

Yo jije yo diy pou yo resevwa yon wayòm

“ Sa se yon prèv jijman Bondye a jis, ki fè yo jije nou diy pou nou benefisye wayòm Bondye a. ” — 2 TES. 1:5.

1, 2. Ki objektif Bondye genyen anrapò ak kesyon jijman an, e kiyès ki pral fè jijman sa a ?

OZANVIWON ane 50 epòk nou an, apot Pòl te nan vil Atèn. Li te rann li kont se yon vil kote adorasyon zidòl te gaye. Sa te boulvèse l anpil, e sa te pouse l bay yon kokenn temwayaj. Nan dènye pawòl li te di yo, li te fè yon deklarasyon ki dwe te kapte atansyon enkwayan ki t ap koute l yo. Li te di : “ Kounye a, [Bondye] ap fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti. Paske li fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon nonm li chwazi, pou l jije latè ki abite avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti dèske li resisite l nan lanmò. ” — Tra. 17:30, 31.

2 Lè nou konsidere dispozisyon Bondye pran pou l fikse yon jou jijman pou limanite, yon jou k ap rive talè konsa, sa fè nou reflechi seryezman  ! Se yon moun Pòl pa t site non l nan diskou li te bay nan vil Atèn nan ki pral fè jijman sa a, men nou konnen moun sa a se Jezi Kris apre l fin resisite. Jijman sa a Jezi pral fè a ap siyifi swa lavi swa lanmò pou lèzòm.

3. Poukisa Jewova te fè yon alyans ak Abraram, e kiyès ki jwe yon wòl espesyal nan reyalizasyon objektif alyans sa a ?

3 Jou jijman sa a pral dire mil an. Lè sa a, Jezi pral dirije nan non Jewova, antanke Wa nan Wayòm Bondye a, men li pap poukont li. Gen lòt moun Jewova chwazi pami lèzòm, ki pral wa avèk Jezi e ki pral jij diran jou jijman an k ap dire mil an. (Konpare ak Lik 22: 29, 30.) Gen prèske 4 000 an depi Jewova te poze baz pou jou jijman sa a lè li te fè yon alyans ak sèvitè fidèl li a, Abraram. (Li Jenèz 22:17, 18.) Sanble alyans sa a te antre an vigè an 1943 anvan epòk nou an. Natirèlman, Abraram pa t ka konprann tout enpòtans alyans sa a t apral genyen pou limanite. Sepandan, selon sa Jewova te di nan alyans sa a, nou rann nou kont semans Abraram nan jwe yon wòl espesyal nan reyalizasyon objektif Bondye genyen pou l jije limanite a.

4, 5. a) Kiyès ki pati prensipal semans Abraram nan, e ki sa li te di konsènan Wayòm nan ? b) Apati de ki lè disip Jezi yo te vin gen esperans pou yo fè pati Wayòm nan ?

4 Se Jezi ki pati prensipal semans Abraram nan. Nan ane 29 epòk nou an, Jewova te wenn li ak lespri sen, e se li ki te vin Mesi oswa Kris Jewova te pwomèt la (Gal. 3:16). Apre sa, Jezi t apral pase twazan edmi ap preche nasyon juif la bon nouvèl Wayòm nan. Apre arestasyon Jan Batis, Jezi te fè konnen gen lòt moun ki t ap gen esperans pou yo fè pati Wayòm sa a lè li te di pawòl sa yo : “ Depi nan epòk Jan Batis pou rive jis kounye a, wayòm syèl la se objektif lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn, e moun ki fè gwo efò konsa rive pran l. ” — Mat. 11:12.

5 Yon pwen pou nou note, sèke, imedyatman anvan Jezi te pale konsènan moun ki t ap ‘ pran ’ Wayòm selès la, li te di : “ Vrèman, mwen di nou sa, pami moun fi bay nesans, pa gen youn ki pi gran pase Jan Batis, men yon moun ki pi piti nan wayòm syèl la pi gran pase l. ” ​(Mat. 11:11). Poukisa Jezi te di pawòl sa yo ? Se paske tout dispozisyon ki nesesè pou moun gen esperans pou yo fè pati Wayòm Bondye potko fin anplas. Disip fidèl li yo te dwe tann pou yo resevwa lespri sen, e sa te fèt nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Antretan, Jan Batis te gentan mouri. — Tra. 2:1-4.

Yo deklare semans Abraram nan jis

6, 7. a) Ki jan semans Abraram nan t ap vin “ tankou zetwal ki nan syèl la ” ? b) Ki benediksyon Abraram te resevwa, e ki benediksyon semans li an te resevwa tou ?

6 Jewova te di Abraram semans li an t ap gen pou l miltipliye e li t ap vin “ tankou zetwal ki nan syèl la ” e tankou grenn sab ki arebò lanmè (Jen. 13:16 ; 22:17). Sa vle di, nan epòk Abraram nan, li te enposib pou lèzòm te konnen ki kantite moun ki t apral fòme semans sa a. Sepandan, nan moman apwopriye, Jewova t apral revele ki kantite moun egzakteman ki t ap fòme semans espirityèl Abraram nan. Kantite a se 144 000 moun plis Jezi. — Rev. 7:4 ; 14:1.

7 Men sa Pawòl Bondye a di konsènan lafwa Abraram te genyen : “ [Abraram] te mete lafwa l nan Jewova, e konsa, Jewova te konte sa pou li kòm jistis. ” ​(Jen. 15:5, 6). Se vre, pa gen yon imen ki totalman jis (Jak 3:2). Sepandan, grasa lafwa estrawòdinè Abraram te genyen an, Jewova te boule avè l kòmsi l te jis, e li te menm rele Abraram zanmi l (Iza. 41:8). Moun ki fè pati semans espirityèl Abraram nan, menm jan ak Jezi, yo menm tou yo deklare yo jis, e sa fè yo resevwa pi gwo benediksyon pase sa Abraram te resevwa a.

8. Ki benediksyon moun ki fè pati semans Abraram nan genyen ?

8 Yo deklare kretyen wen yo jis paske yo egzèse lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson an (Wom. 3:24, 28). Nan je Jewova, yo libere nèt anba peche e li wenn yo ak lespri sen pou yo vin pitit espirityèl li, pou yo vin frè Jezi (Jan 1:12, 13). Yo rantre nan nouvo alyans lan e yo fòme yon nouvo nasyon, “ Izrayèl Bondye a ”. (Gal. 6:16 ; Lik 22:20.) Ala yon bèl privilèj sa reprezante ! Lefètke Bondye fè tout bagay sa yo pou kretyen wen yo, sa fè yo pa gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a. Yo aksepte abandone pèspektiv sa a poutèt lajwa estrawòdinè y ap genyen pou yo asosye ak Jezi nan jou jijman an e pou yo dirije ansanm ak li nan syèl la. — Li Women 8:17.

9, 10. a) Ki lè yo te kòmanse wenn kretyen yo ak lespri sen, e ki sa ki t ap tann yo ? b) Ki èd kretyen wen yo te resevwa ?

9 Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te ouvri posiblite pou yon gwoup moun ki fidèl vin fè pati moun ki t ap gen pou dirije ak Jezi nan jou jijman an. Gen anviwon 120 disip Jezi ki te batize ak lespri sen, e konsa yo te vin premye kretyen wen yo. Sepandan, se te sèlman yon premye etap pou yo. Apati de moman sa a, kretyen wen yo te dwe demontre fidelite yo anvè Jewova, malgre tout eprèv Satan ta mete devan yo. Pou yo resevwa kouwòn lavi selès la, yo dwe rete fidèl jiska lamò. — Rev. 2:10.

10 Pou Jewova te ede kretyen wen yo rete fidèl, li sèvi ak Pawòl li ak kongregasyon kretyen yo fòme a pou l ba yo ankourajman yo bezwen. Pa egzanp, men sa apot Pòl te ekri kretyen wen Tesalonik yo : “ Tankou yon papa fè sa pou pitit li, nou pa t sispann ankouraje nou chak, nou pa t sispann konsole nou chak, e nou pa t sispann bay nou chak temwayaj, dekwa pou nou kontinye mache yon fason ki diy devan Bondye ki rele nou nan wayòm li e ki rele nou nan glwa li. ” — 1 Tes. 2:11, 12.

11. Ki sa Jewova te fè rapòte alekri pou moun ki fè pati “ Izrayèl Bondye a ” ?

11 Diran plizyè dizèn ane ki te vin apre yo, yo te chwazi premye moun ki t ap fè pati kongregasyon kretyen wen yo. Jewova te jije bon pou l te fè rapòte alekri sa k te pase konsènan ministè Jezi sou tè a ansanm ak fason li te aji, ak konsèy li te bay kretyen wen ki t ap viv nan premye syèk la. Se konsa, anplis Ekriti ebrayik enspire yo ki te deja egziste, Jewova te fè ajoute Ekriti grèk enspire yo. Se pou nasyon Izrayèl selon lachè a an premye yo te ekri Ekriti ebrayik yo, e yo te ekri yo diran epòk yo te nan yon relasyon espesyal avèk Bondye. Men, se pou “ Izrayèl Bondye a ”, anpalan de moun ki wen antanke frè Kris yo, pitit espirityèl Bondye yo, yo te ekri Ekriti grèk yo. Natirèlman, sa pa vle di, moun ki pa t Izrayelit pa t kapab jwenn anpil byenfè si yo te etidye Ekriti ebrayik yo. Menm jan an tou, kretyen ki pa wenn ak lespri sen yo jwenn anpil byenfè lè yo etidye Ekriti grèk yo e lè yo aplike konsèy yo jwenn nan Ekriti sa yo nan lavi yo. — Li 2 Timote 3:15-17.

12. Ki sa Pòl te fè kretyen wen yo sonje ?

12 Yo te deklare kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo jis, e yo te wenn yo ak lespri sen nan objektif pou yo te ka resevwa eritaj yo gen nan syèl la. Lefètke yo te wenn yo ak lespri sen, sa pa t elve yo antanke wa sou lòt kretyen wen parèy yo pandan yo t ap viv sou tè a. Sanble gen moun pami premye kretyen yo ki te bliye aspè sa a e ki te kòmanse ap chèche gwo pozisyon nan kongregasyon an. Se poutèt sa Pòl te mande yo : “ Nou deja gen tout sa nou bezwen, pa vre ? Nou deja rich, pa vre ? Nou kòmanse dirije antanke wa san nou, pa vre ? E nou ta renmen nou dirije antanke wa, yon fason pou nou menm tou nou ka dirije ak nou antanke wa. ” ​(1 Kor. 4:8). Konsa, Pòl te fè kretyen wen ki t ap viv nan epòk pa l la sonje pawòl sa yo : “ Sa pa vle di n ap domine sou fwa nou, men nou se konpayon travay pou jwa nou. ” — 2 Kor. 1:24.

Kantite yo te prevwa a ap konplete

13. Ki jan travay rasanbleman kretyen wen yo te pwogrese apre ane 33 epòk nou an ?

13 Se pa tout 144 000 kretyen wen yo yo te chwazi nan premye syèk la. Apèl pou moun vin kretyen wen te kontinye diran peryòd apostolik la, e apre sa, pandan plizyè syèk, sanble te vin gen yon ralanti sou kantite kretyen yo te wenn yo. Sepandan, pandan tout syèk sa yo pou rive nan epòk modèn nan, yo te kontinye wenn lòt kretyen (Mat. 28:20). Finalman, apre Jezi te entwonize antanke wa an 1914, rasanbleman kretyen wen yo te vin akselere.

14, 15. Ki sa k pase nan epòk nou an anrapò ak rasanbleman wen yo ?

14 Toudabò, Jezi te retire tout tras opozisyon kont souvrènte Bondye nan syèl la. (Li Revelasyon 12:10, 12.) Ansuit, li pran dispozisyon pou l rasanble rès moun ki t ap gen pou fè pati Wayòm li a, yon fason pou l te konplete chif 144 000 la. Nan mitan ane 30 yo, sanble kantite sa a te prèske fin konplete. Anmenmtan, anpil moun ki te byen reyaji lè yo te preche yo pa t gen okenn anvi pou y al viv nan syèl la. Lespri sen pa t ba yo temwayaj yo se pitit Bondye. (Konpare ak Women 8:16.) Depreferans, yo te rekonèt yo fè pati “ lòt mouton ” yo ki gen esperans pou yo viv etènèlman sou tè a ki pral tounen yon paradi (Jan 10:16). Se poutèt sa, apre 1935, travay predikasyon an te santre sou rasanbleman “ yon gwo foul ”, anpalan de moun apot Jan te wè nan yon vizyon e ki t ap chape anba “ gwo tribilasyon ” an. — Rev. 7:9, 10, 14.

15 Malgre sa, apre ane 1930 yo, gen kèk moun ki te vin fè pati moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl. Poukisa ? Petèt kèk nan moun sa yo te ranplase sèten moun yo te chwazi anvan, men ki pa t rete fidèl (konpare ak Revelasyon 3:16). Pòl te menm di gen moun li konnen pèsonèlman ki te kite laverite (Fil. 3:17-19). Kiyès Jewova t apral chwazi pou ranplase moun sa yo ? Natirèlman, se Jewova ki gendwa fè chwa sa a. Sepandan, sanble li rezonab pou se pa moun ki nouvo nan laverite Jewova ta chwazi, men se moun ki fidèl menm jan ak disip ki te avèk Jezi yo lè l te etabli selebrasyon Memoryal la, sa vle di moun ki te deja demontre fidelite yo *. — Lik 22:28.

16. Anrapò ak kretyen wen yo, pou ki rezon nou dwe rekonesan anvè Jewova, e de ki sa nou kapab sèten ?

16 Men, sanble se pa tout moun ki te resevwa apèl apati ane 1930 yo pou al viv nan syèl ki ranplase moun ki te abandone lafwa. Jewova te asire l t ap gen kretyen wen pami nou nan dènye jou sistèm sa a rive jis nan epòk destriksyon “ Gran Babilòn nan ” *. (Rev. 17:5.) Nou ka gen konfyans chif 144 000 lan ap konplete nan moman Jewova fikse pou sa. E finalman, tout bagay ap rantre nan lòd anba dominasyon Wayòm nan. Nou mèt gen konfyans tou nan Pawòl pwofetik la ki fè nou konnen gwo foul la ki pa sispann ogmante ap kontinye demontre li fidèl antanke gwoup. Talè konsa, gwo foul la ap “ soti nan gwo tribilasyon ” ki pral tonbe sou monn Satan an, e l ap antre nan monn nouvo Bondye a avèk kè kontan.

Manm gouvènman selès Bondye a prèske fin konplete

17. Ann amoni ak 1 Tesalonisyen 4:15-17 ak Revelasyon 6:9-11, sa k te rive kretyen wen ki mouri fidèl yo  ?

17 Depi ane 33 epòk nou an, plizyè dizèn milye kretyen wen demontre yo gen yon fwa solid e yo andire fidèlman jiska lamò. Yo te jije kretyen sa yo diy pou yo wa nan Wayòm Bondye a e pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la. Dapre Ekriti yo, sanble se depi nan kòmansman prezans Kris la yo te kòmanse resevwa rekonpans yo. — Li 1 Tesalonisyen 4:15-17 ; Revelasyon 6:9-11.

18. a) Ki kalite konfyans rès kretyen wen k ap viv sou tè a jodi a genyen ? b) Ki jan lòt mouton yo konsidere frè yo, anpalan de kretyen wen yo ?

18 Rès kretyen wen k ap viv sou tè a jodi a gen konfyans si yo rete fidèl y ap resevwa yon rekonpans pou fidelite yo talè konsa. Gen plizyè milyon lòt mouton, lè yo sonje lafwa frè wen yo genyen, yo dakò ak pawòl sa yo apot Pòl te di frè wen Tesalonik yo : “ Nou menm, nou fyè de nou pami kongregasyon Bondye yo akoz andirans nou ak lafwa nou nan tout pèsekisyon ak tribilasyon n ap sipòte. Sa se yon prèv jijman Bondye a jis, ki fè yo vin jije nou diy pou nou benefisye wayòm Bondye a, wayòm n ap soufri vrèman pou li a. ” ​(2 Tes. 1:3-5). Lè rès kretyen wen k ap viv sou tè a fin mouri nèt, kèlkeswa moman sa fèt, lè sa a manm gouvènman selès la ap fin konplete. Se pa ti kè kontan ki pral genyen ni nan syèl la ni sou tè a !

[Nòt anba paj]

^ § 15 Gade La Tour de Garde 1ye mas 1992 (fransè), paj 20, paragraf 17.

^ § 16 Gade “ Questions des lecteurs ” ki parèt nan La Tour de Garde 1ye me 2007 (fransè).

Èske nou ka esplike ?

• Ki bagay Bondye te revele Abraram ki gen rapò ak jou jijman l lan ?

• Poukisa Bondye te deklare Abraram jis ?

• Lefètke Bondye deklare moun ki fè pati semans Abraram nan jis, ki benediksyon sa ap pote pou yo ?

• Ki kalite konfyans tout kretyen yo genyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Jezi te ankouraje disip li yo pou yo fè gwo efò pou yo atenn Wayòm nan.

[Foto nan paj 21]

Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te kòmanse chwazi moun ki t ap konpoze lòt pati semans Abraram nan.

[Foto nan paj 23]

Lòt mouton yo rekonesan poutèt kretyen wen yo sou tè a ansanm ak yo pandan dènye jou yo.